Archives mensuelles : octobre 2019

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 3 NOVEMBRE 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYË.

Bondye beni’w fanmi pam, kontinye pataje LESON ak lot moun. Pa kenbel pou kont ou..
Info👇🏾
https://wa.me/50946879719

Tit: Yon moun saj di toujou laverite

Lekti: Pwovèb 6:16-19; 12:17-22.

Tèks dò: Pwovèb 12:22 Seyè a pa vle wè moun k’ap bay manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.

Entwodiksyon: Satan te sèvi ak yon manti pou fè Ev manje fwi entèdi a (Jenèz 3:4-5). Epi apre legliz la te fonde, se te ankò yon manti ki te kòz premye disiplin nan legliz la. Pyè te di Ananyas ak Safira, « Kijan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l’ fè ou bay Sentespri manti? » (Travay 5:3) Bay manti se yon gwo sijè nan liv Pwovèb la tou. Nou ka jwenn mo « manti » 30 fwa e « verite » 8 fwa nan liv Pwovèb la. Se vèsè sa yo nou va etidye nan leson sa a.

I. Kisa manti ye selon liv Pwovèb la? Pwovèb la pale anpil sou bay manti an jeneral, men li mansyone tou 3 aspè an patikilye. Konsa nou vle fè yon ti gade sou diferan aspè sa yo ke nou jwenn.
1. Tout sa k’ pa vre, se manti. Salomon di se moun mechan ki mache bay manti toupatou, men moun k’ap mache dwat yo pa bay manti (6:12; 13:5).

  1. Liv Pwovèb la pale fò kont fo temwen nan tribinal. Nan chapit 6:16-19 kote Saloman bay yon lis bagay Seyè a pa vle wè, li mansyone bay manti kòm dezyèm bagay nan vèsè 17 la. Fo temwen kap bay manti sou moun se sizyèm lan nan vèsè 19 la. Senk fwa liv Pwovèb la pale sou fo temwen, li di yo ankouraje lenjistis (12:17), yo twonpe jij yo (14:25), epi yo pase lajistis nan betiz (19:28).

  2. Twazyèm aspè nan bay manti ke Pwovèb la mansyone se flate moun (26:28; 29:5), Nan chapit 5 vèsè 3 ak 4 la, Salomon bay yon llistrasyon kòman yon fanm movèz vi ap travay pou fè yon jenn gason tonbe nan peche. Li di li sèvi ak pawòl dous pou fè l’ swiv li. « Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bo.

Il. Ki jijman ki va tonbe sou moun k’ap bay manti?
Nou konnen, nevyèm nan 10 komandman yo di: Piga nou bay manti sou frè parèy nou (Egzòd 20:16), epi Revelasyon 21:8 di ke plas moun k’ap bay manti se nan lanfè. Salomon pa manke pwononsel kalite jijman sou moun k’ap bay manti non plis. Li di, « Yon moun kap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nec yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou » (25:18). Se gwo pawol Salomon sèvi pou pale sou moun k’ap bay manti, epi li pa bay okenn ekskiz pou yon ti manti piti.
1. Dabò li di, « manti la pou yon ti tan; men verite la pou toutaan » (12:19). Satan fè nou kwè nou kapab kache manti nou yo (oubyen nenpot lot peche), men Jezi di nan Lik 8:17, « Nanpwen anye ki kache ki p’ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen p’ap parèt aklè. » Anpil fwa nou anpile manti sou manti ak anpil lòt peche ankò, sèlman pou kouvri premye ti manti nou te bay. Men anfen, Seyè a ap devwale yo tout epi nou va wont anpil. Pwovèb 26:28 di, « Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li; lè ou ap flate moun, se tèt ou ou ap fè tò. »

  1. Pwovèb 22:12 di, Seyè a fè moun k’ap bay manti yo wont. Se toujou yon gwo wont lè peche nou vin devwale. Wa Sayil pat’ dakò pou admèt peche li, paske li te santi se te yon gwo wont devan sòlda li yo (1 Samyèl 15:24-30). Poutèt sa Bondye te retire gouvènman an nan men l’ pou bay David li. Pito nou soufri yon ti wont kounye a epi konfese ke nou te bay manti pase pou Seyè a va bezwen mete nou deyò.

  2. Pwoveb 19:5 di moun ki bay manti merite « pou yo pini l’, pa gen rechap pou moun k’ap bay manti. » Lè sèvitè pwofèt Elize, Gerazi te bay manti, menm moman an, Seyè a te frape l’ ak maladi lalèp ki te yon gwo wont epi ki te grav anpil (2 Wa 5:25-27).

  3. Saloman di nan Pwovèb 21:6 ke « moun k’ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y’ap chache. » Apre sa li di defwa moun k’ap bay manti gen pou mouri (19:9; 21:28). Sa se 4 gwo jijman sou moun k’ap bay manti ki dwe fè nou tranble. Lè Satan vin tante nou pou bay manti, di l’ « non » touswit. Pa menm konsidere fè yon ti manti ni triche ni flate moun.

III. Laverite se yon pati nan karaktè Bondye
Pwovèb 12:19 di, « Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou toutan toutan. » Paske Jezi di, « Se mwen menm ki chemen an, verite a ak lavi a (Jan 14:6). Jezi se Bondye Letènèl la; se poutèt sa pawòl li va la pou toutan (Matye 24:35). Poutèt sa chak ti manti se yon gwo ofans pou Bondye ki twa fwa sen. Ann kite Sentespri a transfòme nou pou karaktè pa nou vin sanble ak karaktè Bondye pi plis chak jou. Nan Efèz 6:14 lapot Pòl di verite a se youn nan zam espirityèl yo Chak fwa nou kanpe sou verite a, nou kanpe sou bò kote Bondye ki toupuisan. Lè sa Satan pa gen okenn pouvwa sou nou. Men lè nou bay manti, nou louvri pòt la byen laj pou Satan ka pran pye sou nou.

IV. Bondye ap rekonpanse moun ki di laverite.
Pwovèb 12:22 di, « Seyè a pa vle wè moun k’ap bay manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. Lè Bondye kontan ak nou, nou menm nou kontan tou. Kèk fwa moun pè di verite a paske yo pè revanj lot yo. Men Salomon di, « Seyè a pwoteje moun k’ap di verite. Men, li fè moun k’ap bay manti yo wont » (22:12). Nou pa janm dwe pè fè sa ki dwat, paske Bondye kanpe avèk nou lè nou fè volonte li. Bondye kontan ak moun ki di verite a epi moun kontan tou. Pwovèb 16:13 di, « Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti. »

konklizyon: Ou pa ka bay moun k’ap bay manti konfyans ni ou pa ka chwazi yo pou zanmi. Men moun ki onèt tout bon vre p’ap manke zanmi ki fidèl.

Devwa yo
1. Li Jenèz 2:16-17 ak 3:1-6 epi eksplike ki manti Satan te bay Ev.

  1. Eksplike kisa Ananyas ak Safira te fè epi di kisa k’ fè Bondye pini yo. Li Travay Apòt 5:1-11 .

  2. Sou ki twa kategori manti liv Pwovèb la pale? Nonmen yo.

  3. Site 4 jijman Salomon pwononse sou moun k’ap bay manti.

  4. Poukisa wa Sayil pa t’ dakò admèt peche li? (1 Sam 15:24-30)

  5. Kijan Bondye te pini Gerazi paske li te bay manti?

  6. Konplete: Chak ti manti se yon gwo…. pou Bondye ki twa fwa…. ka Lè nou bay manti, nou louvri pòt la byen laj pou pran…

  7. Eksplike kòman verite a se yon zam espirityèl.

  8. Kisa Bondye fè pou moun ki di verite a?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LECON DMINICALE POUR CE DIMANCHE 6 OCTOBRE 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE

Tit: Yon moun saj soumèt tèt li devan Bondye

Lekti: Pwoveb 6:16-19

Tèks dò: Pwovèb 11:2 Kote ki gen logèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

Entwodiksyon: Lògèy se rasin tout peche. Se te peche sa ke Lisife komèt kifè Bondye te chase li nan syèl la(Ezekyèl 28:2; Ezayi 14:13-15). Se pa sèlman moun nan lemonn ki renmen vante tèt yo, oubyen ki gen lògèy; noumenm kretyen yo tou, anpil fwa nou vante tèt nou, nou kite lògèy pote nou ale. Nan leson jodi a, nou pra I gade kisa Salomon anseye nou sou sijè sa a

I. Bondye rayi lògèy Nan Pwovèb 6:16-19

Salomon nonmen 7 bagay Bondye rayi. Se lògèy ki kanpe anpremye nan lis la, paske anpil fwa se logèy ki fè moun fè sa ki mal. Pa egzanp: Nou bay manti paske nou pa vle imilye nou pou di verite. Moun pale mal sou lot, fè medizans paske sa fè yo parèt pi byen… Selon lapòt Jak ak Pyè, logèy se kontrè soumisyon devan Bondye. Yo di, « Bondye pran pozisyon kont moun ki gen logèy yo. Men, moun ki soumèt devan l’, li ba yo favè li » (Jak 4:6, 1 Pyè 5:5). Mo Ebre ke Bib la tradwi « gonfle lestomak » nan Pwovèb 6:17 ak 16:5 lan, se menm mo yo sèvi tou pou di nou dwe egzalte Bondye. Sa vle di, lè yon moun gonfle lestomak li, li egzalte tèt li olye pou egzalte oubyen onore Bondye. Sa fé nou konprann poukisa Bondye rayi logèy, paske li te kreye nou pou nou gen kominyon avé l’epi pou nou glorifye non li (Efèz 1:12). Nou pa kapab glorifye Bondye ak tèt nou anmenm tan. Sa se yon pawòl ki dwe fè nou reflechi, sitou tout moun k’ap monte chè a pou chante pou laglwa Bondye. Ann veye pou nou pa egzalte tèt nou olye pou egzalte gwo non Letènèl la

II.Bondye va pini moun k’ap fè lògèy
Teks dò nou an di, « Kote ki gen logèy, wont pa lwen. » Nan Pwovèb 16:5 Salomon di: « Seyè a pa ka sipòte moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l’ap fè yo peye sa. » Epil di ankò: « Lè ou ap fè awogans, ou pa lwen mouri » (16:18). Pwovèb 29:23 avèti nou: « Awogans fè moun pèdi pye. » Bib la ban nou anpil istwa ki ilistre verite sa yo. nan menm chapit la li
1. Golyat t’ap vante tèt li pandan anpil jou devan lame pèp Izrayèl la Men Bondye te imilye l’. David te touye I’ ak yon kout woch (1 Sam 17)

2 Wa Nebikadneza t’ap vante tèt li pou lavil Babilon, Bondye te fe I vin fou. Pandan 7 lane, li te oblije viv tankou bèt nan raje (Daniel 4:1-37).

  1. Liv Estè a ban nou pi gwo egzanp yon moun ogeye. Lè Aman te resi vin premye minis, li te ensiste pou tout moun tonbe fas atè devan pou ba li onè. Men Madoche te refize fè sa. Poutèt sa Aman te fè gwo plan pou detwi tout Jwif yo. Men Bondye te kraze tout plan Aman yo. Nan fen liv la, nou wè Aman te oblije bay Madoche gwo one, apre sa wa a te fe pann Aman sou gwo poto li te fè monte pou l’ ta pann Madoche a. Jezi te di: « Moun ki vle leve tèt li, y’a desann li. Moun ki desann tèt li, y’a leve li » (Mat 23:12). Logey se yon peche moun pa wè touswit, paske se yon atitid. Yo pa konn mete kretyen k’ap fè logèy anba disiplin nan okenn legliz. Men logey se sous anpil lot peche. Poutèt sa Bondye anonse gwo pinisyon pou peche sa a. Fok nou pran avètisman Salomon ban nou kont logèy la ak tout kè nou.

III. Ogèy se kontrè imilite

Kote Bib franse a pale sou moun ki enb (humble), Bib kreyol la di moun ki soumèt devan Bondye. Ekspresyon sa a se yon bon eksplikasyon pou sa sa ye imilite. Nou p’ap konprann sa sa ye imilite le nou konpare nou youn lot pou wè kilès ki konn bese tèt li pi ba pase lot yo. Selon liv Pwovèb la, imilite ak krentif pou Bondye mache ansanm. Yon moun ki pa gen krentif pou Bondye pa kapab enb vre. Moun ki gen krentif pou Bondye wè Bondye nan tout grandè li, sa vle di gwo konesans li (omnisyans), pouvwa san limit li (omnipotans),li toupatou nan menm moman (Omniprezans) epi li la depi toutan ak pou pou toutan (etènite). Sa vle di, yon vrè imilite we Bondye nan grandè li epi wè tèt li an relasyon ak gran Bondye sa a. Lè sa nou pi piti pase yon ti grenn pousyè. Pwovèb 15:33 di, « Lè ou gen krentif pou Bondye moun va fè lwanj ou. » } Jezi te pi gwo egzanp yon moun ki soumèt li devan Bondye. Li pa t konsidere tèt li pou anyen. Li te bese pou lave pye disip li yo (Jan 13:4-12). Li pa t’ janm ni di ni fè anyen ki pa t’ nan volonte Bondye; li te obeyi Bondye jouk li te mouri sou kwa a. Se poutèt sa Bondye te leve l’ pi wo pase tout (Filip 2:5-10). ou deja konprann anpil bagay. Le ou soumèt devan Bondye,

IV. Bondye rekonpanse moun ki soumèt devan l’
Salomon di nan Pwovèb 15:33 « Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè Iwanj ou. » Pwoveb 29:33 di, « y’ap respekte moun ki soumèt devan Bondye. » Epi 22:4 pi bèl toujou: « Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: Ou a gen richès, y’a nonmen non ou, ou a viv lontan. » Selon Efezyen 1:3-14 richès n’ap jwenn paske n’ap sèvi Bondye se premyèman richès espirityel. Men Bondye beni moun k’ap sèvi l’ materyèlman tou.

Konklizyon: Yo di epit Jak la se liv Pwovèb Nouvo Testaman an. Jak di nan 4:6 « Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l’, li ba yo favè li. » Vèsè sa a rezime tout sa liv Pwovèb la di lògèy ak imilite. Ann mete l’ byen fon nan memwa nou pou nou pa vante tet nou pou anyen.

Devwa yo .
1. Eksplike nan ki sans logèy la se rasin anpil peche.

2 Eksplike sans mo a nan Ebre ke Bib la tradwi « gonfle lestomak »

  1. Ki gran bi kife Bondye te kreye lom?

  2. Kisa liv Pwovèb la di ki va rive ak moun ki fè lògêy?

  3. Kaman Bondye te pini wa Nebikadneza paske li te gen logèy? li epi wè tèt li an

  4. Konplete: Yon vrè imilite we

GLOIRE A DIEU
+50946879719