Archives mensuelles : décembre 2017

Ann bay BonDye pibon kado  a, pou n Ka de kel kontan. Paske se li ki mérite Tournon bagay yo

​ANN OFRI BONDYE YON ADORASYON KI SAN FOT .
Anpil moun konprann yon bon adorasyon se jwe bèl mizik, chante anpil bèl kantik ak fè priyè long… 
Adorasyon se yon ofrand ki konsakre sèlman pou Bondye. Yon adorasyon paka nenpot kouman, eske nou ka bay Bondye yon bagay ki pa gen valè? Non, adorasyon nap ofri bay Bondye a dwe soti byen san fot, paske Jezi di: Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k’ap sèvi l’, se pou yo sèvi l’ nan lespri yo jan sa dwe fèt la. #Jean 4:24. Sa aprann nou si adoratè a pa byen dispoze nan lespri’l konnen adorasyon sa pap menm depase prent tèt li.
Nou pa ka bay Bondye anyen ki pa nomal, paske Bondye toujou itilize bagay ki bon poul ofri nou, si nou kwè nan Bondye reyèlman se pou nou di menm jan ak Wa David nan #2_Samyèl 24:24 Men wa a reponn li, li di l’: -Non. Se achte m’ap achte. Se pou m’ peye pou yo. Mwen p’ap pran anyen ki pa koute m’ lajan pou m’ ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.
. wi lè nap ofri Bondye yon bagay li dwe koute sa vledi bagay la dwe gen valè pou Bondye ka resevwal . 
Lè nou konekte nan yon adorasyon ak Bondye nou pa dwe ap reflechi, nou pa dwe lwen, lespri nou dwe toujou an relasyon ak Bondye, pou nou pa resevwa reproch sa a Bondye bay nan #EZAYI 29:13 Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y’ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y’ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y’ap repete lè konsa. .
Reyèlman vre gen anpil moun ki legliz la, se pa Bondye yap adore se zafè pa yo yap regle, paske lespri yo byen lwen yo pa gen okenn relasyon ak Bondye vre. Se sa ki koz moun sa a yo paka béni, yo pèdi relasyon yo ak Bondye tèlman yo chaje lespri yo ak lot bagay ki pa gen sans. Bagay ki separe yo ak Bondye.

Ane sa a pral fini, mwen swete nou kite tout vye defo nou te genyen pandan ane sa a, pou’n ka antre danble nan nouvèl ane sa a, kote nap mande Bondye pou’l ranpli nou ak gras li, yon fason pou’n ka pote yon ofrand nouvo pouli atravè adorasyon nou yo. Nan non Jezikri ki gen tout pouvwa a. Amen !
Frère #LINDOR_ENOCK