Archives mensuelles : novembre 2019

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 17 NOUVEMBRE 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Prezantasyon levanjelis Matye ak Mak

Lekti: Matye 1:1; Mak 1:1; Lik 1:1-4; Jan 20:30-31

Tèks dò: Tout sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li. Jan 20:31

Entwodiksyon: Jezi te gentan monte nan syèl depi plizyè ane pase epi Levanjil la t’ap gaye anpil kote lè kèk moun te kouche sou papye, anba direksyon Sentespri a, istwa lavi ak ansèyman Jezikri yo. Pitit Bondye a pa t’ ekri anyen kite kòm dokiman pandan li t’ap viv sou latè, men li te di moun li yo, lè Sentespri a va vini l’a fè yo sonje tout sa li te di yo (Jan 14:26). Nou rele moun yo ki egzekite travay enpòtan sa a evanjelis: Se Matye, Mak, Lik ak Jan. Nan fason Sentespri a te dirije yo, youn Konplete lòt, youn eklèsi, lòt. Yo tout te ekri nan yon menm bi paske yo chak te vize yon kategori pèp diferan (Jan 20:31). Nan yon seri leson, n’ap etidye kichoy sou lavi ak anséyman Kris la jan 4 Levanjil yo prezante l’. Pou jodi a, n’ap gade 2 premye evanjelis yo ki se: Matye ak Mak. Nan leson sa a, n’ap wè kiles evanjelis yo te ye epi ki pép yo te vize lè yo l’ap ekri

I. Matye yon pèseptè kontribisyon ki devni apot epi evanjelis
A Matye yon fonksyone gouvenman women (Mak 2:14) Anvan Matye te vini disip Kris la, li t’ap travay kòm pibliken, pèseptè kontribisyon, oubyen moun ki t’ap rekeyi taks pou gouvènman women an, nan lavil Kapènawom ki pwovens Galile. Matye te rele Levi tou epi li te pitit Alfe (Mak 2:14) Jwif yo te meprize pibliken yo oubyen pèseptè kontribisyon yo ki te moun menm ras ak yo, paske lajan taks yo t’ap ramase yo te sèvi etranje yo nan ekzije plis pase montan leta te reklame a pou yo te ka vin rich sou do pép la (Lik 3 12-13)

B.Apel Matye Se pandan Matye te sou kès li Jezi te relel’ pou f te vin swiv (Lik 5:27). Aprè Jezi te fin chwazi li kòm disip, pou manifeste rekonesans li, Matye te fè yon gwo resepsyon pou Jezi ak lot disip yo epi i te envite tou ansyen koleg travay li yo ak zanmi i yo (Mak 2:15, Lk 5:29). Lè sa a nan foul disip li yo Jezi t’ap chwazi douz apot yo ki te pou akonpaye I’ tout kote li prale, Matye te youn ladan yo (Mak 3.14 18),

C. Matye kom evanjelis.
Aprè Jezi te monte nan syěl, apot yo l’ap preche Levanjil Kris la nan mitan pép Jwif la ak devouman (Trav. 4:33) Anpil ladan yo te enkredil, yo te refize kwè ke Jezi se Kris la oubyen Mesi y’ap tann lan. Matye te ekni Levanjil li a prensipalman pou tout Jwif yo ki te cen nan men vo tout sa pwafet yo te ekn nan Ansyen testaman an ke Jezi se pitit Abraram nan (Mat. 1:1). Pandan douz fwa, Matye repete pawel sa: « Se konsa Pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt yo te rive vre ». Levanjil Matye a prezante Kris la kom Wa tout bon an. Aviwon senkant fwa li pale sou peyi Wa ki nan syèl la.

Il. Mak konpayon lapot Pòl epi entèprèt lapot Pyè ki devni evanjelis
A. Mak te moun lavil Jerizalèm Mak ki te gen non Jan tou, te moun lavil Jerizalèm. Se lakay manman l’ ki te rele Mari, lapot Pyè te ale frape aprè zanj lan te fin delivre l’ nan prizon an pou Ewod pat’ touye li (Trav. 12:12). Aprè Pol ak Banabas te fin distribiye bay kretyen peyi Jide vo kado legliz Antyòch peyi Siri te voye ba yo, lè y’ap retounen lakay yo lavi Antyòch, yo te pran Jan-Mak ak yo ki te kouzen Banabas (Trav. 11 29, 30; 12:25).

B. Mak Kom misyonè 1.Konpayon Pol Nan premye gran vwayaj misyonè a, Mak te akonpaye Pòl ak Banabas kòm èd. Men devan traka ak difikilte vwayaj la, lè li te rive lavil Pèj nan peyi Panfili li te deside retounen lakay manman I’ lavil Jerizalèm (Trav. 13:4-5,13). Nan dezyèm vwayaj misyonè a, lapot Pôl pa t’ tonbe dakò ak Banabas ki te vle pou Jan-Mak ale ak yo ankò, konsa te vin gen divizyon nan gwoup la. Banabas kenbe ak Mak, kouzen li, Pol menm chawzi Silas kòm nouvo konpayon epi chak gwoup pati nan yon direksyon diferan (Trav. 15:37-41).

  1. Konpayon Pye Aprè Banabas, Mak te vini konpayon vwayaj lapot Pyè ki te gen pou misyon simaye Levanjil la bay tout Jwif yo ki t’ap viv nan peyi etranje. Konesans lang grèk la te enpòtan anpil nan tan sa a pou te ka konprann koutim epi pale lang grèk la. Konsa, anpil Jwif ki te pale Grèk yo, te rele elenis, te adopte koutim grèk yo. Konsa anpil kote Mak te sèvi entèprèt lapot Pyè pou fè konnen Kris la (1 Pyè 5:13)

B.Mak kom evanjelis Bon jan pratik ak bòn volonte fè ou vin bon ouvriye. Nan kondisyon sa a li te fasil pou Sentespri a te sèvi ak Mak pou kouche sou papye dezyèm Levanjil la menm le li pa t’ youn nan disip ki t’ap mache dèyè Kris la. Le premye anprizònman lapot Pòl nan lavil Wom, Mak ki te vin ase kapab epi deside pou travay predikasyon an, te youn nan gwoup lapot la t’ap ankadre ep komisyone pou gaye Levanjil la (Kol. 4: 10; Filemon 24) Lè dezyèm anprizònman lapot Pol la nan Wom ki te pral mennen l’ nan lanmò, Mak te konte pami brav sèvitè Bondye yo ki t’ap preche Levanjil Kris la nan tan difisil (2 Tim. 4:11). Mak te ekri Levanjil li a prensipalman pou pèp Women an ki te dwe kwè nan Kris la pou yo te ka jwenn delivrans. Li prezante Jezikri kom Sèvitè tout bon an ki bay lavi l’ pou sove tout moun ki kwè (Mak 10:45)

Konklisyon: Evanjelis Matye nan Levanjil ki pote non li an, montre anvan tout bagay Jezikri se akonplisman sa ki te ekri nan Ansyen Testaman. Li te ekri l’ nan pèspektiv pou l’ te montre Jwif yo ke sa yo t’ap tann nan, sila ki pou vin gouvène nan plas David. Levanjelis Mak limenm, te ekri pou pèp women an. Li prezante Jezikri kom sèvitè ki vini pou bay lavi li pou tout moun ki kwè nan li va jwenn padon pou peche yo.

Devwa yo
1. Nan ki bi jeneral evanjelis yo kouche sou papye Bon nouvel Jezikri a?

  1. Ki metye Matye t’ap egzèse anvan li te vini disip Kris la epi pou ki gouvènman li t’ap travay?

  2. Ki rezon k’ te pouse Jwif yo meprize pèseptè kontribisyon yo ki te moun menm ras ak yo?

  3. Pouki pèp epi pouki rezon prensipal Matye te ekri Levanjil li a?

  4. Kòman Matye prezante Kris la nan Levanjil li ekri a?

  5. Kibò Mak te moun epi nan ki sikonstans non manman li mansyone nan Bib la?

  6. Ki 3 gran predikatè Levanjil la Mak te yon konpayon pou yo?

  7. Ki travay Mak te fè ki rann li fasil pou Sentespri a te sevi ave l’ pou ekri dezyèm Levanjil la?

  8. Ki mesaj lapot Pôl te bay Timote pou Mak lè dezyèm anprizònman li nan Wom nan?

  9. Kouman Mak prezante Kris ia nan Levanjil li ekri a epi pou ki pép prensipal li te ekri l’?

GLOIRE A DIEU🔥
+50946879719

HAITI CLIMAT- L’heure pays d’Haïti se recule de 60 minutes ce dimanche 3 novembre 2019 .

AVIS IMPORTANT – Apati dimanche 3 novembre lan Lè (Heure) peyi ayiti ap chanje, lap rekile de 60 minit (inèdtan) jodi dimanche 3 novanm 2019 lan.

GLOIRE A DIEU fè tout zanmil yo konnen Ke peyi Ayiti ap chanje lè pal lan jodi dimanche 3 novembre lan, sa vle di lap rekile de 60 minit .