Archives mensuelles : février 2023

LEÇON DOMINIKALE POUR CE DIMANCHE 26 FÉVRIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 26 FEVRYE 2023

TIT: Gwo benefis nou jwenn lè nou resevwa Sentespri a

LEKTI: Jan 14:21-31

TEKS DO: Jezi reponn li: Moun ki renmen m’, se li menm ki va fè tout sa m’ di l’ fè. Papa m’ va renmen l’ tou. Papa m’ va vin jwenn li ansanm ave m’, n’a viv nan li. Jan 14:23

ENTWODIKSYON: Dimanch pase nou te apresye avèk admirasyon privilėj nou genyen pou Bondye reponn lapriyè nou. Nou te wé tou jan Sentes- pri a ap ankouraje epi gide nou nan verite a pandan li rete nan kè nou. Jodi a nou va wè kèk lòt gwo benediksyon nou jwenn gras ak Sentespri a nan lavi nou, tankou lanmou, prezans Bondye ak kè poze. Ann antre nan leson an ansanm.

I. JWISANS LANMOU AK PREZANS BONDYE (v. 15, 21-24).

Privilěj kwayan an nan Kris la pa sèlman pèmèt li resevwa Lespri Bondye a, men tou pèmèt li jwi lanmou Bondye.

A. KONDISYON POU JWI LANMOU BONDYE.

Pou jwi gwo lanmou Bondye a, nou bezwen noumenm pou n’ renmen Bondye dabò. Bondye di nan Bib la: « Mwen renmen moun ki renmen m » (Pwovèb 8:17).

Kijan yon moun ka montre li renmen Bondye? Seyè a klè sou kesyon sa a. Li di: « Si nou renmen m’, se pou n’ obeyi kòmandman m’ yo » (v. 15). Nou jwenn menm verite sa tou nan vèsè 21 ak 23a.

B. AVANTAJ POU MOUN KI RENMEN BONDYE .

Jezi pwomèt moun ki ranpli kondisyon sa va jwenn avantaj sa yo:

a) Bondye Papa ak Pitit la, Jezikri, va renmen moun sa a

b) Bondye Papa ak Pitit la, Jezikri, va vin jwenn moun pou viv nan li (v. 23).

c) Jezikri, Pitit la, va fé moun sa wè li (v. 21c).

Avantaj sa yo konsènen tout vrè kwayan, tout kretyen obeyisan pandan tout peryod Legliz la. Sa vle di, nenpòt moun jodi a ki vle obeyi Seye a. Papa a ak tout Pitit la ap renmen I’. y’ap vin abite nan li atrave Sentespri a, epi yo p’ap janm kite l’. Si nou renmen Bondye epi obeyi li, l’ap montre nou jan li renmen nou pi plis chak jou. Konsa yon moun ki di li renmen Bondye epi, pou li pa fè sa Bondye mande fè, moun sa se yon manté. Li pa gen verite a nan li. Jid, ki pa Jida Iskaryot, men ke kèk moun panse ki se apot Tade, te nan konfizyon paske Jezi te di disip li yo: « Lemonn p’ap wè m’ men noumenm n’a wè mwen. » Li te di Jezi: « Seyè, kijan pou ou fè nou wè ou san pou moun k’ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou » (v. 22). Jid petét t’ap panse ak deklarasyon Jezi te fè sou retou final li a, lè l’ te di: « Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y’a wè Moun Bon- dye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay » (Mat. 24:30). Men Seyè a t’ap pale sou yon evenman ki te pral rive touswit.

Aprè Jezi te leve nan lanmò, li te fè disip li yo wè li plizyè fwa epi nan divès okazyon (1 Kor. 15:4-8). Ak mwayen Sentespri a, li- menm ak Papa a vin abite nan kè nou. Li fè tout sa pou patizan l’ yo, epi patizan l’ yo la nan monn lan pou temwaye grandé lanmou Bondye a. Nan vèsè 24 la, Seyè a di: « Moun ki pa renmen m’ li p’ap fè tou sa m’ dil’ fé. » Yon lot kote Bib la di: Moun ki obeyi Pawòl Bondye a, se moun sa a ki kòmanse renmen Bondye (1 Jan 2.5).

Eske ou se moun ki renmen Jezikri? Montre sa nan fason ou ap obeyi Pawòl II, nan fason ou viv tank- ou li te viv la.

II. JWISANS KÈ POZE NAN BONDYE (v. 25-31).

Jezi te anseye disip li yo anpil bagay pandan l’ te avèk yo. Men Seyè a te konnen disip yo pa t’ap kapab sonje tout bagay. Konsa, Seyè a prezante Sentespri a kòm sila a ki va montre disip yo tout bagay, ki va fè yo sonje ansèyman Kris yo. Menm nan tribinal, Sentesri a te gen misyon pou mete pawòl nan bouch disip yo (Mat. 10:19).

A. KE POZE JEZI BAY LA.

Men, lape oubyen kè poze, se pi gwo kado ke Seyè a pwomèt pèp li nan dènye pasaj sa. Sové a di: « M’ap ban nou kè poze. M’ap è kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fet daprè prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè » (v. 27). Konsa, gen gwo gwo diferans ant lapė lem- onn bay ak lapè ke Jezi bay:

1) Lapė lemonn lan chita sou resous (bagay materyèl), men lapė Seyè a chita sou bon jan relasyon nou vin gen ak Bondye.

2) Lapė lemonn se rezilta travay ou efò pèsonèl, men lapė Seyè a se yon kado mèveye kretyen an jwenn grenmesi lafwa. 3) Lapè nan lemonn se lè pwoblèm pa la (absan), men lapė Seyè a posib (reyèl) menm nan mitan gwo pwoblèm, gwo eprèv akòz prezans ak puisans Lespri Bondye a ki nan kretyen an. Sa vie di, lapė kretyen an pa depann de sikonstans. Se tou nómal paske moun nan lemonn ap mache selon sa yo wè ak je, men kretyen an mache selon lafwa.

Nan vèsè 28 la, Jezi pale disip yo dabò sou kontantman yo ta dwe genyen paske li pral jwenn Bondye Papa a. Nou kwè an reya- lite, yo ta dwe kontan wè Jezi ale rejwenn laglwa li bò kote Papa l’, kote li va egzése ministè entèsesyon an, limenm ki se granprèt nou nan syèl la (Ebre 4:14-16). Answit, li pale sou Papa l’ ki ta pi gran pase I’. Kisa sa vle di: sa pa vle di li nye ke li se Dye oubyen li egal ak Bondye Papa a jan kèk relijyon vle fè kwell. Tou senpleman li te limite akoz kò lòm li te aksepte pran an, lè l’ te mete sou kote egzèsis atribi diven li pou l’ te soumèt li anba volonte Papa l’ nèt ale.

B. DE (2) GWO LÉNMI PÈP BONDYE A.

Nan vèsè 30 ak 31 an, li pale sou Satan ak lemonn ki se 2 gwo lénmi pèp Bondye. Men Jezi di yo pa gen okenn pouvwa sou li. Depi yon moun nan Kris, lénmi sa yo pa kapab twouble lapè l’.

KONKLIZYON: Avèk Sentespri a nan nou, Sové a sou tèt nou nan syèl la, Pawòl la devan nou, nou gen tout sa nou bezwen pou n’ viv nan lapė pafèt. Nou bezwen kite Sentespri anseye nou, gide nou, ankouraje nou. Li se siy nou fè pati pèp Bondye a. Ann jwi lanmou Bondye Papa nou, prezans li, ak bon jan lapè li ban nou.

DEVWA YO

  1. Ki kondisyon pou yon moun jwi lanmou Bondye a?
  2. Kijan yon moun ka montre li renmen Bondye?
  3. Ki avantaj pou moun ki montre li renmen Bondye?
  4. Konplete: Moun ki di li renmen Bondye epi ki pa fè sa Bondye mande l’ fè, moun sa se yon
  5. Konplete: Moun ki obeyi Pawòl Bondye a se moun sa ki kòmanse
  6. Bondye. Ki lòt gwo kado Seyè a te pwomèt pèp li daprè vèsè 27 la.
  7. Bay 2 diferans ant: lapè ke lemonn bay ak lapè ke Jezikri bayla

ZOUTI LEVANJIL
+50946879719

LEÇON DOMINICALE POUR CE DIMANCHE 12 FÉVRIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ

LESON DOMINIKAL 12 FEVRIYE 2023


TIT : JEZI SE CHEMEN KI MENNEN KAY BONDYE PAPA A
LEKTI : Jan 14 : 1-11
TÈKS DÒ : « Jezi reponn li : Se mwen menm ki chemen an, se mwen menm ki verite a, se
mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. » Jan 14 :6
Objektif : Dekouvri atrave Leson sa ke Jezi se sel chemen ki mennen Lezom kay Bon Dye.
Entwodiksyon : Dènye revelasyon Jezi fè konsènan depa li (8:21), konsènan trayizon Jida a
(13:21) e konsènan reniman Pyè a (13:38) sanble te plonje disip yo nan gwo enkyetid.
Separasyon yo ak Jezi, move atitid yo e menm dout pèsonèl yo sou kijan demen yo pral ye te ka
alabaz enkyetid sa. Pou kalme lespri yo e revele yon pati nan plan l pou yo ak pou Legliz la, Jezi
pral fè yon diskou ekstrawòdinè ki pral debouche sou priyè sasèdotal la (ch. 17). Nan leson jodi
a, n ap wè ansanm de (2) premye verite nan diskou Jezi a ki se an menm tan de remèd pou
enkyetid disip yo.
I. JEZI SE SÈL WOUT KI MENNEN NAN SYÈL LA (v.1-6)
A. Syèl la se yon reyalite (v. 1-4)
Pou anyen pa rive toumante kè disip yo, Jezi mande yo (nou menm tou) pou yo kwè nan
Bondye e pou yo kwè nan li tou. Konfyans sa a dwe pran rasin nan plan ak pwomès Seyè a pou
yo tankou :
• Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete ;
• Kris la pral prepare yon plas ;
• L ap retounen vin chache yo, pou yo ka viv menm kote ak li.
 Anpil vye ideyoloji ak doktrin tante demanti verite konsènan reyalite syèl la. Men nan
pasaj sa a, Kris la fè konnen syèl la pa ni envansyon imajinasyon ni yon zouti pou
manipile moun, men se yon reyalite.
 Apot Pòl fè konnen si esperans nou te limite ak vi sa a sèlman, nou t ap moun ki pi
malere sou latè (1 Kor. 15 :19).
 Anfen, premye remèd kont tout fòm enkyetid se :Konfyans nan Bondye Papa a ak
Konfyans nan Bondye Pitit la.
B. Jezi se Chemen an (v. 5-6)
« Nou konn kote m prale, e nou konnen chemen an. »
Jezi fè deklarasyon sa a pou montre disip yo kouman y opa gen okenn rezon pou yo enkyete.
Lè sa a Toma di li :
« Seyè nou pa menm konnen kote w prale, kòman pou n ta kapab konnen chemen an ? »
Repons Jezi a ak kesyon sa a ted we aprann disip yo twa verite esansyèl:

  1. Destinasyon an se Bondye menm;
  2. Chemen an se Jezi, Sila a ki se Lavi ak Verite a;
  3. Okenn wout, okenn mwayen, okenn estrateji pa ka mennen kote Bondye.
    Jezi se sèl grenn mwayen pou moun sove. Se sèl Kris ki ka mennen moun bay Bondye. E se sèl
    Kris ki ka fè Bondye aksepte yon moun.
    APLIKASYON : Monopòl delivrans pou nanm nou anba pouvwa peche chita yon sèl kote :
    nan men Bondye. An n kenbe konfyans nou fèm nan Bondye ak nan Pitit li a Jezikri ki bay
    garanti l ap vin chache Legliz li a (1 Tes. 4 : 16b-18).
    II. JEZI SE MENM AK BONDYE PAPA A KI NAN SYÈL LA (v. 7-11)
    A. Filip mande pou l wè Papa Bondye (v.7-8)
    Dènye fraz deklarasyon Jezi a nan vèsè kat (4) la pral pouse Filip fòmile yon demann san
    parèy. Demann sa a sanble ak demann Moyiz la ki te vle wè pouvwa Bondye (Egzòd 33 : 18-20).
    Men kontèks yo diferan. E Jezi pral eklèsi sa pou Filip e korije move konpreyansyon Filip te gen
    sou Bondye. Move konpreyansyon sa a te manifeste konsa :
    • Filip te pran Jezi pou yon senp moun.
    • Filip te rete atache ak prensip ansyen alyans la ki di moun pa ka wè Bondye;
    • Filip pa t rive sezi kijan pisans Bondye a t ap klere byen bèl nan Kris la.
    Tout sèkt ak denominasyon relijye ki voye jete divinite Kris la gen menm pwoblèm ak Filip.
    Yo pa reyalize aksyon redanmsyon an pa ka posib si se pa Bondye e Bondye sèl ki reyalize l.
    Menm jan ak Filip yo pa rive wè Bondye nan zèv Kris la; men kontrèman ak Filip ki pa t anko
    gen Nouvo Testaman, moun sa yo koupab akoz yo fèmen je yo sou tout pasaj Labib ki konfime
    Jezi se Bondye.
    B. Jezi se Bondye e Bondye se Jezi (v. 9-11)
    Pou Jezi reponn ak demann Filip la, li poze l kat kesyon retorik. Kelkeswa antite nan linivè ki
    ta poze kalite kesyon sa yo apa yon antite ki pataje menm esans, menm karakteristik e menm
    tanperaman ak Divinite siprèm nan, li t ap koupab de yon blasfèm san parèy.
    • Depi toutan sa a mwen la avèk nou, Filip, ou poko konnen m toujou ?
    • Moun ki wè m li wè Papa a, kijan w fè di : Montre m Papa a ?
    • Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a ?
    • Ou pa kwè Papa a nan mwen tou ?
    Kidonk, repons Jezi a pwouve gen yon pafè inite ant Bondye ak Jezi. Repons la montre :
  4. Jezi nan Papa a, e Papa a nan li ;
  5. Pawòl li yo se pawòl Papa a ;
  6. Zèv li yo ak mirak li yo se travay Bondye menm.
    Dezyèm remèd kont enkyetid se kwè Jezi se Bondye. Sa ki enplike li p ap janm echwe.
    APLIKASYON: Nou pa bezwen kite kè nou twouble pou anyen. Paske Sila n ap sèvi a gen
    kontwòl tout bagay paske li se Bondye (1 Jan 5 :20).
    KONKLIZYON : Leson jodi a chita sou de rezon kapital moun Bondye yo pa dwe ni twouble
    ni enkyete. Premye rezon an se Jezi se wout ki mennen nan syèl la, e dezyèm nan se Jezi se
    Bondye menm. An n rete fèm nan konfyans nou ak nan obeyisans paske nou pa ka ni wont ni
    echwe ak Bondye sa a.