Archives mensuelles : mars 2020

KORONA MALADI DIRIJE, LEGLIZ PRAN KOU, KRETYEN ABANDONE.

KORONA plis Ke yon maladi, plis Ke sa nou menm ka imajine, selon tout enfomasyon ki bay sou maladi sa ta sanble se an Chine yo jwenn li nan manje vye bèt, men gen lot pawol kap pale de maladi sa, yo menm di se zam lot peyi ap seye…mwen menm antan Ke Evangeliste Lindor Enock mwen gen yon lot refleksyon ki petèt diferan de tout sa yap di…. Pou kisa yo di se chinwa yo poutan li deja gen baz li nan tout peyi? Pou kisa maladi sa a gen yon sèl deviz kise FÈMEN? tout peyi fèmen pòt yo youn lot, e jounen jodia menm Legliz antre nan lojik femen an. Eskel posib ? Non!

Legliz se sèl enstans ki Pa dwe fè lach an fas okenn maladi, okenn dezas, okenn evenman natirèl ak sinatirèl , men jodia nou wè Legliz fayi, li pran kou nan feblès li.

KORONA ale pi lwen Ke epidemi, andemi, pandemi. Viwis sa plis Ke tout sa nou imajine . KORONA se yon misyonè ki gen misyon poul divize, separe, dekole, mete aleka. Tout moun jodia se yon kesyon de 2 mèt de distans, menm manman pè pitit yo, tousa pou yon senp KORONA.

Prevansyon yo bon pou evite ris yo, men prevansyon Pa mande pou nou kanpe lwen Bondye, pandan nap priye a fok nou veye . Pa bliye, devan sa ki gen pou vini KORONA se yon Ti chif, mwen mande pou nou resezi konfyans nou nan BONDYE, pawol Bondye se verite li ye, Pa gen manti, nou Pa bezwen pè okenn maladi kap tonbe sou moun gwo midi, men pou kisa Legliz oblije fèmen pot li osi? Legliz ta dwe fonksyone an pèmanans, jodia se li ki dispèse an premye .

Jodia tout Bib fèmen akoz yon Ti maladi, ebyen mwen swete Pi devan nou Pa wont devan Bondye. Maladi sa fè tout moun medsin , tout moun ap eseye chèche prop dòz Pa yo, yo bliye si solisyon an se JEZIKRI li ye.

Jodia mwen konseye nou lave men nou, propte anviwonman an, mwen Pa vle nou dezobeyi konsèy otorite yo.
Men, pi gwo prevansyon nou gen pou’n pran kont epidemi yo se Kache anba zèl JEZIKRI, gen maladi anvan lontan ki gen pou rive sou nou kap pi vyolan Ke sa. Profite okazyon sa pou’w remèt lavi’w bay Bondye anvan sa pi dejenere .

Mwen vle pou nou sezi konfyans nou, relouvri Bib nou ak fòs, fonksyone a moun tankou moun, Pa trete moun mal . separe sa nou genyen a lot ki Pa gen anyen, Kontinye priye youn lot, paske JEZIKRI Pa lwen vini. Pa kite maladi domine nou, se LespriSen an ki dwe domine nou, wete tout dout ak Perez nan lavi nou, siw poko fè lapè a JEZIKRI profite titan sa avan’w mouri, siw te separe a Bondye Pa kite okazyon sa pase. Mete w dakò ak mèt ou.

Ekri m ou relem sou +50946879719