Kisa fet pak lan ye, ki MOUN ki vini ak fèt sa, pouki Jezikri mouri nan moman pak sa. C’est quoi la pâques ? D’où vient cette fête? C

Konbyen moun kap fete PAK jodia ki konnen reyèlman vre kote fèt sa soti? Nan tèks sa nou pral wè ansanm;
•KI KOTE PAK LA SOTI.
•KISA PAK LA YE.
•POU KISA PAK LA
•KI ENPOTANS LI.

1- Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l’ tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo. Ekzòd 12:14′
Mo PAK (pâques) lan nou jwenn li soti nan yon mo Ebre kise PASCHA, ki sinifi PASE, EPANYE, pak la soti nan langaj ebre yo.

2- Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, n’a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n’ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t’ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t’ fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a. Ekzòd 12:26-27.
Pak la se aksyon oubyen jès ki make peryòd sa pou jwif yo, kote Bondye te itilize pouvwa li pou mete pèp li yan deyò nan peyi Lejip ki tap soufri anba men Fararon an, Pak la se jou endepans pèp Israel anbe pye Ejipsyen yo.

3- Bondye te bay pèp Jwif lan Pak se pou yo ka pa janm bliye kote Bondye soti ak yo epi toujou sonje koman Bondye te envesti tout li menm nan yo, paske Jwif yo se yon pèp apa pou Bondye, Li arive fè gwo dega pou selon
Ekzòd 12:29 Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri..

4- Pak la gen 2 gran enpòtans pou jwif yo, byenke se pa tout ki admèt ak tout enpotans yo.
Premye enpòtans lan baze sou liberasyon reyèl lan sa nou rele endepandans lan, kote yo dwe komemore fèt sa chak ane an lonè de Letènèl . Chak premye mwa nan ane selon Ekzòd 12:18 Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.

Dezyèm enpotans pak la genyen an pa sélman pou jwif yo , men li pou tout Kretyen anjeneral, paske dezyèm pak la pat fèt pou libere yon pèp men se pou liberasyon limanite anba men dyab la. Jan 18:14 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! Pak Jezikri an se liberasyon nou anba pouvwa dyab la. Nou menm osi ki se Kretyen fok nou komemore Pak sa nan tout entegralitel , Kretyen pap fèl chak ane men se chak fwa nou reyini pou nou selebrel Selon 1 Korent 11: 26 Se konsa, chak fwa n’ap manje pen sa a, chak fwa n’ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n’ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l’ vini an. .

Enpotans Pak la nan lavi Chak Kretyen se yon bagay espesyal li ye. Bondye te epanye pèp jwif lan ak san ti mouton an, san sa te koz anyen mal pat rive yo, ebyen pou nou menm ki pa jwif se san Kezikri kap epanye nou anba jijman Bondye pa kite san sa koule pou granmesi li lè li tan pou w proteje vi w anba Jezikri paske sèl moun ki epanye anba kolè Bondye se Jezikri

Jodia mwen pa vlè w pran Pak lan menm jan ak tout moun, men mwen vle w konsiderel tankou Kretyen a chak fwa nap manje pak la ki se komemorasyon lanmò ak rezireksyon Jezikri .

Evangeliste Lindor Enock
+50946879719

Une réponse à “Kisa fet pak lan ye, ki MOUN ki vini ak fèt sa, pouki Jezikri mouri nan moman pak sa. C’est quoi la pâques ? D’où vient cette fête? C

  1. Frè,Richenel paul

    Amen amen mwen dako se sal ye

    J’aime

Laisser un commentaire