Archives mensuelles : mars 2019

ANPIL MOUN KONPRANN LÈ’W PRAN YON MOUN NAN PRASON DAVRIL LI PA ANYEN, OH SE YON JWÈT LI. ESKE’W KWÈ SA ? SIW DI NAN SA OU MENM?

PWASON DAVRIL SE PA YON TRADISYON KRETYÈN

Dyab la toujou itilize chemin ki pi fasil poul mennen nou nan lye mizerab yo rele lamfè a. Anpil fwa nou pran nan pyèj elmi an san nou pa rann kont de anyen.

Li pa posib pou yon kretyen ap imite slogan ki nan mond lan, li pa lojik nan plis pou nap swiv bagay negatif mond lan ofri nou. Paske Bondye mande pou nou devni imitatè li « sa vledi se li menm pou nou swiv ».

Pou kisa yon kretyen oblije pran moun nan prason davril ? gen tradisyon ki konn bon pafwa, men Anpil nan yo mete gwo baryè ant nou menm ak Bondye, paske souvan se bagay satanik yo ye. Bondye di; _SI YON MOUN ZANMI LEMOND. KONNEN LI PA ZANMI BONDYE. SE POU REZON SA MAP MANDE NOU POU’N VEYE ANWO VEYE ANBA. PASKE SATAN KANPE NAN TOUT KWEN POUL DETWI NOU._

Si yon moun ki swa dizan di li se kretyen arive tronpe yon moun nan bagay yo rele prason davril la, an verite moun sa paka konsidere Bondye pou papal. Paske Jezikri di; tout moun ki pratike mansonj se pitit dyab yo ye . Jean 8:44.

La Bible aprann nou tou moun ki dako mache ak Jezikri pa dwe viv nan manti, paske bouch nou pa la pou sa, men se pou nou louwe ak beni non Bondye. La Bible ale pi lwen poul di WI se WI, épi NON se NON. Tout sa nou mete deplis soti nan dyab . Matthieu 5:37.

ESKE W PAT KONN SA, JODIA ANPIL MOUN AP REVNI PITIT DYAB AKOZ SA KAP SOTI NAN BOUCH YO ?

Teknoloji a avanse sevre, li bon em apresye jan devlopman ye nan syèk sa.
Poutan menm syans sa pral lakoz Anpil moun abandone wout syèl . Paske yo kite teknoloji a mennen yo olye se yo ki pote souli. Telephone ak rezo sosyal yo se youn nan eleman ki koz Anpil kretyen pèdi lafwa, fason nou itilize yo a pa bon, paske nou bay Anpil manti, sitou lè nap pozisyone ak lè nap idantifye aksyon nou pou yon zanmi oswa fanmi oubyen yon proch nou Yo.

Se pa tout sa nou resevwa pou’n fèl mache, lè konsa nou patisipe nan tout aktivite satanik yo. Paske pafwa Anpil mesaj sou rezo sosyal yo se plan dyab la itilize poul ka detounen nou nan Bondye.

Avan nou pataje yon mesaj se pou nou byen disènel avan, fok nou gade si se pa pwomosyon nap fè pou dyeb. Paske kounye li pi fasil pou yon moun pataje yon vye mesaj ak zanmil yo olye yo pataje yon mesaj ki soti nan Jezikri sovè a.

Atansyon! Atansyon ! Si w kontinye nan mansonj se pa mwen ki koz ou pa sove , men se konsyans ou ki pral kondane w. Mwen swete w mete konsyans ou nan bon wout lan yon fason pou w pa di sim te konnen . Mèsi e Amen !

Sete Evangeliste Lindor_Enock .

WhatsApp +50946879719 .

LEÇON DOMICALE POUR CE DIMANCHE 31 MARS 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Koripsyon

Lekti: Pwovèb 20:17; 29:24

Tèks dò: Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Egzòd 23:2a

Entwodiksyon: Koripsyon se youn nan sijè ki fè plis aktyalite depi yon sèten tan. Flewo sa a filtre kò I’ nan tout peyi, nan tout enstitisyon, nan oganizasyon: sosyal, politik ekonomik, relijye, elatriye. Pawól Bondye a rich ak ansèyman ki kontrè avěk yon seri pratik ki kapab konsidere kòm domèn sa yo rele koripsyon an.

Nan leson jodi a, nou va wè kisa koripsyon an ye, epi pozisyon Bondye kont flewo sa a. Ann pran ti tan pou etidye leson sa a ansanm.

L. KISA KORIPSYON AN YE?

A) Orijin mo koripsyon an.
Mo koripsyon an soti nan mo laten ki se « corruptio ». Li vle di pourisman.

Koripsyon se eta yon bagay k’ap pouri oubyen ki pouri. Konsa tou, koripsyon an vle di: aksyon pou kowonp yon lot moun pandan ou ba Ii lajan pou li fè sa l’ pa t’ gen dwa fè. Patwa, se kapab pa lajan, men yon lòt kado, yon lòt avantaj kèlkonk. Otè aksyon an rele koriptè tandiske lot moun nan rele kowonpi. Li se benefisyè a, li se sila ki resevwa kado a. Kòm kretyen, nou pa dwe ni yon koriptè, ni yon benefisyè nan zafè koripsyon oubyen nan konwonpi.

B) Divès fom koripsyon.

Li se yon fiewo ki kapab pran plizye fom. Pami fom sa yo, nou ka site kòm egzanp:
1- fwod, se zak malonèt ou movèz fwa ou poze lè’w vyole regleman oubyen sa lalwa di. Nou konn jwenn sa nan eleksyon, nan obligasyon pou peye leta lajan taks, lajan enpo, elatriye.

Lè sa a yo konn di Fwod élektoral, fwod fiskal ak lot ekspresyon anko.

2- Ekstòsyon, se itilizasyon vyolans, fös, riz pou kapab rive pran sa ki pa pou ou.

3- Detouneman, Ekspresyon « detounman lajan » trè kouran jodi a. Detounman se chanje direkston. se chanje wout ke yon lajan te gen poul swiv.

Nou ta kapab site plizyé lot fom ankó koripsyon genyen.

Nou dwe rekonèt okenn sosyete serye pa kapab mache byen avèk pratik

l. PLAN KONDANASYON BONDYE GENYEN KONT KORIPSYON.
(P 20:17; 29:24) Tandans konfôm se yon eleman ki souvan karakterize konpotman moun nan yon sosyete. Konsa, paske ancil enstitisyon , anpil moun nan sosyete a ap viv nan koripsyon, genyen gwo risk moun pa Bondye yo sibi enfliyans viris sa a.

Kisa Pawol Bondve a Bib la, di nou sou koze sa a? Ann wè kèk konsèy ki itil pou pèp Bondye a ak tout moun an jeneral.

Evite konfome ak sa ki mal (Egzòd 23:2a)
1. Yon lzrayelit pa t’ dwe fè yon bagay ki mal paske li te wè se sa tout moun ap fè (Egzòd 23:2a). Se sa k’ fè, tout vrè kretyen, tout sitwayen ki onèt pa dwe nan fè koripsyon sou pretèks se sa tout moun ap fè.

2. Move lajan mennen nan chemen doulè (Pwovėb 20:17). Nan těks sa a nou li nan Bib kreyòl la: « Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fenk genyen I’. Men apre sa, se tankou ti woch anba dan.

Konbyen moun ki nan gwo soufrans jodi a, apre yo te fin rejwi nan move lajan yo te fè nan koripsyon?

Genyen jodi a ki ka nan przon genyen moun ki pèdi travay yo epi lage tout fanmiy yo nan pwobléem. nan gran doulè akòz yon zak koripsyon.

3. Koripsyon atire malè (Pwov. 29:24). Saj Salomon di: Mour ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tet Ii… Madichon Bondye aptonbe sou li (v. 24)

Konklizyon: Pawòl Bondye a klè sou sa. Bondye vle pou pep li a se moun ki onèt, ki entèg. Poutan, koripsyon kontrè ak tout’ prinsip onètete ak entegrite. Ann veye pou noumenm kretyen po tranpe nou nan dosye koripsyon. Sonje se youn nan fason pou nou pran distans nou ak kondanasyon Bondye sou kowonpi yo.

Devwa yo.
1. Kisa koripsyon an ye?

2. Koman yo rele moun k’ap pratike koripsyon?

3. Daprè leson an site kèk fom koripsyon?

4. Eske se sèlman Ayiti ki gen koripsyon?

5. Site kèk konsèy ki ka itil pèp Bondye a sou koze sa a ?

6. Kisa koripsyon an atire?

7. Defini mo ekstòsyon

8. Konplete: Move lajan mennen nan chemen……… lajan nou fè nan move kondisyon ka……..Men apresa tankou……

9. Koman Bondye vle pep li a ye?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 24 MARS 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ.

Tit: Tanp lan nan liv Ezekyèl la

Lekti: Ezekyèl 43:1-12

Tèks dò: Men sa Seyè a di: Pa chita ap sonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase. Ezayi 43:18

ENTWODIKSYON: Nan kilti Jwif la, gen twa (3) bagay ki chè pou yo anpil:
a) Se tè yo genyen,
b) Tanp yo,
c) Twón yo. Kömantaté yo pale de twa ( 3) « T ». Menm lè yo touche yo nan yon lot domèn, sa pa fe yo two mal, men lè ou manyen yo nan 3 pwen sa yo, yo aji rapidman, se tout vu yo ki atake.

Nan Bib la, nou kap pale de twa tanp. Premye a se tanp Salomon an ki te detwi pa Babilòn nan lane 586 anvan Jezikri.
Tanp sa a te la anvan pep la te ale nan legzil.

Dezyem tanp lan, se tanp Zowobabèl la, ki te konstwi aprè pèp la te soti nan legzil. Nou jwenn profèt Aje ak Zakari yo te trè aktif nan konstwiksyon tanp sa a men, Ewòd te fè kraze l’ pou rekonstwi l’ nan lane 20-19 avan-Jezikri.

Twazyèm lan se tanp Ewod la, li te detwi pa Women yo, nan lane 70 Aprè Jezikri. Nan liv Ezekyèl, yo fè alizyon a yon lot tanp. Se sou limenm nou pral pale jodi a. Nou pral wè:
a) Nati tanp lan (40:5; 42:20)

b) Sèvis nan tanp lan (43:1; 46:24).

I. NATI TANP LAN. (40:5, 42:20) Lè nou li nan chapit sa yo, nou jwenn dimansyon plan tanp lan Nan pasaj sa yo, Bondye bay kèk eksplikasyon sou restorasyon espirityèl Izrayèl. Nouvo tanp sa a te diferan ak tanp Salomon an, ki te pwofane epi detwi (ch. 8-11). Nan tanp sa a gen yon mi ki deyò, se senbòl separasyon de sa ki sen ak sa ki pwofàn. Se pa yon tanp selés tou, paske Bondve te kondui Ezekyèl nan lakou tanp lan Ezekyěl 40:2).

Se pa tanp Zowobabèl la tou, dèske glwa Bondye pa nan tanp sa a nan epòk la. Pou anpil komantatè, se tanp tèrès kap genyen nan milenyòm nan. Konsiderasyon sa parêt pi prè vérité a tanp lan ap sèvi pou sakrifikatè yo, ak lot moun k’ap travay tanp lan. Dimansyon tanp la sanble ak pa Salomon an, ak doub dimansyon tabènak ki te konstwi nan dezè a. Menm lè ide yo pataje sou kesyon nouvo tanp lan, yon bagay ki klè, gen yon nouvo ki gen pou konstwi. Annou fe efò pou n’ toujou rete néf, Nouvo nan prezans Bondye. Annou we aspè espirityèl tanp lan.

ÎI. SEVIS NAN TANP LAN.
Nan chapit 43:1-12, nou wè glwa Bondye tounen nan TANP lan. Akòz sa, pèp la tap fè lwanj Bondye lè yo te wè laglwa Bondye 11:23).

Ezekyèl te wè glwa Letènèl, li te sanble ak lot vizyon li genyen deja (ch. 1-10). Nan vésè 4,5 Ezekyèl 43, nou we Bondye te ranpli tanp lan. Sa fé nou retounen nan Egzód 40:33-38. 1 Wa 6:10-11(al lil)

Bondye deklare Ezekyèl ke tanp lan se lye twon li (43:7). Pwofêt la te resevwa löd pou I’ montre moun ki Babilòn yo, plan tanp lan(43:10-12). Nou we espas tanp lan okipe a sen anpil (v. 12). 1 Wa 8:10-11 (al li I’). Gen tout yon ansanm mezi ki pran, yon ansanm lòd ki bay, yon adrès pou konpotman sakrifikatè yo, prèt yo, prens yo. Nou kapab di se yon demach konplè (v. 13) Bondye montre nou, menm lè nou pa la, prensip yo ap toujou kenbe. Menm jan Bondye p’ap chanje,konsa tou, prensip li yo p’ap chanje.

KONKLIZYON:
Zanmi mwen, nan kèlkeswa nivo n’ap sèvi Bondye ann ouvè zòrèy nou pou n’ tande Bondye, tande rekòmandasyon li fè nou. Ki kalite lwanj ak adorasyon n’ap bay Bondye. Köman nou ye nan travay li. Lè nou gade sa ki gen rapò aknouvo tanp lan, nou wè Bondye manyen tout sa ki gen rapò ak bon òganizasyon, sa ki gen rapò avėk sentete, sa ki gen rapò avèk lavi ki p’ap fini an. Bondye fè plan yon nouvo tanp pou pèp la.Konsa li gen nouvo plan pou nou tou.Pêp la va jwi tanp sa a lè yo va retounen vin jwenn Bondye Konsa tou, lè nou retounen vin jwenn li, nou kapab jwi nouvo lavi i rezève pou nou an tou.Amen!

Devwa yo
1. Ki twa bagay ki kle pou Jwif yo?

  1. Site twa tanp Jwif yo

  2. Kilè tanp Salomon an te detwi?

  3. Kilè tanp Ewod la te detwi?

  4. Kilès ki te fè kraze tanp Zowobabèl la?

  5. Ki 2 pwofêt ki te trè aktif nan konstriksyon tanp Zowobabėl la?

  6. Ak ki tanp Nouvo tanp lan fè referans?

  7. Kisa tanp lan te ye pou Bondye?

  8. Ki lod pwofèt la te resevwa?

  9. Kiliè yon moun kapab jwi nouvo lavi nan Kris la?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

BON A SAVOIR sur la sante. Version créole Haitien

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=2239919769399057&id=389814144409638&sfnsn=mo

LEÇON DOMICALE POUR CE DIMANCHE 17 MARS 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Vizyon zo sèk yo

Lekti: Ezekyèl 37:1-14

Tèks dò: M’ap mete vi sou nou, m’ap fe vyann pouse sou nou, m’ap kouvri nou ak po. M’ap mete souf nan nou, m’ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a. Ezekyèl 37:6

Entwodiksyon: Gen yon rapwochman ant chapit 36 ak 37 liv Ezekyėl la. Sijè ki trete nan 2 chapit sa yo gen rapò ak retablisman pèp Bondye a (lzrayèl). Aksan pote plis sou retablisman nasyonal ak retablisman espirityèl pèp la.

Kèk kòmantatè fè kwè ke sa ki mansyone nan chapit sa yo, gen rapò ak retablisman ki te fèt nan lane 538 kote Cyrus te bay pèp la lòd pou tounen lakay yo, pou I’ t’al rekonstwi tanp lan.

Nan chapit 36:1-15, nou jwenn retablisman nasyonal la, nan vèsè 16-38, nou jwenn retablisman espirityèl la.

Nan leson nou jodi a, nou pral jete yon ti koudèy, sou vizyon zo sèk yo. Nou pral wè I’ nan 2 nivo. N’ap wè
1. Vizyon an (v. 1-10)
2. Sans vizyon an genyen (vs. 11-14).

I. VIZYON AN
(vs 1-10) ranpli ak zosman Bondye pran Ezekyèl nan yon vizyon li pote I’ nan yon vale ki an sèk. Yon gwoup kòmantatè montre ke vizyon sa a gen rapò ak sa nou jwenn nan chapit 11:24; 40:1; 48:35. Letènèl te poze Ezekyèl yon keksyon: Fils de l’homme! Eske zo sa yo kapab viv ankò? Bondye te deja gen repons li, li te vle pase Ezekyèl yon tès. Ezekyèl byen pase tès la. Avèk entèlijans, Ezekyèl reponn: « Mèt mwen, ou konnen sa », Touswit Letènèl te ba l’ lòd pou poul profetize sou zo yo (vs. 4.6) Ezekyèl te fè jan Bondye mande la, lavi te tounen nan zo yo, nè yo, chè, po te paret sou zo yo,men yo pa t gen lespri, yo te manke yon bagay Yon dezyém fwa, Bondye mande I’ ankò pwotetize. Ezekyel pwofetize, lespri vini nan zo, yo reprann vi (v. 10 Sa se yon bagay ekstraòdinė. Se te yon vizyon ekstraodinè. Ki eksplikasyon nou ka bay ak vizyon sa a? Ann wě sans vizyon an!

Il. SANS VIZYON AN GENYEN (v. 11-14) si nou ta pran zo sèk yo, sa tradui sitiyasyon pep la, kòman espirityèlman yo te mouri(v. 11). Soti nan tonbo gen rapò ak pep k’ap soti nan esklavaj nan Babilòn (v. 12). Lavi ki tounen nan zo retablisman vi nasyonal pèp la (v. 14).

Anpil moun, anpil kòmantaté ale pilwen pou montre pwofesi sa a gen rapò tou avěk sa k’ te rive nan lane 1948 kote Jwif yo te jwenn endepandans yo, anpil ki te nan lòt peyi sou tè a, te tounen lakay yo. Anpil tou wè nan vizyon sa a rezirèksyon ak delivrans pèp Jwif la. Tout konsiderasyon yo bon. Nan tout nou wè yon renouvo yon bagay nèf.
Nan vizyon sa a gen anpil leson ki degaje

a) Premye leson nou k’ap tire, Bondye pa janm bliye pitit li.
Lè l’ap korije nou, sa konn parèt di. Men, pasyans li, mizerikòd li p’ap janm fini.

b) Dezyèm leson, Bondye aji toujou nan tan li

c) Twazyèm leson, lavi se nan Bondye li soti, Bondye kapab fè nou kanpe ankò, si nou repanti de peche ncu.

Konklizyon: Poutėt sa, mwen menm avè w ki di n’ap sèvi Bondye ann bat pou nou pa zo sèk.Ann kite Sentespri Bondye gouvènen lav nou.

Ann pa kite peche, somèy espirityèl anvayi lavi nou. Si w santi w wale lwen Bondye, kote lavi sanble fini pou ou, gen espwa . Mande Bondye soufle lavi I’ nan ou ankò, mande I’ chanje lavi w ankó

Devwa yo

  1. Konbyen fwa Ezekyèl te pwofetize?

  2. Kisa ki te rive ak zosman yo lè li te pwofetize yon premye fwa?

  3. Poukisa li te bezwen pwofetize yon dezyèm fwa?

  4. Kisa zo sèk yo tradui?

  5. Ak kisa soti nan tonbo gen rapò?

  6. Kisa lavi ki tounen nan zo yo siyifi?

  7. Ki twa (3) leson nou tire nan vizyon an?

  8. Kisa pou yon kretyen fè pou li pa zo sèk?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 10 MARS 2019/ LESON DOMIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Vizyon viy nan dife a

Lekti: Ezekyèl 15

Teks dò: Yo twonpe m tankou yon fanm k’ap twonpe mari’l. Se poutèt sa, m’ap fè peyi a tounen yon dezè. Se mwen menm Seyè sel Mèt la, ki di sa. Ezekyèl 15:8

ENTWODIKSYON:
Tout valè yon moun depann de relasyon li avèk Bondye. Abitan Jerizalèm yo te konpare ak yon viy ki pa pote fwi. Ki parėt initil.Fwi jistis ak fwi fidelite pa t lakay yo, abominasyon ki tap komèt nan Jerizalém te tèlman fo, Bondve oblije frape yo, avek fos.

Aprè vizyon malè sa a, nap jwenn parabòl epouz enfidèl la.Izrayěèl te epouz enfidèl la aiap we Bondye fo, Sa te antrene jijman Bindye Kòz yo te:
1. Amou pou zidòl
2. Mank respè pou Bondye. N’ap sèvi yon Bondye ki jalou anpil.
Li pa vle melanj

Annou wè sa k’ te rive pèp lzrayèl akòz atitid sa yo.

  1. AMOU YO POU ZIDÒL.
    Pèp la te kite chimen i Bondye te trase pou yo.Yo te ale deyè lot dye.Konsa, yo pa t’ yon egzanp, yo pa t pwodui bon fwi.Bondye te konpare yo ak yon viy ki pa pote okenn fwi, ki kapab sèvi selman pou brile nan dife.Non sèlman amou pou zidòl, pèp la pa t’ gen respé pou Bondye ak pou non Bondye.

Il.MANK RESPÈ POU BONDYE.
Nou manke respè pou Bondye lè nou pa gen krent pou li Lè nou fe sa ki mal, lè nou viv jan nou vle.Se sa k te rive ak pèp Jerizalèm lan.Yo bliye kote Bondye te pran yo. Sa fe Bondye te pini yo, yo pat itil anyern.

APLIKASYON: Se konsa tou, Jezi anseye nou menm kwayan kap viv kounyeya, si nou pa rete fidèl, si nou pa pwodui fwi lap loupé nou jete nou nan dife (Jan 15:1-7) Nan pasaj sa a: Jezi pale de 2 kategori semans, yon semans ki pwodui fwi. Yon lot ki bay fwi. Li montre semans ki pwodui fwi a se sa kirete kole nan Kris, ki jwenn padon pou peche li yo , ki resevwa an menm tan vi etènel

Koman nou kapab rete nan Kris?
Dapre Jan 15

a)
Gade Pawòl Bondye nan kè nou (7)

b)
Rete an kominyon avėk Kris (v. 8)

c) Obeyi kómandman li yo, rete nan lanmou (V

d)
Renmen youn lot (v. 12.17)

e)
Mennen yon lavi ki pwop devan Bondye

KONKLIZYON: Mezanmi, si nou pa vle tonbe anba kölè Bondye, nou dwe evite idolatri, tout sa ki te vle sèvi kòm zidòl nan lavi nou, ann mete yo deyò, ann gen krent pou Bondye.

Paske moun ki gen krentif pou Bondye ap jwenn benediksyon Bondye. .

Devwa yo

  1. Konplete: Tout valè yon moun depann de____li ak Bondye.

  2. Ak kisa abitan Jerizalèm yo te konpare?

  3. Kilès ki te epouz enfidèl Bondye?

  4. Ki 2 kòz ki te fè Izrayèl te enfidèl?

  5. Kisa k’ap rive ak tout kwayan ki pa pote fwi?

  6. Nan 2 semans yo, kilès ou ta renmen ye?

  7. Kisa yon semans dwe fè pou l’ ka pote fwi?

  8. Kisa pou nou fè pou n’ kapab rete nan Kris?

GLOIRE A DIEU
+50946879719