Archives mensuelles : décembre 2019

LESON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 5 JANVIER 2020./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE.

Tit: Volonte Bondye pou lavi nou.

Lekti: 1 Tesaloník 4:1-3,7; 5:14-22

Taks do: Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage ko nou nan imoralite. 1 Tesalonik 4:3

Entwodiksyon: Nou gen yon nouvo ane devan nou, nou pa konnen sa l’ap pote. Chak ane, lavi a toujou pote anpil chanjman, kėk fwa bon, kěk fwa move, Konsa tou, chak moun k’ap viv bezwen pran gwo desizyon pou lavi li ak lavi moun ki pwóch li. Anpil fwa, desizyon yo pa chita sou volonte Bondye. De (2) premye leson nou pou ane sa, pral ede nou konprann atrave Bib la kisa volonte Bondye ye. Paske, Bondye vle dirije nou nan tout ti detay ki nan lavi nou. Konsa nou va wè direksyon Bondye nan desizyon pèsonèl nou yo epi gade kòman Bondye revele volonte li nan Bib la.

I. Eske Bondye vle dirije nou nan tout desizyon pèsonèl nou yo?
Gen anpil moun, menm kretyen ki byen serye, ta di non. Yo konprann, Bondye ban nou prensip ak kòmandman moral yo pou nou konnen kòman li vle pou nou viv. Men, nan ti desizyon chak jou yo, nou ka deside sa nou vle, toutan nou pa dezobeyi körmandman Bondye yo. Ann gade sa Bib la di: Sôm 139:16 « Depi anvan m’ te fèt, tout lavi m’ te devan je ou. Tout sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. Sa vle di, Bondye genyen von plan pou lavi nou. Eske nou pa kwé si n’ap swiv plan sa a, n’ap viv ak kè poze? Nan Efèz 2:10, Pol di: « Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, daprè sa li te pare davans pou nou te fè » SI Bondye prepare depi davans sa pou n’ fè, fò n’ konnan sa l’ te prepare a, pa vre! David te kwè ke Bondye vle dirije I’ nan tout sa l’ap fè. Nan 1 Samyèl 23:2 li te mande Bondye si l’ dwe al atake Filisten yo pou delivre lavil Keyila. Seyè a te di l’ li dwe ale. Lè David te fin genyen batay la, li te mande Seyè a ankò si l’ te dwe rete lavil Keyila oubyen non. Seyè a te di l li dwe kite l’, paske Sayil ap vin dėyè l’ la (1 Sam 23:10-12). Paske Bondve konnen sa k va rive denmen, poutėt sa li konnen tou sa k pi byen pou n’ fè iodi a. Lapot Pòl te kite Bondye dirije l’ tou, li te ale kote Bondye vle selman (Travay 16:6-10). Sa pa vle di ke Pol pa t’ genyen kèk projè li ta renmen akonpli. Men li te kite Bondye di yon mo pou pwoje li yo (Women 15:22-23). Konsa, li enpòtan pou nou kite Bondye dirije nou tou

II. Bondye revele volonte li nan Pawol li.
Pou anpil desizyon nou pa bezwen priye pou konnen volonte Bondye, paske Bondye gentan ban nou l’nan Bib la. Nan Pawol li, Bondye fè nou konnen kilès li ye epi sa l’renmen ak sa l’pa renmen. Bondye nou konnen kilès nou ye epi kóman li vle pou n’ viv. Tout kömandman yo nan Ansyen ak nan Nouvo Testaman di nou sa n’ dwe fè ak sa’n pa dwe fè. Kòmandman yo revele nou volonte Bondye, yo di noU sa n’ fè ak sa pou n’ pa fè. Miche 6:8 di, Bondye gentan fè nou konnen sa ki byen. Sa Letènèl vle ke nou fè se pratike lajistis, gen kè sansib pou lòt moun, epi mache nan imilite devan Bondye. (Li věså a an franse E nou konnen Sòm 119:105 ki di, « Pawòl ou se yon chandėl ki fê’m we kote m’ap mete pye m’, se yon limyè k’ap klere chemen mwen. » Gen 3 vėsė nan Nouvo Testaman ki di, « Men sa se volonte Bondye ». Se gwo rezime yo ye. Ann gade yo ansanm:

a) 1 Timote 2:4 « Bondve ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun konn verite a. » Sa vle di, Bondye pa vle pou okenn moun pédi. Li renmen nou chak sitêlman ke l’ te fè Jezi mouri pou nou. Paske Bondye vle pou tout moun sove, se devwa nou pou nou pataje levanjil la ak tout moun.

b) 1 Tesalonik 4:3 « Bondye vle pou nou viv nan sanktifikasyon. Sa vle di pou nou mete tèt nou apa pou li (Women 12:1; Ebre 12-19 c) 1

c) Tesalonik 5:18 Nou dwe di Bondve mèsi pou tout bagay reyalite, anpil kormantè kwe lẻ Pòl di, « se sa Bondye mande nou en « c’est la volonté de Dieu », tout sa Pol di depi vèsé 12 jouk vese 22 a ladan l’. Yon lot pawol ki rezime sa Bondye vle poun’ fe se gwo komandmaan ki di, « Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout nou épi renmen pwochen ou menm jan ou renmen pwop tèt pa ou (Matye 22:37-39).
De (2) komandman sa yo rezime tout lot komanadman yo (Women 13:10).

III. Bondye toujou dirije nou selon prensip Pawòl li yo.
Gen moun ki kwe Bondye dirije yo pa mwayen rev oubyen vizyon yo fe. Fo n pran anpil prekosyon, paske Bib la avèti nou anpil fwa devan moun k’ap fé rèv, epi yo kwè rèv yo soti nan Bondye (Jeremi 23:25,32; 29:8). M’ap ban nou yon egzanp: Kék jou anvan m’ te batize, mwen te fe yon vizyon. Mwen te we yon zanj nan wob blan ki te briye. Zanj lan te di m’ pou m’ pa batize lè sa. Se konsa mwen te al di pastà a m pa kandida batém anko. Paste a te marnde m’ sa k’fè sa. Lè m’ te eksplike l’ vizyon an, li te fè m’ Ii Mak 16:15-16 ak 2 Korent 11:14 epi Il te di m’: Se Satan ki te vin ba m’ mesaj la. 2 Kor 11:14 di, li konn degize l’ kom zanj limye a. Men Jezi te di, moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre, Se konsa m’ te desann nan dlo a epi sa te yon gran jou laviktwa pou mwen. Bondye p’ap janm di nou yon bagay ki kontrè ak sa l’qentan di nan Pawòl II. Poutèt sa nou bezwen egzamine vizyon ak rév nou yo anba limyè Pawòl Bondye a anvan pou n’ ta ba yo enpôtans. Nan leson aprè a, n’ap kontinye etidye sijè sa pou wè koman nou kapab rive konnen volonte Bondye pou yon desizyon pèsonél.

Konklizyon:
Eske ou kwè Bondye gen yon plan pou lavi ou? Eske ou konn kite Bondye dirije ou nan tout desizyon ou yo? Nou kwè sa enpòtan anpil, paske Bondye vle montre nou chemen li.

*Devwa yo.
1. Ki vėsè nan Ansyen Testaman ki di nou ke Bondye gen yon plan pou lavi nou? Rezime vės a.

  1. Kisa Pòl di nan Efèz 2:10 ki montre nou ke Bondye gen yon plan pou lavi nou?

  2. Site 2 moun nan Bib la ki te kite Bondye dirije yo.

  3. Site youn oubyen 2 vėsė ki di se Pawól Bondye a ki gid nou.

  4. An jeneral, kisa ki fê nou konnen sa n’ dwe fè ak sa n’ pa dwe fe?

  5. Nouvo Testaman an di nou 3 bagay ke Bondye vie. Site yo.

  6. Ki 2 komandman ki rezime tout lòt kòmandman yo?

  7. Konplete: Bondye p’ap janm di nou yon bagay ki gentan di…..

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 29 DÉCEMBRE 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE.

MESAJ
Se dènye leson nou pou ane 2019 lan, nou espere’w te béni atravè tout leson yo…..si problèm yo rezoud nou espere’w va Kontinye resevwa leson yo pou 2020 an.
Info 46879719

Tit: Jezikri vini pou yon misyon espesyal

Lekti: Jan 1:1-14

Teks dò: Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t janm fè peche. 1 Jan 3:5

Entwodiksyon: Nan relasyon peyi ak peyi kote yo genyen sitwayen yo ak enterè oubyen nan relasyon öganizasyon enténasyonal ak peyi, nou toujou pale de misyon. Yon misyon se yon travay espesyal vo konfye yon anvwaye pou li egzekite. Enpotans yon misyon depann de kilès ki mandate anvwaye a; epi kibò li gen pou li egzekiteI. Nan leson jodi a n’ap wè Jezi vini pou yon misyon espesyal n’an gade: kilès delege sa te ye? KI misyon li? Kilės ki te voye l’? Kibo li vini epi ki konpotman konsitwayen yo anvė l’?.

I. Jezikri yon anvwaye ki soti nan syèl.
Depi antre peche a nan monn lan pa antremiz Adan ak Ev yon abim enfranchisab te koupe pou lòm, wout ki mennen nan syèl la. Satan prensipal otè peche ak lanmò a, ki devni prens monn lan, te kenbe tout moun esklav mare nan chenn peche. A. Kris te vini pou akonpli pwomès Bondye…. Malgre gwo efò anpil moun konn fè pou kase chenn sa a, yo pa t kapab. Devan gwo rèl prizonye yo nan mitan tray ak mizé yo, gran zanj Bondye yo ki vanyan, ki gen fös epi ki la pou egzekite tout lòd Seyè a, pa t’ kapab fè anyen. Nan ka difisil sa a men repons Seyê a te bay: pale ak moun ki dekouraje yo di yo konsa: « Pran kouraj, pa pè. Men Bondye nou an ap vini, li pral tire revanj sou lėnmi nou yo, Il pral fè yo peye sa yo fé. Se limenm menm ki pral fè sa pou l’ ka dellvre nou » (Ezayi 35:4). Pwomės sa a te akonpli ak vini Jezikri sou latė pou wete peche lèzóm epi kreye yon wout tou nèf k’ap mennen moun nan syèl la (Ebre 10:19-20). Bondye te fè Abraam pwomės ke tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon yo nan men li (Jenèz 12:3). Li te fè David pwomès ke desandan li va wa toutan ak pou toutan (Som 89:4-5). Satan te mete tout estrateji li yo deyo pou anpeche akonplisman pwomès sa yo Jezikri vini kom pitit pitit Abraam, pitit pitit David pou akonpli pwomes Bondye yo (Women 15:8).
B. Kris te vini pou kase chenn peche a….. Gwo gaf peche a te koze a pa t gen okenn kreyati ni anwo nan syel la, ni sou latè, ni nan lavi piba latė, ki te kapab repare l’. Nan larimou Bondye pou lòm, li te voye sèl Piti li a sou latė, paske se limenm sèl ki te kapab rezoud pwoblèm peche a. Pitit Bondye a ki egal epi youn ak Papa a depi toutan ak pou toutan, limenm ki te kreye tout bagay: syèl la ak tout sa ki ladan l’epi ki abite latè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo epi ki abite yo, te vini sou latė. Ala yon gran anvwaye kl rive pami lèzóm pou delivre yo anba dominasyon tiran sadik sa, kl se peche a. Pou travay delivrans sa a te kapab reyalize, Pitit Bondye a ki te la depi toutan an te tounen yon moun (Jan 1:14). Li soti nan vant yon fanm tankou tout timoun, menm kò ak yo, menm san ak yo (Ebre 2:14a), li fèt sou latè. Sèl sa li pa t’ eritye, se nati peche a. Li te fèt san peche (Lik 1:35). Eritaj gwo batay espirityèl la ant Bondye ak Satan difisil pou nou fin konprann. Pitit Bondye a te fèt pou li mouri; lanmò li pral fè Satan pèdi batay epi pote delivrans pou lèzòm sou latè (Ebre 2:14-15).

II. Jezikri vini nan yon monn ènmi. Antre nan yon domèn ènmi pou goumen epi pote laviktwa mande yon plan travay byen kalkile epi byen planifye. 1 Jan 5:19 di: « Tout sa ki sou latè anba pouvwa Satan. » se nan monn sa a kote peche ak lanmò ap fè ravaj, Bondye Papa a, nan renmen li pou lèzòm sou latè, voye sèl Pitit li a pou delivre yo anba pouvwa Satan, peche ak lanmò. Li te oblije goumen ak fòs fènnwa jouk li genyen batay la. Satan ap montre Jezi richès late
A. Li te pote viktwa sou wa Ewòd Lè Pitit Bondye a te fèt tankou yon timoun nan monn lan, yon zanj te fè bèje Betleyèm yo konnen gen yon Sovè ki fèt pou yo nan lavil David la: Se Kris la, Seyè a. Aprè vizit Maj ki te soti peyi Oryan yo, Satan te itilize wa Ewòd pou kraze plan travay Bondye a; nan chache pou touye pitit Bondye a ki te fèt la, li te fè masakre ti gason lavil Betleyèm yo (Matye 2:16). Premye esèy Satan an pa t’ reyisi.
B. Li te pote laviktwa sou tantasyon Satan Jezi, Pitit Bondye a te grandi epi viv sou latè san janm komèt peche (Jan 8:46). Pandan li t’ap viv sou latè, Satan, gran tantatè a, te tante Pitit Bondye a tout fason poslb pou pran li nan pyèj (Mat. 4:1-11) menm jan li te pran Adan ak Ev la epl kontrarye li nan akonplisman gran misyon li an. Pitit Bondye a te ranpòte laviktwa sou tout tantasyon yo (Ebre 4:15)

C. Li pote laviktwa sou lanmò Jezikri, ki te viv sou latè san janm fé peche a, te vini pou mouri jan pwofèt Ezayi te anonse l’ la (Ezayi 53). Nan Jaden Edenn nan Bondye te di lòm: Jou ou manje donn pye bwa konesans byen ak mel la ou ap mouri (Jenèz 2:17). Lòm te dezobeyi, li manje fwi a, peche a antre epi li bay lanmò pou tout pitit Adan yo (Women 5:12). Pawol Bondye yo se wi oubyen amèn. Bondye ki te di lòm jou ou manje l ou ap mouri a pa t’ ka chanje pawòl menm lè li renmen lòm. Men là li bay sèl Pitit li a pou mouri nan plas lòm ki koupab pou peye det peche a, jistis Bondye a satisfè. Lòm pechè gen sèlman pou devwa mete konfyans li nan Pitit la Bondye a pou li ka gen lavi (Jan 3:16). Lapot Pol kriye li di: « lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmòl Kote pouvwa ou te genyen pou fè moun lapèn nan?… Ann di Bondve mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an (1 Kor.15: 54-58).

III. Pèp Jwif la rejte plan delivrans Bondye a.
Jezikri, Pitit Bondye a te vini sou latè nan yon kò sanble ak nou, pou libere lòm anba dèt ak kondanasyon peche a an premye, epi answit, retabli Wayòm Bondye a sou latè kote pou volonte Seyè a fèt tankou sa fèt nan syèl la. Konsa, fòk wayòm ak pouvwa Satan sou latè a detwi. Pwofèt Ansyen Testaman yo prezante Kris la nan yon doub pòtre:
a) Yon Mesi oubyen yon Kris soufran
b) Yon Kris nan laglwa. Pèp Jwif la te mize pou Mesi nan laglwa k’ap akonpli pwomès Bondye te fè Abraam ak David yo. Yo pa t kwè nan yon Mesi ki te dwe soufri. Lê Janbatis ki te gen pou misyon fè pèp Izrayèl rekonèt Kris la, Pou Bondye te prezante l’ ba yo kòm Timouton Bondye a k’ap wete peche moun sou latè, majorite pèp Jwif la te kanpe sou lògèy yo epi yo pa t’ vle rekonèt yo koupab devan Bondye. Yo te refize kwè nan . Lapot Jan di nou: « Kris la te vini lakay moun pa l’ yo, men moun pa ‘yo pa t’ resevwa l’ (Jan 1:11). Konsa pawòl pwofèt Izayi sa an akonpli: « Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa ť bèl gason, li pa t gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l’. Li pa t’ sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l’ (Ezayi 53:2). laparans, pèp Izrayèl la rejte plan delivrans Bordve a pou yo Nan jije sou Enkredilite pěp Jwif la pa t kapab deranje anyen nan akonplisman plan travay Bondye a ki te byen planifye. Mepri pèp Izrayèl alegad Kris soufran, te ouvri pòt lagras Bondye a pou nenpòt moun ki kwè (Jan 1:12; Matye 11:28).

Konklizyon: Leson jodi a t’ap anseye nou sou Misyon espesyal ke Jezikri te genyen. Li te soti nan syèl pou li te ka akonpli plan sali ke Bondye te rezève pou lèzom. Konsa, li detwi pouvwa peche a ak lanmò pou li te ka bay tout moun ki kwè nan li lavi ki p’ap janm fini an. Sa pa t’fasil pou te fèt. Satan te fè anpil tantativ pou anpeche Jezikri akonpli misyon sa, men li te rive viktorye. Lè li te vini, pwop pèp pa li pa t vle kwè nan li. Men sa te rive nan plan Bondye pou moun ki pa Jwif yo ta ka jwenn plas pa yo nan sali a (Wòm 11:25). Eske ou resevwa sali Bondye a deja? Si ou panko fè sa, prese fè li kounyeya, paske pòt sali a preske fèmen.

Devwa yo.
1. Depi ki lè wout ki mennen nan syèl la te koupe pou lòm epi kijan Satan te kenbe tout moun sou latè.

  1. Ki repons Seyè a te bay lòm ki t’ap jemi epi ki pa t’ kapab fè anyen pou jwenn liberasyon nan chenn peche a?

  2. Kilès Pitit Bondye a ye ki te vini sou latè pou repare gaf peche a?

  3. Kisa Jan 1:14 ak Ebre 2:14a di nou pou travay delivrans lòm nan chenn peche a te kapab rive posib?

  4. Anba ki divès pouvwa Pitit Bondye a te vini pou delivre lòm?

  5. Kilès Satan te itilize an premye pou kraze plan travay Bondye a lè Pitit Bondye a te fenk fèt epi ki ravaj li te fèt nan Betieyèm?

  6. Kijan Jezi te viv nan monn lènmi li te vini an dapre Jan 8:46 epi kisa pasaj ki pwouve li te pase anba tout kalite tantasyon an di?

  7. Ki 2 gran zòm leson an mansyone Bondye te fè pwomès epi kisa li te pwomèt yo?

  8. Nan ki 2 pòtre pwofèt Ansyen Testaman yo te prezante Kris la epi sou ki aspè pèp Jwif la te mize?

  9. Kisa ki te atitid majorite pèp Jwif la ki t’ap jije sou laparans devan plan delivrans Bondye a epi ki pwofesi Ezayi te jwenn akonplisman li ak sa?

GLOIRE A DIEU👇🏾
+50946879719 .

Bonne année à toi

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 22 DÉCEMBRE 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE

Tit: Janbatis byen akonpli misyon li

Lekti: Matye 3:5-12; Lik 3:10-18: Jan 1:26-34

Tèks dò: Yo te konfese peche yo devan tout moun apre sa. Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. Matye 3:6

Entwodiksyon: Janbatis ki t’ap viv nan dezè peyi Jide a kòm von nazireyen te jwenn revelasyon dirèk nan men Seyè a sou kijan li dwe akonpli misyon li lè lẻ a rive dapre kalandriye Bondye a. Pou travay la dewoule, li te mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an ap bay mesaj Bondye yo. Tout moun te rekonèt li kòm yon pwofèt Bondve epi yo te soti toupatou pou vin tande l’. Predikasyon Janbatis la ta souke tout kouch sosyal yo nan peyi Jwif yo. Nan leson jodi a, n’ap wè reyaksyon diferan gwoup moun yo ki te genyen nan mitan pp la.

I. Janbatis fè tout pèp la konnen eta espirityèl li.
Sove moun pa lagras grenmesi konfyans yo nan Kris la te nan plan Bondye depi anvan li te kreye anyen. Apot Pòl te konen daprè Women 11:32 ke Bondye mete tout moun san eksepsyon anba menm chenn dezobeyisans lan pou l’ ka gen pitye pou tout moun ansanm. Misyon Janbatis la make yon tranzisyon ant lalwa ak lagras. Nan youn nan temwayaj li yo, Janbatis deklare: Lalwa te bay pa lentèmedyė Moyiz, men lagras ak verite a se pa lentèmedye Jezikri (Jan 1:17). Lagras la vle di yon favè ou pa merite.
A. Fason pou yon moun benefisye Gras la….. Pou yon moun benefisye lagras Bondye fòk li rekonėt li koupab devan Bondye ki renmen l’ lan. Fè tout moun rekonèt yo koupab devan Bondye se premye gran bi misyon predikasyon Janbatis la: farizyen yo koupab, sadiseyen yo koupab, direktè lalwa yo koupab, pèseptè kontribisyon yo koupao sólda yo koupab, fanm movèz vi yo koupab, mas pèp la anjeneral koupab. Yo tout anba dominasyon peche a jan sa ekri nan Women 3:10-12. Nan pwen moun ki gen rezon devan Bondye, pa menm yon grenn. Yo youn pa gen konprann, yo youn p’ap chache Bondye tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen youn ladan yo k’ap fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl. Mesaj Janbalis la te klè pou tout moun: Repanti epi vin resevwa batèm pou padon peche nou yo (Mak 1:4). Batém repantans pou padon peche a te yon etap nouvo nan plan travay Bondye a. Daprè lalwa Moyiz ia, se sou tèt yon bèt ki pral pase an sakrifis, yon koupab te konn konfese peche li yo. Ak Janbatis se konfese peche yo devan tout moun resevwa batèm epi kenbe fèm nan yon santiman repantans pandan y’ap tann Kris la ki gen plis pouvwa pase la.

B. Fason pou moun yo te viv vré repantans lan Diferan gwoup moun yo te mande Janbatis kisa pou yo fè pandan y’ap tann Sila a k »ap vini an. Li di foul moun yo: Sa ki gen de rad, se pou n bay sa ki pa genyen an youn. Sa ki gen manje pou manje, se pou I’separe bay yon lot. Li te di pésepté kontribisyon yo: Pa fè moun peve plis pase sa lalwa mande a. Li te di sòlda yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fė manti sou pésonn pou pran lajan nan men yo (Lik 3:11, 13; 14). Li pa t’ voye pésonn al fè sakrifis nan tanp lan.

II. Janbatis fè pèp la rekonèt Ti mouton Bondye a. Tout evènman yo lè nesans Jezi nan Betleyèm prezantasyon li nan tanp lan te pase nan yon sèk fèmen epi manman li te kenbe tout bagay sa yo nan kè li (Lik 2:19; 2:51b). Evénman ki te sanble fè pi gwo eko se te arive maj yo nan Jerizalèm pou chache Wa Jwif ki fènk fět la; nouvèl sa a te boulvėse lakou Ewòd Legran an ak tout moun lavil Jerizalėm yo (Matye 2:3). evènman Bib la rakonte nou se lè Jezi te gen douzan, li te chita nan mitan doktė yo nan tanp lan ap poze kesyon epi reponn kesyon yo tập poze l’. Gwo save yo te sezi pou wè lespri li te genyen (Lik 2:46- 47). ak lė nan Aprè sa sèl lòt Dezyèm gran bị misyon Janbatis la se te fè pèp la rekonèt Kris la, liberaté Izrayèl la (Jan 1:31). Daprè revelasyon li te genyen, Janbatis te fe pép la konnen ke Kris la ap viv nan mitan yo, se rekonét yo Perko rekonėt li. Nan predikasyon li yo, li te pale sou etènite Kris la, Sou grandè li. Li pa t’ diy ase pou retire soulye nan pye otorite sa a epi lave pye li, kòm esklav ki te konn gen nan gran mezon yo pou lave pye vizitė espesyal yo. Seyė a limenm ki te voye Janbatis batize a, te ba li yon siy ki pou fè li rekonėt Kris la. Li te di l: ou va wè Lespri Bondye a desann, la rete sou tėt yon nonm; se limenm ki gen pou batize moun nan Sentespri a (Jan 1:33). Apré Janbatis te fin rekonèt Kris la, li te prezante l’ kom Timouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latė (Jan 1:29.) Kris la limenm, anvan li te fêt kom yon nonm sou late te di Bondye; ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men ou ban m’ yon kò. Se pa ofrann bèt yo boule sou lotèl k’ap fè ou plezi (Ebre 10:5-6). Kris la vini pou akonpli von misyon espesyal. Janbatis ki pa t’ gen ògèy ak anbisyon pesonal lakay li te tèlman byen fè travay prezantasyon an ke foul pèp la te kite l’ pou y’al swiv Kris la (Jan 3:25-26).

III. Reyaksyon diferan kouch moun ki t’ap tande mesaj Janbatis yo.
Moun te soti toupatou nan tout kouch sosyal pou vini koute mesai pwofèt Janbatis t’ap bay ak gwo pouvwa Sentespri a. gen tande mesaj, gen konprann mesaj, gen aksepte mesaj. reyaksyon prensipal apre mesaj Janbatis yo:
1) Moun yo ki te aksepte epi konfòme yo ak mesaj la.
2) Moun yo ki te endiferan a mesaj la.
3) Moun yo ki te rejte kategorikman mesaj la.
A. Moun ki asepte epi konfòme yo ak mesaj la Nan premye gwoup la nou te jwenn pèseptè kontribisyon, fanm movèz vi yo ak tout sa yo ki te santi yo koupab devan Bondye (Matye 21:32; Lik 7:29). Moun’sa yo te konfese peche yo devan tout moun, apre sa Janbatis te batize yo nan larivyè jouden an. Te gen 3 Reyaksyon diferan sou levanjil la
B. Moun ki te endiferan ak mesaj la Gwoup moun ki te endiferan ak mesaj la te tande epi konprann mesaj la, men kėk baryè sosyal ak politik te anpeche yo soumèt anba volonte Seyè a. Pami yo nou te jwenn Ewòd Antipas, pi gran otorite sivil ki t’ap gouvène peyi a. Bib la di nou: Ewòd pou tèt pa l’ te gen krentif pou Jan. Li konnen Jan se yon nonm dwat ki t’ap viv pou Bondye, se sak’ fè li te pwoteje l’. Li renmen tande l’ pale tou, menm si apre sa kè l te boulvèse (Mak 6:20).
C. Moun ki te rejte kategorikman mesai la Nan twazyèm gwoup reyaksyonè yo nou jwenn farizyen yo a direktė lalwa yo ki te kanpe sou ògèy yo ak gwo konesans yo 7:30). Nan ipokrizi yo, yo te konsidere tèt vo kóm pwòp devan Bondye. Konsa, batèm Janbatis la ki te senbolize pirifikasyon peche yo pa t pou yo. Avèk etikèt « Pitit Abraam » va te kole sou yo a. yo kwè yo deja dispanse pou wayom nan. Konsa, yo te rejte envitasyon pnou repanti Janbatis t’ap bay la. Pwofèt la te fé yo konnen ke nenpot pye bwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife (Mat. 10). Pita Jezi te pral di bann ipokrit sa yo: Nou fèmen pòt ki mennen nan peyi wa a ki nan syel la pou pésonn pa antre. Noumenm nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre nou enpoze yo antre (Matye 23:13).

Konklizyon: Leson jodi a te ede nou konprann akonplisman misyon Janbatis la. Janbatis te fè pèp la konnen eta espirityèl yo, li te prezante yo Timouton Bondye a ki vini pou wete peche lèzòm nan epi nou te wè reyaksyon moun yo fas ak mesaj la. Nan predikasyon mesaj Levanjil la jouk kounyeya, toujou gen menm gwoup moun sa yo: moun ki asepte pawól la epi kite li pote fwi nan lavi yo; moun ki tande mesaj la, men yo kite kêk bagay nan monn nan anpeche yo aksepte Pawòl la epi kite li travay nan lavi yo; moun ki pa vle tande ditou Pawòl la( Lik 8: 4-8).

Devwa yo.
1. Kisa misyon Janbatis la te make epi kisa Jan 1:17 di nou sou sa?

  1. Kisa ki te premye gran bi misyon Janbatis la epi ki diferan gwoup moun li te fè yo konnen yo koupab?

  2. Eksplike kijan batèm repantans Janbatis l’ap preche a te yon etap nouvo nan plan travay Bondye a?

  3. Ki diferan gwoup moun te mande Janbatis sa pou yo fè, epi kisa li te reponn yo?

  4. Kisa ki te dezyèm gran bi misyon Janbatis la epi kisa limenm di nou dapre Jan 1:31?

6, Nan predikasyon li yo, de kisa Janbatis pale sou Kris la?

  1. Ki siy Seyè a limenm te bay Janbatis pou li te rive rekonėt Kris la epi kòman li te prezante l’ bay pèp Izrayèl la?

  2. Ki 3 reyaksyon yo te genyen apre foul yo te fin tande mesaj Janbatis

  3. Ki divès kategori moun ki te pami sa yo ki te aksepte epi konfòme yo ak mesaj la?

  4. Ki 2 rezon k’ te pouse farizyen yo ak direktė lalwa yo rejete mesaj repantans Janbatis la? la?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

WI, GEN YON PASAJ BIBLIK KI PALE DE PÈRE NOEL, PROFITE FE KONESANS AK LI.

Père Noel (Pè Nowèl) te envante vè IXX (19) syèk yo Pa yon pastè ameriken pou’l te ka esplike Ti moun yo istwa koman Jezi te fèt, men ki Pa gen anyen ki wè ak verite. 30 lane aprè yon ilistratè CCM te vi’n difize menm pèsonaj sa a ak yon bone tou won nan tèt li . Nan lane 30 Koka-Kola pran menm imaj sa pou fè promosyon pou bwason an, sa vledi se konpayi sa ki popilarize Pè Nowèl.

ESKE PÈNOWÈL EKZISTE TOUT BON?
non, pèsonaj sa Pa eksite okenn kote fizikman palan tankou anpil moun kwè nan sa, men lespri de nowèl la nan lide anpil moun, sa vledi gen anpil ki lespri sa abite nan yo…

KI KOTE NOU JWENN LI NAN BIB LAN?
Fok nou di’w sa non Père Noel (Pè Nowèl) lan pa ekri direkteman nan Bib lan, men, lespri de Noël lan byen prezan nan Liv Jean 8:44. Lespri de Noël plonje nou nan èrè li koz nou bay anpil manti ak Ti moun nou yo sitou, Lespri mansonjè ki anime Pènowèl lan antre lakay anpil moun pou bay manti, nou toujou ap tann chak ane pere Noël ki Pa janm vini, Pa fwa nou menm konkretize mansonj lan nou achte kado mete la pou Ti moun yo epi nou aprann yo se père Noel ki kitel pou yo.

ESKE YON KRETYEN KA DEKORE KAY LI NAN EPOK SA.
Anpil defwa koutim ak abitid lage nou nan gwo zen youn lot, relijyon opoze ak relijyon. Poutan okenn nan deba sa yo pap mennen nou okenn kote . Apot Paul pale nan 2 Timothée 2:23 poul di « Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont. » sa fèm santi gen deba nou antre ki ka mete nou nan move kondisyon devan Bondye.

ESKE 25 DESANM SE REYELMAN JOU KRIS LA TE FET?
Daprè tout rechèch nou fe sou dosye sa, nou Pa jwenn okenn dokiman ekzat ki date jou de nesans Kris lan. Men, selon liv nou ka fe konfyans, La Bib bay anpil detay sou epok lan byenke li pa mansyone jou a.

KI SA PA EKZANP KI MAKE DAT LAN SELON BIB LAN?
Wi, Bib lan bay anpil referans ki make epok lan, Jezi fèt sou Wa Ewod, Nèg Save yo, Maj yo tout te okouran Ke Kris lan fèt, sa te kreye anpil panik nan kan dyab lan tou daprè Revelasyon 12….

ESKE YON MOUN DWE BAY NESANS KRIS LAN ENPOTANS ?
Wi, nesans Kris lan dwe gen anpotans menm Jan ak lanmò li, si nou Pa anonse nesans li ebyen jenerasyon aprè yo pap ka konprann ki moun Kris la ye. Nou Pa bezwen fokis sou dat la pou’n fe sa, nap fe menm Jan ak Bib lan li esplike nou nan epok lan se Ewod ki te Wa, se Ewod ki tap gouvène , lèl pran nouvèl gen yon nouvo Wa ki fenk fèt jalouzi fel touye tout ti moun ki ne nan epok sa. Jodia li enpotan pou’w konn sa, selebrasyon nesans Kris Pa enpotan men fo’w fe tout moun konnen gen yon Sovè ki te fèt pou wete nou anba grif dyab lan. »Mwen swete Bondye vide benediksyon ak gras li nan lavi’w an kantite »

Kri Pa ÉVANGÉLISTE LINDOR ENOCK….WhatsApp/SMS/Appel
+50946879719