Archives mensuelles : janvier 2020

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 26 JANVIER 2020./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE

Tit: Sòm premye, yon entwodiksyon pou lòt Sòm vo

Lekti: Sòm 1

Taks dò: Ala bon sa bon pou moun .. ki pran tout plezi l’ nan lalwa Sevè a, k’ap repase l’nan tét li lajounen kou lannwit. Sòm 1:2

Entwodiksyon: Nan leson pase a nou te entwodui liv Sòm yo. Nou te wè kisa Sòm yo ye epi kòman nou ka rive entèprete yo. Jodi a, n’ap etidye Som premye a. Nou pa konnen kilès ki te ekri Sòm sa a. Yo panse, youn oubyen plizyè direktè lalwa te ekri l kòm entwodiksyon pou liv Som yo aprè tout lòt Sòm yo te egziste depi lontan. Sòm sa pale de moun ki kapab rejwi epi sa ki rezève pou mechan yo.

I. Moun ki kapab rejwi (Sòm 1:1-3) Som premye a dekri byen kout 2 kalite moun diferan: Moun k’ap sèvi Bondye ak moun k’ap viv san Bondye. Li di moun jis la gen tout rezon pou l’ kontan, men mechan an pa gen espwa pou lavni, li gen pou fini mal. Nan vèséė 1-3 gen 3 bagay Sòm lan di sou moun k’ap sèvi Bondye:
1. Li evite tout mal (vs. 1); li pa asosye li ak moun k’ap fè mal. Pòl te konseye Timote pou l’ evite moun k’ap gaye fo doktrin, pou l’ kouri devan oubyen rete lwen move lanvi yo (2 Tim. 2:16,22). Nou kapab evite anpil pwoblèm nan lavi nou si n’ap swiv konsèy sa yo,

2.li pase anpil tan nan Pawòl Bondye a (vs. 2). Yon moun k’ap sevi Bondye dwe bay Bib la anpil enpòtans (Jozye 1:8). Li dwe pase tan ap li epi medite sou Pawòl Bondye a. Li dwe patisipe nan etid biblik ki nan legliz li. Li ka ale nan lekól biblik oubyen pran kèk kou biblik pou ogmante konesans li nan Pawòi la. Pandan tout lavi yon kretyen li bezwen medite Pawól la. Mo ki tradwi « medite » oubyen « repase nan tèt » la gen siyifikasyon aprann pa kè apre sa repase nan memwa nou. Nou vle ankouraje nou tout, men sitou jenn jan yo pou nou aprann pa kè tout Som n’ap etidye la a. Se pa twò difisil, si nou pran yon ti tan pou sa chak jou. Aprè kèk semèn nou va genyen yon gran trezò nan kè nou.

  1. Li reyisi byen nan lavi li (vs. 3). Vèsè a konpare yon moun k’ap viv pou Bondye epi pase anpil tan nan Pawòl Bondye a ak yon pyebwa ki plante tou prè yon dlo. Moun lan ap gen fòs menm nan tan difisil, l’ap pote fwi, l’ap reyisi nan sa l’ap fè. (Gade tou Jozye 1:8). Eske nou kwè nan pwomès Bondye sa yo? Satan konnern pwomès sa yo tou; li pa vle pou nou reyisi byen nan lavi nou. Se sa k’ fè li fè tout posib pou nou pa li, etidye ak memorize Pawòl la. Depi jodi a, antre nan batay kont Satan, kòmanse memorize Pawòl la; pran yon ti tan pou Pawòl la chak jou.

II. Moun ki pa kwè nan Bondye (Sòm 1:4-6). Sòm lan di 3 bagay sou moun ki pa kwè nan Bondye, ki pa jis, sa vle di ki pa resevwa kado sali Bondye a:
1, Li sanble ak pay (vs. 4), sa vie di li pa gen vale. Pay salmis pale la a, se ti po ki vlope grenn ble oubyen löj la. Pay sa a pa oi anyen.

  1. Li P’ap aksepte ni devan Bondye, ni nan mitan kretyen yo (vs 5). Jou jijman an, li p’ap gen okenn moun ki pou defann ka li, sa vle di li p’ap gen okenn avoka. Se sa siyifikasyon mo « reziste » nan vésé 5 lan vle di. Noumenm ki kretyen, nou gen yon avoka, se Jezikri (1 Jan 2:1) Nou p’ap wont nan jijman an, paske dèt peche nou yo fin peye.

  2. L’ap fini mal (vs. 6); chemen lavi li ap mennen nan lanfe. Menm si nou gen pou pase anpil pwoblèm sou tě a, men espwa nou pou syel la, asirans ke n’ap pase tout letènite nan prezans Bondye nan la glwa nou bliye tout traka. Bon kominyon nou genyen ak Sovè nou an ansanm ak Pawól Bondye a ban nou fòs chak jou. Men moun ki san Bondye pa gen okenn espwa pou demen, ni li pa gen okenn vre soutyen pou jodi a

Konklizyon: Anpil moun kwè ke Som premye a se yon entwodiksyon pou rés Som yo. Li pale sou 2 kalite moun: moun k’ap sévi Bondye ak moun k’ap pase Bondye nan betiz. Li eksplike ke moun k’ap sėvi Bondye yo se moun k’ap rejwi, Yo tankou yon pye bwa ki plante bò yon sous dio. Poutan, mechan yo tankou pay van ap gaye epi lavi yo va fini mal. Dapre Sòm premye a, li pa nan avantaj yon moun pou l’ chwazi swiv konsèy mechan yo. Tout sa ki rezève pou li se fini mal.

Devwa yo.
1. Sou ki 2 gran pwen Som premye a pale?

2 Bay 3 gwo pwen Som premye a di sou yon moun k’ap sèvi Bondye.

  1. Eksplike ki relasyon moun jis la genyen ak Pawòl Bondye a.

  2. Poukisa Satan pa vle pou nou pase anpil tan nan Pawòl Bondye?

  3. KI 3 bagay Sòm lan di sou moun k’ap viv san Bondye?

  4. Ki pay moun ki te ekri Som nan t’ap pale la a?

  5. Kisa « repase nan tèt » la vle di?

  6. Kisa bon kominyon ak Seyè a epi Pawòl la bannou?

  7. Poukisa li pa nan avantaj yon moun pou l’ swiv tras mechan yo?

  8. Poukisa li nan avantaj yon moun pou l’ mache dwat?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

KOUMANSE AK MEZI SA’W GENYEN AN POU RIVE KOTE’W TA VLE RIVE A

VÈSÈ_NOU_POU_JODIA_SE
Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y’ap vin pi pòv. #PROVERBE 11:24.

Gen anpil moun ki konprann benediksyon se yon bagay ki konplike, gen lot ki panse pou yon moun beni fok li jene anpil.

Poutan benediksyon pa bezwen tout chemin sa yo, benediksyon pa janm mache san benediksyon, ( kisa sa vle di?) Sa vle siw pa beni yon moun ou menm ou pap ka jwenn benediksyon pa w la.

Se pa moun ki resevwa ki beni men se moun bay la ki jwenn benediksyon an, benediksyon moun ki done a ap toujou pi gran ke sila ki resevwa a.

Pou w resevwa benediksyon fok ou beni lot moun tou. ( Nou gen yon PROVEB ki di bay piti pa chich) sa vle di, se pa kan w gen anpil pou w ede yon lot, men ouka sipotel ak sa w genyen an.

Atansyon! Gen madichon nan bay moun tou, si tout fwa nou ta beni yon moun epi menm nou anko ap mache fe moun konnen ke se nou ki sot beni moun, ebyen se madichon nap rale sou nou, nou pap jwenn benediksyon.

La Bib di; sa nou bay ak men dwat men goch la pa dwe konn sa. #Matthieu 6:1 a Kontinye.

FOK NOU PRAN ANPIL PREKOSYON!

Mwen swete pou Bondye beni nou nan dimansyon pou nou nan non Jezikri. #Amen

#Info 46879719

PA JANM ESEYE LAGE MEN BONDYE, TOUJOU METE KONFYANS OU NAN JEZIKRI POU’W KA SOTI BYEN NAN SA’W YE A.

Lè’w fè bagay ki nan volonte Bondye anyen nan mond lan paka anpeche plan Bondye akonpli nan lavi w, amwens ke ou ta vire do ba li. Jodia map diw sa anko, Bondye pa janm an reta ni two an avan nan anyen.

Sou wout lavi a ou gen pou w fè fas ak anpil difikilte, men map diw pa janm dekouraje kelke swa jan sa ta ye pou ou pa abandone non plis , avèk sekou Bondye, depi w mache selon prinsip Bondye wap kapab kanpe devan ninpot kèl sitiyasyon an.

Epi tou pa janm atann wap jwenn yon chemin ki fasil sou wout ou, men toujou sonje moun ki avè’w la, moun kap proteje’w lan, sila ki kanpe kote w la pa lot ke « EMANYÈL » sa vledi « Bondye avèk nou » pa janm eseye kouri pi vit ke Jezikri.

Konfye tout bagay nan men Bondye, rete la san deplase, pa gade a goch ni a dwat. Bondye pap wete nan tan li, li pap redwi sou anyen, okontrè li ka menm ajoute yon ti bagay deplis e sa ka mete perèz lakay ou, sa ka koz ou atriste.

Map diw sa yon lot fwa ankò, Bondye pa janm anreta ni two prese nan anyen, li gen poul rive nan moman kap bon pou ou an, la fè pouvwa li parèt aklè, tout bagay ap byen dispoze nan chak sitiyasyon, nan chak evenman ou gen pou’w trouve w.

Alò, pa janm eseye lage men Bondye, paske li renmen w e li vle fè tout bagay pou ou nan lè wap bezwenl lan.

Mwen swete w beni ak pawol sa yo, mwen swete w rete ak konfyans ou fèm nan Jezikri. Paske Bondye pi gran ke tout bagay. Amen !

EVANGELISTE LINDOR ENOCK

+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 19 JANVIER 2020./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE…

Si’w ta vle antre nan group lan wap jis klike sou👇🏽
https://chat.whatsapp.com/DXytgjkkuyX4fetUbs5AarTit: Entwodiksyon Sòm yoLekti: Efez 5:18-21, 1 Korent 14:26Tèks dò: Se pou nou chante Sòm, kantik ak tout lot chante Lespri Bondye a va montre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kẻ nou. Kolosyen 3:16bEntwodiksyon: Nan plizye leson ane sa a, nou va fè yon etid sou Sòm yo. Bib ia gen 150 Som. Yo divize nan 5 liv: Premye liv la se Som premye rive Som 41, dezyèm liv la se Som 42 a 72, twazyem liv la se Som 73 a 89. katriyem liv la se Sòm 90 a 106, senkyèm liv la se Som 107 a 150. Yo Eseve klase Sòm yo nan: Moun k’ap plenyen pou tét yo, moun k’ap plenyen pou nasyon Izrayel la, moun k’ap bay Bondye louwanj, Som pou môn Siyon an. Sôm repantans, Som pou wa yo, Som pou bay madichon Som pou Mesi a (Som ki pale de Jezikri), Som sajės ak anpil lót toujou. Nou p’ap kapab etidye chak Som separeman, Men n’ap fè chwa kek Kl va sevi nou köm echarntiyon pou nou kapab aprann entèprete tout löt yo. Konsa, nou va wè kisa Sòm yo ye epi kòman pou nou entèprete yo.I. Sòm yo se liv chan ak lapriyè Jwif yo.
Anpil nan Som yo, te konn chante nan sèvis piblik yo, sa vle di kilt yo. Gen löt se te pou medite epi kėk lot ankò te konn itilize kòm powem pou anseye kėk leson. Yo te konpoze nan sikonstans diferan. Men pifò te la pou fè lwanj ak adore Bondye nan sėvis yo ak nan kilt familyal. Yon moun te bay liv Som yo tit sa a: Chan ki touche kê nou vo. Anpil nan Sòm yo, lè nou li yo, yo touche kè nou, paske yo di sa nou ta renmen di Seyè a. Ann gade Som 3 kòm yon egzanp: « Seyê, ala anpil lènmi m’ yo anpil! . Men oumenm, Seyė, w’ap toujou pran defans mwen. W’ap fê m’ genyen batay la . Mwen rele Seyêė a ak tout fos mwen . Mwen kouche, mwen dömi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen » (Som 3:1,3,4,5). Nou repete pawòl sa yo souvan ak tout ke nou, paske nou fè eksperyans sa yo chak jou. Se pawól pèsonèl sa yo ki fé anpil kretyen renmen Som yo epi aprann yo paké.II. Eksplikasyon sou pwezi Ebre a. Pou nou kapab etidye epi konprann Som yo, fòk nou konnen yon ti Dagay sou pwezi Ebre a, ki byen diferan ak pwezi pa nou yo. Nan pwezi franse a, nou konn mete panse nou vo nan vèsẻ, nou konn fé rim. Yon n se le 2 liy nan yon vèsé têmine ak menm son an Pa egzanp: Prends ma vie, elle doit être A Toi seul, ô divin Maitre. – Que sur le flot de mes jours. Ton regard brille toujours. Men nan pwezi Ebre a, yo pa konn fè rim, yo konn repete men panse a 2 fwa oubyen plizyè fwa, men yo pa repete l’ ak menm yo di l’ak mo diferan. Yo reie sa « Parallélisme. Ann gade Som 52 « Koute sa m’ap di ou, Seyê! Tande jan m’ap plenn! Se ou ki se ou ki Bondye mwen. » « Koute sa m’ap di ou ». Yo tout vle bagay ak « Tande jan m’ap plenn. » Epi lòt 2 fraz yo gen menm sans Li enpòtan pou nou konprann fòm sa a pou nou ka entèprete Sim Gen 3 kalite föm Parallélisme diferan:
1. Fraz parèy (Synonyme). Nan Som 1:1 nou gen 3 fraz ki pa menm sans: Moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k’ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz. Nou jwenn fòm sa a nan gwo kantite nan Som yo.2. Fraz ki di kontrė a (Antithétique). Sòm 1:6 gen yon fraz konsa Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal. Nou jwenn fòm sa a anpil anpil nan iv Pwovèb yo. (Gade chapit 14,15,28,29)3. Eraz ki ajoute plis enfomasvon (Synthétique). Nou kapab pran Sòm 1:3 kòm yon egzanp: Li tankou yon pyebwa yo plante bỏ kanal dio, li donnen lè sezon l’rive. Fèy li p’ap janm fennen. Tout sa l’fè soti byen. Kèkfwa, lè nou pa konprann byen sans yon vèsè nan Som yo, nou bezwen eseye evalye nan kilès nan 3 fòm sa yo vèsè a ekri. Apré, lap pi fasil pou entèprete vèsè a. Nan katriyèm leson sou Sòm 19 la (Som 19:10) n’ap wè yon egzanp sou sa.Konklizyon: Kėk Sôm se chan pou fè lwanj ak adorasyon pou Bondye; kèk lòt, se yon lapriyė pou mande Bondye éd ak pwoteksyon pou lavi pèsonêl; gen lòt ki se yon lapriyè pou peyi a oubyen pou wa a elatriye: Sôm yo se liv chan ak lapriyė pou Jwif yo. Yo ekri nan yon langa distik paraliélism. Sa vle di chak pati nan yon vèsà ap eksprime menm ide a, bay yon kontre, oubyen ajoute plis enfòmasyon. Nou bezwen byen konprann kòman Sóm yo ekri pou nou ka rive byen enteprete yo. Lê sa a, y’ap tounen yon gwo benediksyon pou nanm nou.Devwa yo.
1. Konbyen Sóm Bib la genyen?2 Nan konbyen liv yo divize Som yo?3. Klase chak liv ki nan divizyon Som yo?4. Koman yo eseye klase Sörm yo?5. Poukisa oté a di Sôm yo se « Chan ki touche kè nou yo »6. Kisa liv Söm yo te ye pou Jwif yo?7. Kisa ki fè anpil kretyen renmen Sòm yo anpil? .8. Eksplike kisa nou rele Parallélisme an pwezi Ebre a9. Bay 3 fòrm Parallélisme diferan yo.10. Gade Som 2:1, di nan ki fòm parallélisme li ye.GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 12 JANVIER 2020./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE.

Tit: Mwayen Bondye itilize pou revele volonte li

Lekti: Travay Apot 16:6-10;

Tėks dò: Seyè a di: M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a montre ou chemen pou ou swiv la. M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou, Som 32:8

Entwodiksyon: Nan leson pase a nou te wè nan Bib la ke Bondye gen yon plan pou lavi nou chak an patikilye. Se Pawòl li ki gid nou pou lavi nou chak jou, epi Bondye pa fè anyen ki kontrè ak Pawol li. Men, gen kèk desizyon nou bezwen pran (tankou ki metye pou aprann, ki kote pou bati kay nou), Bib la pa di nou sa pou n’ fè. Kanmenm, nou kwe li enpotan pou chache konnen volonte Bondye pou tout desizyon nou yo, paske Bondye gen yon plan pou lavi nou, li konnen pi byen sak bon pou nou pase nou menm. Konsa, n’ap kontinye sijè a pou konnen kòman nou ka rive konprann volonte Bondye anvan nou pran yon desizyon. Bondye konn sèvi ak 7 mwayen diferan pou montre nou chemen li. Nou gwoupe 7 mwayen sa yo nan 4 pwen.

I. Bondye dirije nou pa mwayen Lespri li, Pawòl li ak laprive.
Nan leson nou dimanch pase, nou te di, Bondye revele volonte li nan Pawòl li pa mwayen kòmandman yo, prensip yo ak konsèy yo. Men, se pa sou sa n’ap pale la a. Pandan n’ap priye Bondye pou konnen ki desizyon pou n’ pran nan yon sitiyasyon patikilye, Sentespri a ka sèvi ak yon vèsė nan Bib la oubyen yon ekspresyon nan Bib la pou di nou sa pou n fè. Kèk fwa vèsè a pale sou yon lòt sitiyasyon pase pa nou an, men, Sen- tespri a ka pale nou byen klè pou sitiyasyon pa nou ke nou pa gen dout ankò. Kèk fwa tou, Sentespri a ka pale ak nou dirèk pandan n’ap priye. David te priye konsa: « Bondye, montre m’ jan pou m’ fè sa ou vle m’ fe a … fè lespri ou mennen m’ nan chemen ki pa gen move pa » (Sòm 143:10). Sa n’ vle di la sẻ ke premye 3 mwayen sa yo ke Bondye ka sevi pou montre nou chemen li mache ansanm. Lè nou priye pou mande Bondye direksyon, nou mèt sèten ke Bondye pa manke mwayen pou ban nou repons li byen klè. Natirělman, gen yon kondisyon pou sa C VIV nan bon relasyon ak Bondye e tout moun tou, fò n’ viv selan valcite Bondye ki revele nan Pawòl li. Men, nou pa ka fè pwòp tèt pa nou anpil konfyans ke nou toujou konprann sa Sentespri a vle di nou. Kèk fwa nou tèlman swete genyen oubven fè yon bagay, lè n’ap priye sou sa, nou kwè Sentespri a di nou gen dwa fè l. Men se pa vre; se sèlman dezi kẻ nou ki trè fo. Poutèt sa nou toujou dwe konsidere lot 4 pwen yo:

IL. Bondye dirije nou pa mwayen konsèy lòt kretyen yo.
Pwověb 15:22 di, « Lè ou pa pran konsėy, plan travay ou p’ap mache. Lê ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mét séten travay ou ap mache byen. » (Gade tou Pwov. 11:14; 20:18). Liv Pwověb la di, moun k’ap koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. Men, li avėti nou tou pou nou pa koute konsèy nenpòt moun, paske gen moun ki konn bay move konsėy, mechan yo eseye mete pèlen devan pye nou (Pwov 1:10-11,31). Lẻ nou chache konsėy, nou bezwen pale ak moun ki renmen nou, ki vle we byen nou. Legliz la se kò Kris la. Nan kò a, yon manm depann sou lot. Anpil fwa Bondye pa pale ak nou pa mwayen yon vwa ki sot nan syěl la, men li sèvi ak konsèy lòt kretyen yo ansanm ak löt 2 pwen yo:

III. Bondye sèvi ak sikonstans yo pou montre nou chemen an.
Se Bondye ki ranje sikonstans lavi nou, se li menm ki te deside nan ki peyi ak nan ki fanmiy nou te dwe fèt. Bondye pa t ban nou okenn chwa nan pwen sa a. Dèske se Bondye ki deside sa, sa vle di, li gen yon plan pou nou nan sitiyasyon kote li mete nou. Men yon egzanp: Lè lè a te rive pou m’ te chwazi ki metye pou etidye, mwen te vle aprann laboratwa, paske m’ te renmen chimi anpil nan lekol la. Men, nan vil kote fanmiy mwen te abite, pa t gen posiblite pou etidye sa. Dėske paran m’ yo pa t’ gen posiblite pou kite m’ al etidye nan yon lòt vil, yo te di m’, se pa volonte Bondye pou m’etidye metye sa a. Konsa, mwen te oblije etidye jesyon ak kontablite ke m’ pa t’renmen okòmansman, Men pita mwen te wè sa m’ te aprann nan se egzateman sa m’ te bezwen pou ministe Bondye te ban mwen an. Natirėlman, si nou ta vle fè yon bagay ki pa nan posiblite nou oubyen paran nou yo, men Bondye louvri yon pòt pou nou, nou ka konnen ke Bondye vle l’.

IV. Bondye sèvi ak enitèlijans nou, eksperyans nou yo epi lapè nan kè nou.
Pou pwen sa a, nou genyen yon bel egzanp nan lavi apot Pol lel te konvėti, Bondye te di l’ ke l’ chwazi I’ pou preche levanjil la bay payen yo (Travay 9:15; 22:21). Konsa Pól te ale toupatou kote levanjil la pat ko preche. Nan Travay Apot 16:6-10, nou we Seyè a pa t toujou di li egzatman nan ki vil pou l’ale. Pol te sèvi ak sa l’ te aprann sou zon lan li te konnen nan Lazi gen gran lavil Eféz la. Konsa li te pran wout pou ale la. Men, pandan I’te sou Wout la, Sentespri a pa t’kite ale, paske lè a pa t’ko rive pou sa. Nou wě nan Travay chapit 19 la ke Pol te rive ale Paske Sentespri a pa t’ kite l’ ale nan pwovens Lazi, Pol kontinye wout li, i te fé plan ale nan zôn Bitini. Men yon fwa anko, Sentenon s pa t’kite l’ale la. Konsa Pòl te kontinye ale tou dwat jouk li te rive a Twoas. Anfen, nan lavil Twoas Seyè a te di l’pou ale nan pwovens Masedwan Sa vie di, kèk fwa Bondye montre nou volonte li lė l’di non pou chamen nou vle pran. Kòman nou konprann fason Sentespri a tap dirije Pol? Nou pa kwè se te yon vwa ll te tande, men pito yon konviksyon li te gen nan ke l (Wom 8:16); oubyen li pa t`gen kè poze anko, ki te fél’konnen li sou yon wout Bondye pa vle. Lè n’ap viv nan bon konminyon ak Senyè a nou pa ka janm gen ké poze le n’ap pran yon wout ke Bondve pa vle Sa vle di, lè nou devan yon desizyon, nou gentan priye sou li men Bondye pa di nou yon mo ki klè, nou kapab senpleman evalyel ak enteljans ak eksperyans nou epi mande konsèy ak lót kretyen. Apre sa na ka di Seyè a konsa: « Men sa m’ deside fè . Si se pa volonte ou, fe konn sa. » Le sa Seyè a ka dirije nou menm jan li te dirije Pol, oubyen l’ap ba nou yon konviksyon fèm ke nou sou bon chemen an, paske li pwomet nou nan Sòm 32:8 (se tėks dò a) ke l’ap montre nou chemen pou nou swiv la. Bondye fidèl; li toujou kenbe Pawol li.

Konklizyon: Nou gentan wè 7 mwayen ke Bondye konn sévi pou montre nou chemen li. Bondye dirije chak pitit li nan chemen pa l Pagen moun ki genyen egzatman menm chemen. Se yon bagay ekstraodinè Bondye nou gran anpil! Ann kite l’ dirije nou nan chak desizyon nou pran ane sa a.

Devwa yo.
1. Site premye pwen an. Ak ki 3 bagay Bondye konn sévi pou dirje nout

  1. Ki 2 bagay nou bezwen fè kòm kondisyon pou Bondye montre nou

  2. Selon Pwovèb 15:22, kiliè travay nou ap mache byen?

  3. Selon liv Pwovèb la, kilès konsėy nou pa dwe koute?

  4. Selon leson an, poukisa nou dwe konsidere sikonstans yo?

  5. Eksplike koman Bondye t’ap dirije Pol nan Travay 16:6-10?

  6. Konplete: Le n’ap viv nan bon kominyon ak Seyè a, nou pa ka janm lẻ n’ap pran yon wout ke Bondye pa vle. chemen nou?

GLOIRE A DIEU
+50946879719