Archives de Catégorie: En Créole

MWEN TA RENMEN GEN YON BON LANMOU, YON LANMOU MENM JAN AK KRIS LA.

Anpil moun konprann #Lanmou se yon jwet, gen lot ki konprann se yon moman santimantal ki lanmou an. Nan relasyon fanm ak gason nou toujou mete Lanmou devan, poutan si nap byen gade anpil relasyon sa yo pa dire akoz move jesyon lanmou.

Nan jan de ka sa yo, eske se lanmou ki pa prezan oubyen défo sa yo soti nan moun kap jere lanmou an?

Fok mwen di nou sa, LANMOU pa ka mache san PADON , kelke swa moun li ye a sil pa konn padone li pap ka jere lanmou.

Padone pa vle di sanwont, men se lanmou menm ki mande sa, fok nou padone.

Si nou gade sa la Bible di nan dosye lanmou, nou realize gen anpil nan nou ki prive de lanmou sa. Nan #Jean 13:35 li aprann nou Lanmou an pa dwe rete nan yon sel plas, li dwe pataje ak tout moun, sa vle di nou pa dwe selman renmen moun ki renmen nou, fok lanmou an manifeste nan nou pou tout moun.

Nou souvan di Jalouzi rann lom mechan, mwen map di « LOM NE MECHAN », paske Bondye li menm jalou, men eske Bondye mechan? Non, Bondye pa mechan, men li se Lanmou. Yon moun ki itilize jalouzi poul.aji mal ak yon moun konnen li poko konn sa yo rele lanmou an. #Romains. 13:10 montre nou Ke Lanmou pa dwe fe mal ak okenn moun,

Si w pa renmen konnen w pa konn Bondye, paske Bondye se Lanmou li ye. 1 Jean 4:8….

Sispann fe moun soufri sou non lanmou, pa itilize lanmou nan vye dosye, paske lanmou pa gen limit , si lanmou te gen limit jodia mwen menm avew patap la, se lanmou menm ki te pouse Bondye bay Jezikri mouri nan plas nou. Efose nou pou’n genyen yon ti moso lanmou kap grandi nan nou, konsa yon jou na jwenn sa Bondye sere pou nou an..

TOUNEN LAKAY BONDYE, WA JWENN DÉLIVRAMS OU!

Bondye mwen remèt lavi’m ak Lespri m nan men w, wa fè sa w vle avèk yo.

Mwen pran desizyon m pou’m swiv ou chak jou, se pou non w béni nan tout sa map fè, pa kite movo lide nan tèt mwen, wete tout vye panse ki nan kè m, mete lespri w nan lavi m.

Fè m grandi chak jou pi plis nan konesans vérité a, pa kite m tonbe sou dominasyon mond lan, men kite m grandi anba pouvwa Jezikri.

« Dènye Mo an se nan men Bondye li ye »