Archives mensuelles : Mai 2018

Gen anpil bagay ki ka reyalize nan laviw ak fanmi w siw plase konfyans ou nan Jezikri !

#Matin an di Bondye mèsi dèskel kite w wè nouvo jou sa a, paske èlmi an fè anpil vye bagay dèyè w poul touye w , men Bondye pa kite anyen mal rive w.

Si jodia pa gen gwo rèl nan fanmi w se pa bon ou bon pousa , se yon gras #Bondye fè w. Ou gen rezon pou w remèsyel ak chak moman , chak minit .

Matin an mwen mande Bondye poul vide tout kalite benediksyon Lakay ou ak nan fanmi w o non de Jezikri . Amen ! 💥

chak jou resevwa PANSE JODIA avèk Frère Lindor Enock an dirèk sou #WhatsApp +50946879719 🍅🍓🍇

« Jezikri pa lwen vini, fok nou toujou prê avan gran jou sa a. »

Nan Jean 14:2-3 Jezi fè nou konprann déjà gen anpil rekonpans ki pare pou nou. Jezikri al prépare plas pou moun ki vle swiv li apresa Lap vini poul ale avek nou, paske li di kote la ye a se la na ye tou.

Si nou gen tout espwa sa yo, si nou gen asirans nan pawol sa yo, men pou kisa nou derefize mete Jezikri nan lavi nou? Fok mwen di nou sa, okenn moun pap ka antre nan peyi kote Bondye wa si li pa asepte Jezikri avan li mouri. Pi bonè se granm maten, ( Fok nou ranje kabann nou avan domi pran nou). Sa vle di pa gen konvèsyon apre lanmo, nou gen pou’n mouri Yon sel fwa, apresa se jijman kap vini , selon Hébreux 9:27.

Pa gen pèditan nan Levanjil, paske Jezi pa lwen poul retoune, men sa ki ekri nan Révélations 22:7″Koute map vini talè konsa », si Jezi di Lap vini talè konsa, eskel pa tap bon pou nou toujou nan kondisyon ap tann li? Jezikri ap vini se vre! Men li pa gen jou ni dat poul rive sou nou, « Se poutèt sa, pa kite domi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Senyè a va vini. Selon Matthieu 24:42 ».

Se ak anpil atansyon nap tann retou Kris la, paske jou sa a ap bel anpil anpil, men konsa tou Lap di anpil tou. « Révélations 22:12 Jezi di; map vini talè konsa map pote rekonpans map Bay la ave’m pou’m Bay chak moun sa yo mérite selon sa yo fè ».

Apre nou fi’n li vèsè 12 la nan Révélations 22 an, eske kè nou pa kontan? Eske nou gen konfyans ke nap jwenn rekonpans kap fè nou kontan?

Tem di nou sa, Jezikri pral rekonpanse nou daprè sa nou tap regle. Nan moman sa gen moun kap ri, kap an jwa, kap danse paske yo te travay pou moun viv byen youn ak lot daprè sa ki ekri nan Matthieu 5:9. Pral gen anpil lot kap kriye, kap rele, kap nan lapenn, kap boule paske moun sa yo pat koute ni obeyi ak pawol Bondye a, se meprize selman yo tap meprize moun kap Bay mesaj la. Moun sa yo se kolè Bondye ki pral tonbe sou yo, yo pap jwenn okazyon pou manje sou menm tap ak Abraham. Men ya lage yo nan dife ki pap mouri an.

Kounye a ki désizyon w? Eske boule se Yon bon bagay? Eske w pata renmen youn nan moun ki gen pou manje menm kote ak Kris la? Eske w pata renmen jwenn Yon bon rekonpans kap fè kè w kontan anpil?

Ou pa gen lot chwa ke asepte Jezikri nan lavi w, fok ou fè sa paske nou paka konte sou démen, nou pa konn ki jou Senyè a va vini, mete Kris nan lavi w se sel fason nou ka chape anba kolè Bondye. Pa koute bel pawol kap soti nan bouch moun, men se aplike sa La Bib di nou fè.

Benediksyon pou moun ki koute, mete an pratik pawol vérité a. Benediksyon pou moun ki reli e ki pataje Mesaj sa ak lot moun.

Info +50946879719

TOUJOU REMÈT BONDYE LAVI W AVANW PRAN LARI, PASKE PEYI A DANJE ANPIL SOU TOUT KALITE FOM.

#Prière_du_matin :
Alelouya! Alelouya, glwa !
Senyè, mwen pa konnen koman pou m di w mèsi paske se chak segond ou kenbe m pi fèm anba gras ak protéksyon w.

Mwen kontan deske w pemet mwen wè jou dimanch sa a, se pa pi bon mwen pi bon pase moun ki pa leve matin an, men se yon gras ou fem , paske mwen fe anpil bagay ki pa bon devan jew Jezi.

Mwen mande w padon , mwen mande w Yon chans pou mwen ak pou chak zanmi kap swiv mwen sou #Facebook, #Instagram, #WhatsApp ak #Twitter. Jezikri va vide gras li sou chak moun selon kapasite nou nan Levanjil . #Amen !

#Lindor_Enock +50946879719

Dieu nous appelle tous a être généreux

Dieu bénit certaines
personnes et certains pays
avec des richesses pour une
bonne raison, qu’ils puissent
utiliser ce qu’ils ont pour le
bien des autres.

Dieu attend a ce que ceux
qui ont été beni avec
beaucoup a démontrer la
générosité et a habiliter les
autres…

Prions
Dieu, je te remercie
pour tout ce que tu m’a
donné, je veux être une
bénédiction pour les autres!
Père touche les coeurs des
riches de mon pays pour
qu’ils veuillent habiliter les
pauvres.

Bondye deja komanse manyen dosye w yo, rete nan liy lan pou w pa pèdi plas ou

#Prière_du_matin :

Mwen kontan matin an anko deske Bondye fem gras sa pou’m leve anfom jodi samedi sa ak souf devi a nan mwen toujou se Yon gras Bondye fem.

Se pou rezon sa map mande Bondye poul ranpli m ak kapasite nan levanjil, poul vide dimansyon ann dan’m. Yon fason pou’m ka toujou konekte ak Li.

Jodia nan non Jezikri mwen mande Bondye poul vide gras ak benediksyon nan lavi tout moun kap swiv mwen kelke swa kote yo ye a, sa ki sou #Facebook, #Instagram, #WhatsApp ak #Twitter se pou gras Bondye manifeste nan lavi nou tout kote nou pase .

Béni yo Papa, géri yo sou ple, fe yo resevwa sa yap tann, ouvri pot pou yo, fe wout pou yo Jezikri….. Pa bliye al swiv GLOIRE A DIEU sou Facebook kounye a.

#Tel 46879719 SMS Digicel Haiti. #WhatsApp

BÉNÉDIKSYON W PAP SOTI NAN OKENN ZANMI, FANMI, PATRON, BENEDIKSYON W AP SOTI SELMAN NAN BONDYE

Gen anpil moun ki konprann benediksyon se yon bagay ki konplike, gen lot ki panse pou yon moun beni fok li jene anpil.

Poutan benediksyon pa bezwen tout chemin sa yo, benediksyon pa janm mache san benediksyon, ( kisa sa vledi?) Sa vledi siw pa beni yon moun ou menm tou ou pap ka jwenn benediksyon pa w la.

Selon Proverbe 11:24 Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y’ap vin pi pòv.
Se pa moun ki resevwa a ki beni, men se moun ki bay la ki jwenn benediksyon an, moun ki Bay la ap toujou gen pigran benediksyon ke sila ki resevwa a.
Vèsè 25 lan di , Lè ou bay ak kè kontan, ou p’ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.

Pou w resevwa benediksyon fok ou beni lot moun tou. ( Nou gen yon PROVEB ki di bay piti pa chich) sa vle di, se pa kan w gen anpil pou w ede yon lot, men ouka sipotel ak sa w genyen an.

Matthieu 6:2 Se sa ki fè tou, lè w’ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l’ nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Atansyon! Gen madichon nan bay moun tou, si tout fwa nou ta beni yon moun epi an menm tan wap mache fe moun konnen ke se ou ki sot beni moun sa, ebyen se madichon wap rale sou ou, nou pap jwenn benediksyon.

Vèsè 2, Se sa ki fè tou, lè w’ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l’ nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. 3 Men, lè w’ap ede moun ki nan nesesite, fè l’ yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa.

La Bib di; sa nou bay ak men dwat nou, men goch la pa dwe konn sa.

FOK NOU PRAN ANPIL PREKOSYON!

Mwen swete pou Bondye beni nou nan dimansyon li kapab nan non Jezikri. Amen !

GLOIRE A DIEU
+50946879719 .

YON MOUN KI GEN LA FWA NAN JEZIKRI KA REYALIZE ANPIL BEL BAGAY NAN LAVI LI SAN PROBLEM.

La Bib di nou ; Lafwa soti nan sa nap tande, sa nap tande ki soti nan Bondye. (#Romain 10:17)
Si nou fè Yon ekzamen de konsyans, eske reyelman nap ka gen lafwa sa a vre?

La Bib pap Bay manti, li aprann nou se nan pawol Bondye nap ka jwenn lafwa. Men fok nou tandel pou’n ka jwenn li.
Eske a travè mizik nap tande yo, nap ka gen lafwa sa? paske nou plis koute bagay kap pase nan mond sa olye nou louvri zorèy nou poun koute mizik ak mesaj ki soti nan Bondye.

La Bib ale pi lwen poul di; nenpot moun ki ta gen lafwa menm grosè ak Yon ti grenn roroli, sil ta vle rache Yon pye bwa li ka fè sa sanl pa touchel, li ka pab, men nou teleman lage lespri nou nan koute vye mo ak move pawol ata kontak nou arive pèdi ak Senyè a.
Olye nou koute pawol Bondye a pou’n ka grandi nan lafwa, nou prefere ajoute mizik ak pawol kap detwi lafwa nou sou telephone ak LapTop nou. Eskel bon la pou’n gen lafwa? Non!

Si w pa gen Lafwa, kelke swa sa w ta mande Bondye ou pap ka jwenn li, paske Bib la dî. Nenpot sa Yon moun mande Senyè a nan lapriye ak lafwa li déjà jwenn li ( Mak 11:24)

Gade zanmi m yo, pa kite bagay mond lan pote nou jete byen lwen Bondye. Mete lespri nou nan kondisyon poul pale ak Bondye, se nan la priye ki gen lafwa nap ka jwenn répons nan men Bondye . « kelke swa tip de problèm ou ta genyen, Bondye déjà la poul rézoud li , men fok ou pale ak asirans, espwa, esperans toujou mete nan tèt ou wap reyisi, paske LAFWA se sa yo li ye. Pa dékouraje, ou met jis aplike Mesaj sa épi wap jwenn répons ou dépi jodia nan men Bondye »

Sispann koute bagay ki pa nan volonté Bondye! Sispann plante bagay ki pap donnen nan jaden nou!

Frère LINDOR ENOCK

Tel +50946879719

AVEK BONDYE TOUT BAGAY POSIB, SELMAN OU DWE METE KONFYANS OU NAN JEZIKRI…

Bondye mwen di w mèsi difè ke w te proteje m pandan mwen tap domi an, ou pat kite anyen mal rive’m ou te toujou la pou w pran defans mwen.

Matin an mwen leve chak zanmi ak fanmi m yo devan’w , mwen pote lavi frè m ak sè m yo ba ou , mwen pote yo ba ou nan priyè m, ou va di Yon Mo pou yo matin an Jezikri, pase avèk yo menm jan w te pase ak fanmi Lazare yo Bondye. Ou va ouvri pot ki anpeche yo pase pou yo rive a.

Mwen kwè em konnen wap fe sa pou yo nan non Jezikri ki gen tout pouvwa a .
Amen

Info – +50946879719