Archives mensuelles : février 2020

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 9 FÉVRIER 2020/. LESON DOMINIKAL REYON LIMYE

Pa bliye siw vle ajoute minit pou nou, nou gen yon sel numéro, selman 46879719 lan ki pou nou, se yon Digicel li ye. Mesi !

Tit: Bondye fè wè pouvwa li

Lekti: Sòm 19

Tèks dò: Syèl la fè parèt aklė pouvwa Bondye a. Li fè wê tou sa Bon- dye te fè ak men l’. Sòm 19:1

Entwodiksyon: David te ekri Sòm 19 la. Pandan David t’ap veye mouton papa li yo, li t’ap chante epi medite sou Bondye ak sou Pawòl li. Anpil fwa, pandan David t’ap swiv kòman syèl la bèl lè solèy leve epi lè li kouche, yon imaj ki montre laglwa Bondye nan syèl la. Pou David, loray, zeklè, tonè Anpil moun bay Sòm 19 la anpil enpòtans, paske se sėl limenm nan Ansyen Testaman an ki pale sou 3 fason kòman Bondye te revele tèt li ban nou: Nou kapab wè gran pouvwa Seye a nan.kreyasyon an; Bondye di nou kilès li ye nan Pawol li epi, nan dènye twa vèsè yo, David di nou koman li fè eksperyans Bondye nan lavi pésonèl li. manifeste gran pouvwa Bondye.

I. Revelasyon Bondye nan Kreyasyon an (vs. 1-6)
Lapòt Pol te di konsa: « Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzanminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye . jan li gen pouvwa » (Rom 1:20). David eksplike menm verite a nan bél pwezi. Tout sa Bondye fé montre nou gran pouvwa li. Temwayaj sa a fét san mo, san bri (vs. 4), Revelasyon Bondye nan kreyasyon an gen 3 karakteristik:
1. Li toujou ap rete menm jan jouk lafen (vs. 3). Jounen apré jounen, nwit aprè nwit, lanati ap chanje nan menm kadans. « Toutan latè a la, va gen yon le pou plante, yon le pou rekölte, va gen sezon fredi ak sezon chale, va gen sezon sék ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit (Jenèz 8:22).

  1. Revelasyon an anpil. Mo yo sèvi nan vesė 3 ki tradui « instruit oubyen rakonte koze a se yon mo fo ki dekri koman dlo a pete sòti nan yon gwo sous. Dlo a vini ak fos, anyen paka toute l. Se konsa lanati ban nou temwayaj sou grandé ak pouvwa Bondye.

  2. LI inivesel oubyen jeneral, nou pa resevwa ‘ nan yon langaj. Revelasyon an fèt san mo, Tout moun sou latė ka we l’ ak je yo sa Bondye te kreye; tout moun sou latè, menm si yo pale anpll lang diferan, ka konprann temwayaj sa a. Se poutet sa, lapót Pol kapab di nan Róm 1:20b « Se sa k’ fé moun sa yo pa gen eskiz menm. » Sa vie di, pa gen okenn moun Sou latè ki kapab di li pa t’ konnen gen yon Bondye ki gen gwo pouvwa, Pou David, se sitou solèy la, jan l’ leve epi kouche nan bèl koulè ki manifeste laglwa Letènèl la (vs. 6-7). Chak maten ak chak swa, lè nou wè kòman syèl la vin bèl ak yon pakèt koulė diferan, sa dwe fè nou sonje laglwa Letènèl, Bondye nou an ki bon Papa nou ak Pitit li, Jezikri a ki prepare yon bèl plas pou nou nan syèl la.

II. Revelasyon Bondye nan Pawòl li (vs. 7-11) Revelasyon sa a gen plis detay ladan l’. Nan kreyasyon an, nou sèlman kapab wè kèk bagay sou Bondye, sitou pouvwa II. Men nan Pawòl II, nou kapab aprann kòman Bondye ye, sa l’renmen ak sa l pa renmen. Bib la di nou kilès Bondye ye, ki plan li fè e köman li vle pou nou viv. Sitou depi lòm te fè peche, lanati pa revele nou koman Bondye ye. Pa egzanp, lè nou wè yon bèt touye epi manje lot la, yon moun rayi lòt la, nou ta kapab panse ke Bondye mechan. Men Bib la di’nou Bondye bon, li jis epi sen, li renmen nou.
Vesë 7-11 bėl anpil nan lang Ebre. Se yon sèl deklarasyon ki repete 6 fwa. Nou ta ka rezime I’ konsa:
Pawol Bondye enpòtan anpl pou nou paske li chanje nou. Nou genyen 3 bagay diferan ki prezante nan 6 fason diferan:
1) Pawól Bondye a, 2) kòman Pawòl la ye.
3) sa pawol la fe.
Ann gade sa vèsè sa yo di nan yon tablo sa aLi pa difisil pou wè ke lalwa Letènél vle di menm bagay ak tem vwayaj, régleman, komandman ak jijman Letènél. Men li pa fasil pou konprann köman David te kapab sévi ak « la crainte de l’Eternel » köm yon non pou Bib la. Si nou pa ta konnen ke nan pwezi Ebre yo sevi ak fraz paralel yo, nou pa tap menm konprann ke David pale sou Pawòl Bondve a. Men se sou sa li pale; paske lè nou ranplase « krentif Leténèl ak Pawol Bondye a, fraz la fè plis sans: Pawol Bondye sen, san repwoch, li la pou toutan. Nou pa kapab eksplike nêt kòman David te ka rele Bib la « krentif Leténél ». Bib la anseye nou kòman nou dwe gen krentif pou Seyè a. Sitou nan Ansyen Testaman an, ekriven yo soulye sa anpil anpil. David te konprann sa, epi nou wè li te gen anpil krentif pou Seyè a ak respè pou non li (1 Samyėl 17:36,45). Petèt se paske li te konprann sa a ki fè li te rele Pawol la « krentif Letèněl ». Yon lot bagay nou vle pou nou gade nan tablo a oubyen vésė 10 ak 11: Lê David bay senkyèm ak sizyèm paralėl yo, li pa di anko sa Bib la fé, men li kontinye eksplike nou köman li ye. David te sitèlman renmen Pawol Letènél la, li prèske pa t’ ka panse sou yon bagay ki gen valé tankou Bib la; li di Pawól la pi presye pase pi bon lờ, li pi dous pase siwo myel, paske li eténel. Eske nou bay Pawol Bondye a anpil vale nan lavi nou; èske nou pran tan pou li , pou reflechi sou li? Eske nou fè jefö pou memorize kèk vėsė? Gade twazyèm espas nan tablo a: Pawol Bondye a restore nanm nou, sa vle di Il ban nou fos chak fwa nou li l’. Li ban nou bon konprann, kê kontan, li louvri lespri nou. Se yon tan trẻ byen sèvi, lè nou chita ap li Bib la.

III. Revelasyon Bondye kòm Redanmtè a nan lavi pèsonèl nou (vs. 12-14)
Se nan vésé 12 la premye fwa a David pale de limenm. Li di li jwenn anpil konesans nan Pawol Bondye a epi li konnen l’ap resevwa gwo rekonpans si l’ obeyi I’. Menm lè a, li konnen ii pa gen fos nan limenm pou obeyi komandman Bondye yo epi li gentan fayi anpil fwa. La a menm, li mande padon pou peche li yo (vs. 13), li mande pou li chanje pou peche a pa domine nan lavi li (vs. 14). Anfen, li adore Bondye ki se Redanmté li epi se ll ki pwoteje l ki ba l’ defans.

Devwa yo.
Espas sa vid