LEÇON DOMINIKALE POUR CE DERNIER 15 JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 15 JANVYE 2023.

TIT: Jezi anonse lanmò li

LEKTI: Jan 12:20-36

TELS DE: Men, mwen menm, lè y’a leve m’ anlè sou tè a, mwen gen pou m’ rale tout moun vin jwenn mwen. Jan 12:32

ENTWODIKSYON: Nan okazyon fèt Pak la (12:12), anpil moun te bay Jezi gwo akèy kòm yon moun ki vini nan non Mèt la, kòm yon moun ki vini pou Wa pèp Izrayèl la (v. 13). Jwif sa yo te espere delivre anba Women yo gras ak Wa sa a. Men, plan Jezi a te pi gran toujou epi te kontrè ak panse Jwif sa yo. Paske Jezi pa t’ sèlman vin kòm Sove Izrayèl men li te vini tou kòm Sovè pou lemonn, ti mouton Bondye ki vin wete peche lemonn lan (4:49,1:29). Konsa, payen yo tou te entèrese nan Jezi. Nan leson jodi a, nou va wè kijan Grèk yo ap chache kontre ak Jezi, epi deklarasyon Jezi sou lanmò li ki te pwòch. Annou swiv li ansanm.

I. GRÉK YO VLE WE SOVE A (v. 20-26)

Payen sa yo pa fòseman t’ap viv nan Lagrès nan moman sa. Se petét kék Grék payen ki te fè pati gwoup moun ki te gaye nan kèk lòt peyi tankou Jide ak Galile. Grek sa yo sanble te gen krent pou Bondye, yo te konvèti nan Jidayism lan ki se te relijyon Jwif yo menm si yo pa t’ respekte tout lalwa a. Moun sa yo (ke yo te rele pwozelit) te konn asiste sèvis nan sinagóg yo ak nan gwo fèt pèp Bondye a te konn genyen nan tanp lan lavil Jerizalèm.

A. DEVOSYON AK DÉMARCH GRÉK YO….

Grèk sa yo ki te vle wè Jezi akòz temwayaj yo te resevwa sou li oubyen yo le asiste antre li Jerizalèm, yo te kontakte Filip, disip Kris la (v. 21). Yo te adrese Filip petét akòz li te pote yon non grèk oubyen paske li te gen kék kontak ak Grèk ki t’ap viv nan zòn yo rele: dis-vil yo.

B. ANONSE LANMÒ SOVE A.

Lè Jezi fin resevwa mesaj la, li reyalize ke volonte pou Grèk yo chache l’ se siy ke lè l’ te rive pou li glorifye, ki vle di, bay lavi l’ sou kwa a. Sa k’ fè Jezi te reponn Filip ak Andre: « Kounyeya, lé a rive pou moun Bondye voye nan lachè a resevwa Iwanj ki pou li a. Sa m’ap di ou la, se vre wi: yon grenn ble ap rete poukont li toutotan li pa tonbe atè pou l’ mouri. Men tou, si l’ mouri l’ap bay anpil grenn » (v. 23, 24). Jezi se grenn lan ki te dwe mouri pou pèmèt anpil moun kapab sove. Jezi vle pou tout kretyen rayi lavi yo pandan yo sou tè a. Se sèl fason pou yo kapab konsève l’ pou lavi ki p’ap janm fini an, epi tou, pou yo kapab avèk Kris la ki te leve vivan nan lanmò. Eske sa vie di ke chak kretyen dwe konnen yon lanmò tankou yon mati menm jan ak Kris la? Non. Sèlman kèk kretyen kapab soufri yon lanmò konsa. Seyè a vle di ke nou bezwen renmen I’, obeyi volonte l’ plis pase nou chache entere pwòp tèt pa nou. Plis pase sa, nou dwe swiv li (v. 26).

APLIKASYON: Malgre soufrans lakwa a te pwóch Seyè a, li klè ke Seyè a te plis vize laglwa oubyen Iwanj ki t’ap tann li aprè soufrans lakwa a Konsa, olye li di: Lè a rive pou l’ mouri, li di pito: « Kounyeya lè a rive pou moun Bondye voye nan laché a resevwa wanj ki pou is Ann apranus minimize traka ak soufrans ke nou ka jwenn sou wout nou pandan n’ap fikse je nou sou laglwa nou va jwenn le Kris va vin chèche nou

II. ATITID JEZI DEVAN LANMÒ LI KI TE PWÓCH (v. 27-36) Jezi te twouble. Li te kapab twouble pou plizyè rezon tankou

1) Paske li se moun tankou tout lot moun ki toujou twoubledevan tanmò, silou yon lanmò sou takwa.

2) Paske lanmò sou kwa a to pral separe l’ ak Bondye

3) Paske li te pral soufri gwo kolé Bondye akoz tout pechelemonn Apot Pol ekri: Kris la pa t’janm fé okenn peche, men Bondye fe pran só nou sou li, yo trete l’ tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras (2 Kor. 5:21).

A. LI TE OBÉIYI VOLONTE PAPA IL.

Jezi te gen volonte obeyi Papa I jouk nan lanmò. Aprè Jezi fin souliye ke se pou l’ te soufri li te vin sou tè a, li di: Papa, fè wè pouvwa ou non! Sa se mak bon volonte li pou obeyi Papa I jouk nan lanmò. Papa te reponn lè yon vwa soti nan syèl la, li di: « Mwen fé wé pou- vwa non mwen deja. M’ap fè wè l’ ankò (v. 28).

Li te enteresan pou note ke gen 3 okazyon Bondye Papa te pale ak Pitit la yon fason piblik konsa: se te nan batêm Jezi a (Mat. 3:17), nan transfigirasyon an (Mat. 17:5) epi nan okazyon sa kote lanmo Kris la te pwòch (Jan 12:28).

B. VALÉ LANMÒ KRIS LA

Kisa lanmò Jezi a te reprezante menm? Se te yon jijman pou moun sou té a epi yon defèt pou Satan. Lanmò Jezi sou kwa a, re- zireksyon ak monte li nan syèl, se te tou eleman ki pote anpil moun mete lafwa nan li, epi ki pèmèt yo antre nan prezans Bondye. Konsa, se yon viktwa pou tout kwayan, Jwif tankou moun ki pa Jwif, nenpòt lang ke yo pale (v. 31,32). Jwif yo te konprann ke moun Bondye voye nan laché a (Jezi) ta dwe viv pou toutan selon lekti yo fè sou Danyèl 7:13,14. Yo pa t kapab konprann kesyon pou Jezi mouri a, si l’ se Mesi a (v. 34). Yo te bliye kijan Ezayi te pale sou Mesi a ki ta gen pou bay tèt li an sakrifis pou peche lèzòm (53:12). Devan ministé térée Kris la ki te fini, Jezi te di Jwil yo pou ye mache nan limyè a pandan limyè a te avè yo. Limyè a se Kris la menm (v 35) Li fè menm apèl la, lé r di « Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l’ lan, pou nou kapab moun limyè a ( 36) Donk, mache nan limyè a se mache nan konfyans nan Kris Anfas lanmò, ann toujou prêt pou obeyi Bondye jan Jezi te 16. menm lè se difisil. Epi lemonn bezwen konnen set limy a se Jez Rete viv nan peche, dezobeyisans, se rete nan teneb. Men, kon fyans nan Kris, mache ak li, se mache nan limyè. Ann viv pou fe lemonn konnen sa

KONKLIZYON: Tankou Grék yo te fè, lézòm nan tan jodi a bezwen chache Jezi. Yo bezwen chache kontre ak II. Li te moun nan plas nou pou te kapab ban nou lavi. Nou bezwen gen krent, sa vie di gen gwo respé pou 1. Devan lamò li te deside, li te pasyone menm pou mouri paske li te ren men nou menm si l’ te enpe twouble. Ann obeyi Bondye jan Jezi te fa Ann viv nan limyè pandan n’ap voye jete tout fom peche ki se gwo tené

DEVWA YO.

  1. Ki kalite moun Grèk ki t’ap chache Jezi yo te ye?
  2. Kóman yo te rele yo?
  3. Kijan yo te fè pou pran kontak ak Jezi?
  4. Kisa Jezi te reponn Filip ak Andre sou demann Grèk yo?

5 Ki fason yon moun kapab konsève lavil pou lavi ki p’ap janm finian?

  1. Kisa Seyè a vle di sou sijè sa a daprè leson an.
  2. Bay 3 rezon ki kapab köz Jezi ta twouble devan lanmò li a?
  3. Bay 3 okazyon Papa a te pale ak Pitit la piblikman?
  4. Kisa lanmò Jezi a te reprezante?
  5. Kisa « mache nan limyè a vle di »?

👇🏼👇🏼👇🏼
TeleGram
http://t.me/zlinfo

Une réponse à “LEÇON DOMINIKALE POUR CE DERNIER 15 JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Laisser un commentaire