Archives mensuelles : septembre 2020

MEN 3 FASON MOUN KA TONBE NAN PECHE.

KOMAN YON MOUN KA PECHE?

Selon Bib la gen 3 fason Yon moun ka peche.

  1. peche Pa KOMISYON.
  2. peche Pa KONVIKSYON.
  3. peche Pa OMISYON.

Sa se 3 mwayen ki genyen pou Yon moun tonbe nan peche, sa Pa vledi se 3 peche non ki genyen? Nou fèw santi gen 3 kategori de peche; KOMISYON, KONVIKSYON, OMISYON.

KISA KI PECHE PA « KOMISYON » AN? KOMAN MWEN KA TONBE LADANL?

Yon peche ki KOMISYON, se lèw komèt peche a, sa vledi tout sa Bondye di’w Pa fèl epi ou chwazi fel , sa nou rele DEZOBEYISANS lan. Nan GENESE 3:2-3 ADAM ak EVE te tonbe nan KOMISYON paske yo pat respekte lwa Bondye te etabli sou yo nan jaden an.

Jiska prezan nou kontinye ap viv nan KOMISYON paske Pa janm dako mache sou prensip ak disipli’n yo, nou ap dezobeyi lalwa ki sou tèt.

KI FASON MWEN KA FE PECHE PA KONVIKSYON AN?

Nou fè peche pa KONVIKSYON an, anpil fwa nou fel nan pale ak moun sou moun sa nou rele fèzè a tripitay,. Peche Pa KONVIKSYON an se Yon peche nou fè sitou lè nou Pa sous Yon enfomasyon.

Men kisa ki ekri nan ROMAINS 14:23 sou peche Pa KONVIKSYON an
(Men, moun ki gen doutans sou sa l’ap manje a, Bondye kondannen l’ lè l’ manje l’, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.) sa vledi tout sa’w fè epi ou Pa gen KONVIKSYON sou li se peche li ye. Pa kouri pale nan sa nou tande moun di. Pran anpil prekosyon pou’n Pa tonbe nan peche Pa KONVIKSYON.

MWEN VLE’W BANM ESPLIKASYON SOU PECHE PA OMISYON AN.

Yon peche Pa OMISYON se Yon peche ke nou fè souvan sitou nou menm ki KRETYEN, Ann gade ansanm kisa Apot JACQUES di sou kesyon peche Pa OMISYON an ( Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l’ fè a, li fè peche. Jacques 4:17.)

Tout saw gen pou’w depi’w Pa fel ou peche pou sa. Yon mari ki Pa pran swen madanm li ak pitit li, si madanm lan Pa reponn ak bezwen maril ak pitit li, Yon moun ki Pa pran swen paranl yo konnen ou deja tonbe nan peche Pa OMISYON.

Apot PAUL di nan Romains 3:10 Pa gen okenn moun ki jis devan Bondye. Ouka konprann jodia ki kantite peche’w fè?

Tout peche gen Yon sèl pri ki se lanmò , ou bezwen konvèti de tout peche w yo pou’w Pa tonbe anba pouvwa lanmò sa. Amen !

EVANGELISTE LINDOR ENOCK

info : +50946879719