Archives mensuelles : septembre 2019

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 29 SEPTEMBRE 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE

Tit: Yon moun saj veye sou repitasyon li

Lekti: Pwovèb 11:1-6

Tèks dò: Pwovèb 22:1 Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lo.

Entwodiksyon: Liv Pwovèb yo, nan teks orijinal la, pale sou repitasyon an sèlman nan 22:1 ki se tèks dò nou an. Men li bay anpil konsèy kòman nou dwe viv pou nou ka kenbe yon bon repitasyon. Dèske sijè a tèlman enpòtan, n’ap pran tout yon leson pou etidye lI. Nan yon ti moman, ak nan yon sèl eskandal, nou kapab pèdi repitasyon nou epi lap pran anpil tan pou rebati l’ ankò. Konsa, li enpotan anpil pou nou koute konsèy Bondye, koman pou nou kenbe yon bon repitasyon. Nou espere leson sa a va ede nou chak.

I. Fason nou gen yon bon repitasyon devan Bondye
(11:20 16:2b; 17:3b) Chak moun sou latè komanse lavi li nan menm eta yon peche devan Bondye (Women 3:23), li pap ka sove tèt li. Menm jan tou, tout moun ki aksepte Jezi kòm Sovè pèsonèl yo kòmanse sou menm pwen devan Bondye: Li jistifye nou, sa vle di li deklare nou jis devan li (Women 5:1-2). Nan moman sa tou, Bondye adopte nou pou pitit li Sa vle di Bondye ban nou non li ki se yon bagay ekstraodinè. Kounye a nou dwe mennen lavi nou yon jan ki konfom ak nouvo non Bondve ban nou an (Efez 4:1). Nan moman yon moun asepte Jezikri kòm sověe pèsonèl, Bondye efase tout peche li te genyen avan (Trav. 17:) Li fe li vin tounen yon lot kalite moun ( 2 Kor. 5:17). Bondye chanje repitasyon moun sa. li ba li chans pou rekòmanse ak yon kont ki pa gen okenn dèt sou li, paske Jezi te peye tout dèt li yo. Kounye a, si moun sa retounen al viv nan sa ki pa bon, lè sa a, li komanse sal repitasyon I devan Bondye. Bib la di malè ak moun ki met men nan chari a epi vire gade dèyè (). Yon bon repitasyon devan Bondye, se lè ou rete atache ak sa pawòl Bondye di. Pwovèb 11:20b di: « Seyè a pran plezi l’ ak moun k’ap mache dwat nan chemen yo. » Rekonpans ak benediksyon ap tann tout moun ki serye oubyen entèg devan Bondye (Pwov 28:10b,20a). Se Jezi ki pi gwo egzanp pou nou swiv. Lik 2:52b di: « Jezi t’ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lezòm plezi. »

II. Fason nou gen yon bon repitasyon devan lèzòm. Paske Bondye fè nou gras, nou kapab resevwa jistis li. Men sa poko chanje repitasyon nou devan lèzòm. Si nou pa t’ genyen yon bon repitasyon devan moun anvan nou te konvèti, nou va bezwen fè jefò pou genyen li kounye a. Sa kapab pran tan, men nou dwe travay pou sa. Anpil moun kwè si yo gen yon bon repitasyon devan Bondye sa sifi Yo pa bezwen apwobasyon lèzòm. Se yon èrè grave. Lè ou fin jwenn apwobasyon Bondye se pou ou chache gen apwobasyon lèzoóm. Sinon, nou pap ka preche Levangil la Kisa nou bezwen fè pou nou ka jwenn oubyen kenbe yon bon repitasyon devan lèzòm? Liv Pwovèb la pale anpil sou « moun k’ap mache dwat » oubyen « I’homme intègre » (Pwov. 11:3,5). Nan lang Ebre ki se lang orijinal Ansyen Testaman te ekri, mo sa sèvi anpil fwa nan tout liv nan Ansyen Testaman, sitou lè yo pale sou ofrann pèp Izrayèl la te dwe bay Bondye; pou pale de: pafè, ki san mak oubyen san defo. Bib la pale sou 2 moun ke Bondye te di yo pafè oubyen entèg, se Noye ak Job (Jenèz 6:9; Job 1:1). Nan istwa de mesye sa yo, nou kapab wè 2 bagay ki te fè Noye ak Job te genyen temwayaj sa a devan Bondye: Yo te gen krentif pou Bondye epi yo te rayi sa ki mal. Nou bezwen kiltive tou de vèti sa yo nan lavi, si nou vle genyen yon bon repitasyon devan moun. Si nou renmen sa ki mal epi meprize Bondye, nou va genyen yon move repitasyon. Men si nou renmen Bondye epi rayi sa ki mal, nou va genyen yon bon repitasyon. Yon moun te di, gen bagay ki fe nou we karaktè yon moun:
1) Sa moun nan vle genyen plis pase tout lot moun
2) Sa k’ okipe lespri li, sa vle di sou sa li kalkile tout tan. Eske se aktivite wayom Bondye a oubyen lajan, oubyen yon lot bagay ki okipe
3) Kòman li sèvi ak lajan li 4) Sa li konn fè nan tan lib li, sa vle di nan tan apre travay li. 5) Ki kalite moun ki zanmi li; ak ki kalite moun li renmen pase tan.
6) Kisa oubyen kilès li bay anpil valè
7) Sa ki fè li ri ak sa ki fè li tris. Nou espere n’ap sevi ak lis 7 pwen sa yo pou evalye tèt nou. Nan Galat 5:22-23 Bib la ban nou yon lis bon kalite Sentespri a vle devlope nan nou: lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, seryozite, bon manyè. dousè, kapasite pou kontwole kò nou. Tanzantan nou dwe gade lis sa a pou evalye tèt nou pou wè si n’ap fè pwogrè nan lavi espirityèl nou Si wi, nou kapab asire ke nou genyen oubyen devlope yon bon rapò devan moun.

Konklizyon: Noumenm k’ap devlope bon kalite yo pou nou gen yon bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm, lavi nou ka genyen anpil enpak sou kominote nou. Pwovèb 11:11 di: « Se bèl bagay pou yon vil le li gen moun serye ladan l’. « Nan eksperyans li, wa Salomon te gentan we ke bon sitwayern yo gen yon bon enfliyans sou vwazinaj yo. An reyalite, sa pa bezwen fè nou etonnen, paske « lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje  » (Pwov 2:7). Ann lite ak fòs Sentespri a pou nou ka gen yon bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.

Devwa yo:
1 Depi nesans, nan ki eta chak moun ye devan Bondye?

  1. Nan moman nou resevwa Jezi kòm Sovè nou, kijan eta nou vin ye devan Bondye?

  2. Ki non Bondye ban nou nan moman nou resevwa Jezi?

  3. Selon Efèz 4:1, poukisa nou dwe fè sa ki dwat?

  4. Selon Pwovèb 28:10b,20a kisa k’ap tann moun ki mache dwat devan Bondye?

  5. Eksplike sa sa vle di yon moun entèg. .

  6. Ki 2 bon kalite nou kapab jwenn nan lavi Noye ak Job?

8, Nan 7 bagay ki fè nou wè karaktè yon moun, chwazi 5 ke ou wè ki enpòtan anpil

GLOIRE A DIEU
+50946879719