Archives mensuelles : mars 2018

Siw konn pran moun nan prasondavril, pa fel anko paske kretyen pa dwe viv nan manti, tout moun ki pratike manti se pou dyab yap travay se pa pou Bondye. Jesus est la verite eternelle

PWASON DAVRIL SE PA YON TRADISYON KRETYÈN

Dyab la toujou itilize chemin ki pi fasil poul mennen nou nan lye mizerab yo rele lanfè a. Anpil fwa nou pran nan pyèj elmi an san nou pa rann kont de anyen.

Li pa posib pou yon kretyen ap imite slogan ki nan mond lan, li pa lojik non plis pou nap swiv bagay negatif mond lan ofri nou. Paske Bondye mande pou nou devni imitatè li « sa vledi se li menm pou nou swiv ».

Pou kisa yon kretyen oblije pran moun nan prason davril ? gen tradisyon ki konn bon pafwa, men Anpil nan yo mete gwo baryè ant nou menm ak Bondye, paske souvan se bagay satanik yo ye. Bondye di; SI YON MOUN ZANMI LEMOND. KONNEN LI PA ZANMI BONDYE. SE POU REZON SA MAP MANDE NOU POU’N VEYE ANWO VEYE ANBA. PASKE SATAN KANPE NAN TOUT KWEN POUL DETWI NOU.

Si yon moun ki swa dizan di li se kretyen arive tronpe yon moun nan bagay yo rele prason davril la, an verite moun sa paka konsidere Bondye pou papal. Paske Jezikri di; tout moun ki pratike mansonj se pitit dyab yo ye . Jean 8:44.

La Bible aprann nou tou moun ki dako mache ak Jezikri pa dwe viv nan manti, paske bouch nou pa la pou sa, men se pou nou louwe ak beni non Bondye. La Bible ale pi lwen poul di WI se WI, épi NON se NON. Tout sa nou mete deplis soti nan dyab . Matthieu 5:37.

ESKE W PAT KONN SA, JODIA ANPIL MOUN AP REVNI PITIT DYAB AKOZ SA KAP SOTI NAN BOUCH YO ?

Teknoloji a avanse sevre, li bon em apresye jan devlopman ye nan syèk sa.
Poutan menm syans sa pral lakoz Anpil moun abandone wout syèl . Paske yo kite teknoloji a mennen yo olye se yo ki pote souli. Telephone ak rezo sosyal yo se youn nan eleman ki koz Anpil kretyen pèdi lafwa, fason nou itilize yo a pa bon, paske nou bay Anpil manti, sitou lè nap pozisyone ak lè nap idantifye aksyon nou pou yon zanmi oswa fanmi oubyen yon proch nou.

Se pa tout sa nou resevwa pou’n fèl mache, lè konsa nou patisipe nan tout aktivite satanik yo. Paske pafwa Anpil mesaj sou rezo sosyal yo se plan dyab la itilize poul ka detounen nou nan Bondye.

Avan nou pataje yon mesaj se pou nou byen disènel avan, fok nou gade si se pa pwomosyon nap fè pou dyeb. Paske kounye a li pi fasil pou yon moun pataje vye mesaj ak zanmi yo olye yo pataje mesaj Jezikri yo.

Atansyon! Atansyon ! Si w kontinye nan mansonj se pa mwen ki koz ou pa sove , men se konsyans ou ki pral kondane w. Mwen swete w mete konsyans ou nan bon wout lan yon fason pou w pa di sim te konnen . Mèsi e Amen !

Sete Evangeliste Lindor_Enock .

WhatsApp +50933687899 oubyen ouka jwenn nou sou 46879719

Regardez « GLOIRE A DIEU » sur YouTube

Abonnez vous sur la chaine YouTube de GLOIRE A DIEU en cliquant sur ce lien, que Dieu vousbenisse

https://www.youtube.com/channel/UC6slpl1DkUM-IhoRlXOPBYg

Prière pour aujourd’hui dans la langue creole haitienne. Que le Seigneur vous benisse

BONDYE SE SOLISYON TOUT PROBLÈM

Prière_du_matin

matin an mwen béni non Bondye pou tout sa li reyalize nan lavi’m, lavi fanmi ak zanmi m yo. Paske chak jou Bondye kite souf devi sa a nan nou. Se Yon gras li fe nou paske nou pat mérite sa.

Se pou rezon sa mwen paka pa louwe non li nan tout sa map fe kelke swa kote m ye nan mond lan, se pou’m toujou nonmen non li chak kotem pase !

Nan non Jezikri map mande Bondye poul proteje’w nan kelke swa sa wap regle jodia e pou tout lavi w. #Amen!

Info-WhatsApp
+509 3368-7899

*KONTROLE BOUCH OU LE WAP PALE, PASKE W SE KRÉTYEN*

http://instagram.com/gloiretv7
Jodia se Lundi 5 Mars

Dépi w se moun ki kwè nan Bondye ou paka pale bagay ki pa gen sans, pawol ki pap prodwi paka soti nan Bouch ou. Pa kite vye mo ak pawol piman bouk soti nan sa nap di. Selon Ephesiens 5:3

Priyè pou Jodia
Bondye, ou menm ki banm lang ak bouch pou’m pale. Map mandew fos ak kouraj pou’m pa antre nan dosye ki pa gade m. Pou m pa répéte ak bouch mwen bagay ki soti nan mond sa, bagay ki pap pote fwi.

Senyè, ou banm bouch pou m pale sa ki vérité, pou’m béni ak louwe non w kelke swa kotem ye nan mond lan, se pou rezon sa map toujou sonje pawol Psaume 34 yo nan lespri m, Yon fason poum ka toujou gen bon pawol nan bouch mwen.

Mwen vle toujou ranpli ak Lespri w Bondye kelke swa kote m ye nan mond lan, se pou pawol mwen toujou pote fwi ak chanjman nan lavi chak zanmi ak fanmi m yo. O non de Jezikri! Amen !

#Info +50933687899 .

PA DETWI LAVI W POU SA WAP ANDIRE JODIA ZANMI M, PASKE BONDYE GRANMOUN

Jodia ou ka ap soufri ak maladi, problèm, desepsyon, grangou. Move lavi a ka ap mal mennen w, moun ka ap imilye w nan vwazinaj, nan lekol, nan mache, nan lari, nan travay pafwa men m nan Legliz nou konn jwenn imilyasyon.

Gen moun se madam, genyen se mari yo, lot se fanmi, pitit , manman, papa ki konn mal viv ak yo, men sel sa m konnen Je Bondye sou ou, chak moun gen Yon jou pou yo délivré.

Zanmi pa ka fe anyen pou ou, sispann rakonte yo afe w, men ann vire je nou sou #Jezikri paske se sel li menm ki we jan nap soufri.

Pa pèdi espwà, jou pa w la preske rive, rete fèm nan Levanjil, konsa wa wè pouvwa #Bondye kap manifeste nan lavi w. #Ame !
Sete yon mesaj frè Lindor Enock depi Jacmel #Info 46879719 , #WhatsApp 33687899 .