Archives mensuelles : février 2019

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 3 MARS 2019 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Vizyon glwa ak enpyete pèp la

Lekti: Ezekyel 8:8 a 11.

Teks do: : Li di m konsa: Louvri pòt la antre gade tout kalite vye bagay, derespektan moun sa yo ap fè la a.
Ezekyèl 8:9

ENTWODIKSYON:
Nou konnen Bondye pa mache ak moun k’ap viv nan peche, nan 1 Tesalonisyen 4:13, nou li, sa Bondye vle se sanktifikasyon nou. Malerezman, pěp lzrayèl la, pèp ke Bondve renmen an, ke Bondye te chwazi a te tonbe nan tout sa ki pa bon, kòm konsekans jijman Bondye te tonbe sou yo. Bondye te kite lòt nasyon okipe yo, maltrete yo.

Kote peche ye, glwa Bondye, prezans Bondye pa ka la. Bondye pa tolore peche, li pa jwe ak peche. Nan Ezekyěl 5:11-14, Bondye te pale konsa: « Dèske nou sal tanp mwen an ak tout sot zidól ak abominasyon, m’ap retire je m’ sou nou, m’ap san pitye. » Nan leson jodi a, nou pral wè twa (3) aksyon ki pase, nan kad enpyete pèp la.
1. Bondye fè konsta avèk Ezekyèl Ez. 8:4-17 2.
2. Bondye pase nan aksyon. (Ezekyèl 9:1-11) 3.
3. Glwa Bondye kite tanp lan (10:18; 11:22-25), Anvan nou devlope pwen sa yo, ann wè kisa enpyete ye daprè Bib la.
Enpyete se mank respè, mank krent pou Bondye. Se sa ki pa dwat devan Bondye.

L BONDYE TE FÈ YON KONTRA AK EZEKYÈL.

(Ezekyėl 8:14-17) Bondye pran Ezekyèl nan yon vizyon, l’al fè yon eta delye avel l’al Montrel nan ki eta pep la tonbe , kòporèlman Ezekyèl te Babilòn, men li we Jezmrizalèm nan vizyon.

Gen 4 abominasyon pwofèt la te dekri .
Men, avan nou pale deyo ann we kisa Abominasyon ye?

Yon abominasyon se yon chòz oubyen yon aksyon ki ofanse gravman sa ki gen sans ak moralite, santiman relijiye. Se yon bagay ki bay degoutans.

Premye Abominasyon nou jwenn nan VÈSÈ 3-6, se yon zidòl ke Manase te mère mnan tanp lan (2 Kwonik 33:7) Sa pa t’ fè Bondye kontan.Glwa Bondye te ankó ne onik 3 te ale Iwen sanktyè a Premye abominasyon nou iwenn nan vèsé 3-6 Se yon zidòl ke Manase te mete nan tanp lan, sa pat fè Bondye kontan. Gwla Bondye te anko nan tanp la, (v.4 te ale lwen sanktyè a.

Dezyèm Abominasyon an (v 7-13)
Kilt avěk bet, k’ap ranpe (reptiles) (v. 10-13), bét sakrifis. Se ansyen Izrayěl yo menm ki tap fè kilt sa a.
Bondye pat kontan ditou Dezyêm abominasyon an (v. 7-13)

Twazyèm Abominasyon an (v 14-15)
Se te yon bann fanm ki t’ap plenyen nan pyeTamuż ki te konsiderel kom dye rekòt pèp Fenisyen an, yon fo dye. Twazyèm abominasyon an (vs. 14-15)

Katrivèm abominasyon an Se adorasyon solèy. Bagay sa yo pat fè Bondye kontan. Jodia tou, nan lavi nou, ann gadekisa ki pa fè Bondye kontan, ann kite yo pou n’ ka we glwa Bondye pou n’ pa tonbe anba kólè

Il. BONDYE PASE AN AKSYON.
(Ezekyèl 8:17; 9:1-11 Rezon yo anpil pou jijman Bondye a te rive.Nou konnen Bondye gen anpil pasyans, anpil lanmou anpil mizerikòd, men sa pa anpeche l’ aji pafwa avěk fos kont sa ki mal n’ap fè. Nan vèsè 18 chapit 8 lan, nou jwenn anons jijman an. Nan chapit 9:1-11, Bondye rele ajan destriksyon yo.Se yon gwoup 7 moun, 6 zanj ki t’ap frape sou lod Bondye.Yo te frape tout moun ki pat’ gen mak Bondye sou yo (v. 5- 7) pa t’ gen moun pa (v. 6a).Jijman an te kòmanse nan tanp la (v 6c).Nan vèsè 9 lan, nou jwenn rezon ki te pwovoke jijman an.Inikite a te anpil, te gen anpil krim, anpil enjistis, anpil moun pa t’kwè nan Bondye.Bondye te oblije fèmen je l’ sou yo, Glwa l’ pa t’ ka rete nan mitan yo .

IlI GLWA BONDYE KITE TANP LA.
.(10:18; 11:22-25) Nan chapit 10:18, nou wè glwa Bondye te kite kote I’ te ye a, pou l’ ale sou cheriben yo Kilès cheriben yo ve?Se gadyen ki plase nan rantre jaden Eden lan pou te anpeche premye paran nou yo retounen nan jaden an apre yo te fin peche, se te ekspilsyon nan jaden an pou yo pa t jwenn pye bwa lavi a pou manje ankò (Jenèz 3:24)

Glwa Bondye te pote pa cheriben yo.Bondye kondwi Ezekylè nan vizyon li nan pati Sid tanp lan, kote glwa Bondye te deplase pou I’ ale.

Li te wè 25 moun pami yo 2 chèf: Jaazanya ak Pelatya.Bondye enfome Pwofèt la ke chèf sa yo te bay move konsèy ak pèp la (v. 2).Soti nan mitan vil la, yon twazyèm fwa, glwa Bondye deplase (v. 22-23).Li soti nan mitan lavil la, pou I’ ale sou montay olivye yo, ki plase nan zòn Oryan vil la.Lè glwa Bondye kite yon vil oubyen kite yon moun, se yon sitiyasyon grav.Epi rezon ki ka fè li kite I’ se peche.

Nou dwe pran pozisyon kont peche nan lavi nou pou glwa Bondye pa kite nou.

KONKLIZYON: Mezanmi, ann fè efò, pou n’ rete nan prezans Bondye anba glwa Bondye.Ann viv byen.Ann fè efò ak kò nou, lespri nou, pou n’ satistè volonte Bondye.Leson an te anseye nou twa (3) aksyon Bondye te poze sou tanp lan akòz peche pèp la.

Li konstate, li pase an aksyon epi glwa li kite tanp lan.Evite pou sa pa rive w paske Bib la di nou se tanp Sentespri a.Se nan nou Lespri Bondye abite (1 Kor 3:16).
Peche ka fè Bondye kite nou (1 Kor. 3:17)

Devwa yo

  1. Ki 4 abominasyon pwofèt la dekri nan leson an.

  2. Eske pasyans Bondye ka anpeche li aji kont sa ki mal?

  3. Konbyen moun ak zanj ki t’ap frape sou lod Bondye?

  4. Kibò jijiman te komanse?

  5. Kisa ki te pwovoke jijman?

  6. Kilès cheriben yo te ye?

  7. Ki 2 chèf Ezekyèl te wè?

  8. Ki rezon ki te fè glwa Bondye kite tanp lan?

  9. Kibò Lespri Bondye abite kounyeya?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 24 FÉVRIER 2019 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Kèk vizyon nan liv Ezekyèl la.

Lekti: Ezekyèl 1:1-28

Teks do: Li te nan mitan yon limye tout boule tankou lakansyl jou lapli. Gwo bèl limyè sa te fèm konprann se Senyè a ki te parèt devan m’. Ezekyèl 1:28.

Entwodiksyon:
Nan liv sa a, kóm nou te dil anvan, gen anpil vizyon ladan I’. Premye vizyon nou pral etidye ansanm, se vizyon sou glwa Bondye. Li bon pou mwen, pou ou, anvan nou wè vizyon sa a pou n byen konprann kisa glwa Bondye ye.

Glwa Bondye gen anpil aspè ladan l. Li gen sans reyönman an (Egzòd 3), te wè yon manifestasyon glwa Bondye (Egzod 14). Lè pèp la te nan dezè a, nyaj ki te bare solèy la pandan lajounen ki te sèvi köm limyè leswa, te yon manifestasyon prezans Bondye oubyen glwa Bondye. Pi gwo manifestasyon glwa Bondye se Jezikri, se angajman vizib glwa Bondye (Jan 1:14)

Annou wě vizyon glwa Bondye ke Ezekyel ta fè a . Etidyan la Bib yo, rele vizyon sa a: Vizyon glwa Bondye

I. GLWA BO’DYE DEVWALE.(ch 1)
Apèl Ezekyěl te konstwi, sou vizyon glwa Bondye.Nan vizyon sa a, nou wè ladan I’ kèk eleman natirèl kòm: tonè, ekià charyo ak limyě, 4 èt vivan, cheriben, Bondye sou twon li, se yon veritab manifestasyon de puisans Bondye.Se yon vizyon ekstraòdinè.

Il.SANS KEK ELEMAN NAN VIZYON AN GENYEN.
1. Nyaj, tanpèt ak van, zeklè, tonè (v.4) Nan Bib la, eleman sa yo, konn sèvi kom reprez antasyon senbolik de prezans, puisans ak aksyon Bondye (Ekz. 19:16-18; Som 18:7-15; 77:16-19. 2. Kat èt vivan yo (v. 5) Nan langaj pwofetik chif yo jwe yon wòl enpòtan. Chif 4 la yo we l’ kòm chif kreyasyon an. Nou konnen gen 4 pwen kadino. NanJenèz 13:14, nou wè yo pale de 4 direksyon; 4 ekstremite tè a (Ezayi 11:12), se yon manye senbolik pou yo montre pwofesi a gen rapò ak tout kreyasyon an 3. Kat (4) fas ak 4 zèl (v. 6) Se yon manyè pou montre ke èt yo kapab deplase kom gadyen twon nan, ki an mouvman atravè istwa a.

Chak èt sa yo, reprezante yon eleman kreyasyon an, yon eleman dominan (fas lom), lyon wa zanimo sovaj,bêf wa zannimo domestik, èg, wa zwazo yo, tout bèt k’ap vole. Se tout kreyati vivan yo, ki reprezante la a. Wi, se yon vizyon vrèman espesyal, Bondye te bay Ezekyeèl. Li te fel wè tou yon vout selès. Menmtèm sa a te kote Bondye te separe dlo anwo ak dlo anba. Men nan vizyon sa nou wè separasyon 4 èt yo, ak gwla Bondye.

KONKLIZYIN:
Bondye bay vizyon sa a pou montre nou ke istwa pa kanpe gen yon mouvman yon dinamis nan jan moun lan ap mache.Köm kretyen, ann louvri je nou, ann fè efò pou n’ Konprann sa kap pase. Annou viv jan Bondye mande nou pou nou viv , ann fe volonteI’, ann respekte kòmandman li yo

Devwa yo

  1. Ki sans glwa Bondyę genven?

  2. Kisa Moyiz te wè devan twôn lan?

  3. Kisa ki te sèvi kòm prezans Bondye nan dezè a?

  4. ki pi Gwo manifestasyon glwa Bondye?

  5. Ki eleman natirèl ki genyen nan vizyon Ezekyěl la?

  6. Site kèk eleman nan leson an ki konn sèvi nan Bib la kóm senbol prezans Bondye.

  7. Kisa chif 4 la reprezante?

  8. Kisa imaj 4 èt vivan yo montre?

  9. Kisa 4 fas ak 4 zėl yo reprezante?

  10. Poukisa Bondye bay vizyon glwa li a?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 17 FEVRIER 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Metòd kominikasyon Ezekyèl te itilize

Lekti: Ezekyèl 11:25; 14:4; 20:3 Têks dò: Mwen rakonte moun yo te depôte yo, tout sa Seyè te fè m’ wě. Ezekyèl 11:25

Entwodiksyon:
Nan leson anvan yo, nou te wè Ezekyèl kòm pwofet kom misyonè, kom santiněl, ak kèk jès senbolik ki te rantre nan kad travay li.

Jodi a, nou pral wè metòd li te itilize pou fè pase mesaj li te resevwa nan men Bondye. Li te prezante mesaj li yo sou fom oralk.

Li resevwa mesaj la, li adrese I’ ak pep la. Mesaj la te parèt tou sou föm vizyon. Nou jwenn apeprè 15 vizyon.

Gen plizyè orak nan liv la ak anpil vizyon. N’ap we kèk sèlman.

Objektif
nou se fè w konprann: Kisa yon orak ye? Kisa yon vizyon ve? Kòman nou dwe konprann konsèp sa yo?

I. Kisa yon orak ye?

Yon orak kapab yon pwofesi oubyen yon deklarasyon, se yon pawol yon enonse (2 Sam. 23:1: Nonb 24.1 nan kèk pasaj li gen sans konsey Bondye bay. Nou jwenn orak yo nan chapit sa yo 12-24 ann wè kek ladan yo.

Premye orak la, nou jwenn li, nan chapit 12:1-10. Li dekri eta espirityel pep Izrayèl la, yon pěp rebèl ak Dye, yon pèp kap domi espirityèlman. Bondye pase Ezekyèl lod pou kominike pèp la sak gen pou rive yo. Nou jwenn 4 orak nan chapit 12 la.

Tout prèske gen menm fom (12:1-16; 17-20; 21-25; 26-28). Nan chapit 15 lan, nou jwenn youn nan orak kont fo pwofèt Izrayèl yo.

Mesye sa yo te aktif anpil, nou jwenn yo nan Jida ak nan Bablión Akóz move travay y’ap fè, Bondye voye jijman l’ sou yo. Nan chak kategori orak yo, nou jwenn gason ak fanm, fo pwofêt k’ap fè sa ki kontrè ak sa Bondye mande. Jodi a tou, tablo a pa twò diferan. Nou jwenn anpil moun ki di y’ap sevi Bondye k’ap woule debò, k’ap fè bagay dwol.

Anpil moun ki di yo se pastè, apot, pwofet, k’ap kondui pèp la nan erè epi nan male. Ann fè efò, ann mande Bondye je louvri pou n’ dekouvri moun sa yo. Ezekyèl pa t’ sèlman koninike ak orak, li te fè vizyon tou.

Il. Kisa yon vizyon ye?
Nan langaj biblik yon vizyon se sa Bondye montre yon manyè ki pa natirèl ak lespri nou. Yon vizyon kapab fèt je klè, poutan rèv la fèt nan domi. Bondye konn pale atrave rèv tou. Bib la fè distenksyon ant vizyon ak rev. Bib la siyale diferans ant vizyon ki pa gen sans ak vizyon pwofèt Letènel yo (Job 20:8; Ezayi 29:7). Vizyon ki soti köt Bondye gen espri sajés, pirete, verite, jistis Nan liv Ezekyèl la , nou jwenn anpil vizyon.

Edityan Labib yo rele liv sa: liv vizyon.Anvan nou wè kèk vizyon, annou wè konteni mesaj yo.Ezekyèl te gen yon stil, yon metòd predikasyon espesyal.Li te pale nan orak ak nan vizyon li yo sou: peche, sou chatimarı, li pale tou sou repantans ak benediksyon.Responsablite Ezekyè sa te delivre mesaj Bondye te konfye I’ san wete, ni mete.Rezilta pa t’depann de li, sèlman li te fè travay li.

Menm jan jodi a, nou menm ki gen privilèj pou n’ preche, pou n fè misyon pou Bondye, ann fel ak tout kè nou.

Rezilta a pa depann de nou, rezilta a depann de Bondye.

KONKLIZYON :
Li te bon pou n’te konn kisa yon orak ak yon vizyon ye. Nan leson k’ap vini yo, nou pral wè kek vizyon nan liv la Menm jan ak siy yo, Bondye kontinye pale menm jan. Nou sèlman bezwen espri disèneman pou nou ka konprann sa lap di nou. se Pou revelasyon general, sa vle di mesaj pou legliz Jezikri a, nou jwenn tout ekri nan Bib la. Men, gen kek revelasyon espesyal, Bondye kontinye ap bay yo nan predikasyon ak nan vizyon. Eske ou konn sezi sa Bondye konn ap di w oubyen anseye atravè mwayen sa yo?

Devwa yo
1. Sou ki fom Ezekyèl te prezante mesaj li yo?

  1. Kisa yon orak ye?

  2. Kisa premye orak la te dekri?

  3. Konbyen orak ki gen nan chapit 12 la?

5 Poukisa Bondye te voye orak bay pwofet yo?

  1. Kisa yon vizyon ye?

  2. Ki diferans nou ant vizyon epi rèv?

8; ki 4 kalite nou jwenn vizyon ki soti kot Bondye a genyen?

9: sou kisa Ezekyèl te pale nan orak ak nan vizyon li yo?

10: lè yon pwofèt oubyen yon predikatè pale, èske rezilta depann de li?

  1. De kilès rezilta depann?

GLOIRE A DIEU
+50946879719