Archives mensuelles : juillet 2023

Yon predikatè Legliz yo kenbe nan vòlè – Kisa nou dwe di nan ka saa

Koman nou ka atriste Sentespri ki nan nou an?

Pou kisa Sentespri Bondye pa alèz nan nou ?

Istwa yon jèn predikatè ki chite epil tonbe nan volè afè moun. Yon bon jou li gen yon pouse ki pranl li komanse volè anndan legliz yo.

Konsa, Gen yon jou ki pat pou li epi yo mete men sou li. Lè yo fèl pale, li di moun yo Li se yon ansyen predikatè de Levanjil ki chite.

La menm anpil reyaksyon komanse ap tonbe.

Gen moun ki di remèt li bay Lapolis.

Gen lot ki di bal bwa kale, paske lap fè yo pale mal sou do Legliz la.

Selon nou menm ki konpotman Legliz la ta dwe genyen ?

ANPIL MOUN PRAN NAN JAN DE KOU SA YO.

Nan mank refleksyon anpil fwa nou komèt gwo krim espirityèl sou frè ak sè nou yo. Fason nou reyaji rann nou manke dimansyon. Legliz la pa dwe aji pa emosyon ni menm fason ak Lemond. Chak fwa yon manb tonbe pami nou, se pou nou pote kole pou n ka remetel kanpe anko, ann sispann mete pye sou kou sila yo ki atè deja , Bondye di nan pawol li, se pou sak fò a ede sak fèm lan.(1 Tesalonik 5:14).

Fok nou sispann kontan nan malè lot moun, pa pran plezi w lèw gen jwè nan ekip ou ki pran kou. Toujou pran swen moun ki blese sou menm chan batay avèw, pa touye yo paske yo pran kou, ann pran defans yo epi transpote yo nan lopital la, kote nap reyini lot lidè, lot doktè ki pou jere dosye yo.

Legliz lan gen yon gwo travay poul fe nan mitan nou, paske gen anpil bagay nou poko konprann malgre nou di nou se moun Bondye.

KOMAN ATRISTE SENTESPRI?

Gen plizyè fason nou ka lage Lespri Bondye a nan gwo dezolasyon. Anpil fwa nou rekloure JEZIKRI akoz fason nou aji, nan move konpotman nou, nan pa aplike Pawol Bondye a,. Fok mwen di nou tout sa nou fè ke Bondye pa pran plezi ladanl rann LespriSen an fache epil atriste. (Efezyen 4:30)

POU KISA SENTESPRI A PA ALÈZ ?

Gen anpil rezon ki ka rann Lespri Bondye a pa alèz. Men, rezon prensipal la, se paske nou pa mete kò nou ala dispozisyon pou li, paske La Bib di nou kò se kay LespriSen an. (1 Korent 6:19) . Nou dwe toujou rete ak kò nou prop pou n pa elwanye Lespri Bondye a.

Rete ak kò nou prò0 pa vle di toujou benyen, mete pafen ak bèl rad. Men, pito se rete ankontak a Bondye, pa lagè nou nan vye bagay ki pap pote fwi. (Galat 5:19 a 21)

Annn mete tèt nou an plas poun pa kite dyab la pran pye sou nou, ann viv nan obeyisans pawol lan . Konsa wè tout bèl kado Bondye yo na viv pou lontan nan prezans li. Amen !

Ekri pa EVANGELISTE LINDOR ENOCK

WhatsApp +50946879719

Doctorat honorifique décerné à DELLY Benson pour sa qualité de musicien.

DELLY Benson vient de recevoir son doctorat honorifique à l’université Elior, ce samedi 8 juillet 2023. Après avoir mesuré la potentialité de l’artiste, une étude a été faite dans le rectorat de la dite université afin de délivrer cet honneur bien mérité au leader d’holysongs.

Couronné de Diadème, DELLY Benson reçoit une distinction considerable suivant le conseil de quelques scientifiques qui ont pu mûrement examiner son aptitude. Ce signe remarquable explique l’envergure de la trame des sacrifices consentis par le leader et retrace du même coup son génie, son savoir faire et surtout sa qualité de musicien.

Avec un doctorat honoris causas , DELLY Benson est désigné un homme efficace et digne dans l’art de combiner les sons d’une manière agréable à l’oreille. Ce potentiel marque avec tant de vigueur la conscience de l’intelligentsia Haïtienne. De ce fait, par un certificat, il est classé parmi les grands prestigieux de la musique évangélique haïtienne. À Dieu soit la gloire !
Delly Benson Holysongs Ministries Holysongs Church Holysongs Haiti

dellyhebdo