LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 28 JUILLET 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Zam ki nesesè nan konba kretyen an

Lekti: Efèz 6:10-24; Ezayi 59:17

Tèks dò: Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Efèz 6:11.

Entwodiksyon: Tout vrè kretyen ki angaje yo nan mache ak Kris sou chemen lafwa a dwe rekonèt ke yo angaje nan yon konba ki pa piti ditou. Bondye te konn sa. Se poutèt sa li mete a dispozisyon nou, tout zam nou bezwen pou mennen kçnba sa a. Nan dènye leson nou sou liv sa a, n’ap wè ki kalite advèsè nou genyen anfas nou, ki kalite zam nou bezwen itilize nan konba nou yo epi mo konklizyon apot la. Se pou Bondye kontinye beni nou pandan n’ap etidye dènye leson nan seri sa a ak tout atansyon nou!

I. Rekonèt advèsè a (v. 10-13) Avan Pòl prezante lènmi an, li kòmanse pou li mande kretyen yo pou yo chache fòs yo nan Kris la (v. 10). Se tou nòmal paske yon sòlda ki pa gen fòs pa ka goumen. Seyè a toupuisan pou plen nou ak fòs. Nan Filip 4:13 apot la di: « Nenpot sitiyasyon ki parèt devan mwen m’ap degage m’, gremesi Kris la ki ban mwen fos kouraj. » Vèsè 11 lan egzòte n’ pou nou mete zam Bondye yo sou nou pou yon rezon, ki se pou’n Kab reziste (kenbe tèt) devan riz dyab la (v. 11b,13) vesè 12 la gen yon enpòtans Espesyal paske se li ki prezante idantite advèsè a. pou n kab reziste (kenbe tet).
Menm si konesans nou pa nèmèt nou klasifye lènmi an nan yon od yerachik, li klè ke se dyab la, move lespri yo ki gen demè yo nan lè a. Zanj rebèl sa yo, ki envizib, gen pouvwa ak otorite pou yo fè anpil mechanste. Sepandan, kom kretyen nou pa gen pou n pè yo. Move jou kapab toujou vini (v. 13) kote nou kab sibi gwo atak, men pouvwa Bondye a sifi pou ban nou viktwa devan tout atak lènmi an. Ann konnen ke advèsè nou an pa yon moun, menm si l byen kapab abite nan yon moun. Donk, nou p’ap goumen ak yon moun, men ak sila a Bondye te mete deyò nan syel la (nan presans li a) e ki ta vle anpeche nou jwi tout gwo kalite benediksyon Bondye Papa nou gen pou nou yo.

II. Zam Bondye yo (v. 14-17; Ezayi 59:17) Apot Pol mande kretyen Efèz yo pou rete fèm. Pou sa fèt, yo bezwen mete sou yo zam Bondye bay yo. Nou kwè apot la te itilize modèl abiman yon sòlda Women kòm baz ilistrasyon I’ pou li te ensplike pou kretven Efèz yo zam espirityel yo. Vesè 14 rive 17 la prezante 6 kalite zam ki nesesé pou nou, kom kretyen ak solda Jezikri. Zam yo se:
1. Verite: Verite sa a gen rapò espesyalman ak yon atitid sensè, dwat epi onet nan tout bagay (daprè mo grèk la). Gen sèvitè ki wè nan li tou, revelasyon Bondye ban nou nan Kris la (Jan 8:31-36, 43- 45). Nou kwè tout 2 entèpretasyon yo bon. Nan tout jan, zam sa a dwe jwe wol yon sentiwon espirityèl pou rann kretyen an fò.

2- JISTIS.…. Tem sa a souvan konsidere kom jistifikasyon Kretyen yo jwenn nan Kris la, dapré lèt Pol yo. Men se tou, jistis nan karakte nou 2. Jistis ak nan kondwit nou (iistis moral), Zam sa dwe sèvi kom defans kont akizaevon konsyans epi kont fos akizasyon dyab la kab lanse sou nou menmjan solda Women an te gen yon plak pwotèj sou lestomak li pou Gade Ezayi pare flèch lènmi li. 59:17 3.
3. Zel: kapab gen rapò ak estabilite oubyen asirans ke Bön Nouvèl Levanjil la bay kwayan an ki resevwa kè poze a, menm jan soulye nan pye sòlda Women an te fè l’ santi li konfotab. Se tou devouman pou anonse bon nouvèl ki bay kè poze a.
4. Konfyans: Se enstriman ki pou pare tout flèch tou limen dyab la ta lanse sou nou, tankou sòida Women an te konn itilize boukliye li pou l’ desann flèch lènmi an atè,
5. Delivrans (sali): Menm jan kas ki te nan tèt sòlda a te bay li yon santiman sekirite, konsa tou asirans ke nou sove jodi a epi pou tan k’ap vini an gras ak pouvwa Bondye a, se yon zam defansiv endiskitab kont atak Satan.
6.Pawòl Bondye (Bib la): Si 5 premye zam yo te gen wol pou asire defans nou, Pawòl Bondye a se sèl zam ki ranpli 2 wol: defann epi atake. Efikasite zam sa a te pwouve nan fason Jezi te reziste devan Satan nan dezè a (Matye 4:1-11) Vèsè 18 rive 20 an tradwi, enpotans lapriyè nan konba a. Jezi te toujou ap priye epi li te konn ankouraje disip li yo priye. An rapò ak prensip inite a ki se pwen fò liv la, kretyen Efèz yo te dwe priye non selman pou tet pa yo, men pou tout pep Bondye a ak pou Pol an patikilye Eske ou konn priye avèk pèseverans pou tout sen yo nan Kris la, ep pou bèje ou? Toujou sonje ke se nan yon anbyans lapriyè, nou dwe patikilye.nou dwe mennen konba a kont advèsè a .

III. Pawol apresyasyon ak benediksyon an (v.21-24) Let sa a te dwe transmèt yon mesaj inite bay kretyen Efèz yo ak nan tout vwazinaj la. Pol te konfye l’nan men Tichik, ansanm ak lèt Kolos la (6:21: Kolòs 4:7,8). 82
A. Kilès Tichik te ye? Apot la prezante Tichik sou 2 karakteristik:
a) yon frè ke apot la te renmen anpil.
b) Yon bon sevitè nan travay Sevè a Koman ou konprann kolaborasyon ou? Eske pastè responsab yo kab konsidere ou kom yon frè yo renmen anpil, epi kòm yon bon sèvitě nan travay Seyè a?

B. Misyon Tichik Ann note ke Tichik te gen 3 misyon: transmèt yon lèt, transmèt yon mesai oral (nan bouch), epi ankouraje kretyen nan zon nan (21,22) Ann note tou, ke Pòl te itilize 3 metòd pou edifye pèp Bondye a: li te konn priye pou yo (ch.1,3), li te ekri yo, epi li te konn voye vizitè yo. Pou fini, 4 mo rezime benediksyon apòt la: Kè poze, lanmou konfvans, ak benediksyon (gras daprè bib fransè a). Sepandan, gras ak kè poze a gen yon valè espesyal paske se ak yo li te kòmanse lèt la (1:2).

Konklizyon: Nou vle di Seyè a mèsi pou Lespri li ki te gide nou nan etid nou sou liv Efèz la. Mèsi pou sajès li ki pèmèt nou konprann koman se yon favè (gras) li fè nou, lè li chwazi nou, padonnen nou, libere nou anba peche, lemonn ak dyab la epi ini nou nan Kris la pou fome legliz la. Pandan n’ap mande li pou lespri l’ toujou pèmèt nou rete fèm devan manifestasyon puisans dyab la pandan l’ap ede nou byen itilize zam yo ki se: verite, jistis, zèl, konfyans, asirans delivrans lan, ak pawòl li. Se pou gras li ak kè poze li ban nou nan Kris la toujou rete avèk nou!

Devwa yo
1. Kibò kretyen Efèz yo te dwe chache fòs yo?
2. Kilès Bib la prezante kom advèsè kretyen yo?
3. Ki karaktè zanj rebèl yo prezante?
4. Romplete: Youn nan entansyon dyab la, se anpeche nou
5. Kisa ki te sèvi Pôl kom baz ilistrasyon nan diskou li sou zam kretyen yo?
6. Zam Bondye mete nan dispozisyon kretyen yo, se:
7. Pawol Bondye se sèl zam ki ranpli 2 wol, ki se……ak……
8 Ki teks ki pwouve efikasite Pawòl Bondye a kòm zam, daprè leson an?
9 Pou kiles konsa kretyen yo dwe toujou priye, daprè lide leson an?
10 Ki 2 eleman ki karakterize Tichik? Ki santiman eleman sa yo anspire nan nou. frè m ak sè m’ yo?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

3 réponses à “LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 28 JUILLET 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

  1. Bonsoir, Je vous salue dans le precieux nom de notre Seigneur et Sauveur Jesus-Christ et profitons cette locasion pour vous felicite se se noble travail que vous effectuer dans le monde evangelique pour la gloire de Dieu
    J`aimerais savoir pourquoi il ya plus un mois je ne pas les lecons, je solicilite

    J’aime

  2. Boujour, Je vous salue dans le precieux nom de notre Seigneur et Sauveur Jesus-Christ et profitons cette locasion pour vous felicite se se noble travail que vous effectuer dans le monde evangelique pour la gloire de Dieu
    J`aimerais savoir pourquoi il ya plus un mois je ne pas les lecons, je solicilite d`une fois de plus parce qu`ils sont vraiment interessant pour nous a l`Eglise Apocalipsis que le Seigneur vous beniise abondanment
    Garanti sans virus. http://www.avast.com

    J’aime

Laisser un commentaire