Tit: Mache nan inite a
Lekti: Efèz 4:1-11.
Tèks dò: Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou noOu gen yon sèl espwa. Efez 4:4
ENTWODIKSYON : Nan chapit 1 rive chapit 3 a, apot Pòl te prezante yon seri verite doktrinal, devwale plan ke Bondye te genyen pou kreye yon nouvèl sosyete nan Kris la ki se chèf legliz la, epi li te priye Bondye tou pou bay kretyen Efèz yo bon konprann, fos kouraj, posiblite konnen kalite renmen Kris la, elatriye. Men, chapit 4 la inogire yon seksyon pratik ki prezante konpòtman espirityèl, moral, ak domestik
kwayan yo dwe genyen pandan y’ap mache nan inite nan Kris la, Leson jodi a va pale nou sou fondman inite kretyen an ak divès kalite don ke nou jwenn nan pasaj ki konsidere a. Se pou Seyè a ede nou konprann pawol li.
I. FONDMAN INITE KRETYEN (v. 1-6) Soti nan enstriksyon, pase nan entèsesyon, apot la rive nan etap egzotasyon an (v. 1) ki enpòtan anpil pou tout moun k’ap sèvi Bondve tout bon. Kote li te ye nan prizon an, li te mande kwayan Efèz yo pou yo viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele yo pou yo viv la Kounyeya, keksyon an se: Kijan Bondye rele kretyen yo pou yo viv? Repons lan trè senp. Vokasyon Bondye pou kretyen Efèz yo kòm pou nou jodi a gen 2 eleman:
a) Tout legliz la ki se nouvèl sosyete Bondye a (Jwif mete ak payen yo), dwe viv nan inite (v. 1-16; Jan 17).
b) Nouvel sosyete sa a dwe mennen yon lavi sen (1:4; 4:17-5:21). Lavi sen sa a va fè objè pwochèn leson nou yo. Men pou premye eleman apèl oubyen vokasyon nou ki se viv nan inite, gen 5 kalite ki karakterize li. Se: imilite, dousè, pasyans, sipò mityèl (youn ede lot) epi lanmou (v, 2). Imilite, ki se yon kalite ki opoze ak ogèy, trè endispansab pou pèp Bondye a rete ini, paske ogèy toujou pote divizyon. Dousè, ki pa yon mak feblès, se kalite moun ki fò a genyen pou li kontwole fos li pou li kab sèvi lot moun. Pasyans se bon dispozisyon kè ou ak lespri ou pou ou tann, san ou pa janm abondonnen menm nan moman pwoblèm. Sipò mityèl, se tolerans egzèse youn anvè lot pou konsève lapè. Lanmou, se chache byen lot yo menm lè sa atire soufrans. Kote ki pa gen kalite sa yo, pa kab gen inite. Konsa, nou ki kretyen, nou gen devwa pou n’ fè tout san’ kapab pou kiltive kalite sa yo nan mitan nou pou n’ toujou fè yon sèl ko. Vèsè 4 rive nan vèsè 6 la ekspoze 7 reyalite ki sèvi kòm model inite nan mitan kretyen yo, lè l’ pale sou: yon sèl kò, von sèl Sentespn yon sèl espwa, yon sèl Seyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm, ak yon sèl Bondye.
Men fason nou ka apwoche gwo afimasyon sa yo. Legliz Kris la rete yon sèl kò malgre diferans nan ras moun, nan koulè, nan nasyonalite, nan kilti, nan lang depi jou pankòt la rive nan gwo jou legliz la va monte nan syèl la. Se yon sèl Sentespri ki abite nan lavi tout kwayan ki anime ak yon sel esperans pou yo ak Kris la, pou yo yon sel Seyé ki se Kris la tout kretyen ki nan Kris yo, yo sanble ak li epi pataje glwa li, etc. Genyen yon sèl Seyè ki se Kris la, chef legliz la. Gen yon sèl konfvans ke tout kretyen ki nan Kris yo egzése. Gen yon sèl batèm, ki se jès kwayan yo poze pou temwaye inyon espirityèl yo ak Kris la. Epi pou fini, gen yon sèl Bondye ki se papa tout kwayan nan Kris la (Jan 1:12). Eske sa pa ankouraje ou pou viv nan inite ak frè epi sè ou yo nan legliz la? Kijan sa ye pou keksyon don yo?
II. DIVÈS KALITE DON (v. 7-11) Pasaj sa a pale nou sou divès kalite don oubyen kado ke Kris la bay legliz la. Kado sa yo se kapasite espirityèl ke Kris la bay chak kwayan nan legliz la daprè yon mezi ki ale ak volonte li (v. Pyć ap preche 7). Se menm verite sa a ki devlope tou nan 1 Korent 12:4- 11. Distribisyon kado sa yo trè konfom ak sa Ps 68:18 di, sou dwa yon venkè genyen pou li bay patizan li yo kèk kado aprè viktwa li (v. 8). Pou viktwa Kris la, li te ranpòte li, lè l’te desann sou tè a, mouri sou kwa a pou peche nou, antere l’ epil’ leve vivan nan lanmò pou l’ al chita adwat Papa a nan syèl la kòm wa, pou li ranpli tout linivè a ak prezans li epi dominen sou li (v. 9,10). Ala yon mèvèy! Se nan lespri sa a nou dwe konprann vèsé 9 la, le apót la di:…li (Kris) te desann anvan sa jouk kote ki pi fon anba tè a » Men yo pa kwè se nan lanfè Jezi te desann, paske, jan Lik 23:43,46 di nou an, lè Kris la te mouri, lespri li te ale nan paradi. Vèsè 11 lan rete yon vèsè espesyal. Se li ki prezante 5 don espesyal Kris bay legliz la, fanmiy Bondye a. Li bon pou n’ souliye ke don sa yo se pa dirèkteman kapasite, men pito, kèk moun ki resevwa nan men Kris la kèk don oubyen kapasite trè patikilye. Moun sa yo ke li bay legliz kom kado, se: apot, pwofèt, evanjelis, pastè-doktè. Apot, se moun ke Jezi te chwazi yon fason pèsonel epi te ba yo yon otorite espesyal; yo te temwen rezireksyon Kris la. Yo te gen yon travay sitou nan fonde legliz sou baz levanjil Kris la. Epi, jodia znko, se menm don sa a k’ap travay chak fwa gen yon nouvèl Kretyen ke Bondye vle etabli.
Pwofet, avèk apot yo, pwofèt sa yo se sila yo ki te fome baz legliz la. Konsa, nou rankontre yo nan tout istwa legliz Kris la. Don pwofèt la travay tou nan edifye, nan ankouraje ak nan konsole lot moun Evanjelis, se sila yo ki chaje pou pibliye Bon nouvèl sali a, pou sove nanm pèdi yo. Paste-dokte, se sila yo ki akonpli yon wol bèje pou brebi yo ki vin jwenn Kris. Nou kab ba yo 6 gwo responsablite sa yo: kondui brebi yo, pran swen yo, konseye yo, korije yo, ankouraje yo epi enstwi yo. Yo rele yo Ansyen, Evèk, oubyen Siveyan nan Nouvo Testaman an Yo gen kapasite pou anseye pawòl Bondye epi aplike li ak kè brebi yo. Konsa, li se yon doktè espirityèl.
KONKLIZYON : Nan yon tan kote se divizyon nan fanmiy, nan lokalite nan enstitisyon piblik yo, ak nan sosyete a toupatou, inite ki nan trinite a se bon jan egzanp oubyen modèl ki dwe nan legliz la. Kris la vle pou jan Papa a fè yon sèl ak li a epi ak Sentespri a, se konsa tou, nou tout dwe fè youn nan renmen. Poutèt sa, apre li fin monte nan syèl la Kris ban nou chak kwayan kado pou fasilite travay sa a. Epi li bay tout legliz la kèk kado espesyal ki se: apot, pwofet, evangelis, epi pastè- doktè ki pou travay pou legliz la konnen yon bon jan devlopman nan inite. Ann mache sou wout inite a pandan n’ap fè lwanj Seyè a pou gwo kado sa yo.
DEVWA YO:
1. Bay 2 nan 3 eleman prensipal travay apot la, daprè chapit 1 rive chapit 3 liv Efèz la.
- Ki 3 kalite konpòtman seksyon pratik liv Efèz la, ki komanse nan chapit 4 la, prezante?
-
Kijan Pol te mande kwayan Efezyen yo pou yo viv?
-
Ki 2 eleman nou jwenn nan vokasyon Bondye pou kretyen yo?
-
Ki 5 kalile KI karakterize premye eleman vokasyon an, ki se: viv nan inite a?
-
Site 7 reyalite ki sèvi kom modèl pou inite nan mitan kretyen yo.
-
Koman ou kapab eksplike reyalite sa a: legliz la fòme yon sel ko
-
Kisa don yo ye? Ki kalite moun Kris la bay legliz la kom kado?
-
Ki 6 responsablite nou ta bay yon pastè?
-
Ki lot non yo bay pastè nan nouvo testaman an?
GLOIRE A DIEU
+50946879719