Archives mensuelles : août 2020

PI BON FASON POU’W AKSEPTE JEZIKRI KELKE SWA KOTE OUBYEN LÈ A, OUKA FEL POU KONT OU SI’W VLE SOVE LAVI’W.

KOMAN YON KAPAB SOVE….

Sove Yon moun Pa depann de pèsòn , sèlman volontel ki ka sovel. Jodia aprè’w fi’n byen konnen reyalite Lanmò ak LAVI ou dwe fè Yon chwa kap bon pou ou.

LANFÈ AK PARADI SE YON BON REYALITE YO YE.
ou menm kap li teks saa, profite fè chwa de JEZIKRI pou’w ka viv, Pa tann pita ke sa, paske pi bonè se granm matin……..

Bib la di nou gen Yon sèl mwayen pou moun sove. Selon Jean 14:6 Jezikri se chemen verite ki mennen nan LAVI a, okenn moun pap gen aksè antre nan syèl si Pa aksepte Jezikri pou sovè li.

PA GEN OKENN LOT MOUN KI KA SOVE’W DEPI JODIA SE POU’W KWÈ NAN JEZIKRI.
si’w dakò pou’w deklare nan bouch ak nan kè’w ke JEZIKRI se Senyè w li ye, epi’w kwè se Bondye men’m ki bal pouvwa wap ka sove . selon Romains 10:9. Sak enpotan fok ou rekonèt ou se Yon pechè, (Romains 3:10) . kounye a eske’w deside pou’w chanje vi’w épi kouri pou tout peche, se lè sa wa di ou repanti tout bon (Actes 17:30).

Ou dwe kwè seryezman ke JEZIKRI te mouri nan plas ou epi pran peche’w yo, epi li te leve soti pami moun ki mouri yo (Romains 10:9-10).

KOMAN’W KA PRIYE POU’W MANDE BONDYE ANTRE NAN VI’W.
Bondye vivan, mwen se Yon pechè em bezwen’w padone’m papa. Mwen kwè tout bon ke’w te vèse san’w pou mwen e mouri pou peche’m yo. Mwen Abandone tout peche’m yo, Jezi mwen mande’w pou’w antre nan kè’m kounye a ou se sovè’m ak Senyè m pou toutan, nan non ou Jezi. Amen!

Si’w mande JEZIKRI poul sove’w ebyen se Yon lot vi ou pral viv ak Li.

APATI JODIA OU DWE

1- Li Bib ou chak jou pou’w ka byen konnen JEZIKRI ak sal VO.

2- Toujou Sonje pale ak Bondye nan priyè’w.

3- Fò’w resevwa Batèm nan flo, mete’w ak lòt KRETYEN pou’w louwe ak sévi Bondye ansanm nan Yon legliz kote se JEZIKRI ki alonè epi Bib la gen valè.

4- Toujou montre lot moun koman pou yo kwè nan Bondye.

Ekri Pa : EVANGELISTE LINDOR ENOCK.

Info: +50946879719

Gloiretv7@gmail.com