Archives mensuelles : septembre 2018

GEN YON FASON POU W YE SIW VLE BONDYE BENI W NAN KELKE SWA AKTIVITE W YE A.

« RESEVWA BENEDIKSYON W NAN MEN BONDYE »

Mande Senyè a poul béni tout travay wap fè, wa reyisi nan tou sa wap fè ,#PROVEB 16:3 .

Nou souvan envite moun ki gen anpil relasyon, kontak ak lajan nan aktivite nou yo, poutan jan de moun sa yo paka fè nou reyisi .

Lajan paka chanje mal nou yo an byen, kontak nou yo paka sove lavi nou, relasyon nou yo paka anpeche nou mouri ni malad.
Nou souvan répéte « malè ak moun ki konfye nan moun » poutan nou pa janm pran konsyans ke pawol kap soti nan bouch nou ka kondane ak délivré nou tou.

Envite Jezikri nan tout sa nap fè, mande Bondye poul béni nou tou. Men pa janm bliye sa ke benediksyon pa janm mache san obeyisans.

Tout moun ki obeyi ak pawol Bondye a ap reyisi kan menm.
Paske JARIYIS te envite Jezi nan maladi pitit li a sa te byen pase. Yo te envite Jezi nan Yon maryaj ki tap fêt nan lavil Kana yo te reyisi.

Men nou menm nou derefize voye envitasyon pou Jezikri, deske nou pap asepte obeyi ak pawol vérité a nou pa mande Bondye benediksyon an.

Pi bon relasyon nou dwe genyen se ak Jezikri poul ye, pi bon zanmi nou tou dwe Jezikri, li se sel moun ki pap kitew echwe. Lap pran pasyans pou nou jis kan nou rive.

Nan maladi nou yo, problèm, traka, touman, pèsekisyon, tristes, kalamite pa janm bliye voye envitasyon Bay Jezikri, se pou’n toujou bay Jezikri premye plas nan la vi nou, konsa nou pap regret ni plenyen, nap toujou pote viktwa . #Amen

Évangéliste_Lindor_Enock

+50946879719