Archives mensuelles : juillet 2019

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 28 JUILLET 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Zam ki nesesè nan konba kretyen an

Lekti: Efèz 6:10-24; Ezayi 59:17

Tèks dò: Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Efèz 6:11.

Entwodiksyon: Tout vrè kretyen ki angaje yo nan mache ak Kris sou chemen lafwa a dwe rekonèt ke yo angaje nan yon konba ki pa piti ditou. Bondye te konn sa. Se poutèt sa li mete a dispozisyon nou, tout zam nou bezwen pou mennen kçnba sa a. Nan dènye leson nou sou liv sa a, n’ap wè ki kalite advèsè nou genyen anfas nou, ki kalite zam nou bezwen itilize nan konba nou yo epi mo konklizyon apot la. Se pou Bondye kontinye beni nou pandan n’ap etidye dènye leson nan seri sa a ak tout atansyon nou!

I. Rekonèt advèsè a (v. 10-13) Avan Pòl prezante lènmi an, li kòmanse pou li mande kretyen yo pou yo chache fòs yo nan Kris la (v. 10). Se tou nòmal paske yon sòlda ki pa gen fòs pa ka goumen. Seyè a toupuisan pou plen nou ak fòs. Nan Filip 4:13 apot la di: « Nenpot sitiyasyon ki parèt devan mwen m’ap degage m’, gremesi Kris la ki ban mwen fos kouraj. » Vèsè 11 lan egzòte n’ pou nou mete zam Bondye yo sou nou pou yon rezon, ki se pou’n Kab reziste (kenbe tèt) devan riz dyab la (v. 11b,13) vesè 12 la gen yon enpòtans Espesyal paske se li ki prezante idantite advèsè a. pou n kab reziste (kenbe tet).
Menm si konesans nou pa nèmèt nou klasifye lènmi an nan yon od yerachik, li klè ke se dyab la, move lespri yo ki gen demè yo nan lè a. Zanj rebèl sa yo, ki envizib, gen pouvwa ak otorite pou yo fè anpil mechanste. Sepandan, kom kretyen nou pa gen pou n pè yo. Move jou kapab toujou vini (v. 13) kote nou kab sibi gwo atak, men pouvwa Bondye a sifi pou ban nou viktwa devan tout atak lènmi an. Ann konnen ke advèsè nou an pa yon moun, menm si l byen kapab abite nan yon moun. Donk, nou p’ap goumen ak yon moun, men ak sila a Bondye te mete deyò nan syel la (nan presans li a) e ki ta vle anpeche nou jwi tout gwo kalite benediksyon Bondye Papa nou gen pou nou yo.

II. Zam Bondye yo (v. 14-17; Ezayi 59:17) Apot Pol mande kretyen Efèz yo pou rete fèm. Pou sa fèt, yo bezwen mete sou yo zam Bondye bay yo. Nou kwè apot la te itilize modèl abiman yon sòlda Women kòm baz ilistrasyon I’ pou li te ensplike pou kretven Efèz yo zam espirityel yo. Vesè 14 rive 17 la prezante 6 kalite zam ki nesesé pou nou, kom kretyen ak solda Jezikri. Zam yo se:
1. Verite: Verite sa a gen rapò espesyalman ak yon atitid sensè, dwat epi onet nan tout bagay (daprè mo grèk la). Gen sèvitè ki wè nan li tou, revelasyon Bondye ban nou nan Kris la (Jan 8:31-36, 43- 45). Nou kwè tout 2 entèpretasyon yo bon. Nan tout jan, zam sa a dwe jwe wol yon sentiwon espirityèl pou rann kretyen an fò.

2- JISTIS.…. Tem sa a souvan konsidere kom jistifikasyon Kretyen yo jwenn nan Kris la, dapré lèt Pol yo. Men se tou, jistis nan karakte nou 2. Jistis ak nan kondwit nou (iistis moral), Zam sa dwe sèvi kom defans kont akizaevon konsyans epi kont fos akizasyon dyab la kab lanse sou nou menmjan solda Women an te gen yon plak pwotèj sou lestomak li pou Gade Ezayi pare flèch lènmi li. 59:17 3.
3. Zel: kapab gen rapò ak estabilite oubyen asirans ke Bön Nouvèl Levanjil la bay kwayan an ki resevwa kè poze a, menm jan soulye nan pye sòlda Women an te fè l’ santi li konfotab. Se tou devouman pou anonse bon nouvèl ki bay kè poze a.
4. Konfyans: Se enstriman ki pou pare tout flèch tou limen dyab la ta lanse sou nou, tankou sòida Women an te konn itilize boukliye li pou l’ desann flèch lènmi an atè,
5. Delivrans (sali): Menm jan kas ki te nan tèt sòlda a te bay li yon santiman sekirite, konsa tou asirans ke nou sove jodi a epi pou tan k’ap vini an gras ak pouvwa Bondye a, se yon zam defansiv endiskitab kont atak Satan.
6.Pawòl Bondye (Bib la): Si 5 premye zam yo te gen wol pou asire defans nou, Pawòl Bondye a se sèl zam ki ranpli 2 wol: defann epi atake. Efikasite zam sa a te pwouve nan fason Jezi te reziste devan Satan nan dezè a (Matye 4:1-11) Vèsè 18 rive 20 an tradwi, enpotans lapriyè nan konba a. Jezi te toujou ap priye epi li te konn ankouraje disip li yo priye. An rapò ak prensip inite a ki se pwen fò liv la, kretyen Efèz yo te dwe priye non selman pou tet pa yo, men pou tout pep Bondye a ak pou Pol an patikilye Eske ou konn priye avèk pèseverans pou tout sen yo nan Kris la, ep pou bèje ou? Toujou sonje ke se nan yon anbyans lapriyè, nou dwe patikilye.nou dwe mennen konba a kont advèsè a .

III. Pawol apresyasyon ak benediksyon an (v.21-24) Let sa a te dwe transmèt yon mesaj inite bay kretyen Efèz yo ak nan tout vwazinaj la. Pol te konfye l’nan men Tichik, ansanm ak lèt Kolos la (6:21: Kolòs 4:7,8). 82
A. Kilès Tichik te ye? Apot la prezante Tichik sou 2 karakteristik:
a) yon frè ke apot la te renmen anpil.
b) Yon bon sevitè nan travay Sevè a Koman ou konprann kolaborasyon ou? Eske pastè responsab yo kab konsidere ou kom yon frè yo renmen anpil, epi kòm yon bon sèvitě nan travay Seyè a?

B. Misyon Tichik Ann note ke Tichik te gen 3 misyon: transmèt yon lèt, transmèt yon mesai oral (nan bouch), epi ankouraje kretyen nan zon nan (21,22) Ann note tou, ke Pòl te itilize 3 metòd pou edifye pèp Bondye a: li te konn priye pou yo (ch.1,3), li te ekri yo, epi li te konn voye vizitè yo. Pou fini, 4 mo rezime benediksyon apòt la: Kè poze, lanmou konfvans, ak benediksyon (gras daprè bib fransè a). Sepandan, gras ak kè poze a gen yon valè espesyal paske se ak yo li te kòmanse lèt la (1:2).

Konklizyon: Nou vle di Seyè a mèsi pou Lespri li ki te gide nou nan etid nou sou liv Efèz la. Mèsi pou sajès li ki pèmèt nou konprann koman se yon favè (gras) li fè nou, lè li chwazi nou, padonnen nou, libere nou anba peche, lemonn ak dyab la epi ini nou nan Kris la pou fome legliz la. Pandan n’ap mande li pou lespri l’ toujou pèmèt nou rete fèm devan manifestasyon puisans dyab la pandan l’ap ede nou byen itilize zam yo ki se: verite, jistis, zèl, konfyans, asirans delivrans lan, ak pawòl li. Se pou gras li ak kè poze li ban nou nan Kris la toujou rete avèk nou!

Devwa yo
1. Kibò kretyen Efèz yo te dwe chache fòs yo?
2. Kilès Bib la prezante kom advèsè kretyen yo?
3. Ki karaktè zanj rebèl yo prezante?
4. Romplete: Youn nan entansyon dyab la, se anpeche nou
5. Kisa ki te sèvi Pôl kom baz ilistrasyon nan diskou li sou zam kretyen yo?
6. Zam Bondye mete nan dispozisyon kretyen yo, se:
7. Pawol Bondye se sèl zam ki ranpli 2 wol, ki se……ak……
8 Ki teks ki pwouve efikasite Pawòl Bondye a kòm zam, daprè leson an?
9 Pou kiles konsa kretyen yo dwe toujou priye, daprè lide leson an?
10 Ki 2 eleman ki karakterize Tichik? Ki santiman eleman sa yo anspire nan nou. frè m ak sè m’ yo?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 21 JUILLET 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Kalite fanmiy ki fè Bondye plèzi

Lekti: Efèz 6:1-9; Jak 5:1-6

Tèks dò: Nenpot travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzom nou t’ap travay, men pou Seyè a. Kolòs 3:23

Entwodiksyon: Nouvèl pozisyon kretyen an nan Kris la, egzije li pou li gen yon mach oubyen yon kondwit ki diy, swa nan lavi pèsonèl li swa nan relasyon l’ ak lòt moun ki se pwochen li, swa lakay li kote l’ap viv. Sou dènye aspè a, nou te we nan leson pase a, kijan lè yon madanm ak mari ‘ranpli ak Lespri Bondye, madanm lan fèt pou respekte epi soumèt li devan mari a ki se chèf li. Mari a limenm fèt pou renmen madanm li ki se kò li, ki fome ak menm zo epi menm chè ak li. Jodi a, an nou imilye nou devan Sentespri Bondye a ki pral kontinye rete nan fwaye yo pou anseye nou sou kalite relasyon ki dwe genyen ant pitit ak paran youn anvé lot epi ant sevitè (sèvant) ak mèt (metrès) youn anvè lot.

I. Relasyon ant pitit ak paran (v. 1-4) Fanmiy se baz tout sosyete. Fanmiy ki solid ap kondui nan yon kominote, nan yon sosyete ki solid. fanmiy ki pa gen disiplin toujou kondwi nan yon kominote oubyen yon sosyete deregle. Konsa, kòm apot la te mande madanm yo pou yo soumèt devan Mari yo (5:22), pitit yo te jwenn egzòtasyon tou pou obeyi papa yo ak manman yo (6:1).
A.4 rezon ki motive obeyisans lan:
a) Obeyisans lan jis (v. 1), donk, dakò ak prensip lanati. Se poutèt sa, obeyisans pitit anvè paran an, se nosyon ki anseye nan tout sosyete ki sou latè, menm sa yo ki pa kretyen. Kèk peyi nan zon Oryan (kote solèy leve) kom Lachin, Kore ak Japon konnen bon jan enflyans ansèyman sa a, ki se: Obeyisans filyal (anvè paran).
b) Obeyisans lan chita sou Bib la (v. 2). Se nan Egzòd 20:12, nou jwenn pawòl sa yo ki di: « Respekte manman nou ak papa nou.
c) Obeyisans lan gen benefis pou timoun nan (v. 3. Sa pote ke kontan epi kondwi nan siksè. Li rann moun ere.
d) Obeyisans lan bay lavi long (v. 3). Konbyen timoun ki mouri bone paske yo te rebèl anvé paran yo? Obeyisans lan dwe fèt anvè paran ki kwè nan Kris la kom anve sila ki pa kwè yo. Sepandan, devan yon aksyon ki kab dezonore Seye timoun nan ta dwe dezobeyi, men avek bon jan jantiyès (Travay 5:29)

B. 2 devwa paran yo anvè timoun yo Pandan apot la ap rekonèt otorite paran Efezyen yo sou timoun yo li adrese yo 2 egzòtasyon tou, ki se:
a) Pa eksite timoun yo – pa pwovoke kòlè yo (negativ).
b) Ba yo bon levasyon, korije epi enstwi yo dapré prensip Seye a (pozitiv). Paran Efez yo te ka konprann ke yo pa t’ dwe egzije timoun yo bagay ki pa rezonab, ni aji di ak yo, pou pa dekouraje yo. Men yo te dwe pran swen yo nan ba yo sa ki bon pou kò yo ak nanm yo. Epi tou, yo te dwe korije yo yon fason ki konfom ak pawòl Bondye. Nou kwè rigè ak souplès dwe mache ansanm pou ycn bon jan levasyon. Pou fini, paran Efez yo te dwe enstwi timoun yo. Nou kwè se pa selman Ii ak ekri, men se anseye pawol Seyè a tou. Eske ou menm frè m’ ak sè m’ ki se paran, ou fè tèt ou sousi pou akonpli tach sa yo Seyè a ba ou?

II. Relasyon ant sèvitè ak mèt li (v. 5-9) A.Reyalite esklavaj nan epok la Li klè ke gwo lide libete ki travese Nouvo Testaman an pa apwouve kesyon esklavaj la. Men, mouvman sa a te tèlman anrasine nan òganizasyon Sosyete a anvan ak nan epok apòt la, ke li pa t’ vrèman prezante kom yon pwoblem. Sepandan, lavi nan Kris la te egzije yon seri atitid ki te dwe karakterize lavi yon domestik
B.Devwa sèvitè yo Pran vèsè 5 rive vèsè 8, apot la te drese bay domestik Efèz yo yon seri egzotasyon ki chita sou Kris la (v. 5-7):
a) Yo te dwe soumèt yo, obeyi mèt yo kòm yo obeyi Kris la (v. 5).
b) Yo te dwe aji tankou moun k’ap sevi Kris la (v. 6).
c) Yo te dwe fè travay yo anvè mèt yo, kòm si se pou Seyè a (Kris la) yo t’ap travay (v. 8). Men, kòman yo te dwe obeyi, aji oubyen fè travay yo? Yo te dwe fè tout bagay avèk respè, krent, ak tout kè yo, nan prezans oubyen absans mèt yo, epi ak kè kontan. Oumenm k’ap travay ak yon patwon, yon mèt, koman sa ye pou ou? Eske ou gen respè pou li? Eske ou fè travay ou ak tout kè ou? Vèsè 8 la pale sou rekonpans nan men Seyè a pou moun ki fè travay li byen. Eske ou gen espwa resevwa bon rekonpans?
C. Devwa patwon yo. Pol pa t’ neglije mèt yo, patwon yo tou nan entèvansyon li an. Kom devan Seyè a pa gen patipri, pa gen gade sou figi, patwon oubyen mèt yo dwe konnen kòman yo dwe aji anvè anplwaye ak domestik k’ap travay ak yo. Konsa, yo dwe aji ak jistis, ak amou epi ak onétete anvé yo. Epi tou, yo pa dwe fè yo okenn menas (v. 9). Nou k’ab konprann ke kretyen an pa dwe maltrete timoun ki rete ak li, k’ap sévi li. Pawòl la pale sou atitid moun rich oubyen patwon k’ap oprime travayè yo, lè l’ di: « Gade! nou pa t peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t’ap travay pou nou nan jaden. Travayè ki te ranmase rekot pou nou yo ap plede rele! Rel yo rive jouk nan zorèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a (Jak 5:4). Patwon, mèt, sonje nou gen menm Bondye ak anplwaye nou yo, ak domestik nou yo, yon Bondye ki pwomèt li gen pou I jije pêp li (Ebre 10:30)

Konklizyon: Si yon lavi ki ranpli ak Sentespri te dwe gen bon jan rezilta ant madanm ak mari, epi ant pitit ak paran, konsa tou. te dwe pote bon jan rezilta tou ant domestik la ak mèt li oubyen ant anplwaye a ak patwon li. Si ou se yon domestik, yon sèvant, yon sévité, yon anplwaye kretyen ki ranpli ak Sentespri, ann montre sa nan fason nou obeyi, nou soumèt devan mèt nou oubyen patwon nou, avèk respè, krentif epi ak tout kè nou. Si ou se yon mèt, yon patwon ki ap domine sou lot moun, ann montre jan nou se kretyen ki ranpli ak Sentespri nan fason nou aji avèk jistis, amou ak onètete anvè sèvitè nou yo anplwaye nou yo. ann aji ak yo ak jistis paske nou menm tou nou gen yon mèt nan syěl la. Ann pa maltrete moun k’ap travay ak nou,

Devwa yo
1. Kisa ki baz tout sosyete?
2. Bay egzòtasyon pitit yo te jwenn, daprè 6:1 an.
3. Ki 4 rezon ki motive obeyisans lan?
4. Bay 2 egzotasyon apot la te adrese ak paran yo anvè timoun yo.
5. Ki 2 eleman nou kwè ki dwe mache ansanm pou yon bon jan levasyon?
6. Ki mouvman ki pa t’ prezante yon gwo pwoblèm nan epòk Pôl la?
7. Site 3 egzòtasyon Pôl te adrese bay domestik yo.
8. Sou kilès egzòtasyon sa yo te chita kòm baz?
9. Kijan Mèt oubyen Patwon dwe aji anvè domestik oubyen anplwaye yo?
10. Kisa Bondye di konsènan pèp li a, nan Ebre 10:30?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 14 JUILLET 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Devwa ant mari ak madanm nan Kris la

Lekti: Efèz 5:22-33; 2:18-25

Teks dò: Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Senyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè menm jan ak Adan ak Ev nan jaden Eden yo. Kolòs 3:18,19

Entwodiksyon: Bondye te fin kreye syèl la, tè a. lanmè a ak tout saki ladan yo nan 6 jou (Jenèz 1). Moun se sèl kreyati Bondye te kreye pòtre ak li, li te fè yo: gason ak fi (26,27). A la yon bèl privilèj! Listwa kreyasyon an di nou, se avèk zo kòt gason an Bondye te fè fanm nan, epi gason an rekonèt ke fanm nan te menm jan avèk li, zo fanm nan se zol epi chè fanm nan se chè li (Jenèz 2:21- 23). Gwo reyalite sa yo fè panse kòman lavi a ta dwe ye nan mitan 2 kalite moun sa yo. Men, depi nan jaden Edenn lan, Satan ta pral fè youn komanse akize lot aprè yo te fin fè peche Konsa, amoni an pran von gwo kou, kou l’ap Sibi pandan tout listwa limanite, Nan anpil sosvete, fann pa t gen gwo valè. Nan anpil lot tou, yo sanble te vin san respé tou pou mari yo. Ann wè sa Bib la di sou devwa madanm ak mari yo.

I.Devwa madanm yo (v. 22-24) Soti nan sosyete grèk la tonbe nan sosyete women an nan tan lontan an, fanm pat gen valè li. Daprè sa yon nèg save nan keksyon tewoloji ki rele William Barclay ekri (nan liv: Daily study Bible). Nan pèp lzrayèl la menm, yon gason jwif te konn menm di Bondye mèsi paske Bondye pat fè l’ payen, esklav oubyen fanm. Atitid pèp jwif la, ki se pèp Bondye, te pafwa mete fanm nan ran tout timoun. Konsa, pat toujou kab gen yon bon jan ekilib nan relasyon ant mari ak madanm. Sepandan, avèk gwo tanp Atemiz lan, zidòl fanm ki te gen anpil tete nan lavil Efèz la, fanm te kòmanse vle mete yo « a lone nan zon sa a. Pran vèsè 22 rive 24 la, pawòl Bondye a mande pou tout fanm sournět devan mari yo. Soumisyon sa a se yon mak respè, men pa yon mak enferyorite ni esklav. Soumisyon an chita sou 2 prensip sa yo:
a) Prensip kreyasyon an, paske fanm te fèt aprè gason, li te soti nan gason epi li te fèt pou gason (1 Tim 2:13; 1 Korent 11:8,9).
b) Prensip legliz la, paske menm jan legliz la dwe soumèt devan Kris la ki se chèf li epi ki te delivre li kòm kò li, konsa tou fanm ki ranpli ak Sentespri a dwe soumèt devan mari li ki se chèf li epi ki dwe pran Swen II, nouri li, gide li epi pwoteje li paske li fè pati kò mari a Nou kapab ajoute yon twazyèm prensip tou ki se prensip kominotè. Prensip sa a egzije ke dwe gen yon moun nan tět tout kominote, epi se gason Bondye chwazi pou ranpli wòl sa nan chak fanmiy. Tout moun nan fanmiy an dwe obeyi Eske legliz la ka fè tèt li pase pou chèf Kris la? Non, li pa posib. Si sevi Sevè a tout bon epi ki plen ak Sentespri, se pou montre sa nan fason ou Soumèt ou devan mari ou. Li bon pou n’ konnen ke fanm ki kretyen nan jwenn idantite li nan fason li obeyi oubyen soumét devan se yon fanm k’ap mari li, men pa nan fason li revòlte kont mari li Ki devwa mari yo dwe genyen yo menm nan rapò yo ak madanm yo?

II. Devwa mari yo (v. 25-33) Si fanm kretyén yo te resevwa lod fomèl nan men Bondye pou soumèt yo devan mari yo kòm siy yon sèvis yo rann Kris la, mari yo menm te resevwa lod fomèl tou pou renmen madanm yo (v. 25a). Pòl te transmèt lod sa a pandan li t’ap itilize relasyon nou jwenn ant Kris ak legliz la, ki se epouz li oubyen madanm li. Vèsè 25 rive 27 ban nou yon ide sou sakrifis Krls te fè pou legliz la ki se epouz li, kò li ke l’ renmen anpil, ak rezon ki te pòte l’ fè sakrifis la. Avèk pasaj sa a, tout mari kretyen jwenn ki kalite renmen yo dwe genyen pou madanm yo, ki se kò yo, ki se chè yo (v. 28-29). eksplikasyon li 2 kote:
a) Nan fason tout mari pran swen kò li, nouri li, abiye li, benyen li, pwoteje li kont doulè ak danje paske li renmen li. Se konsa tou, li dwe aji anvè madanm li ki se zo li ak chè li (Jenèz 2:21-23).
b) Nan Kris la ki te kite papa l’ pou I’ vin tabli legliz la, ki reprezante epouz li epi fè yon sèl ak li (v. 31,32); li pran swen li, li pwoteje li V. 29,30). Ki kalite renmen ou gen pou madanm ou? Eske ou te konsidere Kalite renmen mari a pou madanm li an jwenn kom yon esklav? Kom yon byen materyel? gason ki nan lemonn we madanm yo kom yon bet oubyen yon esklav nou menm ki gasan ki nan Kris, ann lèse nou ranpli ak Sentespri a epi we nan madanm nou, youn ke nou dwe renmen, nou dwe cheri, nou dwe pran swen epi nou dwe pwoteje

Konklizyon: Nou bezwen kite l’esprit Bondye a dominent nou epi obeyi li pou’n gen bon jan relasyon nan fwaye nou ant nou menm mari ak madanm. Eske ou menm madanm ou te konn revòlte kont mari ou epi konpóte ou kòm sèl chèf kay la? Eske ou te bliye ke ou dwe respekte mari ou e Soumèt ou devan l’, limenm ki se chèf ou epi chèf kay la? Reflechi Sou sa epi pran direksyon Kris vle a. Se ou l’ap tann. Mari, eske ou te konn pran madanm ou pou yon esklav epi maltrete li jan ou vle Eske ou te bliye ke ou dwe renmen li, pran swen li, pwoteje li kont danje, jan Kris la fè sa pou nou ki se legliz li a, ak jan ou fè sa pou pwop kò ou? Reflechi sou sa, epi pran direksyon Kris vle a. Se ou l’ap tann.

Devwa yo
1.Ki sèl kreyati Bondye te kreye pòtre ak li?

2.Koman ou konprann valè fanm nan sosyete grèk ak women an?

  1. Kisa ki ta motive kèk fanm pou yo te kòmanse mete yo  » a lonè » nan lavil Efèz?

  2. Ki lod Bondye bay fanm yo daprè vèsè 22 rive 24 la?

  3. Sou ki 2 prensip lòd sa a te chita?

  4. Nan kisa fanm ki kretyèn an jwenn idantite li?

  5. Ki lod fomèl Bondye te bay gason yo, an rapò ak madanm yo?

  6. Ki lot relasyon Pòl te itilize pou transmèt lòd la bay gason yo?

  7. Kibò renmen mari a pou madanm li an te jwenn ekplikasyon l’?

  8. Kòman gason ki ranpli ak Sentespri a dwe wè madanm li?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 7 JUILLET 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Yon lavi ki kontwole ak Lespri BondyeLekti: Efèz 5:18-21; Kolos 3:15-17; Lik 21:34-36;Tèks dò: Pa soule tèt nou ak diven, sa kab mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentesori. Efèz 5:18Entwodiksyon: Nan 2 dènye leson nou sou liv Efezyen an (depi chapit 4:17 la) nou te komanse ak yon etid sou devwa moral kretyen yo youn anvè lot. Nan premye a (4:17-32), nou te wè nesesite pou kretven Efèz yo, kom nou menm jodi a, sispann viv kòm moun ki pa konnen Bondye. Kom egzanp, kretyen dwe sispann bay manti, pa dwe ale domi ak kòlè, dwe sispann volò, elatriye. Nan dezvèm nan (5:1-17), nou te wè koman lanmou, limye ak bon konprann (sajès) dwe karakteristik lavi nou kom patizan Jezikri, Jodi a, nou pral we denye leson nou nan seksyon sa a, ki se: Kontribisyon Sentespri a le’n kite li ranpli LAVI nou….. Ann etidye li avek atansyon nan 3 pwen sa li ranpli lavi nou. se
a) Lod pou ranpli ak Sentespri a
b) Koman ranpli ak Sentespri a
c) Rezilta yon lavi ki ranpli ak Sentespri a.I.Lod pou ranpli ak Sentespri a (v. 18)
Yon bon etid sou Pawol Bondye a kab montre ke Bondye pa kon’n itilizasyon diven (Jan 2:1-11;1 Tim 5:23), men pito kont yon itilizasyon eqzajere. Paske twóp diven kab fe yon moun sou epi fè li aji yon fason san moral. Konsa, vésè 18 la te vin avèk 2 lód trè enpotan pou kwayan Efez yo. Se: Pa soule tet nou ak diven epi plen ke nou ak Sentespri .
Diven ak Sentespri a se 2 puisans ki gen pouvwa pou kontwale lavi yon moun. Diven an se yon bweson ki souvan kapab trè fo ak alkol Pwoveb 23:31-33 di: Pa kite bweson pran nanm ou, ou te met we jan li bel, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l’ li desann dous nan goj ou. Men pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mode ou, yon sepan aspi ki pike ou. Ou ap wè tout bagay ap vire devan je ou, ou ap depale Sepandan nan ka Sentespri a, moun sa a ki ranpli a jwi yon kapaste espesyal pou metrize tèt li epi mennen yon bon lavi moral Men kounye a, kòman kretyen Eféz yo te kab obeyi 2e löd la ki se plen kè yo ak Sentespri a?II. Koman ranpli ak Sentespri a?
Sou keksyon « ranpli ak Sentespri a », apot la pa bay eksplikasyon sou kijan sa kab fèt. Sepandan, li klè ke se pa yon aksyon ki rive yon fwa pou tout, men pito yon pwosesis. Kidonk, nou bezwen chache ranp ak Sentespri a chak jou nan lavi nou.
Ki fason sa kapab fet A. Egzijans yon lavi ranpli ak Sentespri Gen tewolojyen ki panse ke ekspresyon sa a egzije 4 kondisyon s
a) Konfese ak retire tout peche ki nan lavi nou (1 Jan 15-9
b) Abandonnen nou nèt anba otorite Sentespri a epi kitel chanje lavi nou (Women 12:1,2).
C) Se pou pawol Kris la rete nan nou (Kolos 3.16)
d) Abandonnen tout ogey (Galat 2:20) Lè nou fin ranpli kondisyon sa yo, koman nou kapab plen ké nou a Sentespri a?
B. Enpotans lafwa.
Nan limyè Pawòl Bondye,, aprè nou fin mande Bondye Papa nou sa nan lapriyè, limenm ki p’ap refize nou sa (Lik 11:13), nou kapab di ke Kretyen an se: Lafwa. Lè nou te konvèti nou te resevwa Sentespri a, men nou ranpli ak Sentespri a le nou kite li akonpli travay li nan ke nou nan kite li renouvle entèlijans nou, nan kite li chanje vye lide nou vo. Lè sa a nou kite volonte Seyè a fèt nan lavi nou, olye pou se ogéy nou ki kontwole lavi nou. Pwofèt Abakouk di: « Men, moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans yo fèm nan Bondye (Abakik 2:4). Epi Pawòl Bondye di nan Kolos 2:6 (nan Bib fransè a): « Ainsi donc, comme vous avez reçu le Seigneur Jesus-Christ, machez en lui. Tout kretyen konnen ke se avèk lafwa yon moun resevwa Kris nan lavi li, epi tou se avèk lafwa nou dwe toujou kontinye mache pou n ka parèt agreyab nan je Bondye Ann obeyi lod la ki se: kite Sentespri a ranpli nou oubyen dirije lavi nou. Puisans li va fè nou sa nou dwe ye, sa vie di, moun ki sanble ak Kris, ki gen metriz, ki gen bon sans, k’ap fè Bondye plèzi. Ki lot rezilta konkrè yon lavi ki ranpli ak Sentespri bay?III. Rezilta yon lavi ki ranpli ak Sentespri (v. 19-21) Soti vèsè 19 rive 21, kretyen Efezyen yo, kom kretyen nan tan jodi a, te kapab dekouvri avèk admirasyon 4 bon jan rezilta nan yon lavi kretyèn ki ranpli ak Sentespri se:
1. Kominyon fratenèl, kote Sòm yo, chan ak kantik espirityèl jwenn plas yo (v. 19a).
2. Adorasyon, ki fèt ak tout kè nan lonè pou Seyè a (v. 19b).
3. Remèsiman pou Bondye pou tout bagay, nan non Jezikri (v. 20).
4. Soumisyon resipwòk kòm yon siy respè pou Kris la (v. 21) t Anplis lòt bon jan rezilta yon lavi ki ranpli ak Sentespria bay tankou: lanmou, lajwa, kè poze, pasyans, ak lot ankò (Galat 5:22), dènye rezilta sa yo nou jwenn nan vèsè 19 rive 21 liv Efezyen an, gen anpil enpotans. Se menm lide sa yo apot la te pataje tou ak kretyen Kolos yo daprè chapit 3:16 la, lè l’di yo: « Se pou nou chante Som, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a montre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. » Le nou konprann rezilta sa yo, nou kwè gen yon ote ki gen rezon lè l di:Si yon eksé alkòl rabese moun nan eta bèt, ranpli ak Sentespri a rann nou plis moun, paske li fè n’ sanble ak Kris. Fre m’ ak sè m’ yo, ann obeyi lod sa a Seyè a ban nou epi nou va admire bon-jan rezilta li yo nan lavi nou.Konklizyon: Si nan lemonn, moun ap plen kò yo ak gròg, diven, yon fason ki fe yo pèdi kontwòl yo epi aji yon fason deregle, an nou menm ki kwè nan Kris la fè diferans. Poun’ fè diferans lan, ann lage nou plis nan men Sentespri a, ann kite li dirije nou pandan n’ap voye vye ogèy nou yo jete. Nou bezwen kite lespri Bondye a dominen sou nou epi obeyi li pou n’ gen bon jan relasyon ak Bondye epi youn avèk lot. Se lespri Bondye a ki ban nou lavi lè nou te mete konfyans nou nan Kris la. Ann obeyi lod pou n’ ranpli ak Seritespri a nan kenbe fèm nan konfvans nou nan Kris la, nan soumèt nou anba egzijans lesori a pandan n’ap chante Sòm, kantik ak lot bèl chante lespri Bondye a ban nou.Devwa yo
1. Vrè ou fo. Nan premye leson nou sou devwa moral kretyen yo, nou te wè nesesite pou yon kretyen sispann viv kòm moun ki pa konn Bondye .2. Vrè ou fo. Nan 2e lan, nou te wè kòman lanmou, limyè ak bon konprann (sajès) se 3 karakteristik lavi yon bon kretyen.3. Bay yon pasaj nan Bib la ki montre Bondye pa kont itilizasyon diven.4. Ki 2 lod nou jwenn nan Efezyen 5:18 la?5. Ki kapasite espesyal moun ki ranpli ak Sentespri a jwi?6. Ki mo ki rezime mwayen leson an prezante ke nou kapab ranpli ak Sentespri a?7. Bay 2 nan 4 kondisyon ke kèk tewolojyen prezante kòm egzijans ranpli ak Sentespri a.8. ki 4 rezilta yon lavi ki ranpli ak SentespriGLOIRE A DIEU
+50946879719