Tit : Delivre akoz favè Bondye fè nou
Lekti: Efez 2:1-10
Tèks dò: Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sóti vivan nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syél la ansanm ak li tou.
Efez 26
ENTWODIKSYON: Nan fen dènye leson nou an, nou te we koman apot Pòl te baze priyè li pou kretyen Efez yo sou manifestasyon puisans Bondye a, nan rezirèksyon Kris la, ekzaltasyon li ak dominasyon li Sepandan, sa pat rete la sèlman. Nan 10 premye vèsè chapit 2 liv enteresan sa, liv ke J. N. Sanders rele: « Testaman espirityél Pol pou legliz la », nou jwenn kijan Pol eksplike manifestasyon menm puisans Bondye sa a, nan delivrans tout moun, ke Bondye deside rele vin jwenn li nan Kris. Nou kapab jwenn 3 reyalite nan demach apot la. Move kondisyon yon lavi san Kris, entevansyon Bondye ak vrè bi Move kondisyon nouvo lavi moun ki sove ki sove yo. Ann etidye leson an ansanm.
I. KONDISYON YON LAVI SAN KRIS (v. 1-3) Pou rive montre kisa puisans Bondye kapab fe nan lavi yon kwayarn Apot la komanse ak yon tablo trè sonb epi tris. Men pou di vre, tablo sa se reyalite san mank lavi yon moun ki separe ak Bondye oubyen san Kris. Daprè fason li wè eta Payen ak Jwif yo le yo pa t’ko konveti. Pol souliye 3 eleman enpotan nan lavi moun sa yo: yo te mouri, yo te esklav, yo te kondane.
Koman nou kapab konprann tèm sa yo? esklav Tou dabò. depi nou te fin vire do bay Bondye nan Adam, lè li te dezobeyi Bondye nan jaden Eden lan nou tout an jeneral nou, te mouri espirityélman, sa vle di san kontak ak Bondye, san lavi tout bon ki gen nan li a Nan vèse 1 an, apot la di kretyen Efèz yo te mouri akoz ofans (mechańste) ak peche yo.
Ofans, se lè oú peche kont yon lwa ke ou konnen, men, peche se tout move panse, pawól oubyen aksyon ke yon moun fè avěk konsyans ou non.
Answit, pou esklavaj payen ak jwif yo, sa te manifeste anvè lemonn, dyab, ak lachè (v. 2,3). Payen yo te esklav lemonn lé yo t’ap swiv yon seri konsepsyon san moral ki voye Bondye jete, lè yo tap swiv yon konsepsyon materyalis ki te fe yo toujou ap kouri dèyè bagay k’ap pase, bagay moun ka we. Yo te esklav Dyab la tou, lè yo tap fè volonte move lespri ki te fè yo pa t vie obeyi Bondye.
Jwif yo te esklav lache, lé yo t’ap obeyi tout sa nati lom dechi a egzije. Yo te vin deprave. Sitiyasyon konsa fè se tét pa yo ase yo we, ou mete ou nan pwop têt pa yo, sa vle di nan ras yo, fanmiy yo oubyen obeyisans lalwa a, etc
Anfen, kondanasyon ki se twazyèm eleman ki make kondisyon lavi san Kris la, se von enplikasyon 2 lòt eleman yo. Sa vle di. le yon moun ap viv san kontak ak Bondye (mouri espirityelman), epi pou l’ap obeyi lemonn, dyab ak lachè fi esklav), moun sa a se youn ki kondane pou tonbe anba kolè Bondye.
Ou menm ke Jezi wete nan kondisyon sa a, ki atitid ou anvè Bondye lé ou sonje kote ou te ye?
II. ENTÈVANSYON BONDYE, (4-6) Nan kondisyon dezespere sa lezóm te tonbe a, yo te paret san avni . Men, lanmou Bondye te pousel’ fê yon entèvansyon epi egzése mizerikod anve lèzöm san yo pa t merite gras sa a sa. Se sa nan tewoloji a yo rele gras oubyen fave.
Nan gras sa apot la anseye Efezyen yo 3 byenfè Bondye ba yo, san li pat oblije fè sa, byenfè ke tout moun jwenn lè yo aksepte sakrifis Kris la, ki byenfé yo ye menm?
a) Li ban nou lavi (v5)
b) Li resisite nou nan eta mo espirityèl la (v. 6a)
c) Li egzalte nou lè espirityèman li fè nou chita ansanm ak Kris la nan syel la (v. 6b). Legliz Eféz to dwe konprann leson sa a: menm jan Kris la te mouri, li te resisite epi li monte nan syèl kote Papa a, konsa tou Bondye leve yo soti nan lanmò espirityél yo te ye epi mete yo chita ak Kris la nan syèl la ». Sa se verite tout moun dwe kwè Verite sa a gen imaj li tou nan levanjil Jan an, kote apot la eksplike kijan lè Jezi te leve Laza nan lanmò (11:43,44), Laza te pral jwi okazyon chita menm tab avek Seyè a pou manje ak li (Jan 12:1,2).
Ala gran lanmou Bondye a gran! Kom kretyen evanjelik, nou dwe konprann ke nou se moun ki vivan ki resisite epi ki espirityèlman chita avěk Kris nan syèl la. Epi, chak kretyen dwe mennen lavi li kóm moun ki resisite nan lanmò epi kap viv pou fè redanptè li plezi.
III. BI DELIVRANS LAN (v. 7-10) Bondye pa janm aji pou aji. Li toujou gen yon bi pou tout sa l fe. Lè gwo lanmou li póte l leve lèzóm nan eta moun mouri, pou l’ fè yo patisipe nan bèl glwa Kris nan syèl la, li gen yon objektif pou sa. Nan vèsè 7 la, nou jwenn youn nan 2 bi delivrans lan, lè apàt la di: « Se pou I’ kapab montre nan letenite ki gen pou vini an. Jan li renmen nou jan li ajibyen ak nou ». Bib fransè a itilize ekspresyon « l’infinie richesse de sa gråce » pou tradwi menm verite gwo renmen Bondye gen pou nou an. Pou letènite, Bondye va montre kijan gras li sove lèzóm anba lanmò, li padonen yo, li bay yo lavi epi mete yo nan bél pozisyon ak Kris. Sa se objektif sali a pou tan ki gen pou vini an. Nou kwè kretyen Lazi yo te kontan pou yo te aprann gwo verite sa a, pandan anpil jwif kretyen te kwè ankò nan kontribisyon zèv yo pou sali yo Avan li prezente nou bi aktyel delivrans lan, Pöl itilize vésè 8 ak 9 la pou eksplike kretyen yo fondman sali a. Avėk pasaj sa a. Efezyen yo te ka konnen 5 bagay:
a) Yo se moun ki sove b) Se gras (fave Bondye fé yo lè li sove yo, kidonk yo pa ni merite sa, ni limenm li pa dwe yo sa
c) Lafwa yo nan Kris ak sakrifis li a, se sěl mwayen pou yo resevwa sali a
d) Sali a se yon kado Bondye bay yo e ki sove yo. Nan vésè 10 la, apot Pól deklare ke Bondye kreye nou nan Kris la. Sa tradui koman lè yon moun mete lafwa li tout bon vre nan Kris li vi’n yon lot kalite moun, yon moun nouvo. Epi se nan vèsè sa tou nou jwenn bi aktyèl Bondye genyen lè I delivre yon mou. Kretyen yo pratike anpil bon zèv nan lavi yo. Sa pa vledi fè yon zèv pou Bondye, men pi to.se Bondye limenm ki va itilize kretyen yo pou akonpli bon zèv li nan yo, zev ll te prepare davans. Se menm verite sa li anseye nan Tit.2:14 kote nou li: « Li te aksepte mouri pou nou, pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pep ki nan kondisyon pou sevi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
KONKLIZYON: Kom nou sot wè li, kretyen Efezyen, Jwif menm jan a ou menm jodi a, nou tout fè peche, nou tout vire do bay Bondye. Konsa nou tout te mouri espirityèlman, esklav epi kondane. Se sèlman Bondye nan kè sansib li, ki te kapab chanje sitiyasyon saa epi se sa menm li te fè nan pitit li JeziKri ki mouri pou tout moun Konsa, nou tout jwenn favè lavi, epi resisite pou nou chita espirityèlman bò kote Kris la nan syèl la. Eske ou konn di Bondye mèsi pou delivrans sa li ban nou nan Kris la? Ann kite li akonpli bon zèv li yo nan lavi nou nan tan sa a, epi jenerasyon ki gen pou vini an va konnen kijan Bondye renmen nou anpil, limenm ki delivre tout moun ki mete konfyans yo nan Kris la
Devwa yo
1. Kòman puisans Bondyea te manifeste nan Kris la?
- Kijan J.N. Sanders rele liv Efezyen an?
-
Ki 3 eleman ki karakterize Efezyen ak Jwif yo lè yo pa t’ anko konvèti?
-
Ki kalite mouri apot la ap pale nan leson an?
-
Anvè ki 3 bagay (fòs) Payen ak Jwif yo te esklav?
-
Lè Bondye fè entèvansyon li, ki 3 byenfè Efezyen yo jwenn nan li daprè vèsè 5 ak 6 la?
-
Ki leson kretyen evanjelik yo dwe konprann nan entèvansyon Bondye a?
-
Ki premye bi delivrans lan?
-
Bay 3 nan 5 bagay Kretyen Efèzyen yo te kab konnen oubyen sonje daprè vèsè 8 ak 9 la?
-
Ki dezyèm bi delivrans lan?
GLOIRE A DIEU
+50946879719