Archives mensuelles : janvier 2023

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 29 JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYKON LIMYE

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 29 JANVYE 2023

TIT: Jezi lave pye disip li yo

LEKTI: Jan 13:1-20

TRÈS DO: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògéy. Men, moun ki soumėt devan l’, li ba yo favè li. 1 Pyè 5:5b

ENTWODIKSYON: Jodi a n’ap kòmanse etidye chapit 13 la ki se premye nan 5 chapit ki prezante nou yon ministè espesyal ke Jezi te mennen bò kote disip li yo. Jezi te vie montre disip li yo jan li renmen yo anpil, jan li gen imilite, yon leson ke disip yo te aprann epi imite nan fason yo te gen pou sévi Bondye. Ann swiv!

I. IMILITE IRIS LA (v. 1-11)

Jezi te vin sou té a pou bay lavi l’ pou lézóm epi pou l’ retounen ale jwenn papa I. Sa pa t’ ka rive anvan lé pou l’ rive (7:30). Lè a te rive nan okazyon fêt Pak nou jwenn nan chapit 13 la. Jezi te reyini ak apòt li yo nan yon chanm anlè, nan Jerizalèm pou manje soupe a ak yo.

Jezi ap lave pye Pye Nan epok la, se esklav ki te plase pou ta lave pye moun ki se envite nan yon fèt, Jezi limenm te chwazi akonpli tach sa a anve disip li yo (v. 4,5). Kijan sa te fèt, kisa Jezi te vie anseye disip li yo ak aksyon sa a:

  1. Jezi te leve bò tab kote I’ te chita pou manje a, li wete gworad li a, pran yon sèvyét, li mare l’ nan ren li. Li vide dlo nan yon kivét, epil komanse lave pye disip li yo. Li t’ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l’ lan (v. 4,5).
  2. Anpil tewolojyen kwè ke Jezi te vle anseye disip li yo

a) Yon leson imilite. Lè n’ konnen kijan disip yo te fèk sot diskite sou kilès nan yo ki pi grannèg, leson sa te nesesè. Menm jan Jezi ki te Mèt la te desann nan pye disip yo pou lave pye yo, pou sèvi yo, konsa tou, disip yo dwe aprann Imilye yo pou sevi youn lot. Yo te dwe mete tout logey sou kote.

b) Yon leson pirifikasyon. Disip yo te dwe konnen ke tout bon jan kominyon avèk Kris, sa mande pou n’ pirifye, sanktifye Pawòl Kris yo te pirifye yo, men san Jezi a ki ta pral koule sou kwa a ta fin pirifye disip yo nét ale. Nan 1 Jan 1:7, apol la ekri: « San Jezi a pirifye nou anba tout peche nou yo. » Pa gen kominyon ak Kris pou moun ki pa pirifye, lave nan san Kris la. Se sa Seyè a te vle anseye Pyè lè l’ di l’: Si m’pa lave: pye ou, ou p’ap disip mwen ankò (v.8).

Sa pa gen anyen pou wè ak batem dlo. Men li vle di: tout bon relas yon ak Kris posib sèlman pou moun ki gen peche yo lave nan san Sově a ki te koule sou kwa a. Moun sa a jwenn padon nan men Bondye, ki di: « Mwen p’ap janm sonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal » (Ebre 10:17),

Pyè ki pa t’vle Jezi lave pye l’, pita ta pral mande Jezi pou lave non sèlman pye l’ men tou men l’ ak tout tèt li akoz konsekans yon tel refi ta genyen (v. 8,9).

Atitid Pyè a dwe aprann nou kòm kretyen, pou n’ pa kesyonnen volonte ak travay Bondye, epi pou n’ pa eseye chanje vo paske Bondye konnen sa l’ap fè. Pye pa t’ konnen sans travay Kris la. Jezi te konnen sa, li reponn Pyè: « Lè yon moun fin benyen, tout kò l’ pwòp. Se pye l’ase ki bezw- en lave. Noumenm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp ». Langaj sa a gen rapò ak Jida ki te pral trayi Jezi. Langaj la ta montre tou ke Jida pa t’ vrèman konvėti. Se pou n’ sense, onèt nan mach nou ak Seyè a.

II. ENVITASYON POU NOU IMITE IRIS LA NAN IMILITE LI (v. 12-20)

Aprè Jezi te fin lave pye disip yo, li te ale reprann plas li bò tab laepi li kòmanse kesyonnen disip yo sou sa yo ta konprann de aksyon li an. Li te mande yo:

« Eske nou konprann sa m’ sot fè la a? Nou rele m’ Mét, nou rele m’ Seye. Nou gen rezon, se sa m’ ye vre. Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou youn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an » (v. 12-15).

A LESON ESPIRITYÈL JEZI POU DISIP YO.

An reyalite Jezi te vle bay disip li yo yon leson espirityèl. Nan lave pye yo, li te rann yo yon sèvis ki mande anpil imilite, lè nou kon- sidere li se Mèt, li se Seyè. Li te mete lògèy ke li se Mèt ak Seyè a sou kote pou li te lave pye yo. Avèk sa, disip yo te dwe aprann pa kite lógéy pran tèt yo pou yo kapab sèvi lòt yo, pou ede lòt yo nan bezwen yo. Se Seyè a menm ki te di: « Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k’ap sèvi nou an » (Mat 23:11). Apót Pol pale nan menm sans lan lè l’ di: Se pou nou youn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezikris la » (Fil. 2:5). Espirityèlman, aksyon Kris la te yan egzanp, yon modèl,

Gen kretyen tou ki sepandan wè li kòm yon kòmandman. Yo pratike lavman pye a tanzantan nan yon sans imilite tou. Nou kwè ke imilite a ta dwe sitou anndan nou ke li te fèt deyò. Nou dwe veye anpil pou l’ pa yon aparans. Vėsė 16 la parét tankou yon mizangad. Disip yo pa t’ dwe panse yo plis pase Jezi ki Mèt la, opwen pou ta meprize gwo prensip imilite a. Fave Bondye, benediksyon li va sou tout moun ki pratike imilite a (v. 17) tankou sa fèt pou tout moun ki obeyi Bondye nan sa li mande (Lik 11:28).

B. KAT (4) VÉRITÉ AN RAPO AK DISIP YO (v. 18-20).

1) Patikilarite fave Bondye a, an rapò avèk disip Kris yo. Sesa k’fé

Jezi di: « Lè m’ di sa mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo… » (18).

2) Jezi te montre disip yo ke youn nan mitan yo va trayi l’ jan Bib la te deja anonse sa (daprè Som 41:9 l

3). Konsa, moun sa pa va jwi favě Bondye a n’ap pale a. Avek trayizon Jida a, lòt disip yo te dwe rekonèt pi plis toujou ke se Bondye ki te voye Jezi tout bon vre paske li te anonse yo sa
(Jan 13:19; 14:29).

4) Moun ki resevwa yon disip Kris, moun sa resevwa Kris.nan menm tan an li resevwa Bondye Papa a tou. Dénye pawòl ank- ourajman sa te nesesé pou kenbe disip yo atache nan Kris aprè chók trayizon Jida a ta va koze nan lespri yo.

Verite sa valab pou nou kretyen nan tan jodi a. Moun ki repouse nou, li repouse Kris la, men, moun ki resevwa nou, li resevwa Kris la epi li resevwa Papa a tou.

KONKLIZYON : Jan Batis te di disip li yo konsenan Jezi: Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou (Jan 3:30). Pawòl sa temwaye gwo imilite ki te make lavi pwofèt Bondye a. Mennen yon lavi enb, ki vle di nan imilite ak soumisyon devan Bondye, sa endispansab pou tout moun ki vle sèvi Bondye. Nou p’ap kapab sèvi Bondye si lögey ak pretansyon ranpli kè nou. Anplis, nou bezwen yon lavi pirifye, byen lave nan Pawòl Bondye a, sitou san Kris la ki te koule sou kwa a. Se pou atitid imilite Kris la karakterize lavi pa nou, si nou se manm nan fanmiy Bondye a tout bon vre.

DEVRA YO

  1. Kilès ki te plase pou lave pye envite yo nan yon fét?
  2. Ki premye leson Jezi te vle bay disip li yo lè l’ lave pye yo?
  3. Ki dezyem leson Jezi te vle bay disip yo nan aksyon sa a?

Evangeliste Lindor Enock

LEÇON DOMINIKALE POUR CE DIMANCHE 22 JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 22 JANVYE 2023

TIT: Danje enkredilite a

LEKTI: Jan 12:37-50

TEKS DO: Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l’. Nou pa t’ okipe l’, nou pa t’ pran ka I’ menm. Ezayi 53:3b

ENTWODIKSYON: Pandan Sovè a ap anonse lanmò li pou pèp li a ak pou lemonn antye, pandan l’ap prezante tèt li kòm limyè monn lan ki pou retire moun nan fènwa, pwòp pèp li a te refize soumèt. Malgre gen kèk lidé pami Jwif yo ki te rive kwè nan li, sa te fét preske an kachét. Jozéf moun lavil Arimate ak Nikodem fé pati moun sa yo ki te disip Jezi an sekre. Nan leson nou jodi a, n’ap abode kes- yon enkredilite Jwif yo ak egzotasyon Jezi fè Jwif yo pou mete kon- fyans nan pandan l’ ap montre yo danje enkredilite a reprezante. Annou etidye leson an

I. ENKREDILITE JWIF YO (v. 37-43).

« Li vin nan peyil, Men tout moun nan peyi I pa t’ resevwa  » (Jan) 1:11). Avèk deklarasyon sa, apot Jan montre klè ki atitid pèp Izrayèl la te genyen anvè Jezikri, lè l’ te vin pote limyè, delivrans pou moun sou té sa

A PWOFESI SOU ENKREDILITE.

Pwofet Ansyen Testaman ki te konsakre yon plas espesyal nan liv li pou pale sou Mesi a, te denonse gwo kouran enkredilite ki make pep Bondye a. Pwofèt Ezayi te deja anonse l’ ak pawòl sa yo: « Bondye. kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonět travay Bon- dye a nan sa ki te rive a? » (v. 38; Ezayi 53:1) Pèp Izrayèl te toujou yon pèp rebel. Bondye di sou yo: Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen. Bef ki béf konnen mèt li, bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l’ manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa… Poukisa n’ap plede fé tét di konsa? (Ezayi 1:2,3,5),

B. PINISYON BONDYE KONT ENKREDILITE.

Jezi te opere anpil mirak. Anpil moun te konn sezi devan mani- festasyon puisans li. Men, kisa ki fè pèp la te toujou rete nan enkredi- lite, yo pa t’ kwè nan Jezi pou yo te ka delivre? Rezon an se paske Bondye te pini yo poutèt yo te two rebél. Bib la di ke Bondye bouche. A tou de je yo. Li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa kon- prann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn li pou l’ ta geri yo (v. 40. 41: Ezayi 6:9,10). Menm sitiyasyon sa tou te rive farawon (Egzód 9:12). Sitiyasyon sa rive tou moun k’ap viv nan dènye tan an (Rom 1:24-28). Bondye toujou pini enkredilite, e l’ap kontinye pini enkredilite a nan rann kè enkredil yo pi di Vésé 42,43 pale sou kèk moun ki te rive kwè nan Jezi pami chè Jwif yo, men yo te fè sa an kachèt pou yo pa t’ mete yo deyò nan sinagóg la. Donk, yo te plis atache ak Iwanj nan men lézòm pase Iwanj nan men Bondye. Nou menm ki kretyen nou bezwen atache ak Iwanj Bondye, men pa ak Iwanj nan men lèzòm. Veye pou dómi pa pran nou nan sans .

II. EGZOTASYON POU KWÈ NAN KRIS LA (v. 44-50).

Pasaj sa prezante yon dènye faz rankont Jezi ak foul moun yo nan okazyon dènye fèt Pak la. Nan dènye faz diskisyon an, Jezi egzote yo kwè nan li pandan l’ te touche 5 sijè (tèm) ki gen yon en- potans kapital pou tout moun nan tout tan. Se: Lafwa, Jezi kom yon moun Bondye voye, limyè ak fènwa, jijman epi lavi eténél. Li di:

  1. Moun ki kwè nan li, li kwè nan moun ki voye l’ la tou. Se te yon bal envitasyon pou moun mete lafwa nan li (v. 44). Se paske li te yon mesaje Bondye te voye. Mete sou sa, li se potré Bondye, Bondye, nou pa ka wè a. Li se premye pitit li (Kol. 1:15). Li pa premye pitit nan sans ke li se yon èt ke Bondye kreye men nan sans li te la an- van tout bagay, li nan premye ran. Li te toujou avèk Bondye epi li se Bondye.
  2. Moun ki wè l’, moun lan wè moun ki voye l’ la tou (v. 45). Se menm verite sa a li te pral anseye apot Filip ki te pral poze li kesyon sa: « Seyè, montre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen ». Lè sa a Jezi te reponn li: Depi tout tan sa mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m’, li wè Papa a. Kijan ou ka fè di; moutre m’ Papa a? (14:9). Bib la di nou tou: Pèsonn pa janm wè Bondye. Men sèl Pitit Bondye a, limenm ki Bondye tou, limenm k’ap viv kotakot ak Papa a, se limenm ki fè moun konnen Bondye (1:18).
  3. Li se limyè sou tè a. Tout moun ki kwè nan li p’ap rete nan fènwa (v. 46). Fènwa sa se yon fènwa espirityèl. Li konsènen peche sou tout fòm li, tankou: enkredilite; dezobeyisans, imoralite, idolatri, divizyon, aksyon mechan kòm touye moun, elatriye. Li konsènen tout bagay mal ke puisans Satan pote moun fè kont Bondye, kont pwòp tèt li ak kont pwochen li. Moun ki kite kalite bagay sa yo, ki vin jwenn Kris, moun sa vin nan limyè. Se sa k’ fè, Pòl te di kretyen Eféz yo: « Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n’ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun ki nan limyè (Efèz 5:8).
  4. Moun ki pa aksepte pawol li yo jwenn ak sa k’ap kondanen yo le denye jou a rive, jou jijman an; se pawòl li te di yo (v. 47-48) Bib la di nou: « Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa Li pi file pase kouto de bo Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun (Ebre 4:12) Se yon gwo danje pou moun ki meprize Pawòl Bondye.
  5. Komandman Bondye yo. Pawòl li yo bay lavi ki p’ap janm fini an (lavi eténél) (v. 50). Eske ou deja kwè nan Jezi, resevwa lavi ki p’ap janm fini an? Oubyen, èske ou gen konviksyon ke Jezi se Pitit Bondye. li se Sovè mond lan? Kwè nan li, kwè nan Pawòl li, li te mouri pou Isove nou tout ki se pechè repantan.

KONKLIZYON: Jezi te tounen moun (enkanasyon) pou te vin mouri pou peché yo. Jezi te twouble devan fado lanmò sou kwa a, men li te rete obeyisan anvè Bondye. Ann obeyi Seyè a, ann mete konfyans nan pawòl li pou n’ ka gen lavi eténél, pandan n’ap chase tout enkredilite.

DEVWA YO .

  1. Site non 2 lidè Jwif ki te disip Jezi an kachét.
  2. Kijan apot Jan prezante atitid Izrayèl te genyen anvé Jezikri daprèchapit 1 vèsè 11, Bon Nouvel li an.
  3. Ki rezon ki fè pèp Jwif la te toujou enkredil malgre tout mirak Jezite opere devan yo?
  4. Kiles wa payen Bondye te pini nan rann li enkredil paske wa a te rebel?
  5. Ki pasaj ki anonse pinisyon Bondye pou moun ki enkredil nandénye tan an daprè leson an?
  6. Ki 5 sijè Jezi te touche nan rankont sa a?
  7. Eske Jezi se yon Pitit Bondye kreye? Eksplike sa.
  8. Ki kalite fènwa Jezi te vle pale nan vèsè 46 la?

Media Zouti LEVANJIL
+50946879719

COMMENT CONNAITRE DIEU – 1

Abraham fut appelé l’ami de Dieu à cause de sa conviction et de son obéissance à Dieu.

De la même manière vous pouvez, vous aussi, connaitre Dieu et expérimenter sa miséricorde, sa paix et sa bénédiction.

La connaissance de Dieu, dans une soumissions et une confiance vraie, constitue l’expérience la plus importante de la vie. Dieu se révèle quelle merveille-à tous ceux qui le cherchent de tout leur coeur.

Si vous vous détournez de votre propre chemin et si vous vous soumettez à Dieu de tout votre coeur, son Esprit habitera en vous. Rien ne pourra alors vous séparer de son amour. Vous ferez confiance à ses promesses et vous le suivrez dans l’obéissance. Il sera votre Dieu et vous serez son trésor, sa possession désirée.

Vous découvrirez qu’il vous à acquis à un grand prix et qu’il désire votre amitié maintenant et à jamais,

Demandez à Dieu qu’il vous aide à comprendre la révélation de sa Parole

JESUS EST LÀ, IL EST TOUJOURS A NOTRE COTE

Tu n’es pas seul.

« Jésus, s’étant approché, leur parla ainsi: Et voici, je suis avec vous tous les jours, jusqu’à la fin du monde. », Matt 28: 18-20.

Puisqu’il m’aime, je le délivrerai; Je le protégerai, puisqu’il connaît mon nom. Il m’invoquera, et je lui répondrai; Je serai avec lui dans la détresse, Je le délivrerai et je le glorifierai. Je le rassasierai de longs jours, Et je lui ferai voir mon salut. », Ps 91: 14-16.

Dieu essaye par tout moyen de te faire comprendre que tu n’es pas seul.

Au contraire, Satan le veut. D’autre part, il souhaite te convaincre que personne dans ce monde ne comprenne tes sentiments; ce n’est pas vrai !

Il y a beaucoup de gens qui sont là pour t’aider à surmonter les moments difficiles.

<< Le malheur atteint souvent le juste, Mais l’Eternel l’en délivre toujours. », Ps 34: 19. À savoir, la Bible aborde cette question maintes fois.

LEÇON DOMINIKALE POUR CE DERNIER 15 JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 15 JANVYE 2023.

TIT: Jezi anonse lanmò li

LEKTI: Jan 12:20-36

TELS DE: Men, mwen menm, lè y’a leve m’ anlè sou tè a, mwen gen pou m’ rale tout moun vin jwenn mwen. Jan 12:32

ENTWODIKSYON: Nan okazyon fèt Pak la (12:12), anpil moun te bay Jezi gwo akèy kòm yon moun ki vini nan non Mèt la, kòm yon moun ki vini pou Wa pèp Izrayèl la (v. 13). Jwif sa yo te espere delivre anba Women yo gras ak Wa sa a. Men, plan Jezi a te pi gran toujou epi te kontrè ak panse Jwif sa yo. Paske Jezi pa t’ sèlman vin kòm Sove Izrayèl men li te vini tou kòm Sovè pou lemonn, ti mouton Bondye ki vin wete peche lemonn lan (4:49,1:29). Konsa, payen yo tou te entèrese nan Jezi. Nan leson jodi a, nou va wè kijan Grèk yo ap chache kontre ak Jezi, epi deklarasyon Jezi sou lanmò li ki te pwòch. Annou swiv li ansanm.

I. GRÉK YO VLE WE SOVE A (v. 20-26)

Payen sa yo pa fòseman t’ap viv nan Lagrès nan moman sa. Se petét kék Grék payen ki te fè pati gwoup moun ki te gaye nan kèk lòt peyi tankou Jide ak Galile. Grek sa yo sanble te gen krent pou Bondye, yo te konvèti nan Jidayism lan ki se te relijyon Jwif yo menm si yo pa t’ respekte tout lalwa a. Moun sa yo (ke yo te rele pwozelit) te konn asiste sèvis nan sinagóg yo ak nan gwo fèt pèp Bondye a te konn genyen nan tanp lan lavil Jerizalèm.

A. DEVOSYON AK DÉMARCH GRÉK YO….

Grèk sa yo ki te vle wè Jezi akòz temwayaj yo te resevwa sou li oubyen yo le asiste antre li Jerizalèm, yo te kontakte Filip, disip Kris la (v. 21). Yo te adrese Filip petét akòz li te pote yon non grèk oubyen paske li te gen kék kontak ak Grèk ki t’ap viv nan zòn yo rele: dis-vil yo.

B. ANONSE LANMÒ SOVE A.

Lè Jezi fin resevwa mesaj la, li reyalize ke volonte pou Grèk yo chache l’ se siy ke lè l’ te rive pou li glorifye, ki vle di, bay lavi l’ sou kwa a. Sa k’ fè Jezi te reponn Filip ak Andre: « Kounyeya, lé a rive pou moun Bondye voye nan lachè a resevwa Iwanj ki pou li a. Sa m’ap di ou la, se vre wi: yon grenn ble ap rete poukont li toutotan li pa tonbe atè pou l’ mouri. Men tou, si l’ mouri l’ap bay anpil grenn » (v. 23, 24). Jezi se grenn lan ki te dwe mouri pou pèmèt anpil moun kapab sove. Jezi vle pou tout kretyen rayi lavi yo pandan yo sou tè a. Se sèl fason pou yo kapab konsève l’ pou lavi ki p’ap janm fini an, epi tou, pou yo kapab avèk Kris la ki te leve vivan nan lanmò. Eske sa vie di ke chak kretyen dwe konnen yon lanmò tankou yon mati menm jan ak Kris la? Non. Sèlman kèk kretyen kapab soufri yon lanmò konsa. Seyè a vle di ke nou bezwen renmen I’, obeyi volonte l’ plis pase nou chache entere pwòp tèt pa nou. Plis pase sa, nou dwe swiv li (v. 26).

APLIKASYON: Malgre soufrans lakwa a te pwóch Seyè a, li klè ke Seyè a te plis vize laglwa oubyen Iwanj ki t’ap tann li aprè soufrans lakwa a Konsa, olye li di: Lè a rive pou l’ mouri, li di pito: « Kounyeya lè a rive pou moun Bondye voye nan laché a resevwa wanj ki pou is Ann apranus minimize traka ak soufrans ke nou ka jwenn sou wout nou pandan n’ap fikse je nou sou laglwa nou va jwenn le Kris va vin chèche nou

II. ATITID JEZI DEVAN LANMÒ LI KI TE PWÓCH (v. 27-36) Jezi te twouble. Li te kapab twouble pou plizyè rezon tankou

1) Paske li se moun tankou tout lot moun ki toujou twoubledevan tanmò, silou yon lanmò sou takwa.

2) Paske lanmò sou kwa a to pral separe l’ ak Bondye

3) Paske li te pral soufri gwo kolé Bondye akoz tout pechelemonn Apot Pol ekri: Kris la pa t’janm fé okenn peche, men Bondye fe pran só nou sou li, yo trete l’ tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras (2 Kor. 5:21).

A. LI TE OBÉIYI VOLONTE PAPA IL.

Jezi te gen volonte obeyi Papa I jouk nan lanmò. Aprè Jezi fin souliye ke se pou l’ te soufri li te vin sou tè a, li di: Papa, fè wè pouvwa ou non! Sa se mak bon volonte li pou obeyi Papa I jouk nan lanmò. Papa te reponn lè yon vwa soti nan syèl la, li di: « Mwen fé wé pou- vwa non mwen deja. M’ap fè wè l’ ankò (v. 28).

Li te enteresan pou note ke gen 3 okazyon Bondye Papa te pale ak Pitit la yon fason piblik konsa: se te nan batêm Jezi a (Mat. 3:17), nan transfigirasyon an (Mat. 17:5) epi nan okazyon sa kote lanmo Kris la te pwòch (Jan 12:28).

B. VALÉ LANMÒ KRIS LA

Kisa lanmò Jezi a te reprezante menm? Se te yon jijman pou moun sou té a epi yon defèt pou Satan. Lanmò Jezi sou kwa a, re- zireksyon ak monte li nan syèl, se te tou eleman ki pote anpil moun mete lafwa nan li, epi ki pèmèt yo antre nan prezans Bondye. Konsa, se yon viktwa pou tout kwayan, Jwif tankou moun ki pa Jwif, nenpòt lang ke yo pale (v. 31,32). Jwif yo te konprann ke moun Bondye voye nan laché a (Jezi) ta dwe viv pou toutan selon lekti yo fè sou Danyèl 7:13,14. Yo pa t kapab konprann kesyon pou Jezi mouri a, si l’ se Mesi a (v. 34). Yo te bliye kijan Ezayi te pale sou Mesi a ki ta gen pou bay tèt li an sakrifis pou peche lèzòm (53:12). Devan ministé térée Kris la ki te fini, Jezi te di Jwil yo pou ye mache nan limyè a pandan limyè a te avè yo. Limyè a se Kris la menm (v 35) Li fè menm apèl la, lé r di « Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l’ lan, pou nou kapab moun limyè a ( 36) Donk, mache nan limyè a se mache nan konfyans nan Kris Anfas lanmò, ann toujou prêt pou obeyi Bondye jan Jezi te 16. menm lè se difisil. Epi lemonn bezwen konnen set limy a se Jez Rete viv nan peche, dezobeyisans, se rete nan teneb. Men, kon fyans nan Kris, mache ak li, se mache nan limyè. Ann viv pou fe lemonn konnen sa

KONKLIZYON: Tankou Grék yo te fè, lézòm nan tan jodi a bezwen chache Jezi. Yo bezwen chache kontre ak II. Li te moun nan plas nou pou te kapab ban nou lavi. Nou bezwen gen krent, sa vie di gen gwo respé pou 1. Devan lamò li te deside, li te pasyone menm pou mouri paske li te ren men nou menm si l’ te enpe twouble. Ann obeyi Bondye jan Jezi te fa Ann viv nan limyè pandan n’ap voye jete tout fom peche ki se gwo tené

DEVWA YO.

  1. Ki kalite moun Grèk ki t’ap chache Jezi yo te ye?
  2. Kóman yo te rele yo?
  3. Kijan yo te fè pou pran kontak ak Jezi?
  4. Kisa Jezi te reponn Filip ak Andre sou demann Grèk yo?

5 Ki fason yon moun kapab konsève lavil pou lavi ki p’ap janm finian?

  1. Kisa Seyè a vle di sou sijè sa a daprè leson an.
  2. Bay 3 rezon ki kapab köz Jezi ta twouble devan lanmò li a?
  3. Bay 3 okazyon Papa a te pale ak Pitit la piblikman?
  4. Kisa lanmò Jezi a te reprezante?
  5. Kisa « mache nan limyè a vle di »?

👇🏼👇🏼👇🏼
TeleGram
http://t.me/zlinfo

LEÇON DOMINIKALE POUR CE DIMANCHE 8 JANVIER 2023/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 8 JANVYE 2023.
Nimewo Internet lan se 33687899 Natcom li ye.

TIT: Bèl akèy pou Jezi nan Jerizalèm

LEKTI: Jan 12:9-19

TELS DO: Lè sa yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t’ap plede rele: Lwanj pou Bondye. Benediksyon pou moun ki vini nan non Met la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la. Jan 12:13.

ENTWODIKSYON: Atmofè ki te antoure Jezi nan dènye semenn li sou tè a te chaje ak emosyon. Zanmi Jezi yo t’ap tann pou Mèt la monte sou pouvwa, yo t’ap tann yon gwo ekla pouvwa li. Jezi te gentan montre yo twò souvan se Mesi pèp Izrayèl ap tann lan li ye vre. Si kèk nan zanmi I’ yo te gen ti dout toujou, rezireksyon Laza nan lanmò a te efase dènye dout la, paske Jezi te leve l’ lè kò li te kòmanse dekonpoze. Evènman sa ta pral kondwi ak gwo konplo kont Jezi avèk Laza, men tou ogmante kantite patizan l’ so. Ann swiv.

I. YON KONPLO KONT LAZA (vs. 9-11).

Nouvel sou rezirèksyon Laza nan lanmò te atire anpil moun vin jwenn Jezi. Vėsè 9 la di, se te yon gwo foul moun ki te vini Betani.. Moun yo ki te vin nan fèt la Jerizalèm te deside ale Betani pou 2 rezon sa yo: We Jezi ke temwayaj li gaye toupatou a, epi wè Laza ke Jezi te fe leve soti vivan nan lanmò a. Admirasyon pou Jezi akoz mirak rezireksyon Laza a, mete ak elan sa vin pran pandan peryòd fèt la, fè ènmi an te deside ranföse plan pa li. Chef prèt yo te vin pran desizyon pou touye non sèlman Jezi men Laza tou. Poukisa Jezi ta merite lanmò? Poutèt twop byen li te fè yo? Poukisa Laza te merite lanmò? Paske li jwenn favė Kris la ki ba I lavi? Paske anpil moun t’ap mete konfyans yo nan Kris la ki montre puisans li sou lanmò? Sa se vrèman yon gwo fènwa, yon espri mechan ki te vlope chèf prêt yo. Jouk jodi a, espri mechan sa ap travay nan anpil moun. Gen kretyen ki anba gwo pèsekisyon poutèt benediksyon. Chef Jwif yo ap fè konplo sou benediksyon yo jwenn nan men Seyè a. Gen lót kretyen ki anba pèsekisyon poutèt pouvwa levanjil ki nan lavi yo lakòz lòt moun ap mete lafwa nan Bondye. Ann toujou kenbe fèm paske avèk Jezi n’ap tou- jou plis ke venkė.

II. ANTRE TRIYONFAL JEZI NAN JERIZALÈM (v. 12-19).

Antre triyonfal Jezi a nan Jerizalèm se youn nan evènman tout 4 Levanjil yo rapòte. Sa montre enpòtans evènman sa a. Li te fèt dimanch ki te vin anvan fet Pak la. Nou vle separe etid nou sou gran evènman sa a nan 2 gwo pwen:

A. Preparasyon yo pou gran antre sa a.

Alòske lènmi ap fè plan kont Jezi pou te touye li, gwo foul moun ki te soti Galile ak nan divès kwen nan Jide te mobilize pou akayi Jezi nan yon anbyans ké kontan. Lè nou li sa Jan ekri sou evènman sa a sèlman, nou gen enpresyon se foul la ki te fè resepsyon sa a pou Jezi. Le foul la te pran nouvèl Jezi sou wout pou vin Jerizalèm, yo pa rete tann Jezi, y’al kontre l’ (vs. 12,13,18). Men lè nou li sa lot 3 levanjil yo ekri, nou wè Jezi te fè kèk preparatif anvan an. Li te voye

2 nan disip li yo al chache yon ti bourik pou li. Disip yo ki te gen pou chache bourik la, pa t’ konnen sa Jezi ap fè ak bèt la. Okenn nan disip yo pa t’ konprann sa k’ pral fèt (v. 16), ni Jezi pa t’ eksplike yo anyen nan moman sa a.

Te gen plis Jwif ki te vini Jerizalèm pou fèt Pak la pase pou okenn lot fet. Trant lane apre lanmò Jezi, yon gouvèné women te fè konte ti mouton yo ke yo te touye pandan fèt Pak la, yo te konte 250 mil mou- ton. Dèske yo te konn touye yon mouton pou chak 10 moun, sa fé nou konnen, pou yon fèt Pak nan tan Jezi a te konn genyen anviwon 2 milyon edémi moun nan lavil Jerizalèm. Sa vle di, lè Jezi te antre Jerizalèm nan epok sa a, vil la te chache moun ki te soti tout kote.

Pitit Pitit David la te prepare gran antre l’ Jerizalèm. Bourik la te la epi pa t’ manke moun ki pou resevwa Wa a. Se pou n’ toujou selebre Seyè a nan kè nou.

B. Antre a ak siyifikasyon aksyon yo.

Pèp la te al kontre Jezi avèk fèy palmis ki se senbòl lajwa, kè poze ak viktwa. Lè yo rive kote Jezi ye a, disip yo te gentan mete rad yo sou ti bourik la epi Jezi te gentan monte bèt la. Nan yon gran akey ofisyèl yon wa, yo konn mete yon bèl tapi sou wout la pou wa a mache sou li. Pa t’ gen tapi pou Jezi. Se sa k’ fè disip yo ak anpil lót zanmi Jezi yo te retire gran rad yo epi louvri yo sou wout la (Mak 11:8). Rad yo te sèvi kòm tapi pou Jezi.

Jezi kite pèp la fete l’ kòm Wa pèp Izrayèl la, li aksepte adorasyon yo, yon adorasyon ke sèl Bondye merite. Se konsa Jezi fè tout moun wè divinite li.

Pèp la t’ap rele: « Lwanj pou Bon- dye. Benediksyon pou moun ki vini nan non Mét la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la » (v. 13). Lwanj pou Bondye a tradui Hozana ki vle di daprè lang Jwif yo: « Sauve maintenant ». Donk Jwif sa yo te montre yo kwè ke Jezi se moun Bondye voye pou sove yo, pou te sove yo anba opresyon Women yo.

Yap chante pou Jezi Bèl akèy sa tonbe dakò ak pawòl pwofèt la ki te di: « Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon fè fèt, fè gwo fét! Noumenm moun lavil Jerizalèm rele, chante tèlman nou kontan. Gadel Men Wa nou an ap vini jwenn nou… li monte yon bourik, yon ti bourik dèyè manman
(Zakari 9:9).

Te gen kèk farizyen nan foul la ki te di Jezi: « Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non » (Lik 19:39). Sanble yo te panse disip yo te egzajere ak sa yo t’ap di a. Men Jezi te reponn farizyen yo: « Map d nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele » (19:40).

Lik di ankò, lè Jezi te rive toupre lavil Jerizalèm, dio te soti nan je T. Jezi t’ap kriye pandan pèp la t’ap chante lwanj pou li (Lk 19:41 44). Jezi te kriye, paske li te kon- nen sa k’ va rive pi fò moun nan vil la. Nou kwè, an konparezon gran foul moun ki te genyen nan vil la lè sa a, se te yon ti ponyen moun ki t’ap chante pou Jezi epi adore li. Pi fò Jwif yo, epi sitou chèf Jwif yo ak lidè relijye yo pa t’ vle kwè nan li. Li te konnen, nan 5 jou sèlman, moun lavil Jerizalèm yo ap rele « krisifye li, » epi apre 40 lane, Women yo va det- wi tout vil la, yo p’ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt. Jezi ap kriye pou Jerizalèm

Pèp la t’ap chante pou Jezi paske yo te kwè Jezi ta prale nan palè wa pou pran pouvwa sou peyi a. Men olye pou l’ te fè sa, li te fè bourik la ale nan direksyon tanp lan. Se la l’ te desann epi li te antre nan tanp lan. Mak di, « li te voye je l’ sou tout bagay. Apre sa li t’ale Betani avèk douz disip li yo paske li te vin ta’ (11:11). Li posib, lè pèp la te wè kote Jezi te ale, yo pa t’ chante fò ankò, epi lè Jezi te antre nan tanp lan, yo te tounen lakay yo. Yo pa t’ konprann menm jan disip yo pa t’ko konprann. Poutan, paske Jezi te antre Jerizalèm sou yon jenn ti bourik epi san okenn zam, yo te kapab konnen, Jezi pa t’vini pou ranvèse gouvènman peyi a; li te vini kòm prens lapè pou etabli yon wayòm espirityèl.

KONKLIZYON: Ann di Bondye měsi ke nou kapab fe pal wayom espir sa a. Epi sonje, nou dwe toujou prêt pou te wang Sové a aktame kom Wa dabò nan lavi nou, apre sa tout kote nou pase, jouktan nou va we epi adore I pou toutan nan syèl la

DEVWA YO.

  1. Ki 2 rezon moun ki te vin Jerizalèm yo le vie ale Betari
  2. Poukisa chèl prèt yo te pran desizyon pou ta touye non seman Jezi men Laza tou?
  3. Kisa ki fè nou konnen antre tryonfal Jezi nan Jerizalèm se yon even man tre enpòtan
  4. Kisa ki fè nou konnen konbyen moun anviwon ki te kon vini Jerizalèm pou fete fèt Pak la?
  5. Avèk ki bel pawòl yo te akeyi Jezi nan antre trionfallavil Jerizalm
  6. Kisa Ny palmis yo senbolize?
  7. Ki siyifikasyon ekspresyon Hozana?
  8. Pou ki rezon Jezi t’ap kriye lè l’ te rive toupre Jerizalém?
  9. Eske disip yo te konprann sans « antre triyonfal » Jezi lavil Jerizalèm lan?
  10. Ki kote antre triyonfal la te rive nan bout li? ZOUTI LEVANJIL
    +50946879719

Le Pasteur Armel Lafleur est stoppé pour 5 ans de toute pratique ministérielle ou pastorale

Après les mesures d’interdiction de départ émises à son encontre, le pasteur Amel Lafleur est désormais interdit de toute pratique ministérielle et/ou pastorale pour une période de cinq ans par le ministère des Culte

Le pasteur Amel Lafleur est sanctionné par le ministère des Cultes après ses comportements à caractère sexuel jugés scandaleux devant les caméras et les fidèles de son église.

Le media chretien Américain CHRISTIAN POST est débloqué par Twitter après 9 mois bloqué

© DRLe géant des réseaux sociaux a rétabli le compte du média chrétien américain Christian Post, soupçonné de «conduite haineuse», après 9 mois de suspension le 31 décembre.

tant qu’homme. Il avait été présenté sur Twitter, mais presque immédiatement interprété comme le signe d’une potentielle «conduite haineuse».

«Notre compte Twitter vient d’être rétabli après une suspension de neuf mois parce que nous avons qualifié, correctement, [Rachel Levine] d’homme -et nous avons refusé de retirer cette vérité», ont annoncé les rédacteurs du Christian Post dans une série de tweets. «En tant que journalistes, nous sommes conscients de notre obligation éthique de fournir l’exactitude plutôt que le récit, et la vérité plutôt que l’opinion. Appeler un homme un homme est une vérité scientifique, pas une opinion», ajoutent-ils.

LEÇON DOMINIKALE POUR CE DIMANCHE 1ER JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 1 JANVYE 2023.
pataje leson an ak lot moun osi.

TIT : Yon gwo resepsyon pou Jezi nan Betani.

LEKTI: Jan 12:1-8

TEKS DO: Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fos nou, Detewonom 6.5

ENTWODIKSYON: Elid nou sou liv Bon nouvel Jan an lane pase nou te admire gwo pouvwa Jezi sou maladi n’ yo, pouvwa li sou leve nan lanmò moun ki mouri, bonte li nan pran swen moun, kote Nap kontinye ak seri etid nou sou liv sa pandan n ap chache reyalize ke Jezi se Pitit Bondye a, epi Bondye tout bon an ki merite onè ak tout wanj nou: Se pou Bondye kontinye beni nou ak Lespri li pou nou konprann Pawòl li a.

I. SIKONSTANS YO NAN BETANI (vs. 1-2).

Depi lontan Jezi te sou wout pou al lavil Jerizalèm. Li te pran anpil tan pou denye wout li depi lakay li lavil Kapenawóm nan Galile jouk lavil Jerizalem ki te nan peyi Jide (Lik 9:51; 13:22, 17.11) Dénye vill li te travése avan l’ te rive Betani se te Jeriko kote te gen Batime epi kite gen Zache vin jwenn li

A. Relasyon Jezi ak Betani.

Betani te yon ti bouk ki toupre ak Jerizalèm, 3 kilomét de distans konsa. Betani te yon kote Jezi te renmen ale anpil pandan ministè li paske li te gen plizyè bon zanmi la. Nou deja konnen Mat, Mari ak Laza, epi nan okazyon n’ap etidye jodi a, nou fè konesans a Simon ki sanble yon lot bon zanmi Jezi.

B. Yon resepsyon pou Jezi lakay Simon. Simon te prepare yon bèl resepsyon pou Jezi lakay . Simon te yon nonm ki te gen maladi lèp (Mak 14:13). Asireman, misye pat Igen maladi sa a ankó, paske li pa ta ka rete lakay li sil te malad toujou. Nou kwè Jezi te geri li yon jou. Se sa k fè Simon prepare resepsyon sa a pou li, menm jan Levi te fè l’ lè Jezi te bal apel pou swiv li. Nou kwè paske te gen anpil moun ki te rele Simon nan tan sa a. yo te rele Simon sa a « le lépreux » toujou Mat. Mari epi Laza te la tou. Se Mat ki t’ap sèvi manje a (v. 2.3). Sa fè panse ke yo ta kapab fanmi ak Simon, oubyen Mat ta petèt madanm Simon, oubyen lafwa yo nan Jezi te mare yo ansanm. Menm le resepsyon an te fèt, te gen anpil moun ki te vini Betani pou okazyon fet Pak la, paske yo te vle wè Jezi, ak Laza tou ke Jezi te leve nan lanmò (Jan 12.9) Sa vie di. Betani te chaje ak vizite ki te deja rive nan zòn lan pou okazyon fet Pak la. Se moun sa yo ki nan denmen va chante Iwanj pou Jezi lé l’ap antre Jerizalèm sou yon jenn ti bourik (12:12).

II. ADORASYON MARI POU JEZI (vs. 3).

Pandan resepsyon an, yon bagay espesyal te rive: Mari te pran yon boutèy pafen ki koute byen che, li te videl sou tét Jezi (Mak 14:3; Matye 26:7) ak sou pye I’ yo epi li te siye pye yo ak chevel

A. Siyifikasyon aksyon Mari a.

Sa te konn fèt nan tout gwo resepsyon (Som 23.5: Pwov 27:9). Men nou kwè sa Mari te fè a te gen plis siyifikasyon pase sa Nan tan Ansyen Testaman an, nan moman apel oubyen inogirasyon an, yo te konn vide Iwil sou tét wa, pwofèt ak prêt; epi yo te menm pase Iwil sou tabénak la nan seremoni inogirasyon an. Mari te kwe Jezi se Mesi a, sa vie di li se « Pitit David la » ak « Pwofèt la ke Bondye te pwomèt pou voye a. Nou kwè se poutèt sa li te sakrifye pou Jezi gwo kantite lwil sa a ki vann tèlman chè. Disip pa kontan ak sa Mari ap fè
. Epi Bondye te sèvi avèk li pou li pase Iwil nan tèt li anvan Jezi va antre ofisyèlman nan lavil Jerizalèm kom Wa ak Mesi Bondye te pwomèt pèp li.

B. Mari imilye li devan Seyè a..

Men Mari pa t vide lwil la sèlman sou tèt Jezi, li te pase l’ sou pye Jezi tou. Epi li te demare cheve li epi siye pye Jezi yo avèk yo. Sa te yon bagay ekstraodinė ki pa t’ konn fèt nan sosyete a. Selon tradisyon jwif la, yon fanm pa t ka parèt nan piblik san tèt li pa f’ kouvri epi cheve yo te dwe mare. Lè Mari te fè sa devan tout moun, sa montre li bay tout limenm pou Jezi, li imilye tèt li pou onore ak renmen Jezi ak tout kè li, tout nanm li ak tout fos li jan Bondye te kòmande pèp li pou renmen li (Det 6:5). Li fè sa malgre li konnen anpil moun ap kritike I’ pou sa. Ofrann sa a aprann nou:
pi presye, pi bon ke

a) Jezi diy pou resevwa ofrann nan sa ki nou genyen.

b) Li diy pou resevwa ofrann pwop tet pa nou.

c) Lemonn kapab pa konprann ni dakó ak ofrann ke n’ap fè pou Bondye.

ill. KRITIK AK MANK L’AMOUR BO NOTE DISP YO (vs. 4-7).

A. Yo kritike Mari

Gen moun ki te la ki pa t’ kontan, pa sèlman Jida (Mak 14:4). Jida te menm rive di Poukisa yo pa l’ vann Iwil sa a pou 300 « deniers pou yo ta bay pov yo lajan sa a? (Pawol sa yo pa t’ sense lè n’ gade vèsè 6 la), Nan jou sa yo, yo te konn peye yon ouvriye yon « denier pou yon jounen travay (Mat 20:2). Sa vle di, pri boutèy lwil ke Mari te vide sou Jezi te gen plis valé pase sale yon lane si moun lan te travay 6 jou chak semenn.

Nan vese 6 la, Jan di Jida pa t’ vle fè kichoy pou pov yo, men te trezorye gwoup la, li pa t’ onet, li te konn pran nan lajan yo. Lite feb devan lajan. Feblès sa a te pote l’ trayi Jezi Sovè a, pita, pou 30 pyes lajan, ki te yon dizyèm nan sa Mari te bay Jezi. Kijan ou ye devan lajan?

B. Jezi apresye aksyon Mari a.

Jezi te akeyi jès Mari a yon fason favorab. Paske I’ te konnen deja nan ki konteks li te pral mouri, li te sèvi ak ofrann pafen sa pou anonse lanmò li. Konsa li di: Kite Mari an repo, kite l’ konsève ode sa a pou jou y’ap mete kò m’ nan kavo a (v. 7). Pawòl sa a te dwe paret etranj pou Mari ak disip li yo, paske yo te toujou ap tann pou Jezi kom Pitit David la ta pran pouvwa politik la nan men li.

Eske nan vèsè 8 la Jezi te apiye oubyen ankouraje povrete? Non t Li te sèlman di: ap toujou gen pov epi sitou ap toujou gen lót okazyon r pou ede yo, men pou limenm lè a te rive pou l’ ale kite tè sa a. Donke devwa espirityèl sa a te byen merite.

Se pou n’ toujou renmen Bondye, ba l’ bon akèy nan lavi nou nan lespri nou, nan kè nou. Ofri l’ bagay ki gen valè pou nou. Sito L pa neglije fè devwa espirityèl nou yo paske okazyon yo konn inik, sa posiblite pou jwenn yo yon lot fwa.

KONKLIZYON: Jezi te diy pou jwenn bon akèy nan men patizan l’ yo nan Betani patikilyèman nan men Mari. Se te tout plezi Mari pou l’ bay Sovè a kado ki byen chè. Ki atitid nou anvè Jezi k’ap viv nan nou? Eske sa nou posede twòp pou nou bay Jezi, pou nou bay pou levanjil la avanse?

DEVWA YO.

  1. Kilės 4 bon zanmi Jezi te genyen nan Betani?
  2. Bay 2 rezon ki ta montre ke Jezi te jwenn bèl akèy nan Betani.
  3. Kisa Mari te vle eksprime lè l’ te vide Iwil ki santi bon an sou tétJezi?
  4. Kisa Mari te fè sou pye Jezi ki pa t’ akseptab nan sosyete jwif la?
  5. Kisa Mari te vle eksprime lè l’ te desann atè pou vide lwil sou pye
  6. Jezi epi siye yo ak cheve 1′?
  7. Kisa Jezi di ki se siyifikasyon sa Mari te fè a?
  8. Kisa ofrann Mari te fè a aprann nou?
  9. Kilės Jida te ye daprè leson an?
  10. Eske Jezi apiye oubyen ankouraje povrete?
  11. Fè yon konparezon ant Mari ak Jida. ZOUTI LEVANJIL
    +50946879719