Archives mensuelles : septembre 2023

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 1 OCTOBRE 2023

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 1 OKTOB 2023

TIT: Layo Bondye a kase premye rive twazyèm so liv jijman yo

LEKTI: Revelasyon 6:1-6

TEKS DO: Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun và vini sou non mwen, y’a di se yo menm ki Kris la. Y’a twonpe anpil moun
Matye 24:4-5

ENTWODIKSYON: Nan Revelasyon chapit 5, yo te prezante epi enstale gran Jij la ki se Layo Bondye a. Nou te wè sèl Kris gen otorite pou louvri liv ki gen sèt so a. Revelasyon chapit 6 la montre nou kòman Leseyé Jezi kase so yo youn aprè lòt. Ann gade ansanm kisa k’ te rive chak fwa yon so kase,

I. JEZI KASE PREMYE SO A (vėsė 1-2)

Nou bezwen sonje ke divizyon chapit yo pa t’ la nan kòmansman an. Se pa lapot Jan ki te separe liv li a an chapit. Nan chapit 5 lan, yo prezante Layo Bon- dye a kòm sèl moun nan syèl la ak sou té a ki gen otorite pou kase so yo. Chapit 6 la kòmanse ak « aprè sa ». Sa vle di, lè yo fin prezante Jezi kòm gran Jij la, epi adore li, Jezi kòmanse travay li. Lapot Jan wè Jezi kase premye so liv la. Nan menm tan li tande yon gwo vwa tankou yon kout loray. Se youn nan 4 bèt vivan yo ki t’ap pale, li te di byen fò: Vini! Sonje, Revel- asyon 4:5 pale sou kout loray devan twòn Kavalye a sou chwal blanch lan Bondye a. Vwa fò sa a senbolize jijman.

Menm lè cheriben an t’ap rele « vini! » yon chwal blan te parèt. Ka- valye ki te sou li a pote yon zam pou tire flèch. Yo ba li yon kouwòn epi li pati pou l’ genyen laviktwa. Chwal se senbòl fòs (Job 39:19). Nan Revelasyon 19:11-16 lapot Jan pale sou yon kavalye ki sou yon chwal blan tou. La a, li vin trẻ klè se Jezi li ye, paske yo rele l’ Pawòl Bondye, Wa tout wa, Chèf tout chèf. Men kavalye a sou chwal blan an nan chapit 6 la pa kapab Jezi, paske se Jezi ki kase so a; Jezi la pandan kavalye sa a parèt sou lòd youn nan 4 bèt vivan yo. Sa vle di, kavalye sa a obeyi yon zanj. Jezi pa obeyi zanj yo; okontrė, zanj yo obeyi epi sèvi Jezi (Mat 4:11; 26:53).

Nan Matye 7:15 Jezi aveti nou devan fo pwofèt yo ki pran póz ti mouton, men nan fon ké yo, se bét devoran yo ye. Epi lapot Pòl di nan 2 Korent 11:14 Satan konn degize l’ kom zanj limyè. Konsa nou pa kwè kavalye sa a se Jezi, men li se yon sévité Satan ki prezante tèt li devan lemonn kom yon bon moun k’ap pote lapė. Koulè blan an se koulè lapė. Se wa yo ki te konn monte sou chwal blan. Ka- valye sa a prezante tèt li kòm bon wa fò ki gentan genyen yon batay epi ki soti pou genyen ankò. Sa vle di li imite Jezi. Poutèt sa nou di se antikris la li ye. Nan liv Revelasyon an, nou pa janm jwenn mo « antikris » la. Se nan 1 Jan 2:22 lapot Jan bay non sa a, epi li defini I’: « Tout moun ki nye ke Jezi se Kris la, se kont Kris li ye, se antikris. » Kanmenm, nou pa rele tout moun ki kont Kris, antikris. Antikris la kont Kris, epi li fè tèt li tounen pou Kris. Sonje ke Jezi te di: Pran gad pou pèsonn pa sedui nou, paske anpil ap vin sou Non m’… y’ap sedui anpil moun. Premye zam ke antikris la pral sèvi se mansonj. Fò n’ byen konnen verite a pou nou ka detėkte mansonj lan.

II. JEZI KASE DEZYEM SO A (vėsė 3-4)

Nou jwenn ekspresyon « aprè sa » anpil fwa nan chapit 6 la. San- ble Jezi te kase so liv la yo youn aprè lòt, epi yo mache youn ak lòt, sitou premye 4 so yo. Chak fwa Jezi kase so a, se youn nan 4 bét vivan yo ki di, « Vini non! ». Menm lè a se yon kavalye ki parèt. Chak fwa, chwal la gen yon lòt koulė. Koulè yo gen siyifikasyon, yo mache ak sa kavalye a ap fè.

Lè Ti Mouton an kase dezyèm so a epi dezyèm bèt vivan an di: Vini non! yon cheval koulè wouj soti. Moun ki te monte l’ la resevwa pouvwa pou l’ retire lapė toupatou sou latè. Sanble pou yon ti tan nan kòmansman rèy antikris la ap gen lapė. Men li p’ap dire. Pwofèt Jeremi te di: « Y’ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen dan- je. Se manti! Anyen p’ap mache » (6:14). Epi pwofèt Ezayi di: Pa gen kè poze pou mechan yo (48:22). Se sèl Jezi ki kapab bay yon vrè lapė, epi li va bay li yon jou ki pa twò Iwen, yon lapė total ki va dire pou mil ane (Rev 20:4).

Dezyèm kavalye a parèt sou yon chwal wouj ki siyifi san moun ki va mouri nan lagė. Kavalye a gen yon nepe nan men li pou lézòm kapab touye youn lòt. Lé Jezi t’ap bay siy retou li, li te di: Nou va tande lagè ak bri lagė; se pako lafen an. Yon nasyon va leve kont yon lòt nasyon, yon wayòm va leve kont yon lòt wayòm (Matye 24:6).

III. JEZI KASE TWAZYÈM SO A (vėsė 5-6)

Twazyèm chwal la te nwa epi moun lan ki te sou li a te gen yon balans nan men I’. Selon Ezekyèl 4:10,11,16 peze oubyen mezire manje a gen rapò ak grangou. Epi nan Lamantasyon 4:8- 9, kote Jeremie plenyen sou soufrans pèp Jida a apré destriksyon lavil Jerizalèm lan, li di aspė moun k’ap soufri grangou pi fonse pase nwa a, moun ki mouri nan lagė pi bon pase moun ki mouri grangou. Toulede grav. Nan lagė, moun konn mouri vit, men, li pran anpil tan jouk yon moun mouri ak grangou. Jeremi gen rezon pou di mouri ak grangou pi grav.

Dezyèm kavalye a te pote lagė, epi twazyem lan pote grangou. Lè lagė fin pase, toujou gen anpil grangou. Alò, nou ta di twazyèm so a se rezilta dezyèm so a. Nan Levitik 26:23-26, Bondye di Izrayèl konsa: « Si nou kenbe tèt avè m’, mwen menm tou m’a kenbe tèt avèk nou. M’ap frape nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo… M’ap koupe vi nou. Yon sèl fou ap kont pou 10 fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y’a kontwole sa y’ap bay chak moun. Lè n’a fin manje, se ato na grangou. » Epi Jezi di nan Matye 24:7 grangou a se yon siy pou anonse retou li. Nou grangou deja, men nan dènye tan an, sa va pi rèd toujou.

Pou montre kòman sa va rèd, yon zanj bò twòn Bondye a te di: « Yon mezi ble pou yon jounen travay: 3 mezi lòj pou yon jounen tra- vay. Men, pa manyen ni Iwil la ni diven an. » Yo di, nan lè lapot Jan te ekri liv la, moun te ka achte 8 rive 12 mezi ble ak sa yo te fè nan yon jounen. Yo pa t’ renmen pen ki fèt ak lòj; se te pen moun pòv yo. Yo te plis sèvi ak lòj pou bay chwal ak lòt bèt yo manje. Men nan gran trib- ilasyon an, moun p’ap ka menm achte lòj ankò. Ala tèrib sa va terib.

Men poukisa zanj lan di, pa manyen Iwil ak diven an? Sa pa fasil pou eksplike; nou pa ka di ak sètitid kisa sa vle di. Nan lèt Jan t’ap ekri a, epi jodi a tou, yo konsidere lwil epi sitou diven pou atik liks moun pòv yo pa ka achte. Anpil moun kwè, si zanj lan di, pa manye l’, sa montre ke nan lè sa a moun rich yo va kapab achte manje a, yo p’ap soufri menm jan ak pòv yo. Se konsa li ye deja nan jou nou yo Men jodi a yo konn voye ti éd nan zòn sa yo kote gen anpil grangou. Men sanble nan tan gran tribilasyon an, moun p’ap gen konpasyon ankò.

DEVWA YO.

  1. Köman premye kavalye a te parét?
  2. Kilės moun premye kavalye a reprezante?
  3. Koman to pwofèt yo epi Satan konn degize yo?
  4. Ki premye zam antikris la pral sévi?
  5. Dekri dezyèm kavalye a. Ki koulé Chwal la te genyen? Kisa l’pote nan men I’?
  6. Kisa dezyèm kavalye a retire sou té a epi kisa l’ pote?
  7. Ki koulè twazyèm chwal la? Kisa kavalye a pote nan men I’?
  8. Ki misyon twazyèm kavalye a?
  9. Eksplike relasyon ant dezyèm ak twazyèm so a.
  10. Kisa Iwil ak diven kapab reprezante?

ZOUTI LEVANJIL
+50946879719

ALLÉLUIA TO JESUS DE PSALMISTE ROLANDE

Officiellement disponible sur sa chaîne YouTube en version audio titré ALLÉLUIA TO JESUS .

Psalmiste Rolande Louis a publié sa musique « Alléluia to Jesus » ce 22 septembre 2023 sur chaîne voici le lien pout écouter la chanson https://youtu.be/m7dCcxon8ls?si=UtFpXLMxikvNt4Om

KANAL LA PI ENPOTAN KE LEGLIZ LA

Pasteur Samuel Robuste fè konnen konstwiksyon KANAL la gen plis enpotans ke konstwiksyon Legliz li an.

Robuste ale pi lwen poul di nou deja gen plizyè Legliz pou kisa poun pata ankouraje yon premye grenn KANAL kap itil tout yon nasyon.

Samuel Robuste pito kanpe konstwiksyon Legliz li poul mande kretyen yo sipote travay kanal lan.

MediaZL

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 24 SEPTEMBRE 2023

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 24 SEPTANM 2023.

TIT: Adorasyon pou Ti Mouton Bondye a

LEKTI: Revelasyon 5:8-14

TÈKS DO: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l’ pouvwa, richés, bon konprann ak fòs, respè, onè ak Iwanj. Revelasyon 5:12

ENTWODIKSYON: Nan leson pase a nou te we otorite Jezi pou louvri liv la. Liv la pa t’ nenpòt ki liv. Li te sele ak 7 so epi yon zanj l’ap mande kilės ki ka louvri liv la. Lapot Jan te kriye lè li pa t’ wé moun ki te ka få travay sa. Men, Jezi, lyon Tribi Jida ki se Layo Bondye a te gen pouvwa ak otorite pou kase sele yo ak louvri liv la. Jodi a n’ap etidye ansanm reyaksyon 24 granmoun yo lè yo we Jezi te fè gran travay sa a epi kon- parezon Lapot Jan fè sou reyaksyon granmoun ak bèt ak sa ki te konn pase nan epok li a.

  1. REYAKSYON GRANMOUN AK BÈT YO LÈ JEZI JEZI OUVRI LIV LA .

Nan moman Ti Mouton an te pran liv la, 4 bèt vivan yo oubyen Cheriben yo ansanm ak 24 granmoun yo tonbe ajenou devan li.

Granmoun yo te gen nan men yo yon harp (gita) ak yon gode fét an lò ki plen lansan (v. 8). David te konn jwe harp. Se yon enstriman yo te konn sèvi anpil pou sèvis yo nan tanp lan. Harp la oubyen gita se senbòl oubyen reprezantasyon enstriman yo itilize nan legliz pou tout adorasyon yo bay Bondye ak mizik epi chante. Pou gode plen lansan an, lapot Jan ban nou eksplikasyon an: Se lapriyè kretyen yo (Rev. 8:3-5). Sa montre nou ke adorasyon ak lapriyè nou yo ki sensè rive jouk devan Twòn Letènèl epi yo konsève pou tout letènite.

Deja nan Ansyen Testaman an, yo pale sou yon chan nouvo. Sòm 33:3; 96:1; 98:1 ban nou lòd pou chante yon chan tou nèf pou Letènèl. Se pa vye plenyen nou sou pwoblèm ak peche nou yo moun dwe tande nan bouch nou, men nou dwe chante sou byenfè Seyè a. Sa ki tou néf nan chan yo nan Revelasyon chapit 5 la, se Iwanj pou Ti Mou- ton Bondye a ki te mouri epi ki kounyeya genyen tout pouvwa, richès ak otorite, ki merite pou tout moun bese byen ba devan li. Kwayan yo nan Ansyen Testaman an pa t’ ko ka chante I’. Men noumenm ki rachte nan tout salte ak kondanasyon, nou dwe chante l’ depi jou ke nou sove pou tout leténite. Sa va yon gran jou lè nou tout va kanpe devan twòn Letènèl la ak Sovè nou an pou chante bèl chan Ti Mouton Bondye a ansanm ak tout zanj yo nan syèl la. Eske nou va la?

II. KONPAREZON ANT ADORASYON POU TI MOUTON BONDYE A AK JAN YON WA TE KONN PRAN FONKSYON NAN EPÒK JAN AN.

A. Fason yo te abitye akeyi nouvo wa nan anpi Women an

Nan anpi Women an, nan moman yon nouvo Seza (wa) te monte sou twòn li, yo te konn rele byen fo « viv Seza ». Rèl yo te kòmanse ak moun ki te nan gran sal ansanm ak seza a. Aprè sa, se tout moun nan palè a ki te pran rele tou. Pou gran jou sa a yo te fè anpil moun vin kanpe devan palé a. Lè moun sa yo te tande rèl yo depi anndan palè a, yo te pran rele tou, jouk tout moun nan lavil Wòm t’ap rele.

B. Jan dekri jan adorasyon an te konn ye nan anpi Women an.

Lapot Jan dekri adorasyon pou Ti Mouton Bondye a ki gen otorite pou louvri liv la nan yon fason parèy ak jan sa te konn ye nan anpi women an, sèlman li pi grandyoz. Dabò se sa yo ki devan fötèy Leténél la ki pran chante (vs. 8-10); aprèsa, se tout Zanj yo ki vin antre nan koral la (vs. 11-12), epi anfen se tout kreyati yo nan syėl la, sou latė, anba té a ak nan lanmè a k’ap fè Iwanj Bondye tou (vs. 13-14). Sa se yon fét nou pa kapab konpare!

KONKLIZYON: Nan leson nou pou jodi a, nou te etidye adorasyon 24 gran- moun yo epi 4 bèt yo te ofri Jezi lė li louvri liv la ak kase 7 sele yo. Yo te ton- be ajenou devan Jezikri epi yo t’ap chante yon kantik tou něf. Tonbe ajenou an se senbol adorasyon epi chante a se senbol louanj. Adorasyon an te gen resanblans ak lè yon nouvo wa nan anpi women ap envesti sou pouvwa li. Men sa te pi grandyóz. Pép Bondye a bezwen fè 2 bagay sa yo: adore Bondye epi louwe Li. Li dwe fè sa depi sou tè a pou jouk li rive nan laglwa

DEVWA YO

  1. Eksplike kòman sa te konn fèt e nan anpi women an nan moman yon nouvo Seza ap monte sou twon li?
  2. Koman Lapot Jan konpare sa ki te konn pase nan anpi Women an ak sa ki tap pase devan twòn lan? Kisa ki te pi grandyoz?
  3. Kisa « harp » la senbolize ?
  4. Kisa lansan senbolize ?
  5. Kisa ki fè se Legliz la ki ka chante kantik ki nan Revelasyon chapit 5 la
  6. Nan chan nouvo Bib la ban nou lòd pou chante a, kisa ki pa dwe gen ladanl?
  7. Gen 2 bagay pèp Bondye a bezwen fè isi a jouk yo rive nan laglwa

ZOUTI LEVANJIL
+50946879719

Les évangéliques, deuxième dénomination d’Espagne avec 4359 lieux de culte

Selon un dernier décompte de l’Observatoire du pluralisme religieux, Les évangéliques sont désormais la deuxième dénomination d’Espagne après l’Eglise catholique. Ils comptent 4359 lieux de culte

culte, selon un rapport de l’Observatoire du pluralisme religieux, publié en septembre 2023. En 2011, il y en avait moins de 3000. Cette statistique les place en deuxième position des entités religieuses d’Espagne derrière les catholiques (22 947 paroisses), mais devant les musulmans (1 749) ou encore les Témoins de Jéhovah (633). La Catalogne est la communauté autonome avec le plus d’églises évangéliques (928).

L’essor des évangéliques se remarque aussi dans la société, puisque les entités évangéliques collaborent de plus en plus avec les autorités locales. Au Pays Basque, ils peuvent désormais accompagner spirituellement des détenus. En Andalousie, ils ont signé, en novembre 2022, un accord historique avec le gouvernement qui reconnaît officiellement le rôle des Eglises évangéliques andalouses en matière de travail social, de santé ou encore d’éducation.

Toutefois, bien que les minorités religieuses aient grandi, de 1,1% en 2001 à 2,6% en 2021, le groupe qui a le plus augmenté est celui des agnostiques et des athées, qui atteint 13% en 2021. Le catholicisme est toujours majoritaire, mais est en net recul, passant de 84,7% de la population à 61,4%.