Archives mensuelles : janvier 2019

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 3 FEVRIER 2018/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYE

Tit : Ezekyèl, yon santinèl pou Bondye

Lekti : Ezekyèl 3v 17-21

Tèks dò : Nonm o, mwen mete ou santinèl pour Izrayèl. Wa tande mesaj mwen ba ou, w’a avèti yo pou mwen. ( Ezekyèl 3 :17)

OBJEKTIF :
Dekouvri a travè leson sa a vrè responsabilite tout kretyen kòm santinèl pou Bondye.

ENTWODIKSYON :

Nan leson pase a nou te wè Ezekyèl yon misyonè pou Bondye. Jodia nou pral wè l’ kòm santinèl.

Kisa yon santinèl ye daprè la Bib ?

Yon santinèl se yon sòlda pou siveye (2Samyèl 18v24-27). Se yon moun kila pou bay avètisman (Ezekyèl 3 :17)…

Poukisa Bondye te chwazi Ezekyèl kòm santinèl ?

Bondye pral di Ezekyèl mwen mete w’ kòm santinèl pou Izrayèl wap tande pawòl ki sòti nan bouch mwen, w’ap pale sou sa mwen di w’ pou w’ di yo. E misyon Ezekyèl sete pou l’ avèti vil la sou yon danje ki gen pou rive. Enpòtans mesaj la chita nan rapò ant Ezekyèl ak moun k’ap tande l’ yo kòm santinèl.

Nan leson jodia nou pral’ wè ansanm 4 ka espesyal nap tire 2 prensip nan mesaj Ezekyèl te resevwa kòm santinèl pou Bondye.

An nou analyze ka yo :

I. KA NIMEWO 1 AK 2 (Eze. 3v18-19)

• Si mechan an peche si santinèl la pa avèti l’ santinèl la ap responsab (Ez. 3v18). Men si, mechan an peche, santinèl la avèti l’ mechan an ta mouri nan peche l’ (Women 3v23) santinèl la pa responsab.

• Avan nou tire yon aplikayson nan 2 vèsè sa yo an nou wè ki moun bib la konsidere kòm mechan.

• Daprè bib la mechan an se yon moun ki pa konnen Bondye, se moun ki pa aksepte Kris nan lavi l’ kom Sovè l’ ki pa fè volonte Bondye. Samyèl 1 ban nou yon ekspoze ant moun ki jis ak moun ki mechan, ant travay jis la ak travay mechan an.

• Nan lang franse mechan se yon moun ki fè mal, ki kriyèl.

• Se yon verite yon moun ki pa soumèt li anba volonte Bondye, kapab fè tout vye bagay. Malgre jan mechan an ye se responsabilite tout kretyen pou ba yo mesaj la.

II. ANN WE KA 3 AK 4 (Ezekyèl 3v 20-21)

• Si jis la ta febli sou chemen l’, kòm santinèl nou pata avèti l’, oubyen ankouraje l’ pou l’ pran li ta mouri nan peche l’ santinèl la responsab (v. 20). Men si l’ avèti l’ li ta fè enkredil santinèl la pa responsab.

• Lè nou fin analize 4 prensib sa yo nou kapab tire 2 gwo aplikasyon :

1- Chak moun responsab pou sa l’ fè ya ? Mouri pou pwòp peche l’ (Ezekyèl 18 :10)

2- Nou tout kòm kwayan evanjelik responsab pou nou bay bon nouvèl la Gras la ak Rekonsilyasyon an (2 Korentyen 5 v 20).

KONKLIZYON :

Ezekyèl kòm santinèl te gen kòm misyon pou l’ avèti pechè yo sou konsekans aksoyn yo anpil te fè yo pat konprann lè yo mouri san konvèti chaj la tonbe sou yo li pa tonbe sou santinèl la…

Nou wè kòman Ezekyèl te fè travay li byen ki te gen 2 aspè : yon aspè evanjelizasyon ak yon aspè pastoral.

Pwofèt la li te fè yon bon travay ann nou fè men-m jan ak li kòm kretyen.

GLOIRE A DIEU
+50946879719

NB :Liv yo disponib tout kote nou konn abitye jwenn li. Merci !

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 27 JANVIER 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ.

Tit: Ezekyèl yon misyonè pou Bondye

Lekti: Ezekyèl 2:1,2; 3:1-11
Tèks dò: Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang difisil pou ou konnen mwen voye w, se bo kote moun pèp Izrayèl yo, mwen voye w. Ezekyèl 3:5

Entwodiksyon:

Sa ki gen rapò avèk misyon chita sitou nan nouvo Testaman, poutan lè n(ap gade ministè pwofetik Ezekyèl la nou wè de manyè espesyal kèk pwen ki gen rapò ak misyon. Se poutèt sa nou di Ezekyèl, yon misyonè pou Bondye.

Kisa yon misyonè ye?
Yon misyonè se yon anvwaye Bondye chwazi epi voye pou fè yon travay pou li nan yon kote byen detèmine. Plis ke 90 fwa, Bondye rele Ezekyèl (Fils de l(homme( Poukisa tit sa a? Se yon mwayen pou montre imanite, ak feblès pwofèt la, sa montre tou ke li depann totalman de puisans Lespri Bondye a pou fè travay la. (Ezekyèl 2:2).

Nan leson jodi a, nou pral wè:
1. Kòman Bondye te kominike ak Ezekyèl (Ez. 2:1-2)
2. Aspè difisil nan misyon Ezekyèl te genyen (Ez. 3:7-8)
3. Baz Mesaj Ezekyèl kòm misyonè Bondye voye (Ez. 3:4-11).
Li klè Bondye vle fè Ezekyèl yon bon enstriman pou kominike Pawòl li.

I. Kòman Bondye te kominike ak Ezekyèl

(Ezekyèl 2:1-2)
Lespri Bondye a te antre nan Ezekyèl, li te kanpe sou pye l( (v. 2) Bondye pale avè l(. Ezekyèl te kouvri ak puisans Lespri Bondye pou pwoklame mesaj la. Se menm jan, jodi a tou Bondye mande nou pou nou abiye ak pisans Sentespri a pou nou preche Levanjil la byen a tout nasyon yo (Trav. 1:8; 2:4). Ezekyèl te anvwaye pa Bondye. Bondye te montre Ezekyèl ke travay la, p(ap fasil. Konsa, Ezekyèl te rive konnen kisa k(ap tann li. Bondye te ba l( mesaj pou Izrayèl (3:4). Li te voye l( tou bò kaptif yo ki te Babilòn (3:11). Se pa te yon ti travay. Sa ki bèl, lè se Bondye ki voye yon moun, li trase wout, anyen pa ka kanpe devan moun Bondye voye. Lè Bondye voye yon moun, li ame l(, li ekipe l(
Jodi a, Bondye vle gason ak fanm fidèl pou pwoklame Pawòl la bay sa yo ki nan fènwa. Pa retire ni mete anplis. Wi sa pa t( fasil pou pwofèt la, dèske Bondye te avè l(, travay la te fèt.

II. Aspè difisil nan misyon Ezekyèl

(Ezekyèl 3:7,8)
Ezekyèl pral pale ak yon pèp, davans li konnen ke pèp la p(ap koute l(. Gen matyè, pou l( pa ta ale pou l( ta dekouraje. Men Bondye pral di pwofèt la pa krenn anyen, menm lè yo ta menase l( (v. 9). Travay pwofèt la te genyen, se bay Pawòl la menm lè yo tande l(, ni lè yo pa tande l( (v. 7), Bondye pwomèt l(ap bay Ezekyèl kouraj ak detèminasyon pou bay Pawòl la, nan tout sikonstans.
Nan chapit 3:1, nou wè pwofèt te manje woulo a. Gen 2 kalifikasyon pou yon pwofèt nan Ansyen Testaman:
1. Resevwa mesaj Bondye a.
2. Se yon anvwaye
Manje woulo pou kèk kòmantatè biblik siyifi li resevwa mesaj la, la l( pale ak nasyon Izrayèl la, montre li se yon anvwaye.
Nou wè malgre woulo a te gen yon mesaj jijman ladan l(, li te dous kou myèl pou Ezekyèl. Se konsa tou, pou kwayan ki fè volonte Letènèl li santi l( nan lajwa, menm nan sitiyasyon difisil.

III. Baz mesaj Ezekyèl kòm misyonè pou Bondye

(ch 3:4-11)
Nan chapit 3:11, nou jwenn baz mesaj Ezekyèl la. Malgre pèp la te jete mesaj la nan sans yo pa t( vle tande l(, yo pa t( aplike l( nan vi yo, Pawòl la te preche. Sa ki te bay fòs ak mesaj pwofèt la, se sa nou konsidere kòm deklarasyon ouvèti ki se: (Ainsi parle le Seigneur, L(Eternel(.
Ezekyèl te pran konesans dimansyon travay li te genyen. Lespri Bondye te ranpli l( epi pran l( pou pote l( kote l( te gen pou l( fè ministè li. Bondye te fè yon vizit ak Ezekyèl sou kote l( te gen pou l( al travay. Sa te fèt nan yon vizyon. Nou konprann sans fraz sa a gen pou Ezekyèl. Li pa t( di anyen de limenm, li te di sa Bondye di l( di.
Jodi a tou, ann fè efò, lè n(ap pale, preche pou n( preche Pawòl Bondye non pawòl pa nou.
Konklizyon: Mezanmi, Ezekyèl se te yon bon misyonè pou Bondye. Malgre pwoblèm ki te parèt sou wout li, li te kenbe fèm. Jodi a tou, ann pa kite ti pwoblèm ki parèt sou wout nou fè n( fè chapo ba, fè n( dekouraje nan travay n(ap fè pou Bondye.

Devwa yo:
1. Kisa yon misyonè ye?
2. Plis ke konbyen fwa Bondye rele Ezekyèl (Fils de l(homme(?
3. Bay de rezon ki fè Bondye te rele Ezekyèl (Fils de l(homme(.
4. Ki travay Ezekyèl te genyen?
5. Kisa Bondye te pwomèt Ezekyèl?
6. Kisa manje woulo a reprezante?
7. Kòman woulo a te ye nan bouch Ezekyèl?
8. Kòman nou sipoze woulo a te ye nan bouch pèp la?
9. Nan ki vèsè nan liv Ezekyèl la nou jwenn baz mesaj la?
10. Ki kalite yon bon misyonè?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 27 JANVIER 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ.

Tit: Ezekyèl yon misyonè pou Bondye

Lekti: Ezekyèl 2:1,2; 3:1-11
Tèks dò: Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang difisil pou ou konnen mwen voye w, se bo kote moun pèp Izrayèl yo, mwen voye w. Ezekyèl 3:5

Entwodiksyon:

Sa ki gen rapò avèk misyon chita sitou nan nouvo Testaman, poutan lè n(ap gade ministè pwofetik Ezekyèl la nou wè de manyè espesyal kèk pwen ki gen rapò ak misyon. Se poutèt sa nou di Ezekyèl, yon misyonè pou Bondye.

Kisa yon misyonè ye?
Yon misyonè se yon anvwaye Bondye chwazi epi voye pou fè yon travay pou li nan yon kote byen detèmine. Plis ke 90 fwa, Bondye rele Ezekyèl (Fils de l(homme( Poukisa tit sa a? Se yon mwayen pou montre imanite, ak feblès pwofèt la, sa montre tou ke li depann totalman de puisans Lespri Bondye a pou fè travay la. (Ezekyèl 2:2).

Nan leson jodi a, nou pral wè:
1. Kòman Bondye te kominike ak Ezekyèl (Ez. 2:1-2)
2. Aspè difisil nan misyon Ezekyèl te genyen (Ez. 3:7-8)
3. Baz Mesaj Ezekyèl kòm misyonè Bondye voye (Ez. 3:4-11).
Li klè Bondye vle fè Ezekyèl yon bon enstriman pou kominike Pawòl li.

I. Kòman Bondye te kominike ak Ezekyèl

(Ezekyèl 2:1-2)
Lespri Bondye a te antre nan Ezekyèl, li te kanpe sou pye l( (v. 2) Bondye pale avè l(. Ezekyèl te kouvri ak puisans Lespri Bondye pou pwoklame mesaj la. Se menm jan, jodi a tou Bondye mande nou pou nou abiye ak pisans Sentespri a pou nou preche Levanjil la byen a tout nasyon yo (Trav. 1:8; 2:4). Ezekyèl te anvwaye pa Bondye. Bondye te montre Ezekyèl ke travay la, p(ap fasil. Konsa, Ezekyèl te rive konnen kisa k(ap tann li. Bondye te ba l( mesaj pou Izrayèl (3:4). Li te voye l( tou bò kaptif yo ki te Babilòn (3:11). Se pa te yon ti travay. Sa ki bèl, lè se Bondye ki voye yon moun, li trase wout, anyen pa ka kanpe devan moun Bondye voye. Lè Bondye voye yon moun, li ame l(, li ekipe l(
Jodi a, Bondye vle gason ak fanm fidèl pou pwoklame Pawòl la bay sa yo ki nan fènwa. Pa retire ni mete anplis. Wi sa pa t( fasil pou pwofèt la, dèske Bondye te avè l(, travay la te fèt.

II. Aspè difisil nan misyon Ezekyèl

(Ezekyèl 3:7,8)
Ezekyèl pral pale ak yon pèp, davans li konnen ke pèp la p(ap koute l(. Gen matyè, pou l( pa ta ale pou l( ta dekouraje. Men Bondye pral di pwofèt la pa krenn anyen, menm lè yo ta menase l( (v. 9). Travay pwofèt la te genyen, se bay Pawòl la menm lè yo tande l(, ni lè yo pa tande l( (v. 7), Bondye pwomèt l(ap bay Ezekyèl kouraj ak detèminasyon pou bay Pawòl la, nan tout sikonstans.
Nan chapit 3:1, nou wè pwofèt te manje woulo a. Gen 2 kalifikasyon pou yon pwofèt nan Ansyen Testaman:
1. Resevwa mesaj Bondye a.
2. Se yon anvwaye
Manje woulo pou kèk kòmantatè biblik siyifi li resevwa mesaj la, la l( pale ak nasyon Izrayèl la, montre li se yon anvwaye.
Nou wè malgre woulo a te gen yon mesaj jijman ladan l(, li te dous kou myèl pou Ezekyèl. Se konsa tou, pou kwayan ki fè volonte Letènèl li santi l( nan lajwa, menm nan sitiyasyon difisil.

III. Baz mesaj Ezekyèl kòm misyonè pou Bondye

(ch 3:4-11)
Nan chapit 3:11, nou jwenn baz mesaj Ezekyèl la. Malgre pèp la te jete mesaj la nan sans yo pa t( vle tande l(, yo pa t( aplike l( nan vi yo, Pawòl la te preche. Sa ki te bay fòs ak mesaj pwofèt la, se sa nou konsidere kòm deklarasyon ouvèti ki se: (Ainsi parle le Seigneur, L(Eternel(.
Ezekyèl te pran konesans dimansyon travay li te genyen. Lespri Bondye te ranpli l( epi pran l( pou pote l( kote l( te gen pou l( fè ministè li. Bondye te fè yon vizit ak Ezekyèl sou kote l( te gen pou l( al travay. Sa te fèt nan yon vizyon. Nou konprann sans fraz sa a gen pou Ezekyèl. Li pa t( di anyen de limenm, li te di sa Bondye di l( di.
Jodi a tou, ann fè efò, lè n(ap pale, preche pou n( preche Pawòl Bondye non pawòl pa nou.
Konklizyon: Mezanmi, Ezekyèl se te yon bon misyonè pou Bondye. Malgre pwoblèm ki te parèt sou wout li, li te kenbe fèm. Jodi a tou, ann pa kite ti pwoblèm ki parèt sou wout nou fè n( fè chapo ba, fè n( dekouraje nan travay n(ap fè pou Bondye.

Devwa yo:
1. Kisa yon misyonè ye?
2. Plis ke konbyen fwa Bondye rele Ezekyèl (Fils de l(homme(?
3. Bay de rezon ki fè Bondye te rele Ezekyèl (Fils de l(homme(.
4. Ki travay Ezekyèl te genyen?
5. Kisa Bondye te pwomèt Ezekyèl?
6. Kisa manje woulo a reprezante?
7. Kòman woulo a te ye nan bouch Ezekyèl?
8. Kòman nou sipoze woulo a te ye nan bouch pèp la?
9. Nan ki vèsè nan liv Ezekyèl la nou jwenn baz mesaj la?
10. Ki kalite yon bon misyonè?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

AUGMENTEZ VOTRE CONNAISSANCE A TRAVERS LA BIBLE./ GRANDI KONESANS OU AK BIB LAN .

La Bible est divise en 2 parties L’Ancien et le Nouveau Testament.

L’Ancien Testament contient 39 livres . Le Nouveau Testament contient 27 livres.
La Bible en generale contient 66 livres.

Sarah est la seule unique Femme que son age mentionne dans la Bible, elle a mourrut a 127 ans .

Le mot SEIGNEUR est mentinne dans la Bible 7736 fois.

Le Psaume 107 contient 4 versets identique, les versets sont: 8 , 15 , 21 et 31 .

On trouve le verset Actes 17:7 au milieu du Nouveau Testament.

Le mot DIEU ne mentionne pas dans le livre d’ESTHER . Le mot Dieu mentionne 4370 fois dans la Bible.

Le Psaume 119 est le chapitre le plus long dans la Bible.

Jean 11 le verset 35 le plus court verset de la Bible.

Le plus long verset est ESTHER 8 : 9 .

Le plus court chapitre la Bible est le Psaume 117.

Le chapitre qui se trouve au milieu de l’Ancien Testament c’est le JOB 29 .

GLOIRE A DIEU

+50946879719

QUE SIGNIFIE LE MOT ALLELUIA,/ KISA MO ALELOUYA VLEDI

ALLELUIA : Alleluia est un mot Hébreu qui vient du verbe Hillel qui veut dire LOUER et du suffixe Iah qui est une abréviation de Yahvé . Donc, alleluia se traduit habituellement par LOUER LE SEIGNEUR , mais aussi par ADORER LE SEIGNEUR, CELEBRER LE SEIGNEUR ou CONFESSER LE SEIGNEUR .

L’acclamation alleluia est fréquente dans les psaumes . A l’occasion, elle introduit la prière au début du psaume, d’autres fois on la retrouve a la fin pour la conclure , il exprime toujours un sentiment de joie vers le Seigneur.

L’Apocalypse est le seul endroit ou l’on retrouve ALLELUIA dasn le nouveau Testament. Au chapitre 19 .

GLOIRE A DIEU
👉🏾+50946879719

PARLONS NOUS UN PEU DE CE BEAU LIVRE

http://instagram.com/gloiretv7

La Bible est la parole de Dieu. Elle est infaillible , et elle est pour les chrétiens la seule norme de vie et de foi.

La Bible est constitué de 66 livres, repartis entre l’Ancien et le Nouveau Testament.

Elle a été rédigée par plusieurs auteurs ayant vécu entre 1900 av JC jusqu’au premier siècle de l’ère chrétienne , mais c’est poussés par le Saint-Esprit que des hommes ont parlé de la part de Dieu ( 2 pierre 1:21 ) .

Les 5 premiers livres de La Bible contiennent la loi de Dieu, raconte les débuts de l’humanité , depuis la création du monde jusqu’à l’établissement du peuple Israël en terre promise .

Ensuite viennent des livres Historiques , des livres Proetiques (les Psaumes ) , des livres prophétiques.

Beaucoup de ces prophètes ont déjà eu leur accomplissement, d’autres concernant des temps a venir.

Ensuite viennent les livres du Nouveau Testament, ils racontent la premiere venue de JESUS sur terre et le développement de l’Église pendant le premier siècle.

« Les voies de Dieu sont parfaites. La parole de l’Éternel est éprouvée. Il est un bouclier pour tous ceux qui se confient en Lui » Psaume 18:30.
GLOIRE A DIEU
👉🏾+50946879719

R.E.H
RÉSEAU EVANGELIQUE HAITIEN

LECON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 20 JANVIER 2019/ LOSEN DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Apèl Ezekyèl kòm pwofèt

Lekti: Ezekyèl 2:1-2

Tèks dò: Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou. Paske li toujou kenbe Pawòl li. 1 Tessalonik 5:24

Entwodiksyon:
Yo defini yon pwofèt kòm lòm Bondye, bouch Bondye. Se yon moun ki wè sa k(ap rive (1 Sam. 9:9,10). Yon pwofèt gen yon doub misyon: Preche, predi.
Se yon predikatè k(ap preche moun ki devan l(. Mesaj pwofèt la tou gen yon doub pòte: yon pòte prezan, etidyan la Bib yo pale de (Portée immédiate( yon pòte fiti, etidyan yo pale de (Portée eschatologique( sa pwofèt yo di ki gen pou rive yo rele (pwofesi(.
Kisa yon pwofesi ye?
Yon pwofesi se yon ansanm verite ke Sentespri a pote (2 Pyè 1:20-21). Se yon mwayen Bondye itilize pou fè nou konnen evènman ki gen pou rive (Ebre 1:1).

Bib la se Pawòl pwofetik enspire pa Bondye. Nan tablo pwofèt yo, pou kèk dimanch nou pral pale sou Ezekyèl ki klase pami gran pwofèt yo kòm: Ezayi, Jeremi. Yo pale de gran pwofèt pa rapò ak kantite sa moun nan ekri.

Nan leson jodi a, l(ap bon anpil pou nou kòmanse yon etid sou lavi gran zòm sa a. Pou n( konnen ki moun li ye, kòman li te fè travay pwofèt li, kèk karakteristik ki make ministè li.

I. Ki moun Ezekyèl te ye?
Ezekyèl se yon moun ki te livre l( nèt pou fè travay Bondye a. Non Ezekyèl vle di: (L(Eternel fortifie(. (Letènèl bay fòs(. Li soti nan yon fanmiy sakrifikatè. Li te pase yon gran pati nan lavi li nan Jerizalèm.

Li te yon depòte Babilòn nan lane 597 anvan Jezikri. Li te gen 30 lane lè li te resevwa apèl pwofetik li (ch. 1:2-3). Ezekyèl ak Danyèl te viv nan menm peryòd, yo te pi jenn ke Jeremi. Pandan 3 fwa nan liv la, Ezekyèl pale de pwòp tèt li (Ezekyèl 14:14,20; 28:3).
Kontrèman ak Danyèl, Ezekyèl te marye (Ez. 24:15-18). Li t(ap viv kòm yon sitwayen prive kote ekzile yo, pa two lwen flèv Kebar (Ez. 1:1; 3:15,24). Li te gen tanperaman pa l(, li pa t( aji sou emosyon kòm Jeremi. Li te yon modèl pou moun ki te bò kote l( nan move jou yo t(ap viv nan Babilòn. Ki metòd Ezekyèl te itilize?

II. Metòd travay Ezekyèl
Ezekyèl te gen anpil metòd. Lè nou li liv la byen nou ka dekouvri sa. Metòd li itilize a te pwòp ak li; li eksprime ide l( yo avèk anpil imaj. Kòm predikatè, pastè, ekrivenn, pwofèt Bondye, li klase pami gran zòm yo nan Ansyen Testaman.

Gen yon aranjman kwonolojik nan pwofesi l( yo. Nou kapab menm met dat sou pwofesi li yo. Liv ezekyèl la byen aranje nou kapab divize 48 chapit liv sa a nan 4 pati, nou ka klase yo konsa.

a) Chapit 1-3, Apèl Ezekyèl

b) Chapit 4-24, kondanasyon Jida

c) Chapit 25-32, Kondanasyon lòt nasyon yo

d) Chapit 33-48, restorasyon Izrayèl
Kòman ministè Ezekyèl te ye?

III. Ministè Ezekyèl
Si Bondye te rele Jeremi, pwofèt nasyon yo kòm yon kolòn fè (Jeremi 1:18) pou peyi Jida; li te etabli Ezekyèl kòm yon kolòn pami konpatriyòt li yo ki te nan kaptivite nan Babilòn (Ezekyèl 3:3) Men li pa t( sibi pèsekisyon kòm Jeremi. Ministè l( te debite an 593 anvan Jezikri. Li te ale jouk nan dènye pwofesi an 571 anvan Jezikri.
Pwofesi Ezekyèl yo gen yon doub objektif:

  1. Kominike mesaj jijman Bondye sou Jida ak Jerizalèm ki te tonbe nan apostazi (chapit 1-24) avèk sèt (7) nasyon etranje ki te vwazen pèp Izrayèl la ki se: Amon, Moab, Edon, Filisti, Tir, Sidon, Ejip (chapit 25-32).

  2. Nan ministè l(, li te fòtifye ti gwoup Jwif yo ki te fidèl ak Bondye nan sa ki gen rapò ak retablisman pèp alyans la (Izrayèl ak glwa final Wayòm Bondye a (chapit 33-48).

Pwofèt la tou te montre ke chak moun responsab aksyon yo devan Bondye. Moun ki te Babilòn yo, te gen yon tandans mete fot yo sou peche gran paran yo (Ezekyèl 18:1-32; 33:10-20).
Ezekyèl te gen yon bon ministè. Jodi a, Bondye rele w tou pou fè yon travay pou li. Nou ankouraje w fè l( ak tout kè w. Ezekyèl te trè fò nan ministè li.

Li te bay mesaj la, san wete ni mete. Jodi a, nou wè anpil moun rele tèt yo pwofèt, pastè, doktè. Ann fè atansyon ak yo. Mande Bondye pou l( ouvri je nou, pou l( bannou disèneman.

Konklizyon:
Leson jodi a te anseye nou sou apèl Ezekyèl. Li te gen 30 lane lè li te resevwa apèl pou l( pwofetize sou Jida ak 7 lòt nasyon ki te vwazen ak pèp Izrayèl la. Li te viv mesaj Jeremi yo epi li te wa nan menm tan ak Danyèl. Ezekyèl te fè pati gwoup Jwif ki t(al nan egzil nan premye depòtasyon wa a Nebikadneza te fè nan lane 597, men li t(a pral jwenn apèl li 593. Ezekyèl te genyen pou kominike mesaj jijman Bondye sou Jida ak Jerizalèm. Li te fè travay sa jan Bondye te mande l( la. Eske ou bay mesaj Bondye a jan Bondye konfye w li a? Anpil moun, se sa yo vle yo di de Pawòl Bondye a. Bib la di Bondye ap mande yo tout kont (Wòm 1:8).

Devwa yo

1. Kòman yo defini yon pwofèt?

2. Ki doub misyon yon pwofèt?

3. Ki doub pòte mesaj pwofèt la?

4. Kisa yon pwofesi ye?

5. Pouki yo klase Ezekyèl pami gran pwofèt yo?

6. Kisa non Ezekyèl vle di?

7. Ki laj Ezekyèl te genyen lè Bondye te rele l(?

8. Ki karaktè Ezekyèl te genyen?

9. Ki metòd travay Ezekyèl?

10. Kisa Ezekyèl te ye pou konpatriyòt li yo nan kaptivite nan Babilòn?

11. Ki gwoup Jwif Ezekyèl te fòtifye?

12. Ki abitid babilonyen yo te genyen?

GLOIRE A DIEU
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 13 JANVIER 2019/ LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

Tit: Kòman yon kretyen kapab grandi

Lekti: Filip 3:7-17

Tèks dò: “Konsa, nou nan mitan foul temwen sa yo, ann voye tout bagay k’ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou”. Ebre 12:1-2

Entwodiksyon:

Nan egzanp Jezi, kretyen an dwe mache de pwogrè an pwogrè. Kretyen an dwe egzamine lavi li seryèzman, li dwe afèmi fwa li. Li ta dwe mande si Kris okipe yon pi gran plas nan kè li chak jou. Eske zak ak aksyon li yo onore Mèt la? Eske gen yon pwogrè ki fèt depi li konvèti? Nou kwè ke chak kretyen dwe reflechi seryèzman sou lavi li epi wè ki kalite pwogrè k’ap fèt nan li.

I. Yon kretyen ki ini ak Kris (7-9)

Nan temwayaj Pòl, li te apiye sou pwòp eksperyans li pou montre kisa ki baz eksperyans lavi kretyen an. Li te sonje ki kote li te ye anba lalwa. Li te oblije separe ak tout sa ki ta separe li ak Kris, separe avèk tout bagay ki mal, se sa ki kapab kenbe nou nan yon pafèt kominyon avèk Kris.

Lontan yo te yon benefis ak yon privilèj men kounyeya li oblije divòse ak yo pou li kapab mare ak Kris. Pòl pa t’ vle di pou gen konesans sou kèk verite sou Jezi, men pou konnen l’ pèsonèlman epi ini avèk li, fè eksperyans nouvo lavi a ke nou jwenn nan Kris.

Lavi kretyen an kòmanse avèk konvèsyon, aprè eksperyans sa a li vin ini avèk Kris. Inyon sa a, se sous pou resevwa fòs pou grandi epi devni sa Bondye vle pou ye. Lavi sa a se pa yon bagay nou kapab imite nan yon lòt moun, men se kite Kris ki rete nan kè nou fè nou kretyen ke nou dwe ye a.

Nan vèsè 10-11; Pòl te vle ale pi lwen, se pou li sanble ak Kris nan tout sans, nan soufrans, nan lanmò ak nan rezirèksyon Kris. Konbyen pami nou kretyen ki kontan pou mache ak Kris sèlman lè tout bagay mache byen, men ki prèt pou fayi devan nenpòt sikonstans ou pwòblèm. Pòl t’ap travay pou yon jou li ta fè ekspreryans viktorye rezirèksyon sou lanmò, patisipe nan soufrans yo avèk jwa. Si yon kretyen pa rive nan pwen sa a menm jan Pòl t’ap panse, li pako rive nan yon matirite espirityèl. Lè ou konnen Kris nan sans sa a, li va fè ou rayi peche ak tout kè ou, viktorye sou tout sa ki mal. Ou va prèt pou bay lavi ou pou ede lèzòt yo sove nan peche.

II. Jezi kòm pi gran bi lavi nou
Nan vèsè 12:17,

Pòl mete Jezi kòm pi gran bi lavi li. Li poko rive kote li dwe ale a, men l’ap kouri pou rive nan bi sa a. Nou kapab remake lavi kretyen se yon lit kontinyèl, pou nou kapab rive, nou dwe toujou nan lapriyè ap veye advèsè nou dyab la. Sa va enpòtan ankò lè nou bliye tout vye eksperyans pase yo, epi menm tout sa nou deja fè, tout enèji nou ta dwe panche sou lavni. Se sa yon kretyen bezwen pou li grandi espirityèlman. Nou pa dwe janm satisfè de sa nou fè deja paske pa gen yon sèl moun ki gentan rive kote Bondye vle nou rive a, men se efò n’ap fè.

Annou eseye bliye tout fayit pase yo, annou gade annavan pou nou swiv Jezi nan laviktwa. Alò règ la senp pou grandi, se bay Kris premye plas nan lavi nou, renonse a tout bagay mal epi chache sa ki bon, efòse nou pou nou fè volonte Bondye. Mete tèt nou ansanm epi mache menm jan Kris t’ap mache.

Pi gran obstak nou kapab jwenn se move abitid nou kapab genyen nan lavi nou, vye kopwomi nou konn fè epi parès nou genyen nan lavi nou, men annou sonje sa nou jwenn nan Ebre 12:1. Annou jete tout chay, tout peche ki vlope nou si fasilman epi annou kouri avèk pèseverans nan karyè ki devan nou an pandan je nou fikse sou Jezi. Sa vle di pou nou debarase de tout vye tandans ki kapab desann lavi espirityèl nou epi ki kapab anpwazone kè nou.

Konklizyon:

Yon bon èd nou se priye anpil, li Bib nou anpil, se pou nou toujou nan kominyon ak frè yo, sèvi Bondye ak pwochen nou yo epi kite Sentespri a gide lavi nou jan li vle.

Devwa yo
1. Pou evalye degre espirityèl, ki keksyon kretyen an ta dwe poze?

  1. Kòman yon kretyen kapab konsidere bagay li te fè oubyen li te ye nan tan lontan?

  2. Kisa sa vle di patisipe nan soufrans ak nan rezirèksyon Kris?

  3. Ki pi gran bi Pòl te genyen pou lavi li?

  4. Poukisa yon kretyen toujou ap lite?

  5. Ki prensipal obstak ki konn anpeche lavi nou grandi?

  6. Site kèk bagay ki ta fè nou grandi nan lavi espirityèl?

GLOIRE A DIEU

+50946879719

L’EMBLEME DE LA CONNAISSANCE DE L’EVANGILE.

Que signifie donc cette croix dominant nos cités et nos villages, ces champs de croix de nos cimetières, cette croix des solitudes alpestres? C’est le symbole du christianisme.

C’est le signe qui pouvait sauver l’Occident ; c’est aussi le signe qui est la condamnation de notre civilisation. C’est l’emblème de la connaissance de l’Évangile, le signe que les terres païennes ne connaissent pas encore ; c’est le rappel que Jésus-Christ a été crucifié pour la rédemption du monde. «Grace à l’ombre de cette croix, les nations dites chrétiennes ne seront-elles pas préservées? La croix ne protège-t-elle pas notre terre ?»

Jésus-Christ crucifié est mort pour que ceux qui le connaissent ne pèchent plus ; pour que nul ne puisse plus regarder cette croix et pécher, pour que tous comprennent que le péché des hommes a mis Jésus le seul Juste en croix.

Croyez-vous qu’en contemplant la croix, beaucoup se souviennent encore de cela? Ne pense-t-on pas, au contraire même chez les croyants que Jésus-Christ est mort pour que nous puissions pécher? Aujourd’hui, la maîtresse d’un homme marié n’a-t-elle pas, suspendue au-dessus de sa couche une croix?

Il nous serait, hélas! Facile de prouver par des exemples qu’en cette fin d’un âge, l’amoralité la plus complète règne sous le couvert de la religion et que la croix pour plusieurs, n’est plus autre chose qu’une amulette.

Toi, Reviens à ton Dieu, Garde la piété et la justice, Et espère toujours en ton Dieu (Osée 12:7)

(Du livre «Connaissance ou obéissance» auteur- Gaston Racine)

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 6 JANVIER 2019/ LESON DOMINIKA REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL 6 JANVYE 2019

Tit: Yon bon souwè pou nouvo ane a

Lekti: 3 Jan 1-4; 1 Wa 3:5-14

Tèks dò: Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.
3 Jan 2

Entwodiksyon:
Nan kòmansman lane a, nou resevwa anpil souwè pou pwosperite, lonjevite, sante, elatriye… Apot Jan ki rele tèt li Ansyen te swete zanmi li, Gayis pwospere tou nan tout sans, espirityèlman ak materyèlman. Sa se souwè pa nou pou chak kretyen pou ane sa a tou.
Ann gade nan Bib la, kisa nou kapab atann pou resevwa lè nou swete youn lòt bagay sa yo.

I. Swè pou tout bagay mache byen pou nou

An franse li di “je souhaite que tu prospère à tous égards”, ki vle di Jan swete zanmi li pwosperite espirityèl, sosyal ak materyèl. Eske se volonte Bondye pou nou gen pwosperite nan tout sans? Nou kapab di “Wi an jeneral”, Bondye vle byen nou, pa mal nou (Jer. 29:11). Nan Ansyen Testaman an nou jwenn anpil egzanp kote Bondye te fè sèvitè fidèl li yo vin rich. Nou kapab site Abraram, Izarak, Jakòb …
Salomon kòm yon jèn wa te gen chans pou mande Bondye sa li vle. Salomon te mande Bondye: “Bay sèvitè ou yon kè saj, entèlijan, ki kapab disène byen ak mal” (1 Wa 5:9). Bondye te tèlman kontan ak demand sa a, li te bay li sa li te mande a ansanm ak richès epi yon lavi ki long (1 Wa 3:12-14). Bondye te bay Salomon sajès ak entèlijans ki depase tout moun ki sou latè (4:29-34). Li te ekri 3000 pwovèb ak 1005 kantik. Epi Bondye te bay li anpil richès tou. Daprè 1 Wa 10:14-22 prèske tout bagay kay wa a te an lò. Men nou bezwen di tou, richès yo ak gwo kantite madanm yo te fè Salomon tonbe nan peche.
Pou di tout verite, Ansyen Testaman an pale tou sou kèk sèvitè Bondye ki te pase nan gwo eprèv epi ki te fè gwo pèd. Youn nou tout konnen se Jòb, ki te pèdi tout sa l’ te genyen, menm sante li. Nan Sòm 73 Asaf di, li prèske tonbe lè l’ wè mechan an viv byen alèz, li pa gen pwoblèm, li pa malad, li byen gra, li pa soufri sa lòt moun ap soufri (vsé 2-5). Men Asaf kòm sèvitè Bondye t’ap soufri (vs. 14). Sa te ba l’ pwoblèm epi li te di Bondye sa. Lè sa Bondye te fè l’ wè kòman mechan yo gen pou yo fini (vs. 17), epi sa te bay Asaf kouraj ankò, li te deside: “Mwen menm, sa bon nèt pou m’ rete bò kote Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon” (vs. 28).
Wi, nou swete youn lòt pou tout bagay ap mache byen, epi nou konnen ke Bondye vrèman vle sa ki byen pou nou. Men lè li jije l’ bon pou nou pase nan eprèv ane sa a epi menm sibi kèk pèd, nou dwe swiv egzanp Jòb ak Asaf. Jòb te di lè l’ te pèdi tout sa l’ te genyen: “Seyè a bay, Seyè a pran. Lwanj pou Seyè a!” (1:21)

II. Swè pou bon sante

Apot Jan te swete pou Gayis te an sante nan kò l’ tankou l’ an sante nan lespri l’. Eske se volonte ak pwomès Bondye pou pitit li yo toujou an bon sante? Gen kèk moun ki kwè sa. Men kisa nou jwenn nan Bib la sou sa? Lè disip yo te mande Jezi pou kisa yon moun te fèt avèg, Jezi te di: “Se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li” (Jan 9:3).
Nan nouvo Testaman an nou li ke Pòl ak Timote te gen pwoblèm sante (2 Kor. 12:7; 1 Tim. 5:23), Epafwodit te sitèlman malad, Pòl te pè li ta mouri (Fil. 2:27). Nan menm tan nou konnen ke Jezi te geri tout moun malad ki te vin bò kote l’. Men sa te yon siy pou Jwif yo ke li te Mesi a ke yo t’ap tann nan. Men, malgre tout siy sa yo, yo pa t’ vle kwè l’.
Depi Adan ak Èv te tonbe nan peche, lòm fèt pou l’ mouri, paske se sa Bondye te di yo depi davans, epi se konsa li ye depi peche a antre nan lemonn (Jenèz 2:17). Kò nou fèb, li mòtèl. Se nòmal pou nou tonbe malad kèk fwa epi yon jou nou va mouri si Jezi pa retounen anvan sa.
Soufri ak yon maladi se yon bagay nòmal toutan nou nan kò frajil nou sou tè a. Men nan menm tan nou konnen, Bondye vle byen nou epi li reponn lapriyè. Lè nou malad, nou ka al wè doktè epi nou ka priye, Bondye ap bay gerizon selon volonte li. Nan menm tan mwen bezwen di, jou maladi yo te toujou yon benediksyon pou mwen. Lè sa m’ te gen plis tan pou priye epi li nan Bib la. Sa te toujou mete anpil frechè nan lavi espirityèl mwen.
Estatistik yo di, moun ki kwè nan Bondye yo viv pi bon sante pase moun ki pa kwè yo. Pwovèb la di: “Crains l’Eternel, et détourne-toi du mal: Ce sera la santé pour tes muscles, et un rafraîchissement pour tes os” (3:7-8), epi Pwov. 16:24 di: “Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.” Gen anpil bon bagay nou jwenn lè n’ap sèvi Bondye ak tout kè nou epi rete lwen peche yo, men nou pa genyen okenn garanti ke nou p’ap tonbe malad. Lè nou swete youn lòt bon sante, se trè byen, se yon bon pawòl ki bon pou sante nou.

III. Swè pou bon sante espirityèl

Lè apot Jan di Gayis gen bon sante nan lespri l’, sou kisa li pale? Nou kwè vèsè 3 ak 4 ban nou yon ti ide sou sa. Jan di Gayis rete fèm nan verite a, Jan toujou kontan lè pitit li yo ap viv dakò ak verite a ki vle di Pawòl Bondye a oubyen levanjil la. Sa vle di Gayis te rete fèm nan lafwa li nan Bondye, li t’ap viv selon prensip Pawòl Bondye yo.
An jeneral nou kapab di, nou an bon sante espirityèl, lè n’ap viv nan bon konminyon ni ak Bondye ni ak tout moun. Lè nou pa anpè, lè konsyans nou pa an repo, lè nou kenbe peche nan kè nou, nou pa gen bon sante espirityèl (1 Tim. 1:19), nou malad esprityèlman epi nou bezwen yon doktè pou nanm nou. Jezi se bon doktè sa a, li te vèse san li pou peche nou yo. Epi gen de ka ki mande pou n’al mande yon moun eskiz tou.
Lè nou swete youn lòt sante espirityèl, se yon bon bagay, epi se pi bon toujou lè nou ede youn lòt pou viv nan bon sante espirityèl.

Konklizyon:
Pou lane sa a, nou swete chak moun pou tout bagay ap mache byen pou nou, epi pou nou va jwi bon sante nan kò nou ak nan nanm nou, men sitou nan nanm nou. Ke Bondye beni nou!

Devwa yo
1. Ki swè apot Jan te fè pou zanmi li, Gayis?

  1. Selon Jeremi 29:11, kisa Bondye ta vle wè pou pèp li?

  2. Ki demand wa Salomon te fè lè Bondye epi kisa Bondye te ba li?

  3. Kisa Asaf di ki te ba l’ anpil pwoblèm?

  4. Kisa ki te ede Asaf pou l’ te rete bò kote Bondye?

  5. Site plizyè moun nan Nouvo Testaman ki te soufri ak yon maladi.

  6. Kisa ki bon pou sante nou selon Pwovèb yo?

  7. Kisa Gayis te fè pou l’ te rete nan bon sante espirityèl?

  8. Kilè nou pa an bon sante espirityèl?

GLOIRE A DIEU
WhatsApp. +50946879719