Archives mensuelles : Mai 2017

​Sispann fè mechan yo pale nou mal nan Levanjil Kris la


  • Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l’ la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. ​Matye 6:33​
    Kounye a pa gen mesaj vivan nan Legliz ankò, predikatè yo plis pale de sa kap pase lakay yo ak nan fanmi yo, yo pale plis sou sa kap pase nan mond lan olye yo pale de Bondye, yo plis kanpe sou lajan olye yo kanpe sou lafwa.
    Pasteur yo pa priye pou moun ki manke mwayen ankò, se pou dola yo priye, diranje Legliz yo mete yo pi mal pase moun kap mande, yo bliye ekzistans Bondye pou yo ka panse ak BLAN , olye yo pote sekou ak sila yo ki Lopital, nan prizon ak nan lari yo, yo prefere depoze Milyon Labank chak jou, ti gran-moun ak vèv yo pa jwenn asistans ankò, kounye a se jenn fanm ki Byen kanpe ki resevwa posyon pa vèv yo. 
    Dirijan Legliz yo pèdi tout lespwa nan Jezi pou yo ka gen lespwa sou misyon blan.
    Poutan Bondye di nan pawol li: ​Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo. JEREMIE 17:5​
    lè’w mete espwa sou moun ou tankou pov ki chita Kap mande moun Kap pase kichòy , epi Bib la d: ​Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. PSAUMES 37:25​
    Bay Levanjil la Jan Bondye vle pou travay li a mache, pa desann pouvwa Bondye akoz dola , bay Levanjil la janl ye a. 
    ZA FEW SI W PA CHANJE, MWEN KONNEN JEZI PRESKE RIVE SOU NOU.
    Annou chache Bondye ak tout nanm nou pou’n pa regrèt pi devan…
    al swiv ​EVANGELISTE LINDOR_ENOCK​ sou Facebook, Twitter ak Instagram….
    WhatsApp +50933687899

18 MAI – Le drapeau d’Haïti est rouge et bleu organisé en deux bandes horizontales de longueur égale.

Le 18 mai 1803, lors du congrès de l’Arcahaie, regroupant l’ensemble des chefs de la Révolution haïtienne, Jean-Jacques Dessalines arracha du drapeau tricolore français la partie centrale de couleur blanche. 
Catherine Flon, prit les deux morceaux restants, le bleu et le rouge et les cousit ensemble pour symboliser l’union des noirs et des mulâtres et créer le drapeau d’Haïti de la République d’Haïti. 
Ce drapeau, inspiré du drapeau français tricolore adopté par la Révolution française, dont la partie blanche, considérée comme le symbole de la race blanche et non pas de la royauté, a été déchirée.

Il avait été remplacé par un drapeau rouge et noir sous la dictature des Duvalier de 1964 à 1986.
Dix jours après le renversement de Jean-Claude Duvalier, le 17 février 1986, le drapeau national historique fut réhabilité officiellement et confirmé par la constitution de 1987 plébiscitée lors du référendum du 29 mars 1987.

Les armoiries de la République sont : Le palmiste surmonté du bonnet de la liberté et, ombrageant de ses palmes, un trophée d’armes avec comme légende: « L’Union fait la Force ».

Depuis 1938, la chanson patriotique Fière Haïti, connue aussi sous le nom de « Hymne à la Jeunesse » , écrite en 1937 par Édouard Antonin Tardieu, à la suite d’un concours du Ministère de l’Éducation, et dont la musique fut composée par Desaix Baptiste, est chanté tous les 18 mai, lors de la fête du drapeau[1]. Il est également chanté lors de la levée des drapeaux, notamment dans les écoles​

PA ANPECHE LOT MOUN ANTRE NAN LEGLIZ BONDYE A. FE WOUT POU SILA YO KI POKO AKSEPTE JEZIKRI NAN LAVI YO.

Nou konnen pafwa Yon moun konn nan tout aktivité li nan Legliz, épi li poko janm konnen si Bondye ekziste. Gen de jan Yon moun ap mennen vi li, sa fè w Santi moun sa poko asepte Jezikri nan kèl.
Nou souvan di; moun pa jije moun, mwen dako avek nou sou pwen sa, men tou fok nou konnen Yon bon pye bwa paka bay move grenn. Zak moun sa a ap mennen tou fè w we ki kalite mouun li ye, vi Lap mennen an tou di w li pa konekte a Bondye.
Gade! Zanmi m yo, pa kite moun refize wout verite a akoz fason nap kondwi tèt nou. Toujou mete nou nan kondisyon pou moun renmen nou, pou plis moun ka antre nan Legliz Jezikri a. Chak kretyen dwe yon anba sadè pou Kris…
Jodia nou ta vle pou chak moun jwe yon Wol enpotan nan katye yo ye a, paske nou se ekzanp pou sa ki poko konn Jezikri yo. Ann repran plas nou nan bon kondisyon Bondye vle a pou plis moun ka antre Legliz Kris la.

Evangeliste Lindor Enock

WhatsApp 33687899 .​

UNE HISTOIRE IMPORTANTE LISEZ-LA MAINTENANT……

Un jeune homme travaillant dans l’armée était humilié constamment parce qu’il croyait en Dieu. Un jour son capitaine (SUPÉRIEUR) veut l’humiler devant les troupes. Il appelle le jeune homme et lui dit; jeune-homme vient ici , prenez la clé et aller me parquer cette JEEP en face, le jeune-homme a répondu; JE NE SAIS PAS CONDUIRE! Le supérieur lui dit; maintenant demande a ton DIEU une aide! MONTRE-NOUS QU’IL EXISTE !
Le Jeune-Homme prend la clé en allant vers le véhicule et il commence a prier… Il allume, il l’amène et il la remise parfaitement bien a l’endroit comme voulait le capitaine.
En sortant dans la jeep le jeune homme voie qu’ils sont tous en train de pleurer. Ils dirent tous ensemble; nous voulons servir ton Dieu! Le jeune soldat était dans l’étonnement, demande ce qu’il s’est passait? Le capitaine en pleurant ouvrir le capot de la jeep en montrant au Jeune-Homme que la voiture était sans moteur…

Alors le garçon dit; voyons? C’est le Dieu que je sers, le Dieu de l’impossible, le Dieu qui donne l’existence a ce qui n’existe pas . Tu penses peut-être qu’il y a des choses encore impossible….
Avec Dieu tout est possible. Si tu crois en Dieu, clique « J’AIME » et partagr a tes amis des maintena

KI KOTE LANMO SOTI, E KISA LANMO YE? ESKEL OBLIGATWA POU’M MOURI? NAP GADE ANSANM POU’N KA JWENN BON RÉPONS LAN.

Avan nou gade kisa Lanmo ye, fok nou konnen konbyen fason Lanmo a manifeste tou. Se 3 fason Lanmo a manifeste dapre sa nou jwenn nan Bib La.
1) Li manifeste #ESPIRITYÈLMAN. 
2) Li manifeste #FIZIKMAN.
3) Li manifeste #ETÉNÈLMAN. 
« Lanmo se separasyon nanm nou ak lespri nou . Lanmo se separasyon Lòm ak Bondye tou. » 
Lanmo Espirityèl la souvan soti nan ekzijans lachè, sa vledi nou plis Bay bagay kap pase nan mond lan plis enpotans ke pawol Bondye a. Menm ke ou konn nan tout aktivite Legliz, 2 je w byen kale sevre, men Lespri w pa an relasyon ak Bondye. #Esaie 29:13. #Galates 5:16. 
Bondye di nonm lan; se pousyè ou ye ou gen pou w retounen nan pousyè anko. Se sa nou rele Lanmo #Fizik lan. Li obligatwa pou tout moun. Menm Jezikri te pran Lanmo sa pou nou. #Genèse 3:19. #Jean 3:16. #Romains 5:8. 
Tout moun ki rete nan dezobeyisans pawol Bondye a gen pou resevwa Lanmo pou toutan. Paske Bib la di; pri nap peye pou peche nou yo rele Lanmo. #Romains 6:23. 

Nomalman tout moun gen pou pase nan Lanmo Fizik lan. Men li enpotan jodia pou w wete Lanmo Espirityèl ki nan ou, pa kite Lanmo rive sou ou san w pa soti nan Lanmo pou toutan an. Paske #Hébreux 9:27 aprann nou apre Lanmo nou paka pran okenn desizyon. Nou selman la nap tann rekonpans nou. #Révélation 20:15. 

Tout moun ki kite Lanmo rive sou yo san yo pat ko pran Jezikri, gen pou trouve yo nan dife ( Lanmo pou toutan ). Alo ou menm ki Santi ou pa korek ak Bondye, ou menm ki Santi ou lwen prezans Bondye. Ranje koze w avanl twota pou ou. Pa kite Lanmo domine w, pa koute plezi nan mond lan, tout gen pou pase, pa di wa gen tan, Lanmo pa janm voye diw jou lap antre lakay ou. 

Men ou ka bloke Lanmo sou wout ou gras ak Jezikri. Paske Bib la di; nap viv menm ke nou ta arive mouri. Sa vledi pa gen Lanmo pou moun ki nan Kris, #Jean 6:40 tout moun ki mouri ak Jezikri gen pou leve soti vivan nan Lanmo o dènye jou an. 

Remèt Bondye lavi w pandan souf sa a nan ou toujou, pa kitel twota pou w pa regret lavi w. Pa kite Lanmo pran w jan w ye a, mete non w nan liv ki gen moun sove yo. Soti tèt ou nan eta w ye a, antre lavi w anba pouvwa Jezikri a pou w ka jwi lavi pou toutan. #Amen !
(Ouka rele nou pou kesyon ak sijesyon sou 46879719 oubyen 33687899 nou sou #WhatsApp tou.) 
Ke Bondye vide gras li nan lavi w pou w pa rete anba pouvwa Lanmo. #Amen !

LAFWA SE YON ZOUTI TOUT KRETYEN DWE ITILIZE, PASKE AK LAFWA NOU KA REYALIZE ANPIL BAGAY !

La Bib di nou ; lafwa soti nan sa nap tande, sa nap tande ki soti nan Bondye. (#Romain 10:17) Si nou fè Yon ekzamen de konsyans, eske reyelman nap ka gen lafwa sa a vre?
La Bib pap Bay manti, li aprann nou se nan pawol Bondye nap ka jwenn lafwa. Men fok nou tandel, ekoutel e apresyel pou’n ka jwenn li. 
Eske atravè mizik nap tande jodia, Nap ka gen lafwa sa a, paske nou plis koute bagay kap pase nan mond sa olye nou louvri zorey nou poun koute mizik ak mesaj ki soti nan Bondye.
La Bib ale pi lwen poul di; nenpot moun ki ta gen lafwa menm grosè ak Yon ti grenn roroli, sil ta vle rache Yon pye-bwa li ka fè sa sanl pa touchel, li ka pab, men nou teleman lage lespri nou nan koute vye mo ak move pawol ata kontak nou arive pèdi ak Senyè a. 
Olye nou koute pawol Bondye a pou’n ka grandi nan lafwa, nou prefere ajoute mizik ak pawol kap detwi lafwa nou sou telephone ak LapTop. Eskel bon la pou’n gen lafwa? 
Si w pa gen Lafwa, kelke sa w ta mande Bondye ou pap ka jwenn li, paske Bib la dî. Nenpot sa Yon moun mande Senyè a nan lapriye ak lafwa li déjà jwenn li ( Mak 11:24)
Gade zanmi m yo, pa kite bagay mond lan pote nou jeté lwen Bondye. Mete lespri nou nan kondisyon poul pale ak Bondye, se nan la priye ki gen lafwa nap ka jwenn répons nan men Bondye . 
« kelke swa tip problèm ou ta genyen, Bondye déjà la poul rézoud li , men fok ou pale ak asirans, èspwa, esperans toujou mete nan tèt ou wap reyisi, paske LAFWA se sa yo li prodwi. Pa dékouraje, ou met jis aplike Mesaj sa épi wap jwenn répons ou dépi jodia nan men Bondye »
Sispann koute bagay ki pa nan volonté Bondye! Sispann plante bagay ki pap donnen nan jaden nou! Paske jaden Kretyen paka prodwi tenten, se bon fwi li dwe genyen , selon Galates 5:22. Amen !
Mwen swete lafwa Bondye bay nan Jezikri a pran nesans nan lavi w, yon fason pou w ka reyalize tout bagay ou ta vle yo nan non Jezikri. Amen !

Sete zanmi w Evangeliste Lindor Enock ouka al swiv mwen sou Facebook la.
WhatsApp mwen se 33687899 ak Digicel la se 4​6879719