Archives mensuelles : avril 2019

LEÇON DOMINICALE POYR CE DIMANCHE 28 AVRIL 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Byenfè espirityèl nou jwenn nan Kris la

Lekti: Efěz 1:1-14

Töks dò: M’a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n’a tankou pitit gason m’ ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.
2 KORENTYEN 6:18.

ENTWODIKSYON: Jodi a n’ap kòmanse yon seri etid sou lèt Efezyen ki gen pou tem: « Legliz se ko Kris la. » Pol te ekri lèt sa nan komansman lane 60 yo pandan li te nan prizon lavil Wom. Lèt sa a gen yon ansèyman nan 2 dimansyon: doktrinal Ansèyman sa a chita sou pozisyon kwayan yo nan Kris ak konpótman yo dwe genyen nan lavi yo chak jou.

Li konsènen kretyen Efez yo ak tout kwayan nan Kris, tout moun ki fe pati legliz Jezikri a toupatou sou té a. Konsa, nou swete tout pěp Bondye a yon atansyon pandan n’ap wè ansanm premye leson nou jodi a ki pale sou byenfè nou jwenn nan Kris la

I. PAPA A CHWAZI NOU
(1:3-6) Pòl prezante tèt li epi deziyen destinatè yo nan kòmansman lèt la, menm jan li toujou fè nan tout lèt li yo. Destinatè yo se tout moun ki mete lafwa yo nan Bondye, ki sanktifye nan Kris, ki se fidèl oubyen patizan I’ nan vil Efèz, nan Lazi ak tout lòt kote yo akeyi Bon Nouvèl la.

Apre sa li swete yo benediksyon ak kè poze nan Bondye, ak nan Jezikri
A). Lwanj pou Bondye pou sa li fè pou nou Gwo koze a kòmanse nan vèsè 3a. Apot la pran eksplike kalite benediksyon kretyen yo genyen, byenfè ki se fwi travay 3 pèsonn Ki fome trinite a: Papa, Pitit la ak Sentespri a. Avan I’ prezante travay Papa a, premye donaté benědiksyon espirityèl yo, apòt la mande pou’n béni Bondye.

Mo grèk ki tradwi beni an vle di: pale byen, fè lwani, rann onè. Sa vle di nou dwe pale byen pou Bondye, fè Iwanj li pou benediksyon li ban nou nan syèl la pou n’ ka viv sou tè a yon jan ki fè plezi

Benediksyon sa pa yon bagay materyèl ou kab touche oubyen perisab. Li se richès envizib, espirityèl, ki la pou toutan ke Bondye ban nou nan Kris la

B). « Travay Bondye Papa a pou nou ».
Pran vèsè 4 rive vésè 6, nou jwenn travay Papa a. « Konsa: Li chwazi nou pou n’ sove depi avan li te kreye tout bagay.

Mo tewolojik la se: Eleksyon (aksyon souverèn Bondye). Se yon chwa ki fet an rapò ak konesans li genyen davans sou konfyans ke chak moun

  1. li chwazi yo te pral mete nan Kris lè yo tande mesaj levanjil la.

Poukisa menm Bondye chwazi nou? Enben, li fè sa pou n’ viv apa pou li epi san repwòch 4), menm jan ti mouton yo te konn ofri bay Bondye nan ansyen kontra a te dwe san defo ak san tach .

  1. Lot eleman nan travay Papa a se: chwazi nou davans (predestinasyon) nan Kris, pou n’ vin pitit li adopte selon amou’l bòn volonte l’. Ala yon gwo lanmou pou nou ki pechè gen privilej devni pitit gran Wa a!

Eske ou konn pran yon ti tan pou reflechi sou kalite lanmou sa a Papa a gen pou nou? Reflechi sou sa kounye a Nan ki motif Bondye aji konsa anvè nou?

Se pou n’ kab ba li glwa pou tout favè sa yo l’ ba nou nan Kris, Pitit li a (v. 6) Pandan n’ap sonje kijan Mari ki te jwenn anpil favè nan Bondye (Lik 1:28), li te fè lwanj Bondye pou gwo favé sa (v. 46-55). Nou dwe anime avėk bon jan dezi pou n’ fè lwani Bondye pou tout byenfè sa yo nou jwenn nan men li tou

Il. PITIT LA RACHTE NOU.
(7-12)
A). Gwo kado kwayan yo iwenn nan Kris Youn nan gwo kado nou jwenn nan Kris, kado ke Pòl souliye nan pasaj sa a, se: redanmsyon nou. Mo sa a ki gen orijin grek ki vle di Liberasyon gras ak yon pri ki peye

Tewolojikman sa tradwi fason nou libere Anna peche gras ak san Kris la ki vèse sou kwa a pou peye dèt nou, konsa redanpsyon an pote padon pou tout peche san manke youn, paske gras fè a rich anpil epi I’ san fen (v7) sajès pou konn plan Bondye.

Gras sa rive ban nou sajès ak entėlijans pou n’ konnen sekrè mistè plan Bondye gen pou reyalize lè I’ va reyini tout bagay ki nan syěl la ak sou tè a anba otorite Kris kom sèl chèf (v. 8-10). Sa bon pou n’ konprann ke Pol pa t’ vle anseye kretyen Efèz yo yon sali inivěsèl (v 10), men pito yon dominasyon Kris sou tout sa ki egziste toupatou, vizib ak envizib.

Sa va fet nan wayom ki gen pou vini an, epi k’ap dire mil lane (Pwov. 20:2-4). Se va jistis paske se Kris ki te kreye tout bagay, se pou li yo ye, se li ki kenbe yo (Kol. 1:16-17) epi se li menm ki eritye yo (Ebre 1:2)

C. Yon eritaj nan syel la Nan vèsè 11 ak 12, apot la montre koman lè Kris rachte jwi yo se pa selman redanmsyon ki bay fwi padon, yo jwenn. Yo gen aksè tou ak yon eritaj nan syèl la granmėsi Kris la (v. 11).

Jwif sa yo, se sila yo ki te mete konfyans yo nan Kris la lè nesans relijyon Kris la, malgre majorite pèp Jwif la te voye Sovè a jete (Jan 1:11-12) Nan ki motif kategori Jwif sa yo benefisye kalite eritaj n’ap pale la a? Se pou yo bay Bondye glwa. Jwif sa yo gen pou al patisipe ak Kris nan glwa li pandan wayòm mil lane a (Rev. 20:4). Yo va reye ak li pandan ke rès nasyon Jwif la pral tounen vin jwenn Bondye pou jwi benediksyon wayòm Kris la sou late. Ala yon gwo jou sa va ye!

III. SENTESPRI A SELE NOU.
(v 13-14) Se pa sèlman kwayan Jwif yo ki gen yon eritaj nan Kris. Kretyen payen nan Efèz epi toupatou gen menm eritaj sa tou. Sa parèt klè nan vèsè 13 ak 14 la

A. Apresyasyon Sentespri a. Lè yon moun tande Bon Nouvèl la epi li kwè nan Kris kòm sèl Sovè li, Bondye bay moun sa a Sentespri li. Se akonplisman pwomès li te fè nan Joèl 2:28 epi Kris te fè l’ tou nan Jan 16:7. N’ap note ke Sentespri a gen 2 gwo apresyasyon nan těks la: yon so epi yon gaj Kom so (oubyen etanp) nan lavi yon kretyen, Sentespri a tradwi omwens 5 bagay: sekirite, otantifikasyon, apwobasyon, verite epi pwopriyete. Kom gai, li tradwi omwens 5 bagay tou: avalwa, garanti, asirans, kosyon epi prèv.
Gen yon lot leson nan 2 tèm sa yo. Kom so oubyen etanp, Sentespri a endike non sèlman nou se pwopriyete Bondye, men tou, nou an sekirite pandan n’ap mache vè bèl eritaj k’ap tann nou an. Epi konm gai, li endike ke Bondye gade an sekirite, eritaj sa a, ki vle di sali avèk syěl (v. 4). Se yon eritaj ki p’ap janm pouri, ki p’ap janm sal ni ki p’ap janm pèdi frechè I’ (1 Pyè 1:4). Rachte. Sa kab gen rapò ak 3 bagay.
a) Kreyasyon an ki te sal ak peche epi k’ap tann Kris tounen poul fin delivre nèt.

b) Kò nou k’ap tann retou Kris pou l’ transfome, pou l’ sanble ak ko glorye pitit Bondye a (Wom 8:23) .

c) Legliz k’ap tann anlèvman li pou I’ paret devan Kris san defo ni tach ni okenn pli ni okenn mank (Efèz 5:27) Nenpôt konsiderasyon ki ta valab la, li klè ke travay Sentespri a se pèmèt nou fin delivre nèt nan denye jou a. Men, se nan ki motif Sentespri a aji anvè nou konsa?

Repons lan rete toujou: pou selebre glwa Bondye (v. 14b), menm jan sa ye pou travay Papa a (v. 6) ak travay Pitit la (v. 12).

KONKLIZYON: Li klè ke nou jwenn gratis byenfè Bondye yo eleksyon, predestinasyon, redanmsyon, padon, sajès, entelijans. Sentespri, ak yon bann lôt ankò, pandan n’ap mache ak Bondye. Eske nou konn pran tan pou n’ konte byenfè Bondye yo epi beni norn li pou yo? Sinon, jodi a se lè pou n’ pran desizyon fé sa epi fè li chak jou nan lavi nou.

DEVWA YO
1. Ki tèm let Efezyen an?

  1. Kisa ekspresyon: « beni Bondye » vle di, daprè lęson an?

  2. Ki 2 eleman nou jwenn nan travay Bondye Papa a te fè pou nou?

  3. Nan ki motif li te fè n’ tout byen sa yo?

  4. Kisa « redanmsyon » vle di? Epi ki fwi li donnen?

  5. Anplis redanmsyon, ak kisa Jwif yo gen aksè anko?

  6. Ki 2 gwo apresiyasyon yo fè sou Sentespri a?

  7. Ki 5 bagay mo SO oubyen Etanp tradwi?

  8. Ki 5 bagay mo gai la tradwi?

  9. Ki ankourajman leson an pote pou nou? Eske ou ap fè sa?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 21 AVRIL 2019. / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ.

Tit: Otorite relijiye yo konwonp gad yo

Lekti: Mat. 27:62-66: 28:5-15, Jer. 239-14

Teks dò: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vólo kò a pote ale lannwit antan nou t’ap domi. Matye 28:13

ENTWODIKSYON: Nan dènye leson nou, nou te fè rankont ak yon fanmi Kowonpi. Se te fanmiy wa Akab. Pevésyon fanmiy wayal sa a, gwo degre koripsyon l’ yo, te pote I’ fè konplo pou touye Nabot. Epi yo te pran bèl jaden rezen li an. Jodi a, n’ap wè koman koripsyon an etann branch li. N’ap wè nan domèn relijye kijan kèk lidè te asosye yo ak kek chèf fanmiy pou konwonp gad ki te temwen rezireksyon Sove a Gad sa yo te dwe temwaye kont verite rezirėksyon an.
Ann etidye leson an ansanm!

l. KORIPSYON NAN LAVI LIDÈ RELIJYE YO (Jer. 23:9-4)
A. Tradisyon koripsyon lakay lide Jwif yo Depi lontan, anpil lidè relijye te souvan fayi nan kalite lidéchip yo nan tèt pèp Bondye, pèp Izrayèl la. Yo pa t’ toujou ka lite modèl ke Bondye vle yo te ye pou pep li a Nan 7è syèk anvan Jezikri, pwofet Jeremi te te viv avek lapenn devan move kondwit fo pwofet sakrifikate yo (Bondye limenm di nan bouch Jeremi: « Pwofet 23:9) yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye « (v. 11a.) Bib fransè a di « Prophètes et les sacrificateurs sont corrompus. » Bondve du ankò ni Profèt ni prét yo, yo tout ap twonpe pép la (Jer. 8:10

B. konsekans move eta Jwif yo,
Li klè lidè jwif yo, lidè relijiye yo te mal enfliyanse pép la. Yo te vire do bay Bondye ye te pédi chemin yo akoz twonpri lidè yo. Bondye te di; yo fè pèp mwen an . Pèp Izrayèl la pèdi chemen’l. (Jer 23:13b) Köm nou konnenl deja pa gen benediksyon ki bay Bondye do se maledlksyon (Jer. 23:10) Noumenm ki, alatét lot yo, noumenm lidè relijye jodi a, kijan nou enfliyanse lòt yo? Eske enfliyanse nou ap kondwi yo sou wout bénédiksyon ou byen malediksyon ?
Eske nou twonpe yo oubyen kenbe yo nan wout volonte Bondye ?

II. TANTATIV LIDÈ JWIF YO POU KACHE VERITE REZIREKSYON AN.
(Matye 27:62-66; 28:5-15)
Fenomèn koripsyon an pa t’ sèlman prezan lakay lidè relijye yo sou tan pwofet Jeremi oubyen anvan sa.

Men, li travèse syèk yo, li rive manifeste nan lavi lidè relijye ak chèf fanmi yo sou tan Jezi.

A. Lidè relijye yo fas ak profesi rezireksyon Kris la. Mtye 27:62-66) Jezi te konn anonse davans rezirèksyon li (Matye 12:40; Jan 2:19).Chèf prèt yo ak farizyen ipokrit yo te konnen sa, men yo pa t kwè nan ansèyman Kris la sou mèvèy sa a. Konsa, yo te chache epi jwenn men Pilat, yon eskwad gad pou te veye kavo Jezi a.Sa te fèt nan bi pou evite disip Jezi yo pran kò a nan nwit epi pou yo di pèp la ke Jezi leve soti nan lanmò (Matye 27:64-65).Nan enkredilite yo sou sijè sa a, yo te menm poze sele sou wòch ki te nan bouch kavo a.
Nou menm ki kwè nan Kris la, ann konsolide lafwa nou chak jou nan Pawòl Kris yo, limenm ki se Bondye tout bon an

B. Verite rezireksyon Kris la Evènman sa a byen prezan nan ekriti tout 4 liv Levanijil yo.
Matye di ke;
a) Yon zanj Bondye te anonse ke Jezi resisite

b) Yon gwoup fanm ki te wè kavo a vid, ta pral wè Jezi anfas;

c) Yo te adore li;

d) Li te voye di disip li yo pou y’al tann li nan Galile, kote yo va wè li (Matye 28:5-10)
Jodi a, nou ka di glwa a Dye, paske avèk Jezi rezirèksyon pa nou asire (1Kor. 15:13)

C. Chèf prèt yo ak chèf fanmiy yo ap fè verite rezirèksyon an opozisyon.
Gad yo te fè rapò yo pou afime reyalite rezirèksyon an.Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo te chwazi konwonp yo, nan ba yo lajan pou fè sikile yon mansonj nan plas verite a.Konsa, sòlda yo te dwe di pito, se disip Jezi yo ki volo ko a pote ale pandan yo t’ap dômi (Mat. 28:12,13) Solda yo te aksepte pran lajan an pou netralize verite a.Yo fè jan yo te mande yo fè sa a.

Konsa, manti a te gaye pami Jwif yo, pandan ke disip Kris yo t’ap pwopaje mesaj rezirèksyon an.

KONKLIZYON: Fòs fènwa a toujou ap travay pou anpeche limyè a Le moun nan koripsyon, li santi se yon benediksyon, men benediksyon sa a atire male.

Li kont tout fom pwogrè. Li pa fasilite lavi. Satan ka sèvi ak lajan pou konwonp moun, pou fè yo anpeche verite fondamantal Levanil la fè chimen l’.Ann veye, ann travay pou fè konnen rezirèksyon Kris la pi plis chak jou.Se baz Bon Nouvel ki bay delivrans tout bon an.Se pou Bondye ede nou!

GLOIRE A DIEU

+50946879719

Kisa fet pak lan ye, ki MOUN ki vini ak fèt sa, pouki Jezikri mouri nan moman pak sa. C’est quoi la pâques ? D’où vient cette fête? C

Konbyen moun kap fete PAK jodia ki konnen reyèlman vre kote fèt sa soti? Nan tèks sa nou pral wè ansanm;
•KI KOTE PAK LA SOTI.
•KISA PAK LA YE.
•POU KISA PAK LA
•KI ENPOTANS LI.

1- Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l’ tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo. Ekzòd 12:14′
Mo PAK (pâques) lan nou jwenn li soti nan yon mo Ebre kise PASCHA, ki sinifi PASE, EPANYE, pak la soti nan langaj ebre yo.

2- Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, n’a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n’ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t’ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t’ fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a. Ekzòd 12:26-27.
Pak la se aksyon oubyen jès ki make peryòd sa pou jwif yo, kote Bondye te itilize pouvwa li pou mete pèp li yan deyò nan peyi Lejip ki tap soufri anba men Fararon an, Pak la se jou endepans pèp Israel anbe pye Ejipsyen yo.

3- Bondye te bay pèp Jwif lan Pak se pou yo ka pa janm bliye kote Bondye soti ak yo epi toujou sonje koman Bondye te envesti tout li menm nan yo, paske Jwif yo se yon pèp apa pou Bondye, Li arive fè gwo dega pou selon
Ekzòd 12:29 Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri..

4- Pak la gen 2 gran enpòtans pou jwif yo, byenke se pa tout ki admèt ak tout enpotans yo.
Premye enpòtans lan baze sou liberasyon reyèl lan sa nou rele endepandans lan, kote yo dwe komemore fèt sa chak ane an lonè de Letènèl . Chak premye mwa nan ane selon Ekzòd 12:18 Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.

Dezyèm enpotans pak la genyen an pa sélman pou jwif yo , men li pou tout Kretyen anjeneral, paske dezyèm pak la pat fèt pou libere yon pèp men se pou liberasyon limanite anba men dyab la. Jan 18:14 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! Pak Jezikri an se liberasyon nou anba pouvwa dyab la. Nou menm osi ki se Kretyen fok nou komemore Pak sa nan tout entegralitel , Kretyen pap fèl chak ane men se chak fwa nou reyini pou nou selebrel Selon 1 Korent 11: 26 Se konsa, chak fwa n’ap manje pen sa a, chak fwa n’ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n’ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l’ vini an. .

Enpotans Pak la nan lavi Chak Kretyen se yon bagay espesyal li ye. Bondye te epanye pèp jwif lan ak san ti mouton an, san sa te koz anyen mal pat rive yo, ebyen pou nou menm ki pa jwif se san Kezikri kap epanye nou anba jijman Bondye pa kite san sa koule pou granmesi li lè li tan pou w proteje vi w anba Jezikri paske sèl moun ki epanye anba kolè Bondye se Jezikri

Jodia mwen pa vlè w pran Pak lan menm jan ak tout moun, men mwen vle w konsiderel tankou Kretyen a chak fwa nap manje pak la ki se komemorasyon lanmò ak rezireksyon Jezikri .

Evangeliste Lindor Enock
+50946879719

UN LIVRE DE MA BIBLE, QUE SIGNIFIE CE MOT, LE SENS DE CE MOT.

Genèse

Au commencement Dieu créa les cieux et la terre. Genèse 1:1

Genèse signifie « commencement ». Le livre de la Genèse traite de la création et de la vie. On y trouve en germe tout ce qui sera développé dans les autres livres de la Bible. Ce premier livre relate de façon admirable, d’une part, la simplicité des premiers temps de la vie sur la terre et, d’autre part, l’introduction du péché et de la corruption dans le monde. Il fait ressortir l’aversion et le jugement de Dieu à l’égard du mal. La Genèse présente prophétiquement l’œuvre de Dieu qui donne la vie éternelle à l’âme par la nouvelle naissance et la promesse de fruits dans la vie du croyant.

On trouve dans ce livre l’histoire de la vie de sept patriarches exceptionnels :

1.1 Adam

Adam présente des leçons de vie et de mort. Il préfigure Christ, car les deux sont chefs de races. Adam est mort, mais Christ est un Chef vivant.

1.2 Énoch

Énoch nous enseigne au sujet de lamarche et de l’enlèvement des croyants. Il marcha avec Dieu. « Par la foi, Énoch fut enlevé pour qu’il ne vît pas la mort… » (Héb. 11:5). Il préfigure les croyants qui seront enlevés à la venue du Seigneur.

1.3 Noé

La vie de Noé illustre les œuvres et lesalut. Ses œuvres furent des œuvres de foi. Il fut sauvé à travers le déluge et introduit dans un monde nouveau. Il représente les croyants qui seront sauvés durant la grande tribulation et introduits dans la nouvelle terre sur laquelle Christ régnera durant mille ans.

1.4 Abraham

Abraham nous parle de foi et deséparation. Son autel symbolise la foi, et sa tente la séparation. Appelé par Dieu, il devint un pèlerin.

1.5 Isaac

Isaac fait ressortir les principes desoumission et de persévérance. Sa vie fut presque toujours une vie d’obéissance et de conformité à la volonté de Dieu.

1.6 Jacob

Jacob illustre la discipline et l’attente.Dans sa relation avec Jacob, Dieu l’a amené à se soumettre et à devenir un adorateur alors que sa mort approchait.

1.7 Joseph

Joseph connaît dans sa vie lasouffrance mais aussi la gloire. Il offre encore aujourd’hui des encouragements précieux pour la foi des croyants.

GLOIRE A DIEU

+50946879719 .

UN LIVRE DE MA BIBLE, QUE SIGNIFIE CE MOT, LE SENS DE CE MOT.

Genèse

Au commencement Dieu créa les cieux et la terre. Genèse 1:1

Genèse signifie « commencement ». Le livre de la Genèse traite de la création et de la vie. On y trouve en germe tout ce qui sera développé dans les autres livres de la Bible. Ce premier livre relate de façon admirable, d’une part, la simplicité des premiers temps de la vie sur la terre et, d’autre part, l’introduction du péché et de la corruption dans le monde. Il fait ressortir l’aversion et le jugement de Dieu à l’égard du mal. La Genèse présente prophétiquement l’œuvre de Dieu qui donne la vie éternelle à l’âme par la nouvelle naissance et la promesse de fruits dans la vie du croyant.

On trouve dans ce livre l’histoire de la vie de sept patriarches exceptionnels :

1.1 Adam

Adam présente des leçons de vie et de mort. Il préfigure Christ, car les deux sont chefs de races. Adam est mort, mais Christ est un Chef vivant.

1.2 Énoch

Énoch nous enseigne au sujet de lamarche et de l’enlèvement des croyants. Il marcha avec Dieu. « Par la foi, Énoch fut enlevé pour qu’il ne vît pas la mort… » (Héb. 11:5). Il préfigure les croyants qui seront enlevés à la venue du Seigneur.

1.3 Noé

La vie de Noé illustre les œuvres et lesalut. Ses œuvres furent des œuvres de foi. Il fut sauvé à travers le déluge et introduit dans un monde nouveau. Il représente les croyants qui seront sauvés durant la grande tribulation et introduits dans la nouvelle terre sur laquelle Christ régnera durant mille ans.

1.4 Abraham

Abraham nous parle de foi et deséparation. Son autel symbolise la foi, et sa tente la séparation. Appelé par Dieu, il devint un pèlerin.

1.5 Isaac

Isaac fait ressortir les principes desoumission et de persévérance. Sa vie fut presque toujours une vie d’obéissance et de conformité à la volonté de Dieu.

1.6 Jacob

Jacob illustre la discipline et l’attente.Dans sa relation avec Jacob, Dieu l’a amené à se soumettre et à devenir un adorateur alors que sa mort approchait.

1.7 Joseph

Joseph connaît dans sa vie lasouffrance mais aussi la gloire. Il offre encore aujourd’hui des encouragements précieux pour la foi des croyants.

GLOIRE A DIEU

+50946879719 .

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 14 AVRIL 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Koripsyon nan fanmiy wa Akab

Lekti: 1 Wa 21:1-16

Teks dò: Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou. Egzód 20:17a

Entwodiksyon: Nan dènye ane sa yo, anpil kote sou latè, aparey lajstis ap pouswiv kèk moun ki pandan yo te prezidan te tranpe nan zafè koripsyon.

Nou jwenn ka sa yo, nan kėk peyi nan Lamerik la, nan zòn Ewòp la, nan kontinan Afrik la ak lot kote ankò. Genyen se peyi yo rele « peyi devlope ». Genyen se peyi yo rele « peyi ki sou wout devlopman ».

Bib la montre nou ke zafe fanmiy pèvèti ou konwonpi nan direksyon kèk peyi, sa se bagay ki la lontan. Nan leson nou maten an, nou va wè kòman wa Akab, wa peyi Izrayèl la, te mete tèt ak madanm li Jezabèl pou fè avanse flewo koripsyon nan peyi yo a.

Nou va wè ki kalite krim yo te rive komèt nan move chemen koripsyon an, anvan yo te rive jwenn nan men Bondye sa yo te merite. Ann wè sa ansanm!

I. WA AKAB POTE LANVI SOU JADEN NABÒT LA.
Wa Akab rete nan Bib la kom youn nan wa Izrayèl ki te pi mechan. Li
dezobeyisan anpil anvè Letènèl, Bondye Iżrayél la ( 1 Wa 20:42, 21:25). Pasaj nou an mete anfaz sou yon gwo peche nan lavi Wa a. se konvwatiz (v. 2).
A) Konvwatiz nan lavi wa a.
Akab montre konvwatiz la nan fason sa a.
1. Li mande Nabòt pou bal jaden rezen li an poul fè yon jaden legim.

  1. Li propoze bal yon lot jaden rezen oubyen yon bon pri pou jaden an(v2).

3.Fas ak refi Nabòt Wa a te fache.

  1. Li te kouche epi derefize manje (v4-6)
    Konbyen moun ki tankou Akab nan legliz, nan fanmiy, nan direksyon peyi a, nan yon enstitusyon kelkonk, oubyen nan yon kominote kèlkonk?
    Reflechi sou têt nou!

B. Motif refi Nabot la (v. 3)
Dabo, nou kwè chak moun lib pou dispoze byen li, fè sa li vle ak byen li. Anplis, lalwa pèp Izrayěl la te egzije ke yon tè eritaj toujou rete nan branch fanmiy eritye a (Lev. 25:23-28; Nonb. 36)

Il.KONPLO JEZABEL KONT NABÒT (v. 7-10) Jezabèl rete youn nan pi move fanm nou ka jwenn nan Bib la.Kòman li te reyaji devan depresyon Akab la?
Jezabel ap fè konplo kont Nabó

A. Diskou diktatè epi enjis rèn nan (v. 7) Olye yon pawol ki ta chita sou rezon, sou jistis ak lanmou, rèn Jezabèl te montre karaktè mechan ak otorite li.Konsa, li te mande Akab: « kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje pou’w fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabot la » (v. 7).

Eske se paske yon moun se wa, li se chèf, sa vle di li ka fè mechanste jan li vle?Nan Kris la, yon chèf se yon sevitè, yon gadyen lajistis.

B. Konplo lawont rèn nan.
Nan konplo sa a ki pa fè ditou onè yon rèn nan lzrayèl, nou jwenn 1. Yon lèt ta ale jwenn chèf fanmi ak otorite nan lavil Jizreyėl yo.

  1. Yo te dwe oganize yon sèvis jèn kote yo va mete Nabot dirijan

  2. Yo te dwe jwenn de (2) vakabon pou ale kanpe akize Nabot pandan sèvis la, jan prensip la lwa ta mande sa (Det 17:16).

  3. Motif akizasyon an te dwe blasfèm kont Bondye épi derespektan anvè Wa a.

  4. Pou fini yo te dwe trennen Nabot deyò lavil la, kalonnenl ak kout roch jouk li mouri.
    Se sa menm, chèf fanmi yo ak otorite nan Jizreyèl yo te fè. Yo te menm rive touye pitit gasin’l yo ak li nan jaden rezenl an (1 Wa 21:11-14 , 2 Wa 9:26) priye Bondye pran desizyon pou’w pa janm konplote kont inosan, paske Bondye pap manke tire revanj pou yo lè lè a rive.

II. AKAB PRAN JADEN REZEN NABOT LA (v15).
Aprè lanmò Nabot la, chef fanmi yo ak otorite nan Jizreyèl te fè Jezabèl jwenn nouvèl la.Konsa, rèn lan te kontan paske plan kriminèl li a te ekzekite kont Nabòt nonm debyen epi onèt la.Sou demann rèn lan, wa Akab te ale Jizreyèl.Li pran jaden Nabot la pou li san kè sote.Paske yo konnen ak lanmò pitit gason l’ yo, pa t’ap gen kontestasyon ak okenn lot föm opozisyon.Pou fè sa pi ofisyèl, li te pran jeneral lame a ki te rele Jewou avěk li (2 Wa 9:25,26).Akab fè tout sa, li petèt pa t’ konn pawòl Bondye a ki di: « Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo « (Pwovèb 15:10)

.KONKLIZYON: Pawol Bondye a di pa janm gen pèsonn mechan tankou Akab (1 Wa 21:25).Listwa sa a, fason Akab ak Jezabèl fè touye Nabòd ak pitit li yo pou yo ka pran tè li, jaden li, pwouve degre mechanste fanmiy wayal la.Koripsyon an ki te kòmanse ak lanvi wa a, pase nan konplo Akab pran jaden rezen Napot la a. Ann kouri dèyè koripsyon nou va evite tout lot fom peche ki makonen ak li Jezabèl la, te abouti nan lanmò Nabot epi Akab ki volè byen ki pa t’ pou li

DEVWA YO:
1. Vrè ou fo: Zafe fanmiy pèvěti, sa se bagay ki la lontan() ()

  1. Vrè ou fo 3. Ki gwo peche ki te nan lavi wa a?

  2. Kisa Akab te mande Nabot?

  3. Eske Nabôt te aksepte?

  4. Poukisa Nabòt pa t’ aksepte?

  5. Ki kalite fanm Jezabèl te ye?:

  6. Wa Akab te obeyisan anvè Letênèl e Nabòt?

8 Kiyeès ki te fé konplo pou touye Nabot?

  1. Poukisa yo te touye 1?

  2. Kisa Pawol Bondye di sou moun k’ap fé sa ki mal?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 7 AVRIL 2019./ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ.

LESON DOMINIKAL POU DIMANCH 7 AVRIL 2019 LAN
Ouka toujou kontinye sipòte rezo GLOIRE A DIEU nan fason w Kapab sou nimewo sa👇🏾
+50946879719 .

Tit : Fenomèn koripsyon an fas ak lide Kris la

Lekti : Matye 22:15-22

Teks dò : Jezi di yo: Bay Seza sa k’ pou Seza, bay Bondye sa k’ pou Bondye. Matye 22:21b

ENTWODIKSYON : Pa gen fwontyè, ou jwenn koripsyon nan peyi rich, peyi ki sou wout devlòpman, ak peyi pòv. Li penetre tout fom gouvenman: kapitalis, sosyalis, kominis. Linan sektè piblik kou sektè prive. Koripsyon an parèt kom yon mal andemik, yon mal ki,afekte sosyete a nan tout dimansyon. Jezi ki se modèl pafè nou, li vle pou Kretyen viv dwat. Kretyen an dwe respekte lalwa, li dwe bay leta a tout sa ki vin pou li, pou leta a ka fè pwogrè. Nan leson nou jodi a, nou ap wè kèk degre nan koripsyon, kěk enpak koripsyon sou sosyete nou, diskou ak konpotman Jezi kont fenomèn koripsyon an. Annou wè ansanm.

I. DIFERAN DEGRE NAN KESYON KORIPSYON AN.
Enery Quinones, yon responsab nan lit kont koripsyon pou yon òganizasyon yo rele O.E.C.D kwè gen 2 degre nan koripsyon. Li rele yo: « petite corruption » et « grande corruption » oubyen « ti koripsyon » ak gwo koripsyon

A) Kisa ti koripsyon an ye »? Se lè yon moun bay kěk anplwaye leta oubyen ajan piblik yon ti kantite lajan, yon fason pou evite kèk egzijans sèvis piblik la ta mande Anplwaye sa a kapab yon ajan ladwan, yon ajan nan sèvis sikilasyon, yon ajan kontribisyon, yon ministè kėlkonk nan leta a, elatriye.

B) Kisa gwo koripsyon an ye? Nou anfas yon gwo koripsyo lè yon gwo antrepriz entènasyonal chwazi bay anba tab plizyè milyè oubyen milyon dola pou l’ ka jwi yon kontra komèsyal ou lot kalite kontra ak yon gouvènman. Se kapab yon minis, yon « premye-minis », lot gwo otorite ou menm yon prezidan ki fè li konplis koripsyon sa a te gen men li tranpe nan koripsyon. Listwa Zache nan Lik 19:1-10, bay enpresyon ke nonm rich sa a te gen menl ki te tranpe nan KORIPSYON lèl te rankontre ak Jezi li te deside chanje, li te deside remèt kat (4) fwa lavalè lajan li te fe mal. Jezi te dakò avèl. Ann chache viv yon jan ki fe Senyè a plezi.

II. KEK KONSEKANS KORIPSYON SOU YON SOSYETE

Kesyon koripsyon, swa se sou fòm fwod, ekstosyon, detounman oubyen kontrebann, toujou gen konsekans grav sou devlopman sosyete.Epi, se kouch moun ki pòv yo ki toujou plis viktim. Gen omwen 3 domèn nan yon sosyete ki toujou afekte ak pwoblem koripsyon an?

  1. Edikasyon.Nou vle pale de yon edikasyon nan yon sans laj, sa vle di ki anbrase kesyon enstriksyon.
    Koripsyon an anpeche kès leta jwenn kantite lajan ki te dwe antre. Lè sa a, leta pa ka konstwi leköl pwofesè lekòl pa kapab jwenn salè yo, leta pa ka repare lekòl, meble yo epi bay timourn lot èd yo bezwen pou ale lekòl.Se pot delenkans lan ki vin pi louvri pou pitit pèp la ki nan povrete.

  2. Sante.Pawòl Bondye a swete pou nou gen bon sante.Li swete nou pa gen okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou, ni nan nanm nou (1 Tes. 5:23).Pi lwen Pawòl la di nou, apot Jan te swete Gayis pou l’ an sante nan kò li.. (3 Jan v. 2).Sepandan, koripsyon an sitou nan premye degre a ap anpeche responsab yon peyi pou jwenn lajan ki nesesè pou: Konstwi lopital, sant sante, achete materyėl medikal, peye pèsonèl sanitè.L’ap difisil menm enposib pou mete sistèm pou sitwayen jwenn bon dlo potab pou yo bwè

  3. Wout.Koripsyon rete yon gwo faktè nan kòz pwoblem bon wout nan yon peyi.

Sa ka manifeste:
a) Nan leta ki pa rantre lajan ase pou pemèt li fè wout:;

b) Nan lajan ki fè chemen kwochi ant gwo otorite nan leta a ak konpayi ou antrepriz ki jwenn kontra fè wout nan peyi a;

c) Nan absans onètete ki fè anplwaye ap vann gaz, siman ak lot bagay ki pou emèt bon jan wout fèt pou sitwayen yo.

Ill.YOUN NAN OBLIGASYON SITWAYEN KRETYEN AN GENYEN.
(v. 15-22) Yon kretyen rete yon moun ki gen devwa sitwayen li ke I’ dwe egzèse, pandan l’ap fè devwa li tou anvè Bondye.Pasaj sa a nou jwenn nan levanil sinoptik yo
(3 premye levanjil yo) fè sa klè pou tout moun Pasaj la di nou, farizyen yo ak Ewodyen yo te fè mande Jezi : Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan konstribisyon an, Wi ou Non? (V. 15-17).Men, repons Jezi a te solid.Aprè li fin fè yo obsève pòtre ak non Seza ki te sou pyès lajan an, li te di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye » (v. 18-22). Kidonk vrè sitwayen kretyen pa dwe refize peye leta lajan ki pou leta a Li dwe peye taks, bay leta tout sa ki pou leta selon lalwa, pou fe peyi li vanse.
Ann kouri dèyè tout tras koripsyon sou wout nou!

KONKLIZYON : Nou te wè nan leson nou, kèk degre nan fenomen koripsyon an, kèk konsekans grev flewo sa a, ak devwa nou selon Lespri Kris la pou aji kont fenomen sa a, pandan n’ap bay leta sa k pou leta.Se pou sa fèt konsa nan lavi nou!

DEVWA YO
1. Eske se sèlman nan peyi pòv rnou jwenn koripsyon?

  1. Konbyen degre ki genyen nan koripsyon an selon Enery Quiñones

  2. Eksplike diferans ant ti koripsyon ak gwo koripsyon.

  3. Yon peyi k’ap pratike koripsyon, èske l’ kapab devlope?

  4. Nan yon peyi k’ap pratike koripsyon, ki kouch moun ki plis viktim?

  5. Site 3 domèn omwens pwoblèm koripsyon an afekte.

  6. Eske kretyen dwe peye taks?

  7. Resite Matye 22:21b

GLOIRE A DIEU
+50946879719