Jezikri tap pale ak fou’l moun yo li di yo » se pa tout moun k’ap plede di m’: Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la. #Matye 7:21″
Anpil moun ki legliz jounen jodia pa ale pou sove nanm yo.
Sa koz nan asanble yo gen 3 kategori moun kap fonksyone chak jou .
1 – gen moun ki mache legliz se pou yo gen bèl antèman lè yo mounri, men yo toujou bliye si chak moun gen yon NANM pou sove epi evite antre nan LANFÈ, li lè poun sispann bay lanmò enpotans nan lavi nou, paske men ki sa Jezi di » Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan. #Matye 22:32″ . Men ki sa Bondye di nan pawol li anko » Kite moun mouri antere moun mouri yo. #Matye 8:22″.
Ann sispann al legliz pou bèl antèman , pi bon antèman se lè w mouri an Kris. Paske la Bible di , Moun ki mouri nan Kris yo gen pou soti vivan anko nan denye jou a menm Jan Senyè Jezi te leve vivan pami mò yo.
2 – gen yon lot kategori ki ale legliz se pou plezi, paske se pa nan volonte Bomdye yo antre legliz la, yo souvan konvèti se pou fè zanmi plezi , genyen se pou fanm ak gason, genyen se relasyon yap chache , genyen se emosyon ak lot anko ki pouse yo al legliz.
Eske li enpotan pou jan de moun sa yo? Non, paske la Bib di; moun ki peche a se li menm kap mouri. nan « #Romen 3:23 tout moun peche paske yo pa gen lespri Bondye nan yo « .
Nan gran jou ki gen pou vini an okenn sa w prosede pap ka sove w, lajan, zanmi, relasyon, konesans yo youn pap ka ba ou lavi. Bondye di nan pawol li se sèlman Jezikri ki ka sove nou » Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. #Jan 14:6″ Bondye te voye pitit li a Jezikri mouri se poun te ka gen lavi, men sa li di nan « #Jan 10:10 Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l’ an kantite. »
Se pa moman pou nap gaspiye tan nou nan mache legliz san espwa, san asirans, Jezi pa yon moun mouri menm jan ak sila yo ki pat leve nan mitan mò yo; ouvri je nou pou nou ka soti nan mitan mò sa yo tou.
3 – moun ki se moun pa Bondye a li diferan nan tout bagay , paske Bondye pa pran plezi nan moun kap viv selon lachè, men se nan moun ki kite lespri Bondye a dirijel epi fè sa Bondye vle nou fè .
Moun kal legliz pou nanm li sove a rele KRETYEN, yon kretyen paka viv nan nenpot ki fason , paske li se yon moun chwazi » Se pa nou ki chwazi m’, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n’ ale, pou n’ ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n’a mande nan non mwen. #Jan 15;16″
Kelke swa kotew ye nan mond lan depi w rive sou yon Kretyen wap konnen , paske li pap viv selon li menm se lespri Bondye kap kondwi li nan bon chemen yo.
#Galat 5:25 Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n’ kite li dirije lavi nou nan tout bagay. Amen !
Pa kouri rele tèt ou kretyen san lespri Bondye a pa nan lavi w. Ni ou menm tou pa rele moun lan Kretyen dèske ou wè lal legliz chak jou, fok mwen di w sa anko se pa tout moun ki legliz la chak jou ki sove, men se sa ki respekte epi ki aplike pawol la ki sove.
Gade zanmim pa rate okazyon sa mete lavi w an règ nan levanjil Kris la pou w ka gen lavi Bondye bay ankantite a, jodia menm chanje fizi a epòl pa gen jou anko Senyè a pa lwen retounen, ranje kozew avan jou a rive sou ou, paske pa gen repantans apre lanmò jou w wè a se li menm ou konte.
Mande Bondye poul chanje lavi w avanl tro ta, paske pot gras la gen poul fèmen . Pa gade sou moun chak moun gen kont yo pou yo rann devan Bondye .
Men la Bib di nan #Romen 8:1 pa gen okenn kondanasyon pou moun ki mete Jezikri nan lavi yo.
Si w pa vle boule nan dife ki pap janm etenn lan, degaje w mete Jezi nan lavi w.
Si w santi ou manke fos ou ka rele
EVANGELISTE LINDOR ENOCK sou de nimewo sa yo
+50937126006 osinon sou
+50933687899
Ke Bondye few pran bon chemin verite a nan non Jezikri . Amen