Archives mensuelles : juin 2015

Prends courage toi qui es dans l’épreuve……

Car le chemin qui mène a la
gloire est étroite et difficile,
et les pièges nombreux les
attaques, les chutes et le
découragement aussi. prends
courage car Christ est avec
toi. il connaît mieux que toi
les difficultés que tu dois
affronter . Dis-toi qu’en toute
chose, Jesus est vainqueur ,
n’a t-il pas triomphé la mort?
prends courage et reçois la
bénédiction du Seigneur au
nom Jesus-Christ…… amen!!!

JEZIKRI DWE OFISYEL NAN TOUT AKTIVITE NOU YO.

Mande Senyè a poul béni tout travay wap fè, wa reyisi nan tou sa wap fè ,#PROVEB 16:3 .

Nou souvan envite moun ki gen anpil relasyon, kontak ak lajan nan aktivite nou yo, poutan jan de moun sa yo paka fè nou reyisi . Lajan paka chanje mal nou yo an byen, kontak nou yo paka sove lavi nou, relasyon nou yo paka anpeche nou mouri ni malad.

Nou souvan répéte « malè ak lom ki konfye nan lom » poutan nou pa janm pran konsyans ke pawol kap soti nan bouch nou ka kondane ak délivré nou tou.

Envite Jezikri nan tout sa nap fè, mande Bondye poul béni nou tou. Men pa janm bliye sa ke benediksyon pa janm mache san obeyisans. Tout moun ki obeyi ak pawol Bondye a ap reyisi kan menm.

Paske JARIYIS te envite Jezi nan maladi pitit li a sa te byen pase. Yo te envite Jezi nan Yon maryaj ki te fêt bab lavil Kana yo te reyisi. Men nou menm nou derefize voye envitasyon pou Jezikri, deske nou pap vle obeyi ak pawol la nou pa mande Bondye benediksyon.

Pi bon relasyon nou dwe genyen se ak Jezikri poul ye, pi bon zanmi nou tou dwe Jezikri, li sel moun ki pap kitew echwe. Lap pran pasyans pou nou jis ke nou rive.

Nan maladi nou yo, problèm, traka, touman, pèsekisyon, tristes, kalamite pa janm bliye voye envitasyon Bay Jezikri, se pou’n toujou mete Jezikri nan premye plas la vi a, konsa nou pap regret ni plenyen, nap toujou pote viktwa .

« Jezikri pa lwen vini, fok nou toujou prè avan gran jou sa a. »

Nan Jean 14:2-3 Jezi fè nou konprann déjà gen anpil rekonpans ki pare pou nou. Jezikri al prépare plas pou moun ki vle swiv li apresa Lap vini poul ale avek nou, paske li di kote la ye a se la na ye tou.

Si nou gen tout espwa sa yo, si nou gen asirans nan pawol sa yo, men pou kisa nou derefize mete Jezikri nan lavi nou? Fok mwen di nou sa, okenn moun pap ka antre nan peyi kote Bondye wa si li pa asepte Jezikri avan li mouri. Pi bonè se granm maten, ( Fok nou ranje kabann nou avan domi pran nou). Sa vle di pa gen konvèsyon apre lanmo, nou gen pou’n mouri Yon sel fwa, apresa se jijman kap vini , selon Hébreux 9:27.

Pa gen pèditan nan Levanjil, paske Jezi pa lwen poul retoune, men sa ki ekri nan Révélations 22:7″Koute map vini talè konsa », si Jezi di Lap vini talè konsa, eskel pa tap bon pou nou toujou nan kondisyon ap tann li? Jezikri ap vini se vre! Men li pa gen jou ni dat poul rive sou nou, « Se poutèt sa, pa kite domi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Senyè a va vini. Selon Matthieu 24:42 ».

Se ak anpil atansyon nap tann retou Kris la, paske jou sa a ap bel anpil anpil, men konsa tou Lap di anpil tou. « Révélations 22:12 Jezi di; map vini talè konsa map pote rekonpans map Bay la ave’m pou’m Bay chak moun sa yo mérite selon sa yo fè ».

Apre nou fi’n li vèsè 12 la nan Révélations 22 an, eske kè nou pa kontan? Eske nou gen konfyans ke nap jwenn rekonpans kap fè nou kontan?

Tem di nou sa, Jezikri pral rekonpanse nou daprè sa nou tap regle. Nan moman sa gen moun kap ri, kap an jwa, kap danse paske yo te travay pou moun viv byen youn ak lot daprè sa ki ekri nan Matthieu 5:9. Pral gen anpil lot kap kriye, kap rele, kap nan lapenn, kap boule paske moun sa yo pat koute ni obeyi ak pawol Bondye a, se meprize selman yo tap meprize moun kap Bay mesaj la. Moun sa yo se kolè Bondye ki pral tonbe sou yo, yo pap jwenn okazyon pou manje sou menm tap ak Abraham. Men ya lage yo nan dife ki pap mouri an.

Kounye a ki désizyon w? Eske boule se Yon bon bagay? Eske w pata renmen youn nan moun ki gen pou manje menm kote ak Kris la? Eske w pata renmen jwenn Yon bon rekonpans kap fè kè w kontan anpil?

Ou pa gen lot chwa ke asepte Jezikri nan lavi w, fok ou fè sa paske nou paka konte sou démen, nou pa konn ki jou Senyè a va vini, mete Kris nan lavi w se sel fason nou ka chape anba kolè Bondye. Pa koute bel pawol kap soti nan bouch moun, men se aplike sa La Bib di nou fè.

Benediksyon pou moun ki koute, mete an pratik pawol vérité a. Benediksyon pou moun ki reli e ki pataje Mesaj sa ak lot moun.

MWEN TA RENMEN GEN YON BON LANMOU, YON LANMOU MENM JAN AK KRIS LA.

Anpil moun konprann #Lanmou se yon jwet, gen lot ki konprann se yon moman santimantal ki lanmou an. Nan relasyon fanm ak gason nou toujou mete Lanmou devan, poutan si nap byen gade anpil relasyon sa yo pa dire akoz move jesyon lanmou.

Nan jan de ka sa yo, eske se lanmou ki pa prezan oubyen défo sa yo soti nan moun kap jere lanmou an?

Fok mwen di nou sa, LANMOU pa ka mache san PADON , kelke swa moun li ye a sil pa konn padone li pap ka jere lanmou.

Padone pa vle di sanwont, men se lanmou menm ki mande sa, fok nou padone.

Si nou gade sa la Bible di nan dosye lanmou, nou realize gen anpil nan nou ki prive de lanmou sa. Nan #Jean 13:35 li aprann nou Lanmou an pa dwe rete nan yon sel plas, li dwe pataje ak tout moun, sa vle di nou pa dwe selman renmen moun ki renmen nou, fok lanmou an manifeste nan nou pou tout moun.

Nou souvan di Jalouzi rann lom mechan, mwen map di « LOM NE MECHAN », paske Bondye li menm jalou, men eske Bondye mechan? Non, Bondye pa mechan, men li se Lanmou. Yon moun ki itilize jalouzi poul.aji mal ak yon moun konnen li poko konn sa yo rele lanmou an. #Romains. 13:10 montre nou Ke Lanmou pa dwe fe mal ak okenn moun,

Si w pa renmen konnen w pa konn Bondye, paske Bondye se Lanmou li ye. 1 Jean 4:8….

Sispann fe moun soufri sou non lanmou, pa itilize lanmou nan vye dosye, paske lanmou pa gen limit , si lanmou te gen limit jodia mwen menm avew patap la, se lanmou menm ki te pouse Bondye bay Jezikri mouri nan plas nou. Efose nou pou’n genyen yon ti moso lanmou kap grandi nan nou, konsa yon jou na jwenn sa Bondye sere pou nou an..

Jesus est le Sauveur qui a sauvé le peuple de ses péchés et des punitions du péché; Jesus signifie SAUVEUR, celui qui va sauver le peuple de ses péchés.

« JESUS-CHRIST »

Jesus : le Sauveur qui a sauvé le peuple de ses péchés et des punitions du péché; Jesus signifie SAUVEUR, celui qui va sauver le peuple de ses péchés.

Christ : « Celui qui est oint ». Il y avait trois fonctions officielles pour lesquelles on était oint par Dieu. Et Jesus les a toutes remplies.
(1) celle du ROI.
(2) celle du PROPHÈTE.
(3) celle du SACRIFICATEUR.

Jésus-Christ les a toutes remplies. Il a oeuvré pour ces trois fonctions-là. Nous devons croire en Jesus en tant que Roi, en tant que Prophète et en tant Sacrificateur nous ayant appris la redemption et le salut; ainsi, nous l’avons appelé « JESUS-CHRIST ». Il était le souverain sacrificateur des cieux qui nous a tous sauvés des péchés du monde par Son baptême et son sang .
Il est donc le Roi de tous ceux qui croient en Lui. Il nous fait nous rendre compte de nos péchés quand nous venons a lui.
Il nous enseigne que nous sommes pécheurs depuis l’époque de nos ancêtres et que nous sommes nés pécheurs, en ce que nous sommes descendants de pécheurs, et que par conséquent, nous sommes soumis au jugement de Dieu.

Il nous a aussi appris que nous avons été lavés de nos péchés par Son baptême et son Sang. Il a fait toutes ces choses pour nous, les pécheurs.

Image

Seigneur-Jesus, merci pour ton amour envers nous

Je t’aime de tout mon coeur
Jésus, soit toujours là pour
moi, je sais qu’il aura des
moments de faiblesse dans
ma vie, des temps ou rien ne
sera comme je le veux, mais
je suis sur quand viendra ce
temps tu seras la lumière qui
guidera mes pensées. Merci
mon Seigneur , mon Dieu
pour cet amour infini.